Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 45


Seksyon 45

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou Legliz la, nan Kirtland, Ohio, 7 Mas 1831. Kòm prefas pou rejis revelasyon sa a, istwa Joseph Smith la deklare: “Nan nivo sa a Legliz la ye a … anpil fo rapò … ak istwa moun fou, te pibliye … epi yo te sikile, … pou anpeche moun enfòme sou travay la, oubyen anbrase lafwa a. … Men, pou lajwa Sen yo, … M te resevwa bagay sa a.”

1–5, Kris la se avoka nou kote Papa a; 6–10, Levanjil la se yon mesaje pou prepare chemen an devan Senyè a; 11–15, Senyè a te resevwa Enòk ak frè l yo pou tèt pa Li; 16–23, Kris la revele siy aparisyon Li a menm jan Li te bay yo sou Mòn Olivye a; 24–38, Levanjil la pral retabli, tan Janti yo pral akonpli, epi yon dezolasyon maladi pral kouvri tè a; 39–47, Siy, mèvèy, ak Rezirèksyon an pral akonpaye Dezyèm Aparisyon an; 48–53, Kris la pral kanpe sou Mòn Olivye a, epi Juif yo pral wè mak ki nan men Li ak pye Li yo; 54–59, Senyè a pral renye pandan Milenyòm nan; 60–62, Pwofèt la resevwa enstriksyon pou l kòmanse tradiksyon Nouvo Testaman an, kote Bondye pral fè nou konnen enfòmasyon ki enpòtan; 63–75, Sen yo resevwa kòmandman pou yo rasanble epi pou yo bati Nouvo Jerizalèm nan, kote moun pral soti nan tout nasyon pou vini.

1 Koute, O, noumenm pèp alegliz mwen an, noumenm ki te resevwa bwayòm nan; koute epi tande moun ki te fè fondasyon tè a, ki te c syèl la ak tout lame yo ki ladan l, epi limenm ki te fè tout bagay ki vivan, ki gen mouvman, epi ki gen yon egzistans la.

2 Epi ankò, m di nou, koute vwa m, pou alanmò pa kapote nou; nan yon b nou pa panse ete a pral pase, epi crekòt la pral fini, epi nanm nou p ap sove.

3 Koute moun ki se aavoka devan Papa a, k ap plede kòz nou devan li a—

4 Ki di: Papa, gade asoufrans ak lanmò moun ki pa t fè bpeche a, moun ki te fè ou plezi a; gade san Pitit Gason ou nan ki te koule a, san moun ou te bay pou ou menm ou te kapab cglorifye a;

5 Se poutèt sa, Papa, epanye frè m sa yo ki akwè nan non mwen yo, pou yo kapab vin jwenn mwen epi pou yo genyen blavi etènèl.

6 Koute, O, noumenm pèp legliz mwen an, epi noumenm ansyen yo koute ansanm, epi tande vwa m pandan li toujou alajounen an, epi pa fè kè nou di;

7 Paske, an verite, m di nou m se aAlfa ak Omega, kòmansman ak finisman an, limyè ak lavi mond lan—yon blimyè ki klere nan fènwa epi fènwa a pa konprann li.

8 M te vin jwenn moun pa m yo, epi moun pa m yo pa t resevwa m; men, tout moun ki resevwa m, m ba yo apouvwa pou yo fè anpil bmirak, epi pou yo vin tounen cpitit Bondye; epi menm bay moun ki dkwè nan non mwen, yo gen pouvwa pou yo jwenn elavi etènèl.

9 Epi se konsa menm m voye aalyans betènèl mwen an nan mond lan, kòm yon limyè pou mond lan, epi kòm yon cmodèl pou pèp mwen an, epi pou dJanti yo chèche l, epi kòm yon emesaje devan fas mwen pou prepare chemen an devan m.

10 Se poutèt sa, vini ladan l, epi m ap rezone avèk moun ki vini an menm jan avèk moun nan tan lontan yo, epi m ap montre ou afòs ki gen nan rezònman mwen an.

11 Se poutèt sa, koute ansanm epi kite m montre nou lasajès mwen—lasajès moun nou di ki se Bondye aEnòk la ak frè l yo,

12 Ki te asepare avèk tè a, epi m te resevwa nan mwen menm nan—yon bvil ki rezève jistan jou lajistis la rive—yon jou tout moun ki sen yo t ap chèche a, epi yo pa t jwenn li poutèt mechanste ak abominasyon;

13 Epi yo te konfese pou fè konnen yo te aetranje ak pèleren sou tè a;

14 Men, yo te gen apwomès pou yo jwenn li epi pou yo wè l nan kò fizik la.

15 Se poutèt sa, koute epi m ap rezone avèk nou, m ap pale avèk nou epi m ap pwofetize, menm jan avèk moun nan tan lontan yo.

16 Epi m ap montre l byen klè menm jan m te amontre disip mwen yo li a pandan m te rete avèk yo nan kò fizik la, epi m te pale avèk yo, m te di: Jan nou te mande m konsènan bsiy aparisyon m nan, nan jou lè m ap vini nan laglwa m nan nyaj yo nan syèl la, pou m akonpli pwomès m te fè zansèt nou yo,

17 Paske, jan nou te konsidere aentèval ki separe blespri nou avèk kò nou an kòm yon esklavaj, m ap montre nou kòman jou redanmsyon an pral vini, epi tou ak crestorasyon Izrayèl ki te ddispèse a.

18 Epi kounyeya, nou wè tanp sa ki nan Jerizalèm nan, tanp sa nou di ki se kay Bondye a, epi ènmi nou yo di konsa kay sa a p ap janm tonbe.

19 Men, an verite m di nou, dezolasyon sa a pral vini sou jenerasyon sa a tankou yon vòlè nan nuit, epi pèp sa a pral detwi epi yo pral dispèse pami tout nasyon yo.

20 Epi tanp sa a nou wè kounyeya pral chavire epi pa gen yon wòch ki pral rete sou yon lòt.

21 Epi jenerasyon Juif sa a p ap pase jistan chak dezolasyon m te pale nou konsènan Juif yo rive.

22 Nou di, nou konnen afinisman mond lan ap vini; nou di nou konnen syèl la ak tè a pral pase tou;

23 Epi nan bagay sa a nou di laverite, paske se vre; men, bagay sa yo m te di nou an p ap pase jistan tout bagay akonpli.

24 Epi, men sa m di nou konsènan Jerizalèm; epi lè jou sa a rive, gen yon rès la dan yo k ap adispèse pami tout nasyon yo;

25 Men, yo pral arasanble ankò; epi y ap rete jistan tan bJanti yo akonpli.

26 Epi nan ajou sa a, moun pral tande blagè ak bri lagè, epi tout tè a pral nan gwo boulvès, epi kè lèzòm pral ckite yo epi yo pral di Kris la dranvwaye vini li a jouk nan finisman tè a.

27 Epi lanmou lèzòm pral vin refwadi, epi inikite pral fè mikalaw.

28 Epi lè tan aJanti yo rive, yon blimyè pral jayi pami moun ki chita nan tenèb yo, epi se va plenitid levanjil mwen an;

29 Men, yo pa aresevwa l; paske yo pa apèsi limyè a, epi yo vire b yo lwen mwen akoz cpresèp lèzòm.

30 Epi nan jenerasyon sa a, tan Janti yo pral akonpli.

31 Epi gen moun nan jenerasyon sa a ki p ap pase anvan yo wè yon amalediksyon ki pral gaye; paske yon dezolasyon maladi pral kouvri tè a.

32 Men, disip mwen yo pral akanpe nan kote ki sen, epi moun p ap kapab deplase yo; men, pami mechan yo, moun pral leve vwa yo, yo pral bmodi Bondye epi yo pral mouri.

33 Epi pral gen atranbleman tè nan anpil kote, ak anpil dezolasyon; malgre sa lèzòm pral fè kè yo di kont mwen, epi youn pral rale bepe kont lòt, epi youn pral touye lòt.

34 Epi kounyeya, lè mwen menm Senyè a, m te fin pale disip mwen yo pawòl sa yo, yo te enkyete.

35 Epi m te di yo: Pa aenkyete, paske lè tout bagay sa yo pral rive, nou kapab konnen pwomès m te fè nou yo pral akonpli.

36 Epi lè limyè a kòmanse jayi, se va pou yo tankou yon parabòl m pral montre nou—

37 Nou leve gade apye figye yo, epi nou wè yo avèk je nou, epi nou di konsa lè yo kòmanse pouse branch epi fèy yo toujou yo jèn, nou di, ete a ap pwoche,

38 Se konsa l ap ye nan jou sa a, lè yo wè tout bagay sa yo, lè sa a y ap konnen moman an prèske rive.

39 Epi se pral konsa yon moun ki gen alakrent pou mwen, li pral brete tann gwo cjou Senyè a k ap vini, dsiy vini ePitit Gason Lòm nan.

40 Epi yo pral wè siy ak mèvèy, paske yo pral parèt anlè nan syèl la ak anba sou tè a.

41 Epi yo pral wè san, ak adife, ak vapè lafimen.

42 Epi anvan jou Senyè a vini, asolèy la pral fènwa epi lalin nan pral tounen san, epi zetwal yo pral soti tonbe nan syèl la.

43 Epi rès la pral rasanble nan plas sa a;

44 Epi lè sa a, yo pral chèche m, epi gade, m ap vini; epi y ap wè m nan nyaj syèl la, abiye avèk pouvwa epi avèk anpil alaglwa; avèk tout zanj sen yo; epi yon moun ki pa brete ap tann mwen, l ap retranche.

45 Men, anvan ponyèt Senyè a tonbe, yon zanj pral sonnen atwonpèt li, epi sen ki t ap dòmi yo bpral parèt pou rankontre m nan cnyaj yo.

46 Se poutèt sa, si w t ap dòmi nan alapè w ap beni; paske jan ou wè m kounyeya epi w konnen m egziste a, se konsa w ap bvin jwenn mwen epi nanm ou pral cviv, epi redanmsyon ou pral vin pafè; epi sen yo pral vin soti nan kat kwen tè a.

47 Lè sa a aponyèt Senyè a pral tonbe sou nasyon yo.

48 Epi lè sa a, Senyè a pral mete pye l sou amòn sa a, epi li pral fann fè de, epi tè a pral btranble, balanse pasi-pala, epi syèl yo pral csouke tou.

49 Epi Senyè a pral soti vwa li, epi tout kwen tè a pral tande l; epi nasyon yo ki sou tè a pral alamante, epi moun ki t ap ri yo pral wè foli yo.

50 Kalamite pral kouvri mokè yo, epi moun fawouchè yo pral konsonmen; epi moun ki t ap chèche inikite yo pral chavire tonbe nan dife.

51 Epi lè sa a, aJuif yo pral bgade m epi y ap di: Ki mak sa yo ki nan men ou yo ak pye w yo?

52 Lè sa a, yo pral konnen m se Senyè a; paske m ap di yo: Mak sa yo se mak yo te ablese m nan kay zanmi m yo. M se moun yo te leve anlè a. M se Jezi yo te bkrisifye a. M se Pitit Gason Bondye a.

53 Epi lè sa a, yo pral akriye avèk dlo nan je poutèt inikite yo; apre sa yo pral lamante poutèt yo te pèsekite bwa yo a.

54 Epi lè sa a nasyon apayen yo pral rachte, epi moun ki pa t gen lalwa yo pral fè pati premye brezirèksyon an; epi l ap ctolerab pou yo.

55 Epi aSatan pral bmare, pou l pa gen plas nan kè pitit lèzòm.

56 Epi nan ajou sa a, lè m vini nan laglwa mwen, parabòl m te pale konsènan dis bvyèj yo pral akonpli.

57 Paske, moun saj yo ki te resevwa averite a, epi ki te pran Sentespri a pou bgid yo, epi ki pa t cegare yo—an verite m di w, yo p ap rache jete nan ddife, men, y ap sipòte jou a.

58 Epi y ap resevwa a a kòm beritaj; yo pral miltipliye epi yo pral vin fò, epi pitit yo pral cgrandi san peche nan dsali.

59 Paske Senyè a pral nan amitan yo, epi laglwa li pral sou yo, epi se li k ap wa yo epi ki ap ba yo blalwa.

60 Epi kounyeya, gade, m di w, m p ap akòde w pou w konnen plis konsènan chapit sa a, jistan aNouvo Testaman an tradui, epi yo pral fè nou konnen tout bagay sa yo ladan l;

61 Se sa ki fè, m kòmande w pou w tradui l kounyeya, pou w kapab pare pou bagay ki pral vini yo.

62 Paske, an verite, m di w, gen gwo bagay k ap rete tann ou;

63 Ou tande pale konsènan alagè nan peyi etranje; men, gade, m di w yo pre, devan pòt ou menm, epi anpil ane p ap pase, ou pral tande pale konsènan lagè nan pwòp peyi w la.

64 Se sa ki fè, mwen menm Senyè a, m te di pou nou rasanble soti nan zòn alès yo, rasanble nou ansanm, noumenm ansyen yo ki nan legliz mwen an; ale nan zòn lwès yo, rele abitan yo pou yo repanti, epi toutotan yo repanti, bati legliz pou mwen.

65 Epi avèk yon sèl kè ak yon sèl panse, rasanble richès nou yo pou nou kapab aachte yon eritaj ki pral vin tounen pa nou.

66 Epi yo pral rele l aNouvo Jerizalèm nan, yon bpeyi clapè, yon vil drefij, yon kote an sekirite pou sen Bondye Ki Pi Wo a;

67 Epi alaglwa Senyè a pral la, epi kòlè Senyè a pral tèlman la tou, mechan yo pral vini ladan l epi yo pral rele l Siyon.

68 Epi se pral konsa pami mechan yo, nenpòt moun ki pa pran epe kont pwochen l, li dwe kouri ale nan Siyon pou sekirite.

69 Epi yo pral arasanble ladan l soti nan chak nasyon ki anba syèl la; epi se va sèl pèp ki p ap nan lagè youn kont lòt.

70 Epi nan pami mechan yo moun pral di: An nou pa monte ale goumen kont Siyon, paske abitan Siyon yo terib, se sa ki fè, nou pa kapab kanpe.

71 Epi se pral konsa moun ki jis yo pral rasanble soti nan pami tout nasyon yo, epi yo pral vini nan Siyon, pou yo chante chan lajwa etènèl.

72 Epi kounyeya, m di w konsa, pa kite bagay sa yo ale lòtbò nan mond lan jistan mwen jije l nesesè, pou w akonpli travay sa a devan je pèp la, epi devan je ènmi w yo, ki kapab pa konnen travay ou jistan ou akonpli bagay m te kòmande w la;

73 Pou lè yo konnen l, pou yo kapab konsidere bagay sa yo.

74 Paske lè Senyè a parèt, l ap aterib pou yo, pou lakrent kapab sezi yo, y ap kanpe lwen epi y ap tranble.

75 Epi tout nasyon yo pral gen lakrent poutèt kòlè Senyè a, ak pouvwa puisans li. Se konsa sa ye. Amèn.