Èd pou Etid
Tradiksyon Joseph Smith (TJS)


Tradiksyon Joseph Smith (TJS)

Yon revizyon oubyen tradiksyon Vèsyon Wa Jak te fè nan Bib Anglè a, vèsyon Pwofèt Joseph Smith la te kòmanse nan mwa Jen 1830 la. Bondye te ba li kòmandman pou l fè tradiksyon an epi li te konsidere l lòm yon pati nan apèl li kòm yon pwofèt.

Byenke Joseph te konplete pi fò nan tradiksyon an bò Jiyè 1833, li te kontinye fè modifikasyon pandan li t ap prepare maniskri a jistan li te mouri nan 1844. Byenke li te pibliye kèk pati nan tradiksyon an pandan li te vivan an, se posib pou l ta fè chanjman adisyonèl, si l te vivan, pou l ta fè tout travay la mache. Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ki te Reòganize a te pibliye premye edisyon tradiksyon enspire Joseph Smith la nan 1867. Yo te pibliye anpil lòt edisyon apre lè sa a.

Pwofèt la te aprann anpil bagay pandan l t ap fè tradiksyon an. Nou resevwa anpil seksyon nan Doktrin ak Alyans yo poutèt travay tradiksyon l lan (tèlke D&A 76; 77; 91; epi 132). Epi tou Senyè a te bay Joseph enstriksyon dirèk pou tradiksyon an, yo te anrejistre nan Doktrin ak Alyans yo (D&A 37:1; 45:60–61; 76:15–18; 90:13; 91; 94:10; 104:58; 124:89). Liv Moyiz la ak Matye—Joseph Smith, ki nan Pèl Gran Pri a kounyeya, te soti dirèkteman nan Tradiksyon Joseph Smith la.

Tradiksyon Joseph Smith la te retabli kèk nan bagay klè ak presye yo ki te pèdi nan Bib la (1 Ne. 13). Byenke se pa Bib ofisyèl Legliz la, tradiksyon sa a kapab ofri plizyè kòmantè enteresan epi li valab anpil pou fè moun konprann Bib la. Li se temwen tou pou apèl diven ak ministè Pwofèt Joseph Smith.