Vini, Suiv Mwen 2024
4–10 Mas: “Nou Rejwi nan Kris la.” 2 Nefi 20–25


“4–10 Mas: ‘Nou Rejwi nan Kris la.’ 2 Nefi 20–25,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2024)

“4–10 Mas. 2 Nefi 20–25Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2024)

Imaj
fanmi k ap etidye

4–10 Mas: “Nou Rejwi nan Kris la”

2 Nefi 20–25

Ekriti Ezayi yo enkli gwo avètisman, men yo ofri espwa ak lajwa tou. Sa a se youn nan rezon ki fè Nefi te enkli yo nan rejis li a: ”M ekri kèk nan pawòl Ezayi yo,” li te di: “pou nenpòt moun … ki wè pawòl sa yo kapab fòtifye kè yo epi rejwi. (2 Nefi 11:8). Nan yon sans, envitasyon pou li ekriti Ezayi yo se yon envitasyon pou n rejwi. Menm jan avèk Nefi, ou ka rejwi nan pwofesi Ezayi yo konsènan rasanbleman Izrayèl la, vini Mesi a, ak lapè yo pwomèt moun ki jis yo. Ou kapab rejwi ke w ap viv nan epòk ki te pwofetize a lè Senyè a “pral plante yon drapo yon pou nasyon yo, e li pral rasanble egzile pèp Izrayèl yo” (2 Nefi 21:12). Lè w swaf pou lajistis, ou kapab “tire dlo nan pi sali yo … ak lajwa” (2 Nefi 22:3). Sa vle di, ou ka “rejwi nan Kris la” (2 Nefi 25:26).

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye ak nan Legliz la

2 Nefi 21:22

Mwen kapab jwenn lapè nan Jezikri.

Timoun Leyi yo te gen yon pwoblèm kontansyon/chirepit. Pwoblèm nan te vin pi mal nan jenerasyon apre yo, ki mennen nan divizyon, kaptivite, lapenn, ak destriksyon. Epi kontansyon kontinye ap yon pwoblèm jodi a.

Avèk tout sa yo nan lespri w, medite sou pwofesi yo ki nan 2 Nefi 21–22. Anvizaje fason Sovè a ap akonpli pwofesi sa yo. Kisa pwofesi ki di lou pral “rete avèk mouton” an vle di pou ou? (2 Nefi 21:6). Medite sou sa ou kapab fè pou w ka vin yon atizan lapè.

Gade Dale G. Renlund, “Lapè Kris la Aboli Ostilite,” Lyawona, Nov. 2021, 83–85.

2 Nefi 21:9–12

Senyè a ap Rasanble Pèp Li a.

Nefi ak fanmi l te temwen dispèsyon pèp Izrayèl la (gade 2 Nefi 25:10). Kounyeya ou ka patisipe nan rasanbleman Izrayèl la (gade nan 2 Nefi 21:12). Pandan w ap li 2 Nefi 21:9–12, reflechi sou fason ou ka ede akonpli pwofesi vèsè sa yo dekri yo.

Pa egzanp, pandan w ap li konsènan “ensign” (etanda oswa banyè) ki pral leve pou rasanble pèp Bondye a, reflechi sou jan ou te wè Bondye ranmase pèp li a, fizikman ak espirityèlman. Rete fidèl a Senyè a ak Legliz Li a.

Kisa w santi w enspire pou w fè pou ede rasanble pèp Bondye a?

2 Nefi 23–24

Mondanite Babilòn pral tonbe.

Wayòm Babilòn nan te yon menas politik ak militè puisan pou Izrayèl tan lontan an. Men pou pèp Nefi—e pou nou jodi a—pi gwo menas la se sa Babilòn reprezante: mondanite ak peche. Konsidere kijan avètisman yo nan 2 Nefi 23–24 ta kapab afekte moun ki te pè oswa admire oswa fè konfyans a richès ak pouvwa Babilòn (gade, pa egzanp 23:6–9, 11, 19–22; 24:10–19). Site kèk bagay similè nou ta kapab krenn oswa admire oubyen fè konfyans jodi a ? Kisa w santi mesaj Senyè a pou ou ta kapab ye nan chapit sa yo? Reflechi sou kijan ou kapab montre ke ou “rejwi nan majeste [Senyè a]” (2 Nefi 23:3).

2 Nefi 25:19–29

Imaj
senbòl seminè
“Nou pale de Kris la … nou rejwi nan Kris la.”

Nefi te ouvè/dispoze pou pataje kwayans li—espesyalman temwayaj li konsènan Jezikri. Pandan tout etid ou a sou 2 Nefi 20–25, reflechi sou dezi Nefi pou l “pèsyade pitit [li] yo … pou yo kwè nan Kris la, e pou yo rekonsilye ak Bondye” (vèsè:23 Kisa Nefi te vle moun konnen konsènan Sovè a? (gade nan vèsè 12–13, 16). Kijan Nefi te eseye konvenk moun yo pou yo kwè nan Li? (gade vèsè 19–29). Note pasaj nan chapit sa yo ki pèsyade w pou w kwè ak suiv Jezikri.

Kèk nan nou gen dwa pa santi nou kare ase pou n ta pale de Kris la jan Nefi te fè l la. Men, petèt ou ka jwenn yon bagay nan ansèyman Nefi yo nan 2 Nefi 25:23–26 ki enspire w pou w pale de li ak lòt moun pi ouvètman. Pa egzanp, deklarasyon Nefi a “Nou rejwi nan Kris la” ta kapab pouse nou reflechi sou fason Sovè a pote lajwa pou nou—ak jan nou ka pataje jwa sa a ak lòt moun.

Nan mesaj li a “Nou Pale de Kris la” (Lyawona, Nov. 2020, 88–91), Èldè Neil L. Andersen sigjere kijan nou ka pale pi ouvètman de Kris la nan divès anviwònman. Kiyès nan sigjesyon l yo ki atire atansyon w? Ki opòtinite ou genyen pou w pale de Kris avèk lòt moun?

Kisa wu santi ou enspire pou di lòt moun konsènan JeziKri? Si ou bezwen kèk ide, ou ka fè rechèch sou “Kris vivan an: Temwayaj Apot yo” (Bibliyotèk Levanjil la). Yon kantik tankou “Oui, Je Crois en Christ” (Cantiques, no. 134) ta kapab ba w plis lide.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan Lyawona a ak revi Pou Fòs Jèn yo.

Ide pou Anseye Timoun

2 Nefi 21:1–5

Jezikri ap jije avèk jistis.

  • Pou ede fanmi w vizyalize vèsè sa yo, gade si w ka jwenn yon pyebwa yo te koupe oubyen yon branch ki ap grandi nan yon pyebwa (oubyen itilize foto ki pi ba a). Si “branch” lan nan 2 Nefi 21:1 reprezante Jezikri, kisa vèsè 2–5 anseye nou konsènan Li?

Imaj
ti plant k ap grandi soti nan yon pyebwa ki koupe

2 Nefi 21:6–9

Jezikri pote lapè ak lajwa.

  • Kisa 2 Nephi 21:6–9 anseye konsènan sa ki ka rive lè tout moun suiv Sovè a? (gade tou 4 Nefi 1:15–18). Kijan nou ka fè fwaye nou vin plis konsa? Timoun ou yo ta kapab kontan gade foto bèt ki mansyone nan vèsè 6–7—bèt ki jeneralman se ènmi men youn pa pral atake lòt lè Jezi retounen (gade paj aktivite pou semèn sa a). Envite timoun yo pou yo desine imaj tèt yo ak bèt sa yo ki ap viv nan lapè avèk Jezi.

2 Nefi 21:11–1222

Senyè ki ap rasanble pèp Li a.

  • Ezayi te di ke Senyè a tap tabli yon “anblèm pou nasyon yo” pou ede moun yo rasanble kote Li (gade nan 2 Nefi 21:11–12). Ede timoun yo konprann ke yon anblèm se tankou yon drapo. Petèt yo tap kontan desine pwòp drapo pa yo. Yo ta kapab gen ladan foto oswa mo ki reprezante rezon ki fè yo vin jwenn Jezikri ak Legliz Li a. Kite yo pale de drapo yo, epi ede yo panse a kijan yo ka ede lòt moun “rasanble” bò kote Jezikri.

  • Apre nou fin li 2 Nefi 22:4–5 ansanm, ou ta kapab pale avèk timoun yo de kèk nan “bagay ekselan yo” ke Senyè a te fè Èske w ka site kèk nan sa Senyè “fè nan mitan [nou]” ke nou ka deklare? Pou ede timoun ou yo reflechi sou kesyon sa a, nou ta kapab chante ansanm yon kantik sou Sovè a, tankou “Oui, Je Crois en Christ, (Cantiques, no. 71). Nou chak ta kapab konplete yon fraz tankou sa a lè tou pa nou rive: “Oui, Je Crois en Christ; Li .” Kijan nou ka ede lòt moun konnen kisa Sovè a te fè pou nou?

2 Nefi 25:26

“Nou Rejwi nan Kris la.“

  • Kijan w ka ede pitit ou yo “rejwi nan Kris la”? Petèt ou ta kapab rakonte yon istwa konsènan Jezikri ki ap pote lajwa pou lòt moun, oubyen ou ta kapab pase yon videyo tankou “Jezi Geri yon Mesye ki fèt Avèg” oswa “Kite Timoun Piti yo Vin Jwenn Mwen” (Bibliyotèk Levanjil la). Timoun ou yo ta kapab fè remake moman lajwa yo nan istwa oubyen videyo a. Apre sa, pandan n ap li ansanm 2 Nefi 25:26, yo ta kapab pale de rezon ki fè yo “rejwi nan Kris la.”

Temwaye konsènan Kris la Pa sipoze ke fanmi w konnen kijan w santi w konsènan Sovè a. Di yo, epi kite santiman w konsènan Sovè a enfliyanse fason ou aji avèk yo.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan magazin Zanmi an.

Imaj
misyonè ki ap anseye yon fanmi

}I’ll Go Where You Want Me to Go (M Prale Kote W Vle pou M Ale), pa Ramon Ely Garcia Rivas