Vini, Suiv Mwen 2024
11–17 mas: “Yon Travay Mèveye ak yon Pwodij.” 2 Nefi 26–30


“Mas 11-17: ‘Yon travay mèveye ak yon pwodij.’ 2 Nefi 26–30,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2024)

“11–17 Mas. 2 Nefi 26–30,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz : 2024 (2024)

Imaj
Jezi ki ap lonje lamen bay yon fi

L Ap Kondui W pa Lamen, pa Andra Rast

11–17 mas: “Yon Travay Mèveye ak yon Pwodij”

2 Nefi 26–30

Nefi te ekri: “M ap pwofetize pou nou konsènan dènye jou yo” (2 Nefi 26:14). Sa vle di li t ap ekri konsènan epòk pa nou an. Epi gen rezon pou nou enkyete pou sa l te wè a: moun ki refize pouvwa ak mirak Bondye; jalouzi toupatou ak konfli. Men, anplis “zèv tenèb” dènye jou sa yo (2 Nefi 26:10,22) ki te dirije pa advèsè a, te pale tou de “yon travay mèveye ak yon pwodij” ki dirije pa Bondye Limenm (2 Nefi 27:26). Nan sant travay sa a tap gen yon liv—yon liv ki ekspoze manti Satan yo epi rasanble moun jis yo. Liv sa a se Liv Mòmon an, travay mèveye a se travay Legliz Senyè a nan dènye jou yo, epi pwodij la—omwen an pati— sè ke Bondye envite nou tout, malgre feblès nou yo, pou nou vin patisipe nan rasanbleman an.

Ide pou Aprantisaj Lakay ou ak nan Legliz la

2 Nefi 26–27; 29–30

Bondye te prepare Liv Mòmon an pou epòk pa nou an.

Nan 2 Nefi 26–27, Nefi te site yon ansyen pwofesi Ezayi (gade nan Ezayi 29) epi li te aplike l a pèp li a ak rejis yo—Liv Mòmon an. Anvan menm Liv Mòmon an te fin ekri nèt, Nefi te konnen pa revelasyon ke, yon jou li tap “gen anpil valè pou pitit lèzòm” (2 Nefi 28:2. Poukisa Liv Mòmon an gen gwo valè pou ou? Reflechi sou kesyon sa a pandan w ap li 2 Nefi 29–30. Ala “travay mèveye” (2 Nefi 27:26) Bondye ap akonpli nan mond lan ak nan lavi w pa avèk Liv Mòmon an?

Gade tou nan Istwa— Joseph Smith 1:62–65.

2 Nefi 26:23–33

Imaj
ikon seminè
Jezikri envite nou tout vin jwenn Li.

Gen anpil bèl verite nou dwe konsidere nan 2 Nefi 26:23–24. Pou egzanp, ou ka reflechi sou sa Jezikri te fè “pou byen mond lan”—ak pou ou. Kijan Li “atire tout moun”—ak oumenm—“ sou li”? Kisa nou santi nou enspire pou nou fè an repons a ekspresyon lanmou L lan?

Kontinye li epi chèche verite sou Sovè a nan vèsè 25–33. Remake envitasyon L yo sitou. Kijan w tap rezime mesaj Jezikri a pou tèt ou nan yon fraz? Yon kantik tankou “Venez à Jésusi” (Kantik), non. 117) ta kapab ouvri lespri w pou w ta kapab gen lòt enpresyon.

Panse a kijan vèsè sa yo kapab enfliyanse fason ou kominike avèk lòt moun epi envite yo vin jwenn Kris la. Ou ta kapab jwenn kèk ide nan mesaj Èldè D. Todd Christofferson nan “Doktrin Apatenans” (Lyawona, Nov. 2022, 53–56).

Gade tou nan 3 Nefi 18:30–32; Dallin H. Oaks, “Kisa Sovè Nou an te Fè pou Nou?Lyawona, Me 2021, 75–77; Sijè Levanjil yo, “Fè Pati Legliz Jezikri a,” Bibliyotèk Levanjil la.

Pa pè silans. Bon kesyon pran tan pou yo jwenn repons. Yo mande rechèch, meditasyon, ak enspirasyon. Tan w pase ap tann repons pou yon kesyon kapab yon moman sakre pou meditasyon. Evite tantasyon pou w fini tan sa a twò bonè nan al fè yon lòt bagay.

2 Nefi 28

Satan ap chèche twonpe nou.

Anpil nan manti ak taktik Satan yo ekspoze nan 2 Nefi 28. Chèche yo nan vèsè 6, 8, 21–23, 29. Poukisa nou dwe aprann konnen mansonj Satan yo? Kisa w ap fè lè advèsè a eseye twonpe w?

Gen kèk ekriti ki rejte manti Satan yo nan lis ki pi ba la a. Gade si w ka matche vrè doktrin nan vèsè sa yo ak fo doktrin Nefi ba nou avètisman sou yo nan 2 Nefi 28:

Gade tou Gary E. Stevenson, “Pa Twonpe M,” Lyawona, Nov. 2019, 93–96.

2 Nefi 28: 27–3129

Bondye kontinye bay revelasyon pou gide pitit Li yo.

Kòm Sen Dènye jou nou beni avèk yon abondans pawòl Bondye. Epi malgre sa, jan Nefi te avèti a, nou pa dwe janm santi ke “nou gen ase!” Pandan w ap li avètisman yo nan 2 Nefi 28:27–31 ak 2 Nephi 29, medite sou kesyon tankou sa yo:

  • Kijan Bondye vle pou m santi m ak kijan pou reponn konsènan pawòl Li?

  • Poukisa moun “fache” pafwa poutèt yo resevwa plis verite nan men Bondye? (2 Nefi 28:28). Èske janm m konn santi m konsa? Si repons se wi, kijan m ka chanje?

  • Kisa resevwa pawòl Bondye a vle di? Kijan m ka montre L ke m vle resevwa plis nan pawòl Li a?

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan Lyawona ak magazin Pou Fòs Jèn yo

Ide pou Anseye Timoun

2 Nefi 26:23–28, 33

Jezikri vle pou tout moun vin jwenn Li.

  • Anseye timoun ou yo konsènan envitasyon Sovè a nan vèsè sa yo, ou ka pale avèk yo sou lè yo te envite moun nan yon evènman espesyal, tankou yon fèt anivèsè nesans. Apre sa ou ta kapab li 2 Nefi 26:–28 ansanm epi chèche konnen kisa Jezi envite nou pou nou fè. Pitit ou yo ta gen dwa vle kreye yon kat pou envite yon moun vin jwenn Jezikri. Ankouraje yo pou yo sèvi avèk yon fraz nan vèsè sa yo nan envitasyon yo a.

  • Penti ki nan fen plan sa a montre moun ki soti nan anpil kote diferan. Petèt pitit ou yo ka gade foto sa a pandan w ap li 2 Nefi 26:33. Ou ka repete fraz “Jezi envite tout moun vin jwenn Li” pandan timoun ou yo ap montre chak moun nan foto a—epi tèt pa yo apre sa. Kijan nou ka vin jwenn Jezi?

  • Yon chante sou renmen tout moun, tankou “Je Viens Vers Toi” (Chants pour les Enfants, 78), ta kapab ede w anseye mesaj 2 Nefi 26:33 a.

2 Nefi 28:2; 29:7–11; 30:3–6

Liv Mòmon an se yon benediksyon.

  • Pou ede timoun ou yo santi ke Liv Mòmon an “gen anpil valè” (2 Nefi 28:2), ou kapab vlope yon kopi kòm yon kado epi kite yo devine sa ki anndan an. Yo ka chèche endikasyon nan 2 Nefi 30:3–6. Di pitit ou yo poukisa Liv Mòmon an gen anpil valè pou ou, epi kite yo pataje santiman yo tou.

  • Anvizaje mande timoun ou yo pou yo imajine yon zanmi di yo: “M pa bezwen li Liv Mòmon an. Mwen te li Bib la deja.” Kisa nou ta kapab di zanmi nou an? Li ansanm 2 Nefi 29:7–11 pou nou aprann poukisa Bondye vle pou nou gen toulède liv yo.

2 Nefi 28:30–31

Pè Selès la anseye m tikal pa tikal.

  • Petèt ou ka panse a yon leson pratik oubyen yon aktivite ki ap ede timoun yo konprann kisa aprann “liy apre liy“ vle di. Pa egzanp, yo te ka ranje ansanm yon kastèt oswa bati yon bagay avèk blòk, yon moso alafwa. Oswa ou kapab anseye yo yon teknik etap pa etap, tankou mare yon ne oswa fè yon desen. Apre sa ou ta kapab li 2 Nefi 28:30 epi diskite sou fason Papa nou ki nan Syèl la anseye nou yon verite alafwa.

  • Yon lòt ide ta kapab mande pou w chwazi yon ekspresyon nan 2 Nefi 28:30 epi ekri li youn apre lòy, yon mo alafwa. Nan ki fason sa menmj an ak fason Bondye ba nou laverite? Poukisa Bondye revele nou verite “liy sou liy, presèp apre presèp, yon ti kras isit, yon ti kras lòtbò” olye revele l tout yon sèl kou? Kijan nou ka montre Bondye ke nou vle resevwa plis verite nan men L?

Pou plis ide, gade sijè mwa sa a nan magazin zanmi an.

Imaj
Jezikri nan mitan yon foul.

Christ in the Midst (Kris nan Mitan), pa Judith A. Mehr