Vini, Suiv Mwen 2024
18–24 Mas : “Sa a Se Chemen an.” 2 Nefi 31–33


18–24 Mas : “Sa a Se Chemen an.” 2 Nefi 31–33,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2024)

“18–24 Mas. 2 Nefi 31–33,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2024)

Imaj
Jezi ki ap anseye disip Li yo

Christ Teaching His Disciples (Kris la Ki Ap Anseye Disip Li yo), pa Justin Kunz

18–24 Mas : “Sa a Se Chemen an.”

2 Nefi 31–33

Pami dènye pawòl Nefi te ekri yo, nou jwenn deklarasyon sa a: “Senyè a te kòmande m, e m dwe obeyi l” (2 Nefi 33:15). Sa se yon bon rezime lavi Nefi. Li te eseye konprann volonte Bondye epi avèk kouraj li te obeyi l—ke sa te vle di riske lavi l pou l te ka pran plak eren yo nan men Laban, konstwi yon bato epi travèse oseyan an, oubyen fidèlman anseye doktrin Kris la avèk klate ak puisans. Nefi te ka pale avèk pèsyazyon de nesesite pou nou “avanse avèk fèmte nan Kris la,” pou nou suiv “chemen etwat ak kwense a, ki mennen nan lavi etènèl la” (2 Nefi 31:20,18), paske sa se chemen li te suiv la. Li te konnen pa eksperyans ke chemen sa a, malgre l difisil pafwa, li bay lajwa tou, epi “pa gen okenn lòt chemen ni okenn lòt non anba syèl la ki kapab sove lèzòm nan wayòm Bondye a” (2 Nefi 31:21).

Ide pou Aprantisaj lakay ak nan Legliz la

2 Nefi 31

Jezikri ak doktrin Li an se sèl chemen pou lavi etènèl.

Si w ta gen pou w rezime chemen ki mennen nan lavi etènèl la nan kèk mo, kisa w tap di? Remake kijan Nefi te dekri li nan 2 Nefi 31. Anvizaje defini yon chemen epi ekri sou chemen an kèk nan prensip oswa etap ou jwenn nan chapit sa yo. Ou ta kapab ajoute nan desen w lan pwòp rezime pa w sou sa Nefi te anseye sou chak prensip.

Pandan w ap li 2 Nefi 31:18–20, evalye pwòp efò pa w pou w “avanse” sou chemen levanjil la.

Gade tou “Press Forward, Saints,” Hymns, no. 81.

Imaj
yon fanmi ki ap priye ansanm

Suiv ansèyman Jezikri yo mennen nou nan lavi etènèl.

2 Nefi 31:4–13

Jezikri te bay egzanp pafè obeyisans lan lè L te batize.

Kit batèm ou te rive yè oswa 80 an de sa, se te yon moman enpòtan. Ou te antre nan yon alyans etènèl pou suv Jezikri. Refleci sou batèm ou pandan w ap li istwa batèm Sovè a nan 2 Nefi 31:4–13 Reponn kesyon tankou sa yo ka ede:

  • Poukisa Jezi te batize? Poukisa mwen te chwazi pou m te batize?

  • Ki pwomès mwen te fè lè m te batize? Kisa Senyè a pwomèt an retou? (gade nan vèsè 12–13; gade tou Mozya 18:10, 13).

  • Kijan m ka montre m toujou angaje m pou m suiv Jezikri?

2 Nefi 31:15–20

“Yon moun ki pèsevere jiskalafen, moun sa a ap sove.”

Pandan w ap li 2 Nefi 31:15–20, mande tèt ou: “Kijan pou m fè konnen si m ap andire jiskalafen?” Ki sa w aprann de Nefi ki ede w reponn kesyon sa a?

Eldè Dale G. Renlund ansenye: “Pèsevere jiska lafen se pa yon etap separe nan doktrin Kris la—kòm si nou konplete kat premye etap yo epi ansuit nou koube nou, sere dan nou, epi tann pou nou mouri. Non, andire jiskalafen se repete etap sa yo aktivman ak entansyonèlman” (“Konvèsyon Tout lavi” [Devosyon Brigham Young University, 14 Septanm 2021], 2, speeches.byu.edu). Ki jan w ka repete etap yo nan doktrin Kris la (lafwa, repantans, batèm, ak resevwa Sentespri a)?

2 Nefi 32; 33:2

Imaj
ikòn seminè
Atravè pawòl Kris la ak Sentespri a, Bondye ap montre m kisa pou m fè.

Èske w janm santi w pa sèten konsènan pwochèn etap yo nan lavi w? Pèp Nefi a te gen menm kalite enkyetid (gade nan 2 Nefi 32:1). Chèche repons Nefi a nan 2 Nefi 32:2–9. Kijan ou tap redi sa Nefi te anseye a nan pwòp mo pa w? Ki eksperyans ki te ansenye w ke pawòl Nefi yo se verite?

Anvizaje fè yon lis desizyon oswa sitiyasyon (pou kounyeya ak pou lavni) kote ou bezwen direksyon Bondye. Ki sa w ka aprann nan 2 Nefi 32 ki ap ede w reyisi nan resevwa enspirasyon nan men L? Kisa ki kapab koz moun “andisi kè yo kont Sentespri a”? 2 Nefi 33:2

Pandan w ap medite sou konsèy Nefi a, reflechi sou jan ou etidye pawòl Sovè a. Èske w tap dekri l tankou yon ti goute, manje, oubyen festen? Ki diferans ki genyen, dapre oumenm? Konsidere fason w ka fè eksperyans ou an avèk pawòl Sovè a plis tankou yon festen. Petèt ou ta kapab jwenn ide nan men yon zanmi oswa yon manm fanmi.

Fè festen avèk pawòl Kris la. Gen anpil fason pou fè festen avèk pawòl Kris la, pami yo gen lapriyè pou enspirasyon, poze kesyon anvan ak pandan etid, defini mo, medite, kwaze referans, pran nòt, chèche verite levanjil la, ak aplike ekriti yo nan lavi w (gade 1 Nefi 19:23).

Kijan ou envite Sentespri a pou l vin yon konpayon konstan nan lavi w, olye de yon vizitè okazyonèl. Li twa sijesyon David A. Bednar pou fè konpayi Sentespri a yon “reyalite kontinyèl” nan “Resevwa Sentespri a” (Liahona, Nov. 2010, 94–97). Ki jan w ap aplike konsèy li a?

Gade tou Sijè Levanjil, “Revelasyon,” Bibliyotèk Levanjil; “Pen chak jou: Modèl” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

2 Nefi 33

Liv Mòmon an pèsyade tout moun pou yo kwè nan Kris la.

Nan 2 Nefi 33, lè Nefi t ap konkli sa li te ekri yo, li te eksplike rezon prensipal ki fè li te ekri yo. Ki rezon w jwenn nan chapit sa a? Reflechi sou istwa ak ansèyman ou te li yo jiske la nan 1 Nefi ak 2 Nefi. Kisa k te enfliyanse oumenm ak lafwa w nan Kris la pi plis?

Gade tou “Nefi Anrejistre Temwayaj Final Li” (videyo), Bibliyotèk Levanjil.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan Lyawona a ak magazin Pou Fòs Jèn yo .

Ide pou Anseye Timoun yo

2 Nefi 31:4–13

Lè m batize, m ap suiv Jezikri.

  • Gen yon foto Jezi kiap batize nan fen apèsi sa a. Petèt timoun ou yo ka itilize l pou di w sa yo konnen sou evènman sa a (gade tou nan Matye 3:13–17). Poukisa Jezi vle nou batize menm jan avèk Li? Timoun ou yo ta kapab koute rezon yo pandan n ap li ansanm kèk pòsyon 2 Nefi 31:4–13. Li ta kapab itil si yon moun ki te fèk batize ta ka pataje eksperyans li.

2 Nefi 31

Jezikri te anseye m kijan pou m retounen al jwenn Pè Selès la.

  • Pou ede timoun ou yo vizyalize ansèyman yo nan 2 Nefi 31, yo te kapab desine yon chemen avèk yon foto Kris la nan fen an. Ou ta ka ede yo jwenn oswa desine foto ki reprezante etap sou chemen sa a, tankou lafwa nan Kris la, repantans, batèm, don Sentespri a, epi andire jiskalafen. Yo ta ka lonje dwèt sou foto yo pandan nou ap li 2 Nefi 31:17–20 ansanm.

2 Nefi 32:3–5

M ka fè yon festen avèk pawòl Kris la.

  • Pou anseye sou “festen” avèk pawòl Kris la, ou ta kapab mande timoun ou yo pou yo fè yon senaryo sou kan yo ta fè yon festensou manje yo pi renmen yo. Nan 2 Nefi 32:3, sou kisa Nefi te di nou ta dwe fete? Ki diferans ki genyen ant fè yon festen avèk pawòl Bondye e annik li l? Petèt pitit ou yo ta ka demontre diferans yo nan yon senaryo. Pataje avèk yo benediksyon ou te resevwa lè w te fè festen avèk ekriti yo.

2 Nefi 32:8–9

Pè Selès la vle pou m toujou priye.

  • Apre nou fin li 2 Nefi 32:8–9, pale avèk pitit ou sou rezon ki fè Satan pa vle nou priye. Poukisa Bondye vle pou nou “toujou priye”? Pitit ou yo te ka fè yon lis oswa desine foto sitiyasyon kote yo te ka priye. Apre sa, yo ta kapab chante yon chan ki anseye sou lapriyè, tankou “La Prière est un comme un Phare. (Cantiques, no. 75). Outa kapab ranplase kèk nan pawòl nan chan an avèk pawòl ki sou lis pa yo. Kijan Senyè a beni nou lè nou toujou priye?

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan magazin Zanmi an.

Imaj
Jan Batis Ki Ap Batize Jezi

To Fulfill All Righteousness (Pou Akonpli Tout sa ki Jis), pa Liz Lemon Swindle