Vini, Suiv Mwen 2024
25–31 Mas: “L Ap Leve … Avèk Gerizon nan Zèl Li.” Pak


“25–31 Mas: ‘L Ap Leve … Avèk Gerizon nan Zèl Li.’ Pak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Fwaye a ak Legliz la: Liv Mòmon 2024 (2023)

“Mas 25–31. Pak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Fwaye a ak Legliz la: 2024 (2023)

Imaj
Kris resisite a avèk Apot Li yo

Kris la avèk Apot yo, tablo Del Parson

25–31 Mas: “L Ap Leve … Avèk Gerizon nan Zèl Li.”

Pak

Apot tan lontan yo te brav nan temwayaj yo konsènan Jezikri ak Rezirèksyon Li a (gade nan Travay 4:33). Dè milyon moun kwè nan Jezikri epi y ap fè efò pou yo suiv Li akozde pawòl yo ki ekri nan Bib la. Epoutan, kèk moun gendwa ap mande: Si Jezikri se Sovè tout mond lan, enben, poukisa se sèlman yon ti ponyen temwen ki te konsantre nan yon sèl ti rejyon ki te wè Li?

Liv Mòmon an kanpe kòm yon temwen adisyonèl konvenkan ki montre ke Jezikri se Sovè mond lan, “ki manifeste tèt li a tout nasyon” (paj tit Liv Mòmon an) epi Li ofri sali a tout moun ki vin jwenn Li. Epi tou, dezyèm temwen sa a klarifye kisa sali vledi. Se poutèt sa, Nefi, Jakòb, Mòmon, ak tout pwofèt yo te travay “avèk dilijans pou yo te kapab ekri pawòl sa yo sou plak”—pou deklare pou jenerasyon ki ap vini apre yo ke yomenm tou yo te “konnen konsènan Kris la, epi … yo te gen espwa nan laglwa li” (Jakòb 4:3–4. Nan sezon Pak sa a, reflechi sou temwayaj yo nan Liv Mòmon an ki di ke pouvwa Ekspyasyon Kris la alafwa inivèsèl ak pèsonèl—paske Li rachte tout mond lan epi Li rachte w.

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Imaj
senbòl seminè
Gras ak Jezikri, m ap resisite.

Se yon tradisyon lè Pak pou n medite sou Rezirèksyon Jezikri a, men kisa resisite vledi egzakteman? Ki eksplikasyon Liv Mòmon an ofri konsènan rezirèksyon? Petèt pandan sezon Pak sa a, ou ta kapab drese lis verite sou rezirèksyon an ke ou jwenn nan 2 Nefi 9:6–15, 22; Alma 11:42–45; 40:21–25; 3 Nefi 26:4–5.

Ou ta kapab ekri kijan verite sa yo enfliyanse aksyon w ak fason w viv. Pa egzanp, konsidere kijan w ta konplete fraz sa yo: Si mwen pa t konnen bagay sa yo …. ak Paske mwen konnen bagay sa yo …

Yon kantik tankou “Je sais qu il vit, mon Rédempteur” (Cantiques, no 73) ta kapab ede w panse sou rezon ki fè Rezirèksyon Sovè a enpòtan pou ou. Pandan w ap chante, koute, oswa li kantik la, ou ta ka mande tèt ou, “Kijan lavi m diferan paske Jezikri te resisite?”

Bibliyotèk Levanjil la genyen yon koleksyon Videyo Pak ki ta ka yon pati siyifikatif nan etid ou. Petèt ou ta ka gade youn oswa plis nan videyo sa yo epi reflechi sou sa yo ajoute sou konpreyansyon w oswa sou apresyasyon w pou Rezirèksyon Sovè a.

Gade Lik 24:36–43; Travay 24:15; 1 Korentyen 15:12–23, Reyna I. Aburto, “Tonm lan Pa Gen Okenn Viktwa,” Lyawona, Me 2021, 85–86; Sijè Levanjil yo, “Rezirèksyon,” Bibliyotèk Levanjil la; “Lanmò, Dèy, ak Pè“ nan koleksyon “Ed pou Lavi” nan Bibliyotèk Levanjil la

Jezikri te pran peche m yo, doulè ak enfimite m yo sou tèt Li.

Bib la anseye klèman ke Jezikri te ekspye pou peche nou. Sepandan, Liv Mòmon an elaji konpreyansyon nou sou sakrifis ak soufrans Kris la nan fason enpòtan. Ou ka jwenn kèk nan ansèyman sa yo nan Mozya 3:7; 15:5–9; Alma 7:11–13. Lè w fin li pasaj sa yo, anvizaje ekri sa w dekouvri yo nan yon tablo tankou sa a:

Kisa Sovè a te soufri?

Poukisa Li te soufri?

Kisa sa vledi pou mwen?

Men yon lòt fason pou w etidye pasaj sa yo: Chèche kantik ke w santi ki matche avèk mesaj yo anseye yo. Endèks “Ekriti” a nan fen liv kantik la kapab ede tou. Ki fraz nan kantik sa yo ak ekriti sa yo ki ede w apresye sakrifis Sovè a pi pwofondeman?

Gade tou nan Ezayi 53; Ebre 4:14–16; Gérald Caussé, “Yon Temwayaj Vivan sou Kris Vivan an,” Lyawona, Me 2020, 38–40.

Jezikri kapab netwaye m epi ede m vin pafè.

Nou ta ka di ke Liv Mòmon an se yon istwa sou moun ki te chanje gras ak Ekspyasyon Jezikri a. Ou ka li kèk nan eksperyans sa yo nan Mozya 5:1–2; 27:8–28; Alma 15:3–12; 24:7–19. Ou gendwa reflechi sou lòt egzanp pou w etidye tou. Kisa w remake chak nan eksperyans sa yo genyen an komen? Ki diferans ou remake? Kisa istwa sa yo anseye w sou fason Sakrifis Ekspyatwa Sovè a ka chanje w?

Gade tou Alma 5:6–14; 13:11–12; 19:1–16; 22:1–26; 36:16–21; Etè 12:27; Mowoni 10:32–33.

Pou plis ide, gade piblikasyon revi Lyawona a ak Pou Fòs Jèn yo pou mwa sa a.

Ide pou Anseye Timoun yo

Paske Dimanch sa a se senkyèm Dimanch nan mwa a, nou ankouraje enstrikè Primè yo pou yo itilize aktivite aprantisaj yo nan.”Apendis B: Prepare Timoun yo pou Tout yon Lavi sou Chemen Alyans Bondye a.“

Paske Jezikri te resisite, m ap resisite tou.

  • Ou ka itilize “Chapit 53: Jezi kloure sou kwa” a ak “Chapit 54: Jezi Leve” a (nan Istwa Nouvo Testaman, 136–38, 139–44) pou pale ak pitit ou yo sou Rezirèksyon Jezikri a. Oubyen, kite pitit ou yo rakonte w istwa a, pandan w ap itilize foto ki nan chapit sa yo.

  • Vizit Sovè Resisite a nan Amerik yo se yon temwayaj puisan sou Rezirèksyon Li. Konsidere pale timoun ou yo sou sa, kote w ap itilize 3 Nefi 1117; kantik “Hosanna de Pâques” la oubyen dènye kouplè nan “Dans le livre de Mormon” (Chants pour les enfants, 68–69, 118–19). Ankouraje timoun ou yo pou yo imajine kijan yo tap santi yo si yo te gen chans touche blesi Jezi yo (gade 3 Nefi 11:14–15) oubyen si yo te youn nan timoun Li te beni yo (gade 3 Nefi 17:21). Pataje youn ak lòt santiman nou sou Jezikri ak Rezirèksyon L lan.

  • Pou ede pitit ou yo dekouvri kisa Liv Mòmon an anseye apwopo rezirèksyon, ou ka envite yo pou yo pretann ke w pa konn anyen sou li epi mande yo pou yo eksplike w li. Ede yo gade nan 2 Nefi 9:10–15; Alma 11:41–45; ak Alma 40:21–23 pou reponn kesyon tankou sa yo: Ki sa sa vle di pou yon moun resisite? Kiyès k ap resisite? Epitou, mande yo pou yo rann temwayaj sou Rezirèksyon Sovè a kòm yon pati nan repons yo a.

Jezikri konn kijan pou l rekonfòte m.

  • Mozya 3:7 ak Alma 7:11 dekri kèk nan sa Sovè a te travèse kòm yon pati nan Ekspyasyon L lan. Ou ka li youn nan vèsè sa yo pou timoun ou yo epi mande yo pou yo koute pawòl ki di yo sa Jezi te soufri pou nou yo. Apre sa, ou ta ka li Alma 7:12 pou chèche konnen poukisa Li te soufri sa. Temwaye yo ke Jezikri te santi tout lapenn ak maladi nou pou Li te ka rekonfòte nou.

  • Èske fanmi w gen yon kantik oubyen yon chan yo pi renmen konsènan Jezikri ak Ekspyasyon L lan? Nou ta kapab chante l ansanm tou—oubyen aprann yon nouvo. Pale sou mo oswa fraz nan pawòl yo ki anseye nou konsènan rekonfò ak lapè Sovè a ofri nou.

Imaj
Kris ki ap priye nan Jaden Jetsemane a

Jetsemane, pa Michael T. Malm

Jezikri kapab netwaye mwen epi ede mwen chanje.

  • Liv Mòmon an bay anpil egzanp sou moun ki te chanje gras ak Sakrifis Ekspyatwa Sovè a. Envite timoun yo pou yo chwazi youn nan moun sa yo pou yo aprann konsènan li: tankou Enòs (gade Enòs 1:2–8), Alma, pi Jèn nan (gade Mozya 27:8–24, oswa Anti Nefi Leyi yo (gade Alma 24:7–19). Kijan moun sa a oswa gwoup sa a te chanje akoz Ekspyasyon Jezikri a? Kijan nou ka suiv egzanp yo?

  • Oumenm ak timoun ou yo ka konpare yon bagay ki pwòp avèk yon bagay ki sal epi pale sou fason bagay sal yo ka vin pwòp. Li Alma 13:11–12ansanm. Kisa Jezi te fè pou nou ka vin pwòp anba peche nou yo? Kijan sa fè nou santi n apwopo peche? Kijan sa fè nou santi nou konsènan Sovè a?

Pou plis ide, gade piblikasyon revi Zanmi mwa sa a.

Viv diy pou w ka resevwa gidans Lespri a. Lespri a se vrè enstriktè a. Si w chèche asistans Li epi ou viv diy, L ap ba ou panse ak enpresyon sou kijan pou w satisfè bezwen moun w ap anseye yo.

Imaj
Kris la ki ap akeyi Nefit yo

Ilistrasyon Kris la avèk Nefit yo, tablo Ben Sowards