Vini, Suiv Mwen 2024
27 Me–2 Jen: “Yo Te Rele Yo Pèp Bondye.” Mozya 25–28


“27 Me–2 Jen: ‘Yo Te Rele Yo Pèp Bondye.’ Mozya 25–28,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2024)

“27 me – 2 Jen. Mozya 25–28,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2024)

Imaj
yon zanj parèt devan Alma ak pitit gason Mozya yo

Konvèsyon Alma, pitit la, tablo Gary L. Kapp

27 Me–2 Jen: “Yo Te Rele Yo Pèp Bondye”

Mozya 25–28

Apre prèske twa jenerasyon ap viv nan peyi separe, Nefit yo te vin tounen yon pèp ankò. Pèp Limi an, pèp Alma a, ak pèp Mozya a—menm pèp Zarayemla a, ki pa t desandan Nefi—tout te vin “konte nan pami Nefit yo” kounyeya (Mozya 25:13). Anpil nan yo te vle vin manm Legliz Senyè a tou, jan Alma te fè a. Konsa, tout moun ki te “vle pran non Kris la sou yo” te batize, “epi yo te rele yo pèp Bondye” (Mozya 25:23–24). Apre plizyè ane konfli ak kaptivite, sanble Nefit yo ta pral finalman jwi yon peryòd lapè.

Men, anvan lontan, enkwayan yo te kòmanse pèsekite Sen yo. Sa k te patikilyèman tris sèke anpil nan enkwayan sa yo sete pwòp pitit moun ki te kwayan yo—“jenerasyon ki t ap grandi a” (Mozya 26:1), enkli pitit gason Mozya yo ak youn nan pitit gason Alma yo. Istwa a pale de yon vizit mirakile nan yon zanj. Men, mirak la vre nan istwa sa a se pa sèlman sou zanj parèt nan direksyon pou pitit gason yo. Vrè konvèsyon se yon mirak ki, nan yon fason oswa yon lòt, bezwen rive nan nou tout.

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Mozya 26: 1–6

Mwen ka ede lòt moun vin pi pre Jezikri.

Men konvèsyon pèsonèl—li pa ka transfere kòm yon eritaj bay pitit yon moun. Pandan w ap li Mozya 26:1-6, medite sou rezon ki fè “jenerasyon ki t ap grandi a” te tonbe, epi remake konsekans enkwayans yo. Ou gendwa reflechi tou konsènan moun ou swete ou ta ka mennen vin jwenn Kris la. Pandan tout etid ou nan Mozya 25–28,la Lespri a kapab chichote bagay w ka fè pou ede yo devlope lafwa nan Jezikri.

Mozya 26:6–39

Sèvitè fidèl Bondye yo chèche fè volonte Li.

Pafwa nou gendwa panse ke yon dirijan Legliz tankou Alma toujou konnen bagay egzat pou l fè a. Nan Mozya 26 nou li apwopo yon pwoblèm nan Legliz la ke Alma pa t janm te fè fas. Kisa Alma te fè nan sitiyasyon sa a? (gade Mozya 26:13–14, 33–34, 38–39). Kisa eksperyans Alma a sigjere sou fason w ka apwoche pwoblèm difisil nan fanmi ou oubyen nan sèvis ou nan Legliz la?

Kisa Senyè a te anseye Alma nan Mozya 26:15–32? Note ke kèk nan verite sa yo pa t yon repons dirèk pou kesyon Alma a. Kisa sa sigjere w osijè priye ak resevwa revelasyon pèsonèl?

Prensip yo etènèl. Reflechi sou kijan istwa ak ansèyman nan ekriti yo aplike a lavi w. Pa egzanp, ou ta ka mande tèt ou: “Ki eksperyans mwen te fè ki tankou pa Alma a?” oswa “Ki verite Alma te anseye ki ka ede m?”

Mozya 26:29–31

Bondye padone m lè m repanti epi m padone lòt moun.

Repantans ak padon se tèm ki parèt anpil Mozya 26–27. Chèche mo ak fraz ki anseye sou repantans ak padon nan Mozya 26:22–24, 29–31; 27:23–37.

Gen kèk moun ki ka ap mande tèt yo si Bondye padone yo toutbonvre. Ki jan w imajine Alma, Papa a t ap konseye yon manm Legliz la nan Zarayemla ki te gen sousi sa a? Kisa Alma te aprann nan men Senyè a nan Mozya 26:15–31 ki ta ka ede manm Legliz sa yo? (gade tou Mowoni 6:8; Doktrin ak Alyans 19:16–18; 58:42–43).

Mozya 27:8–37; 28:1–4

Imaj
senbòl seminè
Atravè Jezikri, mwen ka chanje pou m vin pi bon.

Sa te evidan ke Alma ki pi jèn nan te bezwen yon renesans espirityèl. Li menm ak pitit gason Mozya yo sete “pi move pechè ki te kapab egziste” (Mozya 28:4). Men, byen vit apre konvèsyon li, Alma te temwaye ke konvèsyon esansyèl—pou tout moun; li te di:“Pa sezi” paske tout limanite … dwe ne denouvo” (Mozya 27:25; italik ajoute).

Pandan w ap li konsènan eksperyans Alma a ki nan Mozya 27:8–37la, ou gendwa mete tèt nou nan plas li. Èske w ka reflechi sou kèk bagay apwopo oumenm ki bezwen chanje? Kiyès, tankou papa Alma, ki petèt ap priye pou ou “ak anpil lafwa”? Ki eksperyans ki te ede “konvenk [ou] de pouvwa ak otorite Bondye”? (Mozya 27:14). Ki “gwo bagay” Senyè a fè pou oumenm ak fanmi w ke w ta dwe “sonje”? (Mozya 27:16). Kisa w aprann nan pawòl ak aksyon Alma, pitit la, sou siyifikasyon nedenouvo? Ki egzanp ou te wè?

Pran yon ti tan pou w ekri kèk nan fason Sovè a ap ede w chanje—oubyen nedenouvo—menmsi eksperyans ou yo pa osi dramatik oswa osi toudenkou ke pa Alma yo. Èske gen yon kantik ou ta ka chante oswa koute ki eksprime santiman ou, tankou “Merveilleux l‘amour”? Cantiques, no. 117). Ki moun ki ka benefisye nan tande eksperyans ou te fè yo?

Èldè David A. Bednar te konpare nedenouvo avèk yon konkonm ki vin tounen yon pikliz (gade “Ou Dwe Nedenouvo,” Lyawona, Me 2007, 19-22) Kisa konparezon sa a anseye w sou konvèsyon?

Gade tou Sijè Levanjil yo, “Vin tankou Jezikri,” Bibliyotèk Levanjil la; “Alma temwaye ke li te fèt nan Bondye” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

Mozya 27:8–24

Bondye tande priyè m yo epi L ap reponn yo selon volonte Li.

Petèt ou te nan sitiyasyon Alma a avèk yon manm fanmi ki ap fè chwa destriktè. Kisa w jwenn nan Mozya 27:8–24 ki ba w espwa? Kijan vèsè sa yo enfliyanse priyè w fè pou lòt moun?

Pou plis ide, gade nan piblikasyon revi Liahona mwa sa a ak Pou Fòs Jèn yo .

Ide pou Anseye Timoun yo

Mozya 26: 30–31

Senyè a vle m padone.

  • Pou ede pitit ou yo dekouvri ki sa Senyè a te anseye Alma sou padon, ou ka envite yo li Mozya 26:29–31 epi konte konbyen fwa mo “padon” an parèt. Kisa vèsè sa yo anseye nou sou padone lòt moun? (Gade tou “Aide-moi, Père,” Chants pour les enfants, 52.)

  • Pou w mete aksan sou egzanp padon Sovè a, ou ta ka montre yon foto Li sou kwa a epi li ansanm Lik 23:33–34. Kisa Jezi te mande Papa nou ki nan Syèl la pou l fè pou moun ki te mete l sou kwa a? Apre diskisyon sa a, pitit ou yo te kapab jwe wòl sou youn padone lòt.

  • Pafwa li difisil pou nou padone tèt nou lè nou fè erè. Ki jan pawòl Bondye yo kapab ede Alma? Pitit ou yo ka pran pòz y ap pale avèk yon moun ki pa panse ke Bondye ap janm padone li. Envite pitit ou yo pou yo jwenn yon bagay nan Mozya 26:22–23, 29–30 ki ta ka ede moun sa a.

Mozya 27:8–37

Jezikri ede m vin pi sanble avèk LI.

  • Konvèsyon Alma, pitti la ak pitit gason Mozya yo te ka montre pitit ou yo ke, avèk pouvwa Sovè a, nenpòt moun ka chanje. Oumenm oswa pitit ou yo ta kapab itilize tablo yo ki nan plan leson sa a, paj aktivite semèn sa a, ak kèk ekriti kle nan Mozya 27:8–37 pou rakonte istwa a (gade tou “Chapit 18: Alma 18: Alma Rpents yo,” nan Istwa Liv Mòmon yo, 49–52). Mete plis aksan sou vèsè 24 la, pou w anseye ke Alma te repanti epi Jezikri te ede l chanje. Kite pitit ou yo mime istwa a si yo ta vle.

Imaj
Alma, pitit la ke y ap pote al lakay papa l.

Papa l te Rejwi, pa Walter Rane

Mozya 27:8–24

M ka priye ak jene pou Bondye beni moun mwen renmen yo.

  • Li Mozya 27:8–24ansanm, epi mande timoun yo pou yo idantifye kisa Alma ak pèp li a te fè pou yo te ede Alma, pitit la. Èske w te janm jene ak priye pou yon moun? Pataje eksperyans ou avèk pitit ou, epi kite yo pataje pa yo.

  • Èske w konn yon moun ki bezwen èd Bondye? Pou w suiv egzanp Alma a, petèt ou ta ka priye ansanm avèk yo pou moun sa a epi, si pitit ou yo kapab, jene pou yo tou.

Pou plis ide, gade piblikasyon revi Zanmi an pou mwa sa a.

Imaj
yon zanj parèt devan Alma, pitit la

Ilistrasyon yon zanj ki parèt devan Alma, pitit la, tablo Kevin Keele