Vini, Suiv Mwen 2024
3–9 Jen: “Yo Te Fèm ak Inebranlab” Mozya 29–Alma 4


3–9 Jen: “Yo Te Fèm ak Inebranlab” Mozya 29–Alma 4,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2024)

“3–9 Jen. Mozya 29–Alma 4,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2024)

Imaj
Jèn Alma a ki ap preche

Alma the Younger Preaching (Jèn Alma a Ki Ap Preche), pa Gary L. Kapp

3–9 Jen: “Yo Te Fèm ak Inebranlab”

Mozya 29Alma 4.

Gen kèk moun ki ta kapab wè pwopozisyon Wa Mozya pou ranplase wa yo pa jij ki eli senpleman kòm yon refòm politik saj. Men pou Nefit yo, espesyalman sa ki t ap viv sou Wa Noye yo, chanjman sa a te gen yon siyifikasyon espirityèl tou. Yo te wè kijan yon wa enjis te enfliyanse pèp li a, epi yo te “enkyete anpil” pou yo te libere anba yon enfliyans konsa. Chanjman sa a ta pral pèmèt yo responsab pou pwòp jistis pa yo epi “reponn pou pwòp peche [yo]” (Mozya 29:38).

Natirèlman, fen rèy wa yo pa t vle di fen pwoblèm nan sosyete Nefit la. Kèk moun rize tankou Neyò ak Amlisi te voye monte anpil fo ide, enkwayan te pèsekite Sen yo, epi anpil manm Legliz la te vin gen ògèy epi yo te chite. Men, “disip enb Bondye yo,” te kenbe “tennfas san vire gade dèyè” malgre tout sak t ap pase bò kote yo (Alma 4:15; 1:25).

Ide pou Aprantisaj lakay ou ak nan Legliz

Mozya 29:26–27; Alma 2:1–7.

M ka gen yon enfliyans pozitif nan kominote m lan.

Senkan sèlman apre kòmansman rèy jij yo, te gen yon kriz ki tap teste deklarasyon Mozya a ki te di an règ jeneral pèp la toujou chwazi sa ki jis la (gade nan Mozya 29:26). Etidye Alma 2:1–7 pou chèche konnen ki pwoblèm ki te genyen ak sa Nefit yo te fè pou sa. Kisa k ta kapab rive si “moun yo nan legliz la” pa t fè tande vwa yo? Ki lòt bagay ou aprann nan istwa sa a sou fason Senyè a vle w patisipe nan kominote w la? (gade tou nan Mozya 29:26–27).

Ki pwoblèm enpòtan kominote w la ap konfwonte? Konsidere kijan, menm jan avèk Nefit yo, ou ka asire w ke vwa w enkli nan “vwa pèp la.” Nan ki lòt fason, antanke disip Jezi Kris, ou kapab enfliyanse kominote w la pou byen?

Gade tou sa Dallin H. Oaks te di nan “Renmen Enmi W Yo,” Lyawona, Nov. 2020, 26–29.

Alma 1

Pawòl Bondye a kapab ede m rekonèt fo doktrin.

Byenke Neyò te finalman konfese sa l t ap anseye yo te fo, ansèyman l yo te kontinye enfliyanse Nefit yo pandan anpil ane. Poukisa ou panse moun yo te renmen sa Neyò te anseye yo? Nan Alma 1:2–6, chèche manti nan ansèyman Neyò yo—ak verite li te itilize pou kache manti sa yo.

Jedeyon te reprimande Neyò “avèk pawòl Bondye” (Alma 1:7,9 Men kèk ekriti ki demanti fo doktryn Neyò yo: Matye 7:21–23; 2 Nefi 26:29–31; Mozya 18:24–26; ak Elaman 12:25–26. Eseye rezime chak pasaj ekriti. Kisa w aprann de pwofèt vivan yo ki demanti fo ansèyman nan epòk pa nou an?

Alma 1:19–31; 4:6–15

Vrè disip Jezikri yo se “disip enb Bondye.”

Chapit 1 ak4 Alma dekri peryòd lè Legliz la te pwospere, men manm Legliz la te reyaji nan fason diferan devan pwosperite sa a. Pa egzanp, konpare Alma 1:19–30 avèk Alma 4:6–15 pou wè kijan manm Legliz la chanje nan kèk ane sèlman. Daprè sa w te li, kijan vrè disip Jezikri yo santi yo konsènan moun ki gen kwayans diferan? Ki atitid vrè disip Kris la genyen anvè richès ak pwosperite? Kisa w santi w enspire pou w chanje nan pwòp atitid pa w?

Konpare ekriti yo avèk lavi w. Reflechi sou kijan istwa ak ansèyman ekriti yo aplike a lavi w. Pa egzanp, ou ta kapab jwenn resanblans ant pwoblèm ou remake jodi a ak pwoblèm Nefit yo te konfwonte nan Alma 1–4.

Imaj
ikon seminè

Alma 4:6–20

Egzanp ak temwayaj mwen ka chanje kè.

Petèt ou ka pran egzanp tristès Alma te santi lè l te wè sa k t ap pase nan mitan pèp li a. Chèche pwoblèm li te wè nan Alma 4:6–15. Èske w remake kèk pwoblèm konsa? Petèt w ap enkyete w pou yon moun ou renmen kiap lite avèk pwoblèm sa yo. Èske w konn mande tèt ou kisa w ka fè pou w ede?

Gen kèk moun ki ka di Alma, kòm jij an chèf, te meyè moun pou rezoud pwoblèm sa yo. Men Alma te santi te gen yon meyè fason. Pandan w ap li vèsè 16–20, ki sa k enpresyone w konsènan apwòch li a pou ede pèp li a?

Alma te gen yon gwo lafwa nan pawòl Bondye a ak “temwayaj djanm” (vèsè 19). Ki egzanp nou wè nan pouvwa yon temwayaj ki pur? Pandan w ap medite sou divès fason ou ka pataje temwayaj ou konsènan Jezikri ak levanjil Li a, ou ta kapab reli Alma 4:6–14. Kisa aksyon manm Legliz la nan vèsè sa yo revele sou temwayaj yo konsènan Jezikri ak ansèyman L yo? Kisa ou remake sou efè aksyon yo— sou yo ak sou lòt moun? Ou ta ka reflechi tou sou fason ou te beni pa temwayaj san melanj lòt moun, kit li te pataje an pawòl oswa aksyon.

Reflechi sou fason ou ta ka pataje temwayaj ou konsènan Jezikri — an pawòl oswa aksyon. Kimoun ki tap benefisye de temwayaj ou?

Gade tou Gary E. Stevenson, “Nouri ak Rann temwayaj ou,” Lyawona, Nov. 2022, 111–14;””“Temwayaj, Kantik, no. 137; “Alma Jèn nan demisyone kòm Jij” (videyo), Bibliyotèk Levanjil; Sijè Levanjil yo, “Revelasyon,” Bibliyotèk Levanjil la.

Pou plis ide, gade sijè mwa sa a nan Lyawona a ak magazin Pou fòs Jèn yo .

Ide pou Ansèyman Timoun.

Alma 1: 2–9

Senyè a kapab ede m rekonèt fo ansèyman.

  • Yon fason pou etidye Alma 1:2–4 avèk timoun ou yo se ede yo kreye yon tès avèk kesyon vrè ou fo ki itilize deklarasyon ke Neyò, fo enstriktè a te anseye. Apre sa, ou ka pale avèk yo sou rezon ki fè souvan Satan melanje verite ak manti. Ede timoun yo panse a kèk egzanp. Nan vèsè 7–9, ki jan Jedeyò te rete fèm devan manti Neyò yo? (Gade tou “Chapit 20: Alma ak Neyò,Liv Istwa Mòmon, 54–55.)

Alma 1:19–25

Antanke manm Legliz la, mwen ta dwe renmen ak sèvi lòt moun.

  • Kèk manm nan Legliz Seyè a nan epòk Alma a te jenere, te konn bay, epi lòt manm te enpoli ak ògeye. Pou ede pitit ou yo aprann nan eksperyans sa yo, ou ka li ansanm Alma 1:27, 30 epi fè yon lis kalite moun manm Legliz Senyè a te ede. Kimoun nou konnen ki ta kapab “kanpe] nan bezwen” (Alma 1:30) lanmou nou ak èd nou? Ou ta kapab toujou chante yon chan sou lanmou ak sèvis, tankou “Jantiyès Kòmanse Avèk Mwen” (Chan pou Timoun) 83), epi ede timoun yo panse ak aksyon ki ka mache avèk chan an.

  • Kisa nou dwe fè lè moun yo pa janti avèk nou? Anvizaje li avèk tinmoun ou yo kijan yo te trete disip Kris yo Alma 1:19–20. Pale de fason yo te reyaji nan vèsè 22 ak 25. Petèt ou ta kapab pratike fason pou w reyaji lè lòt moun pa janti.

Alma 4 8–20

Temwayaj mwen ka fòtifye lòt moun.

  • Souvan, “temwayaj san melanj” (Alma 4:19) yon timoun ka gen yon enfliyans pwofon sou lòt yo. Pou ede timoun ou yo dekouvri sa, ou ka li avèk yo Alma 4:8–12, 15, ede yo idantifye pwoblèm ki t ap pase nan Legliz la. Kisa Alma te ka fè pou l rezoud pwoblèm sa yo? Ede yo chèche konnen kisa Alma te deside fè nan Alma 4:16–20. Petèt nou youn ta kapab pataje avèk lòt kijan temwayaj yon lòt moun de Jezikri te fòtifye ou.

  • Si timoun ou yo bezwen egzanp sou sa yon temwayaj ye, anvizaje pase videyo yon oratè nan konferans jeneral ki ap rann temwayaj. Ou ta kapab itilize paj aktivite semèn sa a tou oswa chante ansanm yon chan tankou “Temwayaj” (Kantik, non. 137). Kisa nou aprann sou temwanyaj nan resous sa yo? Kite timoun fè pratik pataje temwayaj yo.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan magazin Zanmi an.

Imaj
Nefit ki ap batay avèk Amlisit

Alma and Amlisi (Alma ak Amlisi), pa Scott M. Snow