Vini, Suiv Mwen 2024
24–30 Jen: “Antre nan Repo Senyè a.” Alma 13–16


“24–30 Jen: ‘Antre nan Repo Senyè a.’ Alma 13–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2023)

“24–30 Jen. Alma 13–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2023)

Imaj
Alma ak Amilèk ki ap mache soti nan prizon

Ilistrasyon Alma ak Amilèk ki delivre soti nan prizon, pa Andrew Bosley

24–30 Jen: “Antre nan Repo Senyè a.”

Alma 13–16

Nan anpil fason, lavi nan Amoniya a te agreyab ni pou Amilèk ni pou Zizwòm. Amilèk sete “yon moun ki te gen gwo repitasyon,” avèk “anpil fanmi ak zanmi” ak “anpil richès” (Alma 10:4). Zizwòm se te yon avoka ekspè ki te responsab “anpil nan zafè” pèp la.(Alma 10:31). Epi, Alma te rive avèk yon envitasyon pou repanti epi “antre nan repo Senyè a” (Alma 13:16). Pou Amilèk, Zizwòm, ak lòt yo, aksepte envitasyon sa a te mande sakrifis e sa te menm mennen nan yon advèsite prèske ensipòtab.

Men, natirèlman, istwa a pa fini la. Nan Alma 13–16, nou aprann sa ki rive moun ki kwè “nan pouvwa Kris la pou sali yo” finalman (Alma 15:6). Pafwa, gen delivrans, pafwa gen gerizon—epi pafwa bagay yo pa vin pi fasil nan lavi. Men, toujou, “Senyè a resevwa [pèp Li] nan laglwa li” (Alma 14:11 Toujou, Senyè a ba nou “pouvwa dapre lafwa [nou] … nan Kris la” (Alma 14:28 Epi, toujou, lafwa sa a ba nou “espwa ke [nou] ap resevwa lavi etènèl” (Alma 13:29 Pandan w ap li chapit sa yo, ou ka jwenn rekonfò nan pwomès sa yo, epi ou ka vin konprann pi byen sa Alma te vle di lè l te pale de antre nan “repo Senyè a” (Alma 13:16).

Ide pou Aprantisaj lakay ak nan Legliz

Alma 13:1–19

Imaj
senbòl seminè
Òdonans prètriz yo dirije m vè Jezikri pou redanmsyon.

Pawòl Alma yo nan Alma 13 revele verite puisan konsènan pouvwa prètriz Bondye a ak bi li—pou prepare nou pou antre nan “repo Senyè a,” oswa lavi etènèl (Alma 13:16. Petèt ou ka ekri omwen yon verite pou chak vèsè nan Alma 13:1–9. Men kèk ide pou ede w kòmanse:

Vèsè 1.Prètriz la rele tou “Prètriz dapre lòd Pitit Gason [Bondye] a” (gade tou Doktrin ak Alyans 107:1–4).

Vèsè 2.Bondye òdone prèt yo pou ede pèp la chèche redanmsyon nan Pitit Gason l lan.

Ki lòt bagay ou jwenn? Kijan w santi w apwopo prètriz la pandan w ap medite sou verite sa yo?

Èske w janm reflechi sou òdonans prètriz yo kòm yon kado Bondye ba ou pou ede w “gade nan direksyon Pitit li a pou redanmsyon”? (vèsè 2; gade tou nan vèsè 16). Petèt ou ta kapab fè yon lis òdonans ou te resevwa, tankou batèm, konfimasyon, Sentsèn, mizapa pou yon apèl, yon benediksyon rekonfò oswa gerizon, yon benediksyon patriyakal, ak òdonans tanp. Reflechi sou eksperyans ou avèk òdonans tankou sa yo. Konsidere senbòl ki enplike a ak Lespri a ou te santi a. Kijan chak nan òdonans sa yo dirije w vè Jezikri pou redanmsyon?

Gen kèk moun ki fè erè paske yo kwè ke òdonans yo—ak otorite Prètriz la pou akonpli yo—pa nesesè. Kiijan w tap reyaji devan ide sa a? Men de mesaj konferans jeneral ki ta kapab enfòme panse ou; chwazi youn, epi ekri nenpòt repons ki vin nan tèt ou: Russell M. Nelson, “Trezò Espirityèl,” Lyawona, Nov. 2019, 76–79; Dale G. Renlund, “Prètriz la ak Pouvwa Ekspyatwa Sovè a,” Lyawona, Nov. 2017, 64–67.

Gade tou nan Doktrin ak Alyans 84:19–22; Sijè Levanjil “Alyans,” Bibliyotèk Levanjil la.

Imaj
jèn gason sou tab sentsèn nan

Òdonans prètriz yo ede nou chèche redanmsyon nan Jezikri.

Alma 13

Senyè a envite m antre nan repo Li.

Envitasyon pou “antre nan repo Senyè a” (Alma 13:16) repete souvan nan Alma 13. Petèt ou ta kapab chèche nan chak vèsè kote mo “repo a” parèt epi medite sou sa chak vèsè anseye ou sou sa “repo Seyè a” ka vle di. Ki diferans ki genyen ant repo Senyè a e repo fizik? Kijan nou jwenn li?

Gade tou Russell M. Nelson, “Simonte Mond lan epi Jwenn Repo,” Lyawona, Nov. 2022, 95–98; “Venez à Jésus,” Cantiques, no. 62.

Alma 14

Nan moman soufrans yo, nou dwe mete konfyans nan Senyè a.

Ou gendwa ap mande tèt ou, menm jan avèk anpil moun, poukisa bagay terib rive moun ki ap eseye mennen yon lavi jis. Ou ka pa jwenn tout repons pou kesyon difisil sa a nan Alma 14la, men gen anpil bagay pou w aprann nan fason Alma ak Amilèk te reyaji devan trajedi. Kisa pawòl ak aksyon yo anseye w konsènan rezon ki fè Senyè a kite moun jis yo soufri pafwa? Ki konsèy Alma ak Amilèk ta kapab ban nou lè n ap fè fas ak eprèv difisil?

Gade tou nan Women 8:35–39; 1 Pyè 4:12–14; Doktrin ak Alyans 122:5–9; Dale G. Renlund, “Enjistis Revòltan,” Lyawona, Me 2021, 41–45.

Se pou w toujou pare. Moman ansèyman yo pase rapid, donk, pwofite de yo lè yo rive. Pa egzanp, yon trajedi nan mond lan ka yon okazyon pou w pataje kèk prensip nan Alma 14 konsènan rezon ki fè Senyè a kite inosan yo soufri pafwa.

Alma 15:16, 18

Vin yon disip mande sakrifis.

Li ta kapab enteresan pou w fè yon lis bagay Amilèk te abandone pou l te ka anbrase levanjil la (gade nan Alma 10:4–5; 15:16) epi konpare l avèk yon lis bagay li te jwen (gade nan Alma 15:18; 16:13–15; 34:8). Kisa w dispoze sakrifye pou w ka vin yon disip ki pi fidèl pou Jezikri?

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan Lyawona a ak magazin Pou Fòs Jèn yo .

Ide pou Anseye Timoun yo

Paske Dimanch sa a se senkyèm Dimanch nan mwa a, nou ankouraje enstrikè Primè yo pou itilize aktivite aprantisaj yo nan “Apendis B: Prepare Timoun yo pou Tout yon Lavi sou Chemen Alyans Bondye a.”

Alma 13:1–2,16

Pouvwa Prètriz ede m vin pi pre Kris.

  • Yon fason pou ede timoun ou yo wè kijan pouvwa prètriz la dirije nou vè Kris se pou montre yo foto sou fason pouvwa prètriz yo sèvi (gade Liv Ilistrasyon Levanjil, nimewo 103–110). Timoun ou yo ka ede w panse a fason Jezi te itilize pouvwa Li (gade, pa egzanp, Matye 26:26–28; Mak 5:22–24, 35–43; Liv Ilistrasyon Levanjil, nimewo 38–41). Apre sa nou ka li Alma 13:2 ansanm epi pale sou ki jan pouvwa prètriz ede nou “gade nan direksyon Pitit gason [Bondye] a” epi vin pi plis tankou Li.

    Imaj
    batèm
    Imaj
    Jezi Ȯdone Apot yo
  • Poukisa Bondye ban nou òdonans pretriz yo? Ede timoun ou yo jwenn repons nan Alma 13:16. Si yo bezwen èd pou konnen ki sa yon òdonans ye, gen lis nan Manyèl Jeneral la, 18.1 ak 18.2 Petèt oumenm ak timoiun ou yo ka pale sou eksperyans ou te fè nan resevwa òdonans sa yo. Kijan yo ede nou “gade nan direksyon [Jezikri] pou n ka jwenn remisyon pou peche [nou]”? Yon chan tankou “Le jour de mon baptême” (Chants pour les Enfants, 53) ka ede timoun ou yo panse a lòt rezon pou yo rekonesan pou òdonans prètriz yo.

Alma 13:10–12

Jezikri ka fè m vin pwòp.

  • Apre n fin li vèsè sa yo ansanm, konsidere fason pou ede timoun ou yo vizyalize sa y ap aprann yo. Petèt nou ta kapab lave yon bagay ansanm. Kijan nou santi nou lè nou sal? Kijan nou santi nou lè nou vin pwòp ankò? Ki pwen komen ki genyen ant santiman sa yo e sa nou santi lè nou peche epi apresa nou repanti epi nou vin pwòp ankò atravè Sakrifis Ekspyatwa Sovè a?

Alma 14:18–29

Pè Selès la ban m fòs lè m gen lafwa nan Jezikri.

  • Paj aktivite semèn sa a ka ede oumenm—oswa timoun ou yo—rakonte istwa ki nan Alma 14:18–29 (gade tou nan “Chapit 22: Misyon Alma te bay Amoni,” Istwa Liv Mòmon, 58–63). Souliyen ke Alma ak Amilèk te resevwa fòs selon “lafwa yo ki [te] nan Kris la” (Alma 14:26). Ou ta ka pale tou sou yon moman lè Bondye te ba ou fòs “dapre lafwa [ou].” Kijan nou ka fidèl tankou Alma ak Amilèk?

Alma 15:3–12

Jezikri ka chanje kè moun.

  • Chanjman kè Zizwòm gras a Jezikri enspiran. Panse revize avèk timoun ou yo sayo te aprann semèn pase a sou Zizwòm. Apre sa ou ka li ansanm Alma 15:3–12 pou dekouvri kijan l te chanje. Kisa nou aprann nan eksperyans Zizwòm sou pouvwa Senyè a? (gade “Zizwòm Geri epi Batize” [videyo], Bibliyotèk Levanjil la).

Pou plis ide, gade sijè mwa sa a nan revi Zanmi an.

Imaj
Alma ak Amilèk nan prizon

Alma ak Amilèk nan prizon, tablo Gary L. Kapp