Vini, Suiv Mwen 2024
10–16 Jen: Alma 5–7: “Èske Nou te Fè Eksperyans Chanjman Puisan Sa a nan Kè Nou?” Alma 5–7


“10–16 Jen: ‘Èske Nou te Fè Eksperyans Chanjman Puisan Sa a nan Kè Nou?’ Alma 5–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2024)

“10–16 Jen. Alma 5–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2024)

Imaj
Alma pi Jèn nan ap anseye Zoramit yo

Alma pi jèn nan ap anseye Zoramit yo

10–16 Jen: “Èske Nou te Fè Eksperyans Chanjman Puisan Sa a nan Kè Nou?”

Alma 5–7

Alma pa t konn anyen sou operasyon transplantasyon kadyak ki genyen jodi a pou sove vi, sa ki ranplase yon kè domaje oswa malad avèk yooun ki ansante. Men li te konnen yon “chanjman kè” ki te pi mirakile (Alma 5:26)—yon chanjman kote Sovè a ba nou yon nouvote vi espirityèl kòm si nou vin “fèt ankò” (gade nan Alma 5:14, 49). Alma te ka wè ke chanjman kè sa a se te egzakteman sa anpil nan Nefit yo te bezwen. Gen kèk ki te rich epi gen lòt ki te pòv, genyen ki te ògeye ak lòt ki te enb, genyen ki t ap pèsekite moun epi gen lòt ki t ap sibi pèsekisyon (gade nan Alma 4:6–15). Men yo tout te bezwen vin jwenn Jezikri pou yo te geri—menm jan nou avèk nou tout. Kit n ap chèche simonte ògèy oubyen andire afliksyon, mesaj Alma a se menm nan: “Vini, e pa pè” (Alma 7:15). Kite Sovè a chanje yon kè andisi, pechè, oubyen ki blese pou fè l vin tounen yon kè enb, san melanj, ak nouvo.

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye ak nan Legliz la

Alma 5:14–33

Mwen dwe fè eksperyans—epi kontinye santi—yon chanjman kè puisan.

Prezidan M. Russell Ballard te di: “M dwe pran tan regilyèman pou m mande tèt mwen: ‘Kijan m ye?’ … Pou gide m pandan revizyon prive, pèsonèl sa a, m renmen li ak medite sou pawòl entwospeksyon ke nou jwenn nan senkyèm chapit Alma a” (“Retounen epi Resevwa,” Lyawona, Me 2017, 64).

Anvizaje li Alma 5:14–33 kòm si ou t ap fè entèvyou avèk tèt ou epi egzaminen kè w. Ou gen dwa ekri repons ou yo pou kesyon sa yo. Kisa w aprann konsènan oumenm? Kisa w santi w enspire pou w fè kòm rezilta entèvyou w la?

Gade tou Dale G. Renlund, “Konsève Chanjman Puisan nan Kè a,” Lyawona, Nov. 2009, 97–99.

Imaj
yon tifi ki ap priye bò kote yon kabann

Lè nou rive bò kote Bondye, nou ka fè eksperyans yon “chanjman kè.”

Alma 5:44–51

M ka akeri pwòp temwayaj pa m sou Sovè a ak levanjil Li a atravè Sentespri a.

Nan Alma 5, lè Alma te eksplike kijan li te akeri temwayaj li sou Sovè a, li pa t mansyone eksperyans li te fè lè l te wè yon anj (gade nan Mozya 27:10–17). Kijan Alma te rive konnen laverite a pou tèt li? Petèt ou ta kapab itilize sa wu jwenn nan Alma 5:44–51 pou w ekri yon “resèt” pou jwenn yon temwayaj konsènan Jezikri ak ansèyman L yo. Kisa “engredyan” (verite levanjil la) ak “enstriksyon” (bagay nou ka fè pou chèche verite) èske Alma te enkli? Ki “engredyan” ak “enstriksyon” yo ta ka ajoute nan resèt yo a apati pwòp eksperyans pa yo oswa lòt eksperyans nan ekriti yo?

Alma 7

“Mwen ka wè ke nou nan chemen lajistis.”

Pafwa nou tankou pèp Zarayemla ki te bezwen pou yo mande l pou le repanti (gade nan Alma 5:32). Kèk lòt okazyon nou plis tankou pèp Jedeyon an, ki t ap eseye mache “nan chemen lajistis” (Alma 7:19). Kisa ou jwenn nan mesaj Alma a nan Jedeyon (nan Alma 7) ki sanble avèk sa li te di nan Zarahemla (nan Alma 5)? Ki diferans ou remake? Chèche bagay Alma te anseye ki ka ede w rete “nan chemen ki mennen nan wayòm Bondye a” (Alma 7:19).

Alma 7: 7–16

Imaj
senbòl seminè
Sovè a te pran peche m yo, doulè ak afliksyon m yo sou tèt Li.

Èske w janm santi ke pèsonn pa konprann pwoblèm ak difikilte w yo? Si se wi, verite Alma te anseye yo kapab ede. Pandan w ap li a, reflechi sou sa vèsè sa yo anseye sou objektif sakrifis Sovè a. Ou kapab fè yon tablo avèk antèt Sa Sovè a te soufri ak Poukisa Li te Soufri ak lis sa ou jwenn nan Alma 7:7–16 (gade tou Ezayi 53:3–5). Èske ou ka panse a moman espesifik Li te soufri kèk nan bagay sa yo? Men kèk egzanp ki soti nan ekriti yo: Matye 4:1–13; 26:55–56; 27:39–44; Mak 14:43–46; Lik 9:58. Èske ou ka ajoute yon bagay ki soti nan vèsè sa yo sou lis ou a ?

Se yon bagay pou nou kwè Sovè a te soufri pou nou. Men kijan soufrans Li fè yon diferans nan lavi chak jou w? Men kèk ekriti ki montre kijan Jezikri kapab ede oswa “sekouri” w: Enòs 1:5–6; Mozya 16:7–8; 21:15; 24:14–15; 3 Nefi 17:6–7; Etè 12:27–29; Doktrin ak Alyans 121:7–10. Kisa w te aprann nan vèsè sa yo? Ki lòt fason Li vin ede w? Kilè w te fè eksperyans èd Li?

Yon kantik tankou “Oh, J ai Besoin de Toi” oswa “Je sais qu‘Il Vit mon Rédempteur” (Cantiques, nimewo 53, 73) ta kapab apwofondi apresyasyon w pou sekou Sovè a. Ki ekspresyon nan kantik sa yo ki eksprime santiman w pou Li?

Gade tou Sijè Levanjil, “Ekspyasyon Jezikri,” Medyatèk Levanjil; “Gras Li” (koleksyon video),

Rann Temwayaj sou Jezikri. Konsidere fason ou ka pataje temwayaj ou sou Sovè a ak divinite, gras, ak lanmou L. Ou ka ankouraje moun w ap anseye yo pou temwaye de Li nan poze kesyon ki pouse yo pataje fason yo santi yo konsènan Li.

Pou plis ide, gade nimewo mwa sa a nan magazin Lyawona a ak Pou Fòs Jèn yo .

Ide pou Anseye Timoun

Alma 5:44–48

M ka akeri pwòp temwayaj pa m gras a Sentespri a.

  • Pou ede timoun ou yo aprann grandi pwòp temwayaj pa yo, ou ka montre yo foto ki pa anba a epi mande yo kijan nou ede tibebe bèt yo grandi. Apre sa, ou ta kapab konekte sa a pran swen temwayaj nou yo. Ki swen temwayaj nou yo bezwen? Kijan nou ka di si y ap grandi?

    Imaj
    de tigason avèk ti bebe bèt

    Lè nou aksepte levanjil la, se tankou nou kòmanse yon nouvo lavi.

  • Kijan Alma te akeri temwayaj puisan l konsènan Jezikri? Ou ta kapab li Alma 5:44–46 avèk timoun ou yo pou w jwenn repons pou kesyon sa a. Petèt pitit ou yo ta kapab ekri yon plan pou yo fè yon sèl bagay semèn sa a pou fòtifye temwayaj yo.

Alma 7:10-13

Sovè a te pran peche m yo, soufrans mwen yo ak afliksyon m yo sou tèt Li.

  • Kijan w ka ede timoun ou yo konprann Alma 7:10–13 pou yo ka konnen Jezikri gen sousi pou yo epi Li ka ede yo? Mande timoun yo pou yo pataje yon eksperyans lè yo te malad oubyen yo t ap soufri oubyen yo te gen yon lòt pwoblèm ki te fè yo tris. Kijan lòt moun te ede yo santi yo pi byen? Rann temwayaj nou ke Sovè a te soufri bagay sa yo tou, epi pale de yon moman lè Li te rekonfòte ak ede w.

  • Pandan ou menm ak timoun ou yo ap li Alma 7:11–13, chèche jwenn bagay Jezikri te soufri pou nou. Envite timoun ou yo pou yo itilize mo ak ekspresyon yo te jwenn pou yo konplete fraz sa a: “Jezi te soufri pou Li te ka ede m.” Kijan sa ede nou lè nou konnen ke Jezi konprann pwoblèm nou yo? Kijan pou nou resevwa èd Li? Pataje temwayaj ou sou Jezikri.

Alma 5:14; 7:19–20

Suiv Jezikri kenbe m sou chemen dwat la pou m retounen al jwenn Pè Selès la.

  • Kite timoun ou yo gade nan yon miwa pandan w ap li Alma 5:14 (gade tou nan paj aktivite semèn sa a). Kisa genyen imaj Sovè a nan figi nou vle di?

  • Kijan w ka itilize deskripsyon Alma a konsènan chemen pou moun retounen al jwenn Pè Selès la pou ede timoun yo aprann fè bon chwa? Ou ta kapab li Alma 7:19–20 pou yo epi kite yo aji tankou w ap mache nan “chemen kwochi” epi mache nan yon chemen dwat. Ede yo panse a chwa ki ede nou rete sou chemen an ak lòt chwa ki retire nou sou chemen an. Nou ta kapab gade foto Jezi yo ansanm tou epi pale de bagay Li te fè pou montre nou chemen pou nou tounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la. Yon chante tankou “Jesus-Christ Est mon Modèle” (Chants pour les Enfants, 40) ta kapab bay kèk ide.

Pou plis ide, gade nimewo mwa sa a nan magazin Zanmi an.

Imaj
Jezi abiye avèk yon rad wouj

Avoka Nou, pa Jay Bryant Ward