Vini, Suiv Mwen 2024
17–23 Jen: “Jezikri Ap Vini pou Rachte Pèp Li a.” Alma 8–12


“17–23 Jen: ‘Jezikri Ap Vini pou Rachte Pèp Li a.’ Alma 8–12,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: la Liv Mòmon 2024 (2024)

“17–23 Jen. Alma 8–12,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2024)

Imaj
Alma k ap preche

Anseye vrè doktrin nan, tablo Michael T. Malm

Alma 8–12: Jezikri Ap Vini pou Rachte Pèp Li a

Alma 8–12

Travay Bondye a p ap echwe. Men efò nou pou ede nan travay Li a ka pafwa sanble yo echwe—omwen, nou gendwa pa wè rezilta nou espere yo imedyatman. Pafwa nou gendwa santi nou yon tijan tankou Alma lè l t ap preche nan Amoniya a—yo te rejte l, krache sou li, epi chase li. Men, lè yon zanj te mande l pou l te retounen al eseye ankò, li te kourajezman “retounen ak tout vitès” (Alma 8:18), epi Bondye te prepare chemen an devan li. Non sèlman Li te bay Alma manje ak yon kote pou l te rete, men, Li te prepare Amilèk tou, ki te vin yon kolaboratè, yon gwo defansè levanjil la, ak yon zanmi fidèl. Lè nou rankontre pwoblèm ak desepsyon pandan n ap sèvi nan wayòm Senyè a, nou ka sonje kijan Bondye te sipòte ak dirije Alma, epi nou ka kwè ke Bondye ap sipòte nou ak dirije nou tou, menm nan sikonstans difisil yo.

Lide pou Aprantisaj lakay ou ak nan Legliz la

Imaj
senbòl seminè

Alma 8

Efò m pou pataje levanjil Jezikri a gendwa mande pasyans.

Èske w te janm eseye pataje levanjil Jezikri a avèk yon moun, men envitasyon w lan te rejte? Alma te fè eksperyans sa a tou. Kisa ou aprann nan men l nan Alma 8:13–16 konsènan pataje levanjil la malgre difikilte ak opozisyon? Kontinye li vèsè 17–32, epi chèche fraz ki enspire ou pou kenbe pataje levanjil la, menm lè ou pa sanble w ap reyisi.

Pwofèt ak apot yo se temwen espesyal Kris la, konsa yo gen anpil konsèy enspire pou pataje sou temwayaj konsènan li. Gade sa Èldè Dieter F. Uchtdorf te di nan “Men, Kisa si li difisil?” (yon seksyon nan “Travay misyonè: Pataje sa ki nan kè ou,” Liahona, Me 2019, 18) oswa sa Èldè Gary E. Stevenson pataje nan “Renmen, Pataje, Envite,” (Liahona, Me 2022, 84–87). Kisa w jwenn ladan yo ki ta ka ede yon moun ki kòmanse santi l dekouraje osijè pataje levanjil la?

Ki jan ou ta rezime tout bagay ou te etidye isit la nan youn oswa de deklarasyon ankourajan sou pataje levanjil la? Konsidere fè yon afich oubyen yon postè ki ka enspire ou (ak lòt moun) pou kontinye eseye.

Gade tou “Aide-moi lorsque j’enseigne,” Cantiques, no. 178, “Yon Zanj Kòmande Almapou l Retounen non Amoniya” (videyo), Bibliyotèk Levanjil; Sijè Levanjil yo, “Envite tout moun resevwa Levanjil Jezikri a,” Bibliyotèk Levanjil la.

Alma 9:14–23

Benediksyon Bondye yo vini avèk gwo responsablite.

Lè nou li konsènan fason Nefit nan Amoniya yo te trete sèvitè Senyè yo, li fasil pou bliye ke yon fwa, yo t ap viv levanjil la epi yo te “yon pèp Senyè a te fè tout favè” (Alma 9:20). Pandan w ap li osijè gwo benediksyon Bondye te bay pèp Nefi a (gade espesyalman Alma 9:19–23). medite sou gwo benediksyon Li ba ou. Ki responsablite ki vini avèk benediksyon sa yo? Kisa w ap fè pou w rete fidèl a benediksyon sa yo?

Gade Doktrin ak Alyans 50:24; 82:3; 93:39.

Alma 11–12

Plan Bondye a se yon plan redanmsyon.

Nan Alma 11–12, Alma ak Amilèk fè referans avèk li kòm plan redanmsyon an. Pandan w ap li chapit sa yo, medite sou rezon ki fè yo itilize mo redanmsyon an pou dekri plan an. Ou ta ka ekri tou yon ti rezime sou sa Alma ak Amilèk te anseye sou aspè sa yo nan plan an:

  • Chit la

  • Redanmtè a

  • Repantans

  • Lanmò

  • Rezirèksyon

  • Jijman

Note efè pawòl Amilèk yo te genyen sou pèp la (gade Alma 11:46). Ki efè sa genyen sou plan Bondye a gen efè sou ou?

Gade tou nan Dallin H. Oaks, “Gran Plan an,” Lyawona, Me 2020, 93–96; “Amilèk Temwaye de Jezikri” (videyo), Libreri Levanjil la.

Alma 12: 8–18

Si m pa andisi kè m, m ka resevwa plis nan pawòl Bondye a.

Gen moun ki ka petèt mande tèt yo poukisa Pè Selès la pa revele nou tout bagay. Nan Alma 12:9–14, Alma te eksplike yon rezon posib. Kesyon sa yo ka ede w medite sou sa l te anseye yo:

Ki sa eksperyans Amilèk la aprann ou sou benediksyon yon kè ki dou? (gade Alma 10:1–11).

Gade tou “Alma Avèti Zizwòm” (videyo), Libreri Levanjil la.

Pou plis ide, gade piblikasyon revi Liahona mwa sa a ak Pou Fòs Jèn yo .

Ide pou Anseye Timoun yo

Alma 8–10

M ka pataje Levanjil Jezikri a.

  • Paj aktivite semèn sa a ka ede w rezime evenman ki te fèt nan Alma 8–10 pou pitit ou yo. Ou ta ka vle ede yo jwenn prensip ki te fè Alma ak Amilèk te bon misyonè. Pa egzanp, yo pa t abandone (gade Alma 8:8–13), yo te temwaye konsènan Kris la (gade Alma 9:26–27), epi yo te travay ansanm (gade Alma 10:12).

  • Yon chante sou travay misyonè, tankou “Je voudrais déjà partir en mission” (Chants pour les enfants, 90) te kapab bay pitit ou yo ide sou fason pou pataje levanjil la avèk zanmi yo. Envite yo pou yo fè lis ide yo jwenn ak moun yo ta kapab pataje levanjil la avèk yo. Ou ta ka menm kite yo jwe wòl sou sa yo ta ka di oswa fè.

Ankouraje patisipasyon. Pandan w ap prepare w pou anseye, olye w planifye bagay pou w di, mande tèt ou: “Kisa timoun yo ap fè pou yo aprann?” Timoun yo ap aprann pi byen epi sonje pi lontan lè yo patisipe aktivman.

Alma 11–12

Plan Bondye a se yon plan redanmsyon.

  • Petèt pitit ou yo te ka desine yon foto ki reprezante prensip plan redanmsyon yo, tankou Chit Adan ak Èv la, Ekspyasyon Jezikri a, repantans, lanmò, rezirèksyon, ak jijman. Apresa, ou ta ka ede yo matche foto yo avèk vèsè ki nan Alma 11–12 ki anseye sou prensip sa yo.

Alma 8:18 -22

M ka yon bon zanmi.

  • Envite youn nan timoun yo pou l pretann ke l se Amilèk epi pou yon lòt pretann ke li se Alma pandan w ap rakonte istwa ki nan Alma 8:18–22a. Kijan Amilèk te yon bon zanmi pou Alma? Mande timoun yo pou yo pale konsènan fason yon moun te yon bon zanmi pou yo.

  • Petèt ou ta ka fè yon jwèt kastèt sou amitye: chèhe jwenn oswa desine yon foto ki reprezante amitye epi koupe l an pyès pou jwèt kastèt. Sou do chak pyès, ekri yon bagay nou ka fè pou nou se yon bon zanmi, enkli bagay Alma ak Amilèk te fè. Envite timoun yo pou yo chak pran tan pou yo chwazi yon pyès epi pou yo ajoute l sou kastèt la pandan w ap li sa ki ekri sou do l la. Kiyès ki bezwen amitye nou?

Imaj
de tifi k ap ri

Nou ka bon zanmi pou lòt moun.

Alma 11:43–44

Gras ak Jezikri, m ap resisite.

  • Konsidere yon leson objè tankou sa a pou w anseye sou Rezirèksyon an: men w ta ka reprezante lespri ou, epi yon gan ka reprezante kò ou. Retire men w nan gan an pou w montre timoun yo ke espri nou ak kò nou ap separe lè nou mouri. Apre sa, remete men w nan gan an pou montre ke espri nou ak kò nou ap ini ansanm ankò nan Rezirèksyon an. Fè timoun yo pran tan pou yo chak mete gan an lè tou pa yo rive epi pou yo retire l pandan w ap li Alma 11:43 pou yo. Montre yo foto Mari ak Sovè ki resisite a (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 59), epi temwaye ke Jezikri te rann posib pou tout moun resisite.

Pou plis ide, gade piblikasyon revi Zanmi mwa sa a.

Imaj
Alma k ap manje avèk Amilèk

Ilistrasyon Alma k ap manje avèk Amilèk, tablo Dan Burr