Vini, Suiv Mwen 2024
1–7 Jiyè: “M Ap Fè W Vin yon Enstriman.” Alma 17–22


“1–7 Jiyè: ‘M Ap Fè W Vin yon Enstriman.’ Alma 17–22,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2023)

“1–7 Jiyè. Alma 17–22,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2023)

Imaj
Amon ap pale avèk Wa Lamoni

Amon ak Wa Lamoni, tablo Scott M. Snow

1–7 Jiyè: “M Ap Fè W VIn yon Enstriman”

Alma 17–22

Panse a tout rezon moun ta kapab bay pou yo pa pataje levanjil la: “M pa konnen ase” oubyen “M pa sèten si y ap enterese” oubyen petèt “M pè pou moun pa rejte m.” Petèt ou konn twouve w ap panse menm kalite bagay sa yo pafwa. Nefit yo te gen yon lòt rezon pou yo pa t pataje levanjil la avèk Lamanit yo: yo te dekri yo kòm “yon pèp sovaj, ki te gen kè di, epi ki te fewòs; yon pèp ki te pran plèzi pou l touye Nefit yo” (Alma 17:14; gade tou Alma 26:23–25). Men, pitit gason Mozya yo te gen yon pi gwo rezon toujou ki te fè yo te santi ke yo te dwe pataje levanjil la avèk Lamanit yo: “Yo te vle deklare sali pou tout kreyati, paske yo pa t kapab sipòte pou nanm okenn moun ta peri” (Mozya 28:3). Lanmou sa a ki te enspire Amon ak frè l yo ka enspire w tou pou w pataje levanjil la avèk fanmi w, zanmi w, ak lòt moun ou konnen—menm moun ki gen dwa pa sanble ke y ap aksepte l yo.

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Alma 17:1–4

Zak devosyon senp ak konsistan anvè Kris la ede m resevwa pouvwa Li.

Kisa w aprann nan Alma 17:1–4 sou kijan pou nou kenbe temwayaj nou ak angajman nou anvè Jezikri fèm? Kisa pitit gason Mozya yo te fè, e kijan Senyè a te beni yo?

Pandan w ap li eksperyans pitit gason Mozya yo nan Alma 17–22, remake kijan preparasyon espirityèl yo te afekte sèvis yo nan mitan Lamanit yo (pa egzanp, gade nan Alma 18:10–18, 34–36; 20:2–5; 22:12–16). Kisa w santi w enspire pou w fè pou w ka suiv egzanp yo a?

Alma 17:6–12; 19:16–36

Imaj
senbòl seminè
Mwen ka vin yon enstriman nan men Bondye.

Souvan istwa konvèsyon nou li nan ekriti yo gen yon karaktè dramatik, men nou toujoun jwenn nan mitan yo moun ki te gen kouraj pou yo te pale ak pataje lafwa yo nan Jezikri. Reflechi sou sa pandan w ap li istwa Abich ak pitit gason Mozya yo semèn sa a.

Kisa w panse vin yon enstriman nan men Bondye sa vle di? Sa ka ede w reflechi sou enstriman oswa zouti ou ta ka itilize nan lavi w chak jou. Nan Alma 17:6–12, chèche jwenn sa pitit gason Mozya yo te fè pou yo te ka vin enstriman nan men Bondye. Kijan w ka vin yon enstriman ki pi efikas nan ede lòt moun vin jwenn Kris?

Kisa ki enpresyone w konsènan Abish nan Alma 19:16–36? Kisa w aprann nan men l konsènan ede lòt moun bati lafwa nan Kris? Pa egzanp, ki bagay ou santi ki tap ede moun ou renmen yo “kwè nan pouvwa Bondye a”? (Alma 19:17).

Ou ka konpare eksperyans Abich la avèk prensip Èldè Dieter F. Uchtdorf te anseye nan “Travay Misyonè: Pataje Sa Ki nan Kè W” (Lyawona, Me 2019, 15–18). Kijan Abish te ilistre “Senk Sijesyon Senp” Èldè Uchtdorf yo? Eseye ekri kèk bagay ou ta ka di konsènan Jezikri. Pa egzanp, “Pou mwenmenm, Jezikri …” oswa “Sovè a ede m …”

Gade tou Sijè Levanjil yo: “Sèvi jan Sovè a Fè,” Bibliyotèk Levanjil la; “Brightly Beams Our Father’s Mercy,” Hymns, no. 335; “Vini epi Wè,” “Vini epi Ede,” “Vini epi Entegre” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

Itilize leson objè. Nenpòt lè moun ka wè oswa manyen yon bagay ki gen rapò avèk sa yo ap aprann, yo gen anpil chans pou yo sonje li pi lontan. Si w ap anseye konsènan Alma 17:11, pa egzanp, anvizaje montre enstriman mizik oswa ekri enstriman pou ede enspire yon diskisyon konsènan vin yon enstriman nan men Bondye.

Alma 17–19.

Lè nou demontre lanmou pou lòt moun, nou ka ede yo resevwa levanjil Jezikri a.

Chèche jwenn vèsè nan Alma 17–19 la ki montre kijan lanmou Amon pou Lamanit yo te enspire efò li pou pataje levanjil Jezikri a. Ki lòt verite konsènan pataje levanjil la nou aprann nan egzanp li a?

Gade tou “Amon Sèvi ak Anseye Wa Lamoni” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

Imaj
Amon sove mouton wa a.

Minerva K. Teichert (1888–1976), Amon sove twoupo Wa a,1935–1945, penti aluil sou masonite, 35 x 48 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, 1969.

Alma 19:36

Sovè a ap ede m repanti.

Apre l fin rakonte konvèsyon Lamoni ak pèp li a, Mòmon te rezime istwa a avèk yon remak konsènan Jezikri. Kisa Alma 19:36 anseye w konsènan karaktè Senyè a? Ki lòt bagay istwa ki nan Alma 19:16–36 la anseye nou konsènan Li? Kilè w te santi bra Senyè a lonje ba ou?

Alma 20:23; 22:15–18

Konnen Bondye vo tout sakrifis.

Konpare sa papa Lamoni te dispoze abandone pou l te sove lavi l (gade nan Alma 20:23) avèk sa li te dispoze abandone apre sa pou l te resevwa lajwa levanjil la epi pou l te konnen Bondye (gade nan Alma 22:15, 18). Medite sou sa w dispoze sakrifye pou w ka konnen Bondye pi konplètman.

Pou plis ide, gade nimewo mwa sa a nan magazin Lyawona ak Pou Fòs Jèn yo.

Ide pou Anseye Timoun yo

Alma 17:2–3

Temwayaj mwen grandi lè m li ekriti yo, lè m priye, ak jene.

  • Kijan egzanp pitit gason Mozya yo ka ede timoun ou yo bati temwayaj yo konsènan Jezikri? Ou kapab ede timoun ou yo jwenn sa pitit gason Mozya yo te fè pou yo bati fòs espirityèl yo nan Alma 17:2–3. Apre sa, yo ta kapab desine foto oswa jwenn objè ki reprezante bagay sa yo. Ede yo planifye sa yo pral fè pou fòtifye temwayaj yo konsènan Sovè a.

Alma 17–19.

M ka pataje Levanjil Jezikri a avèk lòt moun.

  • Pou aprann konsènan vin yon enstriman nan men Bondye, jan pitit gason Mozya yo te ye a, oumemm ak pitit ou yo te ka gade yon enstriman oswa zouti epi pale sou poukisa yo itilize l. Apre sa ou ta ka li Alma 17:11 epi pale de kisa vin tounen enstriman Papa nou ki nan Syèl la pou ede moun aprann konsènan Jezikri.

  • Paj aktivite semèn sa a gen foto ki reprezante verite Amon te anseye wa Lamoni yo. Ou ta kapab ede pitit ou yo jwenn verite sa yo nan Alma 18:24–40. Envite timoun yo pou yo pretann yo se misyonè epi pou yo pataje sa yo konnen sou verite sa yo.

  • Apre nou fin li konsènan Abich avèk pitit ou yo (gade Alma 19:16–20, 28–29), yo te ka pretann yo tankou Abich nan kouri an plas, frape nan pòt yo, epi pale konsènan sa ki te pase nan Alma 19:1–17yo. Kijan nou ka tankou Abich epi pataje sa nou konnen konsènan Jezikri ak levanjil Li a? Timoun ou yo ta kapab desine foto tèt yo ki ap pataje levanjil la avèk yon moun oswa chante ansanm yon chan konsènan pataje levanjil la, tankou “Appelés à Servir” (Chants pour les Enfants, 94).

Alma 17:21–25; 20:9–27; 22:1–3

M ka ede lòt moun vin jwenn Kris la nan montre yo lanmou m pou yo.

  • Okòmansman, ni wa Lamoni ni papa l te gen kè di konsènan levanjil la. Apre sa, kè yo te vin adousi, epi yo te vin kwè nan Jezikri. Kijan sa te fè rive? Ede timoun ou yo dekouvri repons kesyon sa a pandan w ap egzamine eksperyans Amon avèk yo. Yo ta kapab fè senaryo “Chapit 23: Amon: Yon Gran Sèvitè” ak “Chapit 24: Amon Rankontre Papa Wa Lamoni” (Liv Istwa Mòmon an, 64–68, 69–70). Petèt pitit ou yo ta ka fè desen sou diferan pati nan istwa a epi itilize desen yo pou rakonte istwa a. Kisa Amon te fè pou ede Lamoni ak papa l te ouvri kè yo bay levanjil Jezikri a? (gade Alma 17:21–25; 20:8–27; 22:1–3).

  • Petèt oumenm ak timoun ou yo takapab ka panse a yon moun ki bezwen konnen konsènan Jezikri. Ede yo reflechi sou fason yo kapab bon egzanp epi montre lanmou pou moun sa a, jan Amon te fè pou Lamoni ak papa l.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a pou revi Zanmi an.

Imaj
illistrasyon sou Abich

Ilistrasyon sou Abich, tablo Dileen Marsh