Vini, Suiv Mwen 2024
22–28 Jiyè: “Plante Pawòl Sa a nan Kè W” Alma 32–35


22–28 Jiyè: “Plante Pawòl Sa a nan Kè W” Alma 32–35,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon (2024) (2023)

“22–28 Jiyè. Alma 32–35,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2023)

Imaj
semans nan men yon timoun

22–28 Jiyè: “Plante Pawòl Sa a nan Kè W”

Alma 32–35

Pou Zoramit yo, priye sete vin kanpe kote tout moun te ka wè yo epi repete mo initil, pou fè tèt yo plezi. Zoramit yo te manke lafwa nan Jezikri—yo te menm nye egzistans Li—epi yo t ap pèsekite pòv yo (gade Alma 31:9–25. An konparezon, Alma ak Amilèk te anseye ke lapriyè gen plis pou wè avèk sa k ap pase nan kè nou olye sou yon platfòm piblik. E si nou pa montre konpasyon anvè moun ki nan bezwen, priyè nou “anven, epi li p ap itil … anyen” (Alma 34:28). Sa ki pi enpòtan, nou priye paske nou gen lafwa nan Jezikri, ki ofri redanmsyon atravè “sakrifis enfini ak etènèl” Li a (Alma 34:10). Alma eksplike ke, yon lafwa konsa kòmanse avèk imilite ak yon “dezi pou kwè” (Alma 32:27 Avèk letan, avèk nouriti konstan, pawòl Bondye a pran rasin nan kè nou jiskaske li vin tounen “yon pyebwa prentan k ap monte rive nan lavi etènèl” (Alma 32:41).

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Alma 32:17–43

Mwen egzèse lafwa nan Jezikri nan plante ak nouri pawòl Li a nan kè mwen.

Pandan w ap li Alma 32:17–43, ekri mo ak fraz ki ede w konprann kijan pou w egzèse lafwa nan Jezikri. Kisa w aprann konsènan sa lafwa ye ak sa l pa ye?

Yon lòt fason pou w etidye Alma 32–34 se pou w desine imaj ki reprezante diferant faz kwasans yon semans. Apresa, make chak imaj avèk mo nan Alma 32:28–43 a ki ede w konprann kijan pou w plante ak nouri pawòl Bondye a nan kè ou.

Gade Russell M. Nelson, “Kris la resisite; Lafwa nan Li ap fè nou Deplase Montay,” Liahona, Me 2021, 101–4.

Alma 32:26–43

Mwen ka konnen pou tèt mwen.

Pou Zoramit yo ki potko sèten konsènan temwayaj Alma sou Kris la, Alma te sigjere “yon eksperyans” (gade Alma 32:26). Eksperyans yo mande dezi, kiryozite, aksyon, ak omwen yon ti lafwa—epi yo ka mennen nan dekouvèt mèveye! Reflechi sou eksperyans ou te wè oswa patisipe. Selon Alma 32:26–36, ki kalite eksperyans ki ka mennen nan lafwa nan Jezikri?

Ki jan w te fè “eksperyans” avèk pawòl Bondye a epi vin konnen ke “pawòl Bondye a bon”? (Alma 32:28).

Alma 33:2–11; 34:17–29

Mwen ka adore Bondye nan lapriyè, nenpòt moman ak nenpòt kote.

Konsèy Alma ak Amilèk te bay sou adorasyon ak lapriyè yo sete pou korije enkonpreyansyon espesifik Zoramit yo te genyen. Konsidere fè lis yo (gade Alma 31:13–23). Apre lis sa a, ou ka fè yon lis verite ki sou lapriyè nan Alma 33:2–11 ak 34:17–29. Kijan bagay ou aprann nan vèsè sa yo pral afekte fason ou priye ak adore?

Ou ka jwenn ide tou nan yon kantik sou lapriyè, tankou “Ah, douce est l heure de prier” (Cantiques, no. 77).

Alma 34: 9-16

Mwen bezwen Jezikri ak Ekspyasyon L lan.

Remake konbyen fwa Amilèk itilize mo enfini ak etènèl yo pou dekri sakrifis ekspyatwa Sovè a nan Alma 34:9–14. Poukisa li enpòtan pou nou konnen ke Ekspyasyon Sovè a enfini ak etènèl? Chèche mo ak fraz nan vèsè sa yo ki dekri Ekspyasyon Sovè a tou: Ebre 10:10; 2 Nefi 9:21; Mozya 3:13.

Menm lè nou konnen pouvwa Jezi pou sove a enfini ak etènèl, nou ka pafwa doute ke li aplike pou nou—oswa pou yon moun ki peche kont nou. Èldè David A. Bednar te pale yon fwa de kèk moun ki “sanble gen lafwa nan Sovè a, men, yo pa kwè benediksyon Li te pwomèt yo disponib pou yo” (“Si W Te Konnen Mwen,” Lyawona, Nov. 2016, 104). Ki sa ki ka anpeche nou resevwa tout pouvwa Sovè a? Reflechi sou fason ou ka konnen Ekspyasyon Jezikri a enfini ak etènèl.

Pou w reflechi sou jan ou bezwen Ekspyasyon Sovè a, sa ka ede pou w panse a yon bagay ou bezwen chak jou Mande tèt ou: “Kijan lavi mwen t ap ye san sa?” Apresa, pandan w ap etidye Alma 34:9–16, reflechi sou kijan lavi ou t ap ye san Jezikri. Ou ta ka jwenn lòt ide nan 2 Nefi 9:7–9. Ki jan ou ta rezime Alma 34:9–10 nan yon fraz?

Gade tou Michael Jan U. Teh, “Sovè Pèsonèl Nou an,” Liahona, Me 2021, 99–101; Sijè Levanjil yo, “Ekspyasyon Jezikri,” Bibliyotèk Levanjil la; “Reklame” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

Alma 34: 30-41

“Kounyea se lè ak jou pou sali nou.”

Imajine ou vle patisipe nan yon maraton oswa yon pèfòmans mizik. Ki sa k t ap rive si w te tann jiska jou evènman an pou w prepare? Kijan egzanp sa a gen rapò avèk avètisman Amilèk te bay nan Alma 34:32–35yo? Ki danje ki genyen lè nou retade efò nou pou nou repanti e pou nou chanje?

Vèsè 31 an gen yon mesaj tou pou moun ki gen dwa enkyè dèske yo deja retade repantans yo twò lontan epi li twò ta pou yo repanti. Kisa w ta di mesaj sa a ye?

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a pou Liahona a ak revi Pou Fòs Jèn yo .

Ide pou Anseye Timoun yo

Alma 32:1–16

Senyè a ka anseye m pandan m ap chwazi vin enb.

  • Alma ak Amilèk te gen siksè nan anseye Zoramit yo ki te enb. Kisa sa vle di pou nou enb? Ede pitit ou yo jwenn yon definisyon pou enb nan Gid pou Ekriti yo. Ki lòt endis yo ka jwenn sou siyifikasyon mo sa yo nan Alma 32:13–16? Envite pitit ou yo pou yo konplete yon fraz tankou “Mwen enb lè m .”

Alma 32:28–43

Temwayaj mwen konsènan Jezikri grandi lè m nouri l.

  • Semans, pyebwa, ak fwi se bagay familye ki ka ede timoun yo konprann prensip abstrè tankou lafwa ak temwayaj. Kite timoun ou yo kenbe yon semans pandan w ap li Alma 32:28. Apresa, ou ka mande yo pou yo ede ou panse a fason grandi yon temwayaj konsènan Jezikri se tankou plante ak nouri yon semans (gade “Chapit 29: Alma anseye sou Lafwa ak Pawòl Bondye a,” Istwa Liv Mòmon yo, 81). Petèt ou ta ka plante semans ou a epi pale sou sa ki nesesè pou ede yon semans—oswa yon temwayaj—grandi,

  • Gen foto yon pyebwa ki akonpaye plan leson sa a; ou gendwa itilize l pou ilistre pawòl Alma yo ki nan Alma 32:28–43a. Oubyen ou ka al fè yon ti mache pou jwenn plant ki nan nivo kwasans diferan epi li vèsè nan Alma 32 a ki konpare yon plant k ap grandi avèk temwanyaj nou. Oubyen petèt pitit ou yo ka desine yon pyebwa sou tablo a epi ajoute yon fèy oswa yon fwi chak fwa yo panse a yon bagay yo ka fè pou ede temwayaj yo konsènan Jezikri grandi.

  • Ou ka kite timoun yo eseye pouse yon semans (ki reprezante pawòl Bondye a) nan yon wòch (ki reprezante yon kè ògèye) ak nan tè ki mou (ki reprezante yon kè enb). Li ansanm Alma 32:27–28. Pale sou sa kisa vle di pou nou “fè plas” (vèsè 27) pou pawòl Bondye a nan kè nou.

Fè desen. Gen kèk moun ki aprann pi byen lè yo desine yon imaj sou sa y ap aprann nan. Timoun yo ta gendwa renmen desine yon semans k ap grandi vin tounen yon pyebwa pandan y ap etidye Alma 32a.

Alma 33:2–11; 34:17–27

Mwen ka priye Papa nou ki nan Syèl la nenpòt lè, sou nenpòt bagay.

  • Ede timoun ou yo jwenn fraz ki dekri kote nou ka priye (nan Alma 33:4–11) ak bagay nou ka priye (nan Alma 34:17–27). Petèt yo ka desine tèt yo k ap priye nan kote sa yo. Pataje youn ak lòt eksperyans kote Papa nou ki nan Syèl la te tande priyè nou . Ou ka chante tou yon chan sou lapriyè, tankou “La prière d‘un enfantChants pour les enfants,6–7).

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Zanmi an.

Imaj
fwi sou yon pyebwa

“Poutèt dilijans nou ak lafwa nou ak pasyans nou pran pou nou nouri pawòl la, … reyèlman, yon jou n ap rekòlte fwi a, ki presye anpil” (Alma 32:42).