Vini, Suiv Mwen 2024
15–21 Jiyè: “Pouvwa Pawòl Bondye a.” Alma 30-31


“15–21 Jiyè: ‘Pouvwa Pawòl Bondye a.’ Alma 30–31” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz 2024 (2023)

“15–21 Jiyè. Alma 30–31,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2023)

Imaj
Alma ap anseye Koriyò

Tout Bagay Pwouve Gen yon Bondye (Alma ak Koriyò), pa Walter Rane

15–21 Jiyè: “Pouvwa Pawòl Bondye a”

Alma 30-31

Istwa ki nan Alma 30–31 yo klèman demontre pouvwa pawòl yo—pou mal ak pou byen. “Pawòl flatè” ak “vye pawòl nan bouch [gwo pawòl oten]” yon fo enstriktè yo rele Koriyò te menase mennen “anpil nanm nan destriksyon” (Alma 30:31, 47). Menmjan an tou, ansèyman yon disidan Nefit ki rele Zoram te lakoz tout yon gwoup moun tonbe “nan gwo erè” epi “kontrarye chemen Senyè a” (Alma 31:9, 11).

Alma, okontrè, te gen yon lafwa inebranlab ke pawòl Bondye a tap gen yon “pi gwo pouvwa sou panse pèp la pase epe, oubyen pase nenpòt lòt bagay” (Alma 31:5). Pawòl Alma yo te eksprime verite etènèl epi yo te rale pouvwa syèl yo desann pou te fèmen bouch Koriyò (gade Alma 30:39–50, epi yo te envite benediksyon Li yo sou moun ki te akonpaye l yo pou mennen Zoramit yo retounen nan verite a. (gade Alma 31:31–38). Sa yo se egzanp enpòtan pou disip Kris yo jodi a kote fo mesaj yo kouran. Nou ka jwenn laverite, jan Alma te fè, nan fèkonfyans nan “pouvwa pawòl Bondye a” (Alma 31:5).

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Alma 30: 6–31

Imaj
senbòl seminè
Advèsè a ap eseye twonpe nou avèk fos doktrin.

Nan Alma 30, yo rele Koriyò “Antekris” (vèsè 6). Yon anti-Kris se nenpòt moun oswa nenpòt bagay ki ouvètman oubyen sekrètman nan opozisyon ak Jezikri ak levanjil Li a. Ki vèsè nan Alma 30:6–31 ki montre ke Koriyò koresponn a deskripsyon sa a? Etidye fo ansèyman Koriyò yo ka ede w rekonèt ak rejte ansèyman similè yo. Aktivite sa yo ka ede nan etid ou:

  • A ki leson pratik ou ka panse pou w ka pi byen konprann diferans ki genyen ant ansèyman Sovè a ak fo imitasyon Satan yo? Kèk egzanp se yon pèlen yo itilize pou lapèch, fo lajan, ak fo piblisite. Kijan w ka rive di si yon bagay fo? Kijan w ka rekonèt laverite?

  • Anvizaje fè yon lis fo doktrin Koriyò te anseye nan Alma 30:6–31. Ki pati nan ansèyman li yo ki ka atire moun jodia? (gade Alma 30:12–18, 23–28). Ki bagay mal ki ka rive nan aksepte ide konsa? Ki fo mesaj advèsè a ap sèvi avèk li pou eseye twonpe ou jodi a?

  • Kisa Alma te fè pou l te kontre ak ansèyman Koriyò yo avèk laverite? (gade Alma 30:31–54). Kijan w ka itilize menm prensip sa yo nan lavi w?

Tankou Alma, pwofèt ak apòt modèn yo ede nou konnen diferans ant verite ak manti Satan yo. Ki konsèy ou jwenn nan mesaj sa yo: Gary E. Stevenson, “Pa Twonpe Mwen” (Lyawona, Nov. 2019, 00–00); Dallin H. Oaks “Pa kite yo Twonpe w” (Lyawona, Nov. 2004, 00).

Gade tou Sijè Levanjil yo, “Chèche Verite epi Evite Desepsyon,” Bibliyotèk Levanjil; “O toi, VéritéCantiques, no. 175

Imaj
Koriyò ki ap pale avèk Alma

Koriyò Konfwonte Alma, pa Robert T. Barrett

Alma 30:39–46

Tout bagay temwaye ke gen Bondye.

Anpil moun jodi a ki kwè pa gen Bondye. Kisa ou jwenn nan Alma 30:39–46 ki ede w konnen ke Bondye reyèl? Kisa ki anpeche nou konnen Li? Ki lòt temwayaj Bondye ba ou ke Li vivan?

Alma 30:56–60

Advèsè a pa sipòte moun k ap suiv li yo.

Kisa w aprann nan Alma 30:56–60 konsènan fason dyab la trete moun ki suiv li? Kisa ki ka pwoteje fwaye nou kont enfliyans li?

Gade tou Alma 36:3.

Alma 31

Pawòl Bondye a gen pouvwa pou mennen pèp la fè sa ki jis.

Pwoblèm Zoramit yo ki te separe tèt yo de Nefit yo gendwa te sanble pou kèk moun tankou te gen nesesite pou yon solisyon politik oswa militè (gade Alma 31:1–4). Men Alma te aprann pou l te mete konfyans nan “pouvwa pawòl Bondye a” (Alma 31:5). Kisa ou aprann nan Alma 31:5 konsènan pouvwa pawòl Bondye a? (gade tou Ebre 4:12; 1 Nefi 15:23–24; 2 Nefi 31:20; Jakòb 2:8; Elaman 3:29–30).

Pandan w ap etidye Alma 31, ki lòt verite levanjil ou ka jwenn ki aplike nan eksperyans lavi ou? Pa egzanp:

  • Kijan w te wè pawòl Bondye a kondui moun pou fè bon bagay? (gade vèsè 5).

  • Konpare atitid, santiman, ak aksyon Alma yo konsènan lòt moun (gade vèsè 34–35) ak aksyon pa Zoramit yo (gade vèsè 17–28). Kijan w ka vin plis tankou Alma?

  • Kisa nou jwenn nan Alma 31:30–38 ki ka ede moun ki tris poutèt peche lòt moun?

Alma 31: 5–6

Gras ak Jezikri, tout moun kapab chanje.

Remake gwoup moun Alma te mennen avèk li pou anseye Zoramit yo levanjil (gade nan Alma 31:6). Kisa w aprann konsènan lavi moun sa yo nan Mozya 27:8–37; 28:4; Alma 10:1–6; 11:21–25; 15:3–12. Ki mesaj ki ta kapab genyen pou ou nan eksperyans yo?

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona ak Pou Fòs Jèn yo.

Ide pou Anseye Timoun yo

Alma 30

Liv Mòmon an avèti m kont fo ansèyman.

  • Konsidere afiche kèk bagay (tankou lajan oubyen manje) ak imitasyon jwèt pou bagay sa yo. Sa ka kondui nan yon diskisyon sou fason pou nou konnen diferans ant bagay ki reyèl ak bagay ki fo. Apresa ou ta ka ede timoun yo idantifye nan Alma 30:12–18 mansonj ak fo ansèyman ke Koriyò te anseye osijè Bondye. Nan Alma 30:32–35, kijan Alma te reponn ak manti sa yo? Kisa nou aprann nan egzanp Nefi a?

Alma 30:44

Tout bagay temwaye de Bondye.

  • Alma te pale konsènan kijan bagay yo nan syèl la ak sou tè a temwaye ke Bondye vivan. Si posib, al fè yon ti mache deyò a avèk yo oubyen mande yo pou yo kanpe bò yon fenèt pandan w ap li Alma 30:44. Mande yo pou yo siyale bagay yo wè ki ede yo konnen ke Bondye Bondye reyèl e ke Li renmen yo. Yo te kapab tou desine foto bagay yo dekouvri (gade paj aktivite semèn sa a).

  • Pandan ou ak pitit ou yo chante “Mon Père Celeste m aime” (Chants pour les Enfants, 16), fè sikile yon balon oswa lòt objè. Tanzantan rete mizik la epi mande timoun ki kenbe objè a pou l pataje yon bagay Pè Selès la te kreye ke l rekonesan pou li.

Timoun aprann atravè èd vizyèl. Ed vizyèl yo ap ede pitit ou konprann pi byen epi sonje sa ou te anseye yo. Pifò nan aktivite yo pou timoun ki nan plan sa a sijere èd vizyèl pou itilize. Konsidere montre menm èd vizyèl yo ankò alavni pou ede pitit ou sonje sa yo te aprann yo.

Alma 31:5

Pawòl Bondye a puisan.

  • Kijan w ka ede pitit ou yo konprann pawòl Bondye a pi pwisan pase “nenpòt lòt bagay”? (Alma 31:5). Konsidere mande timoun yo pou yo panse a yon bagay oubyen yon moun ki puisan, oubyen montre foto kèk bagay puisan. Kisa ki fè yo gen puisans? Li Alma 31:5 ansanm, epi mande yo pou yo panse a kisa vèsè sa a vledi. Pataje yon eksperyans kote pawòl Bondye a te gen yon enfliyans puisan sou ou.

Alma 31: 8–35

Pè Selès la tande priyè m yo.

  • Briyèvman rezime istwa Alma a ak Zoramit yo, sèvi avèk vèsè ki soti nan Alma 31:8–35 (gade tou “Chapit 28: Zoramits yo ak Rameyanmtom la,” Istwa Liv Mòmon an, 78–80). Ede timoun yo idantifye bagay Zoramit yo te di nan priyè yo (gade Alma 31:15–18) pandan y ap ede w bati yon tou Rameyampton avèk blòk oswa wòch. Eksplike yo ke se pa konsa nou ta dwe priye. Pandan ou ak timoun yo ap pale konsènan fason nou ta dwe priye, kite yo retire blòk yo oswa wòch youn apre lòt. Petèt yo te ka kenbe youn nan wòch yo bò kabann yo kòm rapèl pou priye chak maten ak lannuit. Yo ta gendwa renmen dekore wòch yo a tou.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Zanmi an.

Imaj
Zoramit ki ap priye nan Rameyanmton lan.

Kè Zoramit yo “te gonfle anpil nan vantadiz ak lògèy.” (Alma 31:25).