2010–2019
Pa twonpe m
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Pa twonpe m

Si nou obeyi kòmandman L yo, n ap toujou dirije nan bon direksyon an epi nou p ap twonpe.

Jodia, m ap ofri konsèy mwen pou tout moun, men espesyalman pou noumenm jenerasyon k ap grandi a—timoun Primè yo, jènjan, ak jènfi yo. Pwofèt Senyè a nan epòk nou an, Prezidan Russell M. Nelson sitèlman renmen nou—nan pwen ke li te pale avèk anpil nan nou nan retransmisyon yon devosyon mondyal espesyal pou jèn yo ane pase an Jen 2018 ane pase, ki te rele “Espwa Izrayèl.”1 Nou souvan konn tande Prezidan Nelson ap pale de nou egzakteman konsa, “Espwa Izrayèl,” jenerasyon k ap grandi a ak avni vrè Legliz vivan Jezikri a sou tè a.

Jèn zanmi m yo, m ta renmen kòmanse pa rakonte nou twa istwa ki vrè.

102 zyèm Dalmasyen an

Sa gen kèk ane, m te rive lakay soti nan travay epi m te etone wè mak penti blanch toupatou—atè a, nan pòt garaj la, ak sou kay an brik wouj nou an. M te enspekte sèn nan pi pre epi m te dekouvri ke penti a te ankò frèch. Te gen yon tras penti ki te mennen nan lakou dèyè a epi m te suiv li. Lè m rive, m te jwenn pitit gason senkan m nan avèk yon penso nan men l, ap kouri dèyè chyen nou an. Bèl chyen Labrador nwa nou an te kouvri amwatye ak penti blan!

“Sa w ap fè la a?” M te mande l nan yon gwo vwa.

Pitit gason m nan te kanpe, li te gade m, li te gade Milo, li te gade penso a ki te gen penti blan k t ap koule, epi l te di: “Mwen jis vle pou Milo sanble avèk chyen nwwa e blan nan fim nan—ou konnen, fim ki gen 101 Dalmasyen an.”

Imaj
Labrador nwa
Imaj
Dalmasyen

M te renmen chyen nou an. M te panse li te pafè, men jou sa a, pitit gason m nan te gen yon ide diferan.

Chat ak tras sou li a

Dezyèm istwa m nan santre sou Tonton Grover ki t ap viv byen lwen, nan yon kay ala kanpay, lwen vil la. Tonton Grover te kòmanse granmoun anpil. Nou te panse ke pitit nou yo te dwe rankontre l anvan l te mouri. Konsa, yon aprèmidi, nou te fè trajè byen long nan pou n t al nan ti kay li a. Nou te chita ansanm avèk li pou n te pale epi prezante l pitit gason nou yo. Apre kèk minit konvèsasyon, de tigason nou yo ki te pi piti yo, petèt nan laj senkan ak sizan, te vle al deyò a pou yo t al jwe.

Tonton Grover, ki te tande sa, te bese figi l pou l te pale avèk yo fasafas. Vizaj li te vyeyi anpil atravè ane yo epi li pa t familye pou timesye e yo te yon tijan pè li. Li te di yo, nan yon vwa grav: “Fè atansyon—gen anpil moufette (chat mawon) laba a a. Lè nou te tande sa, Lesa avèk mwen te plis pase sote; nou te enkyè pou moufette pa t voye gaz sou yo! Timesye yo te kouri soti al jwe pandan nou te kontinye ap pale.

Imaj
Moufette

Nan apre, lè nou te monte nan machin nan pou n t al lakay, m te mande yo: “Èske nou te wè yon moufette?” Youn nan yo te reponn: “Non, nou pa t wè okenn moufette, men nou te wè yon chat nwa ki te gen tras blanch sou do li!”

Gwo Mantè a

Istwa sa yo ki osijè timoun inosan k ap dekouvri yon bagay sou lavi a ak sou reyalite a kapab fè nou chak souri, men, yo ilistre yon konsèp ki pi pwofon tou.

Nan premye istwa a, pitit gason nou an te gen yon bèl chyen kòm konpayon; malgre sa, li te pran yon galon penti epi, avèk yon penso nan men l, li te detèmine pou l te kreye pwòp reyalite pa l ke li te imajine.

Nan dezyèm istwa a, timesye yo te totalman pa t konsyan de menas yo te fè fas lè yo te rankontre moufette la. Paske yo pa t ka byen idantifye sa yo te efektivman rankontre a, te gen risk pou yo te sibi move konsekans. Istwa sa yo se istwa erè sou idantite—kote yo sipoze yon bagay ki reyèl se yon lòt bagay. Nan chak ka yo, konsekans yo te piti.

Sepandan, anpil moun jodia ap lite ak menm kalite pwoblèm yo nan yon pi gwo degre. Swa yo pa kapab wè bagay yo jan yo reyèlman ye a oubyen yo pa satisfè avèk laverite. Epitou, gen fòs k ap travay jodia ki te entansyonèlman prepare pou detounen nou de verite absoli a. Twonpri ak mansonj sa yo ale lwen odela erè inosan sou idantite e souvan yo gen konsekans ki pa piti, e ki devastan.

Satan, papa mansonj ak gwo twonpè a, ta renmen pou nou doute de bagay yo jan yo reyèlman ye a epi inyore verite etènèl yo oubyen transfòme yo vin tounen yon bagay ki pi plezan. “L ap fè lagè avèk Sen Bondye yo”2 epi li te pase dè milenè ap kalkile ak pratike kijan pou l pèsyade pitit Bondye yo pou yo kwè ke byen se mal epi mal se byen.

Li bay tèt li repitasyon kòm moun ki ka konvenk mòtèl yo ke moufette yo se sèlman chat yo ye oubyen, avèk aplikasyon penti, ou ka transfòme yon chyen Labrador fè l vin tounen yon Dalmasyen tachte.

Imaj
Moyiz te wè Bondye fasafas

Annou gade yon egzanp sou prensip sa a nan ekriti yo kote youn nan pwofèt Senyè a te konfwonte menm pwoblèm nan. “Moyiz te transpòte sou yon mòn ki wo anpil, … li te wè Bondye fasafas, epi l te pale avèk li.”3 Bondye te anseye Moyiz sou idantite etènèl li. Malgre Moyiz te mòtèl ak enpafè, Bondye te anseye ke Moyiz te “dapre imaj sèl Pitit Gason Literal mwen an; epi Sèl Pitit Gason Leteral mwen an … pral Sovè a.”4

Nan bèl vizyon l lan, Moyiz te wè Bondye, epitou li te aprann yon bagay enpòtan apwopo tèt li; malgre ke l sete yon moun mòtèl, li sete yon pitit Bondye.

Koute atantivman kisa k te pase apre bèl vizyon sa a te fini. “Epi se te konsa, … Satan te vin tante l,” li te di, “Moyiz, pitit gason lòm nan, adore m!”5 Moyiz te reponn bravman: Kiyès ouye? Paske gade, m se yon pitit Bondye, nan resanblans Sèl Pitit Literal li a; epi kote laglwa ou pou m adore wla?”6

Otremandi, Moyiz te di l “Ou pa ka twonpe m, paske m konn kiyès mwen ye. Mwen te kreye dapre imaj Bondye. Ou pa gen limyè Li ak glwa Li. Konsa, poukisa pou m adore w oubyen pou m viktim anba twonpri w la?”

Kounyeya, pote atansyon a fason Moyiz te kontinye reponn. Li deklare: “Wete kò w, Satan; pa twonpe mwen.7

Gen anpil bagay nou ka aprann nan repons puisan Moyiz la devan tantasyon advèsè a. M ap envite nou pou n reponn nan menm fason an lè nou santi n enfliyanse pa tantasyon. Kòmande enmi nanm nou an, di li: “Ale! Ou pa gen okenn glwa. Pa tante m ni ban m manti! Mwen konnen m se pitit Bondye. E M ap toujou rele Bondye m nan pou L banm èd Li.”

Men, Satan pa fasil pou abandone pwojè destriktè l yo pou twonpe nou ak rabese nou yo. Li sètènman pa t fè sa avèk Moyiz, paske l te vle l bliye kiyès li te ye etènèlman.

Tankou yon timoun k ap pike yon kriz kòlè: “Satan te rele avèk yon vwa ki fò, epi l te frape tè a, li te kòmande, epi l te di: M se Sèl Pitit Literal la, adore m.”8

Annou repase sa. Èske nou tande kisa Satan te di? “M se Sèl Pitit Literal la. Adore mwen!”

Pa enkyete w, m p ap fè w mal—m pa yon moufette; m se jis yon chat nwa inosan ki gen tras blanch sou do l.”

Imaj
Moyiz k ap chase Satan

Apresa Moyiz te priye Bondye epi l te resevwa fòs divin. Malgre Satan te tranble epi tè a te souke, Moyiz pa t sede. Vwa l te asire epi byen klè. Li te deklare: “Wete kò w, Satan,” “paske se sèlman Bondye sa a m ap adore, ki se Bondye laglwa a.”9

Finalman, “Satan … te pati … kite prezans Moyiz.”9

Apresa Senyè a te parèt epi L te beni Moyiz poutèt obeyisans Li, Senyè a te di:

“Ou beni, Moyiz, … m pral fè ou pi fò pase anpil dlo. …

“Epi gade, m avèk ou menm jouk nan fen lavi ou.”11

Rezistans Moyiz devan advèsè a se yon egzanp klè ak edifyan pou nou chak, kèlkeswa etap nou ye nan lavi a. Se yon mesaj puisan pou ou pèsonèlman—pou w konnen kisa pou w fè lè Satan ap eseye twonpe ou. Paske oumenm, menmjan ak Moyiz, ou beni avèk don èd divin nan.

Kòmandman ak benediksyon

Kijan nou ka jwenn èd divin sa a, jan Moyiz te jwenn ni an, pou nou pa twonpe ni tonbe anba tantasyon? Gen yon kanal klè pou nou jwenn asistans divin ki te reyafime nan dispansasyon sa a pa Senyè a Limenm lè L te deklare: “Se poutèt sa, mwen menm Senyè a, paske m konnen kalamite ki dwe tonbe sou abitan latè yo, m te rele sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, epi m te pale avèk li depi nan syèl la, epi m te ba li kòmandman.”12 Pou n di sa pi senp, nou ka di ke Senyè a, ki konn “lafen depi nan kòmansman,”13 konnen difikilte patikilye epòk nou yo. Se poutèt sa, Li bay yon mwayen pou nou reziste anba difikilte ak tantasyon, anpil nan yo vini kòm rezilta dirèk enfliyans twonpri advèsè a ak atak li.

Mwayen an senp Atravè sèvitè l yo, Bondye pale avèk noumenm, pitit Li yo, e Li ba nou kòmandman. Nou gen dwa refòmile vèsè m sot site la yo epi rejwi dèske Bondye “aple sèvitè [Li] [Prezidan Russell M. Nelson”, epi L pale avèk li apati syèl la, epi L ba l kòmandman.” Èske se pa yon verite gloriye?

Mwen rann temwayaj solanèl mwen ke Senyè a te reyèlman pale avèk Joseph Smith soti nan syèl la, sa k te kòmansman gwo Premye Vizyon an. Li pale avèk Prezidan Nelson tou nan epòk nou an. Mwen temwaye ke Bondye te kominike avèk pwofèt nan tan pase yo epi Li te ba yo kòmandman ki prepare pou dirije pitit li yo nan bonè nan lavi sa a ak nan laglwa nan lavi apre a.

Bondye kontinye bay pwofèt vivan nou an kòmandman jodia. Nou gen anpil egzanp—yon pwogram pi santre sou fwaye, sipòte pa Legliz la nan enstriksyon levanjil; ranplasman vizit ofwaye pa sèvis pastoral; chanjman nan politik ak òdonans tanp yo; ak nouvo pwogram pou Timoun yo ak Jèn yo k ap kòmanse an 2020. Mwen emèveye pou bonte ak konpasyon yon Papa eman ki nan Syèl la ak Pitit Gason Li, Jezikri, ki te retabli Legliz Li a sou tè a yon fwa ankò epi ki te aple yon pwofèt nan epòk nou an. Retablisman levanjil Jezikri a kreye balans ant tan peril yo avèk plenitid tan yo.

Inikite pa t janm te bonè.

Obeyi kòmandman yo bay pwofèt nou an se yon kle non sèlman pou nou evite enfliyans ak twonpri advèsè a men pou n fè eksperyans lajwa ak bonè dirab tou. Fòmil divin sa a trè senp: ladwati, oswa obeyi kòmandman yo, pote benediksyon, epi benediksyon yo pote bonè, oubyen lajwa, nan lavi nou.

Sepandan, nan menm fason Satan te eseye twonpe Moyiz la, l ap chèche twonpe nou tou. Li toujou pretann ke l se yon bagay li pa ye. Li toujou eseye kache sa l vrèman ye a. Li deklare ke obeyisans ap rann lavi nou mizerab epi ap anpeche nou gen bonè.

Èske w ka panse a kèk nan riz li itilize pou twonpe nou yo? Paregzanp, li minimize efè devastan ki genyen nan bwè alkòl epi olyesa, li sigjere ke sa pote plezi. Li plonje nou nan tout kalite eleman negatif ki ka egziste nan rezo sosyal yo, enkli konparezon ki dekourajan ak reyalite ki ideyalize. Anplis, li ekspoze nou anba pakèt lòt bagay danjere nou jwenn sou entènèt ki espesyalman prepare pou blese nou oubyen ba nou lapenn, tankou pònografi, atak dirèk sou moun atravè entènèt ak simaye move enfòmasyon pou fè dout ak laperèz antre nan kè nou ak nan lespri nou. Avèk riz, li chichote: “Jis suiv mwen, epi w ap gen kè kontan.”

Pawòl sa yo ki te ekri depi dè syèk pa yon pwofèt nan Liv Mòmon an espesyalman adapte pou epòk pa nou an: “Inikite pa t janm pote bonè.”14 Se pou nou rekonèt twonpri Satan yo pou sa yo ye a. Se pou nou reziste epi wè klè nan mansonj ak enfliyans limenm sa a ki vle detwi nanm nou ak anpeche nou jwenn lajwa kounyeya ak laglwa nan lavni a.

Chè frè m ak sè m yo, nou dwe kontinye rete fidèl ak vijilan, paske se sèl mwayen pou nou disène laverite ak tande vwa Senyè a palentèmedyè sèvitè L yo. “Paske Lespri a pale verite, e li pa bay manti. Se poutèt sa, bagay sa yo vin jwenn nou klèman, pou nanm nou kapab sove. paske Bondye tou te pale konsènan bagay sa yo avèk ansyen pwofèt yo.”15. Nou se Sen Bondye Toupuisan an, espwa Izrayèl. Vas-tu faiblir? “Craindre et plier sous sa loi? Non! … Bras, force et cœur de même ardeur, Dieu nous aidant nous serons vainqueurs.”16

Mwen rann temwayaj espesyal mwen konsènan Sen Izrayèl la—ki se Jezikri. Mwen temwaye de amou, verite ak bonè san fay Li ki posib gras ak sakrifis enfini ak etènèl Li a. Si nou obeyi kòmandman L yo, n ap toujou dirije nan bon direksyon an epi nou p ap twonpe. Nan non sakre Sovè nou an, Jezikri, amèn.