Konferans Jeneral
Yon Pousan Pi Byen
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Yon Pousan Pi Byen

Chak efò nou fè pou nou chanje—kèlkeswa jan l sanble l piti pou nou—gendwa jis fè pi gwo diferans la nan lavi nou.

Pandan plis pase yon syèk, ekip nasyonal kous bisiklèt Grande-Bretagne la sete yon komedi nan mond siklis la. Plonje nan medyokrite, siklis britanik yo te resevwa sèlman yon grenn meday lò nan 100 ane konpetisyon olenpik epi yo sete pi gwo desepsyon nan evenman siklis ki pi te enpòtan an, Tour de France la, ki dire 3 semèn —ke okenn siklis Britanik pa t janm te reyisi nan 110 an. Sitiyasyon siklis britanik yo te sitèlman deplorab ke fabrikan bisiklèt renome yo te refize vann Britanik yo bisiklèt, paske yo te pè pou sa pa t bese repitasyon yo te bati avèk anpil efò a. E malgre yo te konsakre mwayen enòm nan teknoloji dènye kri ak tout kalite nouvo estil antrénman, anyen pa t mache.

Imaj
Siklis Grande-Bretagne

Anyen, sa vledi, jiska 2003, lè yon ti chanjman moun pa t tèlman remake ta pral chanje trajektwa siklis nan Grande Bretagne nan ajamè. Nouvo metòd sa a t ap revele yon prensip etènèl tou—avèk yon pwomès—konsènan rechèch pèmanan e souvan dewoutan pou amelyore tèt nou nan mòtalite a. Kisa ki te pase nan siklis britanik la ki vin gen gwo koneksyon avèk efò pèsonèl nou pou nou vin pi bon pitit gason ak pitit fi Bondye a?

An 2003, yo te anplwaye Sir Dave Brailsford. Kontrèman a antrenè avan yo ki te tante fè gwo chanjman dramatik bridsoukou, Sir Brailsford te angaje l pito nan yon estrateji ke li te rele “akimilasyon gen majinal yo (pitipiti zwazo fè nich)” Sa te enplike fè ti amelyorasyon nan chak domèn. Sa te vledi toujou ap mezire estatistik kle yo, ak aplike antrenman ki sible kèk feblès byen espesifik.

Sa yon tijan sanble avèk nosyon pwofèt Samyèl, Lamanit la, pou nou “mache [ap mache] nan lòd”1la. Vizyon pi laj, pi global sa a fè nou evite pyèj pou nou rete fikse sou jis pwoblèm ki evidan an oswa peche tout moun wè a. Brailsford te di: “Tout prensip la te soti nan ide ke si w dekòtike chak bagay ou ta ka imajine ki gen pou wè avèk woule yon bisiklèt, epi ou amelyore l pa 1 pou san, w ap vin gen yon amelyorasyon siyifikatif lè w mete yo tout ansanm.”2

Apwòch li a aliyen byen avèk pa Senyè a, ki te anseye nou enpòtans 1 pousan an—menm odetriman 99 pou san an. Natirèlman, Li t ap anseye obligasyon levanjil ba nou pou nou chèche moun ki nan bezwen yo. Men, kisa k t ap pase si nou ta aplike menm prensip sa a nan dezyèm prensip levanjil la, repantans? Olye nou rete bloke devan alevini dramatik ant peche ak repantans nan lavi nou, e si apwòch nou an sete redui fokis nou—menm pandan n ap elaji li? Olye nou eseye pou nou pafè nan tout bagay, e si nou ta pito abòde jis youn alafwa?

Pa egzanp, e si nan yon nouvo pèspektiv elaji nou an, nou dekouvri ke nou te neglije li Liv Mòmon an chak jou? Bon, olye nou eseye dezespereman pou nou li tout 536 paj li yo nan yon nuit, e si nou ta pran angajman pito pou nou li sèlman 1 pousan ladan—ki se jis 5 paj chak jou—oubyen yon lòt kantite ki pi konvnab pou sisiyasyon nou? Èske adisyone ti gen majinal tou piti men regilye nan lavi nou ta kapab finalman se chemen viktwa menm sou feblès pèsonèl nou ki pi anbarasan yo? Èske apwòch pou jere yon tikras nan feblès nou yo alafwa a mache vrèman?

Yon otè selèb, James Clear, di ke strayeji sa a ogmante chans pou nou gen siksè anpil. Li afime ke “abitid se ‘enterè konpoze nan amelyorasyon pèsonèl.’ Si w kapab vin sèlman 1 pousan pi bon nan yon bagay chak jou, anvan yon ane fini … w ap vin 37 fwa pi bon.”3

Ti gen Brailsford yo te kòmanse avèk pwoblèm ki te evidan yo, tankou ekipman, materyèl yo, ak modèl antrenman. Men, ekip li a pa t rete la. Yo te kontinye jwenn 1 pousan amelyorasyon nan domèn inatandi ke yo te konn neglije, tankou nitrisyon e menm detay sou antretyen bisiklèt yo. Alalong, pakèt ti amelyorasyon tou piti sa yo te akimile pou yo te vin bay rezilta ekstraòdinè, ki te vini pi vit pase okenn moun te ka imajine. Vrèman, yo te aplike prensip etènèl la “liy apre liy, enstriksyon apre enstriksyon, ti mòso isit, ti mòso lòtbò.”4

Èske ti ajisteman pwovoke “changjman puisan”5 sa a ou dezire a? Si l aplike kòrèkteman, mwen 99 pousan sèten l ap mache! Men, yon avètisman avèk apwòch sa a sèke pou ti gen yo akimile, dwe gen yon efò konsistan, chak jou, regilyèman. Epi malgre pwobableman nou p ap pafè, nou dwe detèmine pou nou akonpanye pasyans nou an avèk pèsistans. Fè sa, epi rekonpans dous pi plis jistis la ap pote lajwa ak lapè n ap chèche a. Jan Preziden Nelson te anseye a: “Anyen pa pi liberatè, pi nòb ni pi enpòtan pou pwogresyon endividyèl nou pase rete fokis sou repantans chak jou. Repantans se pa yon evenman; se yon pwosesis. Li se kle bonè ak lapè nan lespri. Lè l melanje avèk lafwa, repantans ba nou aksè a pouvwa Ekspyasyon Jezikri a.”6

Imaj
Grenn Moutad
Imaj
Pye Moutad

Kanta kondisyon preyalab lafwa a, ekriti yo klè. Tout sa li mande nou odepa se senpleman yon “ti kras lafwa.”7 Epi, si nou ka nouri mantalite “grenn moutad”8 sa a, nou ka atann amelyorasyon inatandi ak eksepsyonèl tou nan lavi nou. Men sonje, menm jan nou pa t ap eseye transfòme soti nan yon Atila Hun pou nou vin tounen Mè Teresa bridsoukou, se konsa tou nou ta dwe reyoryante modèl amelyorasyon nou yo gradyèlman. Menmsi chanjman ki nesesè nan lavi w yo anpil, kòmanse tou piti. Sa espesyalman vrè si w santi w depase oswa dekouraje.

Pwosesis sa a pa toujou akonpli dapre yon chema byen trase. Menm pami moun ki pi detèmine pou yo pwogrese yo, gen dwa gen obstak. Kòm mwen te fè eksperyans fristrasyon sa a nan pwòp lavi pa m, m konnen ke pafwa ou ka santi w tankou 1 pousan avanse 2 pousan fè bak. Epoutan si nou rete djanm nan detèminasyon nou pou nou toujou ap fè 1% gen sa yo dire, Moun ki te “pote doulè nou yo”9 ap pote nou san okenn dout.

Evidaman, si nou enplike nan peche grav, Senyè a di klèman e san ekivòk: ke nou bezwen sispann, chèche èd nan men evèk nou, epi vire do bay pratik sa yo imedyatman. Men jan Èldè David A. Bednar te anseye a: “ti amelyorasyon espirityèl, regilye, gradyèl se etap Senyè a ta vle nou fè. Prepare pou nou mache san tach devan Bondye se youn nan bi prensipal mòtalite a ak demach tout yon lavi; se pa rezilta ki soti nan akselerasyon peryodik aktivite espirityèl entans.”10

Imaj
Siklis Grande-Bretagne

Konsa, èske apwòch repantans ak chanjman reyèl pa ti etap piti sa a mache vrèman? Èske prèv la se nan pedale a, si n ta vledi? Konsidere sa k te rive Siklis Britanik yo nan de dènye deseni ki pase depi y ap aplike filozofi sa a. Siklis Britanik yo ranpòte konpetisyon selèb sa a ki se Tour de France la sis fwa kounyeya. Pandan 4 dènye Je Olenpik yo, Grande-Bretagne se peyi ki te pran plis meday nan tout konpetisyon siklis yo. Epi nan dènye Je Olenpik Tokyo yo , UK [Royaume-Uni] te ranpòte plis meday dò nan siklis pase tout lòt peyi.

Imaj
Chanpyon Olenpik

Foto siklis Britanik yo pa (nan sans egui soti agoch) Friedemann Vogel, John Giles, ak Greg Baker/Getty Images

Men odela ajan ak lò a terès briyan yo, pwomès presye k ap tann nou sou wout ki mennen nan etènite yo sèke nou pral anfèt “triyonfe nan Kris la.”11 E si nou pran angajman pou nou fè ti ameloyrasyon piti men regilye, nou resevwa pwomès “yon kouwòn laglwa ki p ap janm fennen.”12 Pandan w ap prelase nan laglwa ki p ap janm pèdi ekla sa a, mwen envite w pou w egzamine lavi w pou w ka wè kisa ki bloke w oubyen ralanti w sou chemen alyans lan. Apresa elaji vizyon ou. Chèche ti ajisteman modès men fezab nan lavi ou ki gendwa pèmèt ou goute lajwa dous ki genyen nan vin yon tikras pi bon an.

Sonje, David te itilize yon sèl ti wòch pou l te desann yon jeyan ki te sanble l envensib. Men li te gen kat lòt wòch tou pare. Konsa tou, move dispozisyon ak destine etènèl Alma, pi jèn nan, te chanje pa yon senp panse remakab—yon souvni de sa papa l te anseye l konsènan gras salvatris Jezikri. Epi se konsa sa ye avèk Sovè nou an ki, malgre L te san peche, “pa t resevwa toutnèt nan kòmansman, … men, te kontinye pran lagras sou lagras, jistan l te resevwa toutnèt.”13

Imaj
Jezikri

Se Limenm ki konnen kilè yon ti zwazo tonbe e ki fokis menmjan an sou minit la osibyen ke sou gwo moman nan lavi nou yo e ki pare kounyeya pou asiste nou nan nenpòt rechèch 1 pousan nou pral fikse lè nou soti nan konferans sa a. Paske chak efò nou fè pou nou chanje—kèlkeswa jan l sanble l piti pou nou—gendwa jis fè pi gwo diferans lan nan lavi nou.

Pou rezon sa a, Èldè Neal A. Maxwell te anseye, “Chak ekspresyon yon dezi jis, chak zak sèvis, ak chak moman adorasyon, kèlkeswa jan l piti ak jan l devlope, ajoute sou elan espirityèl nou.”14 Vrèman, se atravè ti bagay piti, senp e, wi, menm jis 1 pousan, ke gwo bagay ka reyalize.15 Viktwa final la sèten a 100 pousan, “apre tout sa nou ka fè,”16 pa pouvwa, merit, ak mizerikòd Senyè ak Sovè nou an, Jezikri. Mwen temwaye konsènan sa, nan non Jezikri, amèn.