Vini, Suiv Mwen 2024
2–8 Septanm: “Sonje Senyè a” Elaman 7-12


“2–8 Septanm: ‘Sonje Senyè a.’ Elaman 7–12,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2023)

“2–8 Septanm. Elaman 7–12,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2023)

Imaj
Nefi ki ap priye sou yon tour nan yon jaden

Ilistrasyon Nefi sou yon tour nan yon Jaden, tablo Jerry Thompson

2–8 Septanm: “Sonje Senyè a”

Elaman 7-12.

Papa Nefi, Elaman, te egzòte pitit gason li yo pou yo “sonje, sonje.” Li te vle yo sonje zansèt yo, sonje pawòl pwofèt yo, epi pi enpòtan an sonej “Redanmtè nou an, ki se Kris la” (gade Elaman 5:5–14). Li klè ke Nefi te sonje paske se menm mesaj la li te deklare dèzane apre “san fatige” bay pèp la (Elaman 10:4). “Kòman nou fè bliye Bondye nou an?” li te mande (Elaman 7:20). Tout efò Nefi yo—nan preche, priye, akonpli mirak, ak mande Bondye yon famin—sete tantatif pou ede moun yo tounen jwenn Bondye epi sonje Li. Nan plizyè fason, bliye Bondye se yon pi gwo pwoblèm pase pa konnen Li. Epi li fasil pou bliye li lè “bagay mond sa yo” ak nwaj peche distrè panse nou (Elaman 7:21; gade tou Elaman 12:2). Men, jan ministè Nefi a montre a, li pa janm twò ta pou nou sonje epi “retounen … vin jwenn Senyè a, Bondye nou” (Elaman 7:17).

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Elaman 7-11

Pwofèt yo revele volonte Bondye bay pèp la.

Elaman 7–11 se yon bon kote pou aprann kisa pwofèt fè. Pandan w ap li chapit sa yo, pote atansyon a aksyon, panse, ak relasyon Nefi avèk Senyè a. Kijan ministè Nefi a ede w konprann wòl pwofèt yo? Men kèk egzanp. Ki lòt bagay ou jwenn?

Baze sou sa w li yo, kijan w ta dekri kisa yon pwofèt ye ak sa li fè? Panse pou w ekri yon definisyon tou kout. Apresa, gade sa w ta ajoute nan definisyon ou apre ou fin li antre a pou “Pwofèt” nan Gid ekriti yo (Bibliyotèk Levanjil la) oswa “Suivre le Prophète Vivan” (Enseignements des présidents de l église: Ezra Taft Benson [2014], 147–55).

Èske w remake ki jan Nefi te gen Elaman 7:11–29? Poukisa pwofèt yo pale pafwa avèk fèmte, jan Nefi te fè a? Konsidere ke w ap chèche repons nan seksyon ki rele “Pa sezi” a nan mesaj Èldè Neil L. Andersen nan “Pwofèt Bondye a” (Liahona, Me 2018, 26).

Avèk verite sa yo nan lespri w, medite sou fason Senyè a beni w atravè ministè pwofèt Li yo. Kisa L te anseye w resaman atravè pwofèt vivan yo? Kisa w ap fè pou w koute ak suiv direksyon Senyè a?

Gade Sijè Levanjil yo, “Pwofèt,” Bibliyotèk Levanjil la.

Elaman 9:1–20; 10:1, 11–15

Lafwa m nan Jezikri dwe fonde sou plis pase siy ak mirak.

Si siy ak mirak te sifi pou chanje kè yon moun, enben, tout Nefit yo t ap konvèti akoz siy remakab Nefi te bay nan Elaman 9yo. Men, sa pa t rive. Remake divès fason moun yo te reyaji devan mirak nan Elaman 9–10la. Pa egzanp, ou ka konpare repons senk gason yo ak jij anchèf yo nan Elaman 9:1–20 a (gade tou Elaman 9:39–41; 10:12–15). Kisa w aprann nan eksperyans sa yo sou fason pou w bati lafwa w nan Jezikri?

Gade tou 3 Nefi 27:1–11; 2:1–2.

Elaman 10: 1-12

Senyè a bay pouvwa a moun k ap chèche fè volonte Li e ki respekte kòmandman L yo.

Pandan w ap etidye Elaman 10:1-12la, remake sa Nefi te fè pou l te jwenn konfyans Senyè a. Kijan Nefi te demontre ke l te chèche fè volonte Senyè a olye de volonte pa li? Kisa parabòl sa a enspire w pou w fè ?

Elaman 10:2-4.

Lè nou medite sou pawòl Bondye yo, sa envite revelasyon.

Lè w santi w dekouraje, enkyè oubyen twouble, ou gendwa aprann yon leson enpòtan nan egzanp Nefi a ki nan Elaman 10:2–4la. Kisa l te fè lè l te santi l “afese”? (vèsè 3).

Prezidan Henry B. Eyring te eksplike: “Lè nou medite, nou envite revelasyon pa Lespri a” (“Sèvi avèk Lespri a,” Liahona, Nov. 2010, 60). Kijan w ka kreye yon abitid pou w medite?

Elaman 12

Senyè a vle m sonje Li.

Kijan ou sonje enfòmasyon enpòtan—tankou anivèsè nesans yon manm fanmi an oswa enfòmasyon pou yon tès? Kijan sa sanble avèk efò yo ki nesesè pou nou “sonje Senyè a”? (Elaman 12:5). Kijan sa diferan?

Elaman 12 dekri plizyè bagay ki lakòz moun bliye Senyè a. Petèt ou ta ka lis yo epi reflechi si yo ta ka distrè ou nan men li. Kisa ki ede w sonje? Ki chanjman ou te enspire pou w fè baze sou sa w aprann yo?

Gade Doktrin ak Alyans 20:77, 79; “Viens vers moi,” Cantiques, no. 109.

Itilize leson objè. Sovè a souvan konpare prensip levanjil yo a bagay chak jou ke moun yo abitye. Lè w ap aprann oswa anseye sou Elaman 12:1–6la, ou ta ka konpare “enstriksyon … lèzòm” nan a fason nou santi nou lè n ap eseye balanse sou yon janm. Kijan nou ka rete konstan spirityèlman?

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a pou Liahona a ak Pou fòs jèn yo .

Ide pou Anseye Timoun yo

Elaman 7:20–21

Senyè a vle m sonje Li.

  • Pou kòmanse yon konvèsasyon sou sonje Senyè a, ou ka pale pitit ou yo de yon lè kote w te bliye yon bagay. Kite yo pataje eksperyans menm jan yo te fè tou. Li Elaman 7:20–21 ansanm, epi mande yo kisa yo panse bliye Bondye vle di. Petèt pitit ou yo ka atire foto bagay ki ka lakòz nou bliye Senyè a epi itilize desen yo pou kouvri yon foto Jezi. Lè sa a, yo te kapab panse a bagay yo ka fè pou sonje li. Pandan y ap pataje sa yo panse, retire desen yo youn pa youn jiskaske foto Jezi a parèt.

Elaman 8:13–23

Pwofèt yo temwaye konsènan Jezikri.

  • Ede pitit ou yo chèche Elaman 8:13–23 pou jwenn non pwofèt ki te anseye sou Jezikri. Petèt yo ka pase toutotou Jezi chak fwa yo jwenn youn. Kisa pwofèt vivan nou an te anseye konsènan Sovè a?

  • Chante ansanm yon kantik sou pwofèt, tankou “Suis les prophètes” (Chants pour les enfants, 58-59). Chwazi yon ekspresyon nan kantik la, epi ekri yon mo ki soti nan ekspresyon an sou chak nan plizyè papye fòm tras pye. Lè sa a, ou ta ka mete mak pye yo sou planche a ki mennen nan yon foto Sovè a, epi pitit ou yo te kapab suiv mak pye yo nan direksyon foto a. Ki jan pwofèt la fini nou bay Jezikri?

Elaman 10: 1—4

Lè nou medite sou pawòl Bondye yo, sa envite revelasyon.

  • Pou ede pitit ou konprann kisa sa vle di pou w medite, ou ka li ansanm “Medite” nan Gid Ekriti yo (Bibliyotèk Levanjil la). Site kèk lòt mo ki sanble avèk medite? Petèt nou ta ka li Elaman 10:1–3 ansanm epi ranplase mo medite a avèk lòt mo sa yo. Pale avèk pitit ou yo sou fason pou w reflechi sou fason pou yo w medite pou yon pati nan etid ekriti yo a.

Elaman 10:11–12

M ap obeyi Pè Selès la.

  • Nefi te obeyi Papa nou ki nan Syèl la menm lè sa te vle di fè yon bagay ki difisil. Pa egzanp sa a, oumenm ak pitit ou yo te kapab li Elaman 10:2, 11–12. Paregzanp, mande yo pou yo mache al nan yon bò sal la (kòmsi yo t apral lakay yo, kanpe, vire tounen, epi mache al nan lòtbò sal la (kòmsi y ap retounen al anseye moun yo). Kisa Pè Selès la mande nou pou nou fè?

Pou plis ide, gade piblikasyn mwa sa a pou revi Zanmi an.

Imaj
Yo dekouvri ke Seyantòm se asasen an

Atravè don pwofesi a, Nefi te rezoud asasina jij an chèf la.

© Liv Mòmon pou Jèn Lektè yo, Seyantòm—Yo Dekouvri Asasen an, pa Briana Shawcroft; pa dwe kopye