Vini, Suiv Mwen 2024
9–15 Septanm: “Bòn Nouvèl Ki Pote Gwo Lajwa.” Elaman 13-16


9–15 Septanm: ‘Bòn Nouvèl Ki Pote Gwo Lajwa‘ Elaman 13–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon (2024) (2023)

“9–15 Septanm. Elaman 13–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2023)

Imaj
Samyèl, Lamanit la, ki ap anseye sou miray la

Samyèl, Lamanit la, sou miray la, pa Arnold Friberg

9–15 Septanm: “Bòn Nouvèl Ki Pote Gwo Lajwa.”

Elaman 13-16

Premye fwa Samyèl, Lamanit la, te eseye pataje “bòn nouvèl” la nan Zarayemla a (Elaman 13:7), Nefit ki te gen kè di yo te rejte li epi yo te chase li. Ou gen dwa di se kòmsi yo te bati yon miray enpenetrab toutotou kè yo ki te anpeche yo resevwa mesaj Samyèl la. Samyèl te konprann enpòtans mesaj li te bay la epi l te demontre lafwa kote l te suiv kòmandman Bondye te ba li “pou l te retounen pwofetize pèp la ankò” a (Elaman 13:3). Menmjan avèk Samyèl, nou tout rankontre miray lè n ap “prepare chemen Senyè a” (Elaman 14:9) ak lè n ap eseye suiv pwofèt Li yo. Epi, menmjan ak Samyèl, noumenm tou nou rann temwayaj konsènan Jezikri, “ki gen pou l vini toutbon” an, epi nou envite tout moun pou yo “kwè nan non li” (Elaman 13:6; 14:13). Men se pa tout moun k ap koute nou, epi gen kèk moun ki ka menm opoze nou kareman. Men, moun ki kwè nan mesaj sa a ak lafwa nan Kris yo reyalize ke se reyèlman “bòn nouvèl ki pote gwo lajwa” (Elaman 16:14).

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Elaman 13

Senyè a ba nou avètisman palentèmedyè pwofèt Li yo.

Nan ekriti yo, yo konpare pwofèt yo pafwa avèk santinèl sou yon mi oubyen sou yon tou k ap avèti sou danje (gade Ezayi 62:6; Ezekyèl 33:1–7). Pandan w ap etidye pawòl Samyèl yo nan Elaman 13, panse kijan li tankou yon santinèl pou ou. Kisa l te di ki sanble enpòtan pou epòk nou an? (gade espesyalman vèsè 8, 21–22, 26–29, 31, ak 38). Paregzanp, kisa Samyèl te anseye konsènan repantans? konsènan imilite ak richès? konsènan chèche kontantman “nan fè inikite”?

Ou ta ka fè rechèch tou nan mesaj konferans ki resan yo pou w ka jwenn avètisman menmjan an ke Senyè a bay atravè pwofèt modèn yo. Kisa w santi w enspire pou w fè konsènan avètisman sa yo?

Chèche jwenn modèl. Yon modèl se yon plan oubyen yon chema nou ka itilize kòm gid pou akonpli yon tach. Nan ekriti yo, nou jwenn modèl ki montre nou kijan Senyè a akonpli travay li, tankou voye sèvitè l yo avèti pèp la.

Imaj
yon ti gason k ap gade konferans jeneral

Lè nou koute pwofèt yo, y ap dirije nou vè Jezikri

Elaman 13-15.

Bondye envite m pou m repanti.

Avètisman Samyèl te bay konsènan jijman Bondye yo te toujou gen ladan l yon envitasyon mizèrikòdye pou repanti. Chèche envitasyon sa yo nan tout Elaman 13–15 (gade espesyalman Elaman 13:6–11; 14:15–19; 15:7–8). Kisa w aprann nan vèsè sa yo konsènan repantans? Gen kèk moun ki wè repantans kòm yon pinisyon ki rèd---yon bagay pou evite. Nan opinyon pa w, kijan Samyèl te vle pou Nefit yo wè repantans?

Pou w apwofondi etid ou, ou ka li mesaj Prezidan Russell M. Nelson nan “Nou Ka Fè Mye Epi Vin Pi Bon” (Lyawona, Me 2019, 67–69). Kijan li defini repantans? Ki benediksyon repantans sensè ou jwenn nan mesaj li a? Ou ka chèche bagay byen presi pwofèt la te envite nou chanje. Kisa Sentespri a di ou ke ou bezwen chanje. Panse pou w ekri revelasyon pèsonèl ou resevwa.

Kijan repantans diferan pase jis chanje konpòtman ou? Poukisa li enpòtan pou nou aksepte envitasyon Bondye pou nou repanti a? Pandan w ap reflechi sou sa, konsidere chante oswa koute yon kantik ki eksprime envitasyon sa a, tankou “Oui, tes commandements” (Cantiques, no. 66).

Gade tou “Jezikri Ap Ede Ou,” Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa, 6–9; “Repantans: Yon Chwa Jwaye,” “Prensip Lapè: Repantans” (videyo), Bibliyotèk Levanjil; Sijè Levanjil yo “Repantans,” Bibliyotèk Levanjil la.

Elaman 14; 16:13–23

Bondye te voye siy ak mèvèy pou temwaye nesans ak lanmò Sovè a.

Nan Elaman 14, Samyèl te eksplike ke Senyè a te bay siy sou nesans ak lanmò Sovè a pou moun yo “te ka konnen ke … li vini” epi “kwè nan non li” (Elaman 14:12). Pandan w ap etidye Elaman 14la, note siy sou nesans Sovè a ki nan vèsè 1–8 yo ak siy sou lanmò l yo ki nan vèsè 20–28yo. Poukisa w panse siy sa yo sete mwayen efikas pou siyifye nesans ak lanmò Jezikri?

Lòt siy ki pi pèsonèl ak mwens dramatik kapab ede nou “kwè nan non [Sovè a].” Kisa Li te fè pou ranfòse kwayans ou nan Li?

Ki avètisman yo bay sou siy ki nan Elaman 16:13–23yo? Kijan w ka evite atitid moun yo dekri nan vèsè sa yo?

Gade Alma 30:43–52; Ronald A. Rasband, “Pa dekrè diven,” Liahona, Nov. 2017, 55–57.

Elaman 15:3.

Chatiman Senyè a se yon siy sou lanmou Li.

Pawòl Samyèl yo gen anpil reprimand sevè, men Elaman 15:3 ba nou yon pèspektiv sou chatiman Senyè a. Nan ki sans chatiman Senyè a se yon siy lanmou Li? Ki prèv ou wè sou lanmou ak mizèrikòd Senyè a nan pwofesi ak avètisman Samyèl yo?

Konsidere etidye mesaj Èldè D. Todd Christofferson nan “Otan ke Mwen renmen, Mwen Reprimande ak Chatye” (Liahona, Me 2011, 97–100), chèche twa rezon nan chatiman diven. Kilè ou wè travay Bondye nan fason sa yo nan lavi ou?

Elaman 16

Pwofèt yo dirije m vè Jezikri.

Nan Elaman 16, kisa w aprann de moun ki te aksepte ansèyman Samyèl yo? Kisa w aprann de moun ki te rejte l yo? Panse sou fason suiv pwofèt vivan yo te ede w vin pi pre Jezikri.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a pou revi Liahona ak Pou Fòs Jèn yo .

Ide pou Anseye Timoun yo

Elaman 13:2–5

Bondye ka pale avèk mwen nan kè m.

  • Ki jan w ka anseye pitit ou ke Bondye ka pale nan kè nou, menm jan li te fè sa pou Samyèl? Petèt ou ka mande yo pou yo montre w diferant fason pou w kominike san mo (tankou jès oswa ekspresyon vizaj). Sa ka mennen nan yon diskisyon sou diferan fason Papa nou ki nan Syèl la kominike avèk nou. Kòm yon pati diskisyon sa a, ou menm ak pitit ou yo ka gade yon foto Samyèl Lamanit la (plan sa a gen de epi li Elaman 13:2–5 pandan timoun ap koute kijan Bondye te di Samyèl sa pou l di.

  • Anpil nan nou—espesyalman timoun—bezwen èd pou aprann rekonèt kijan ak kilè Bondye ap pale avèk nou. Ou ka rakonte timoun ou yo konsènan yon fwa lè Sentespri a te ede ou konnen nan kè w kisa Bondye te vle w di oubyen fè. Esplike kijan ou te fè konnen Bondye t ap kominike avèk ou. Petèt timoun yo tou ka pataje menm eksperyans yo te fè.

Elaman 14:2-7, 20-25

Pwofèt yo anseye konsènan Jezikri.

  • Chante ansanm “Samuel Tells of the Baby Jesus” (Children’s Songbook, 36) ka yon bon fason pou anseye timoun ou yo sa Samyèl te anseye konsènan Jezikri. Pataje “Chapit 40: Samyèl Lamanit la Pale konsènan Jezikri” (Istwa Liv Mòmon yo,, 111–13) se yon lòt tou. Kisa Samyèl te anseye sou Sovè a? Petèt ou ka pataje tou sa pwofèt modèn yo anseye sou Li. Kijan pawòl yo bati lafwa nou nan Li?

Elaman 16:1–6

Mwen beni lè m suiv pwofèt la.

  • Ou ka bati konfyans pitit ou nan pwofèt la lè w montre yo egzanp moun ki te fidèl. Gen kèk nan yo nou jwenn nan Elaman 16:1, 5. Pandan w ap li, pitit ou yo te ka kanpe lè yo tande yon bagay pèp la te fè lè yo te kwè pawòl Samyèl yo. Apre sa, li vèsè 2 ak 6, mande timoun yo pou yo chita lè yo tande yon bagay moun yo te fè lè yo pa t kwè. Kijan nou ka montre ke nou kwè pawòl pwofèt vivan an? Di timoun yo kijan ou beni pandan w ap suiv konsèy Senyè a atravè pwofèt Li yo.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a pou revi Zanmi an.

Imaj
Samyèl, Lamanit la

Samyèl, Lamanit la, pa Lester Yocum