Vini, Suiv Mwen 2024
23–29 Septanm: “Leve epi Vin Jwenn Mwen.” 3 Nefi 8–11


“23–29 Septanm: ‘Leve epi Vin Jwenn Mwen.’ 3 Nefi 8–11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2023)

“23–29 Septanm. 3 Nefi 8–11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2023)

Imaj
Jezi ki parèt devan Nefit yo

Mwen Se Lmyè Mond lan, tablo James Fullmer

23–29 Septanm:“Leve epi Vin Jwenn Mwen.”

3 Nefi 8–11

“Gade, Mwen se Jezikri pwofèt yo te temwaye ki gen pou l vin nan mond lan” (3 Nefi 11:10). Avèk pawòl sa yo, Sovè resisite a te prezante tèt Li, sa ki te akonpli plis pase 600 ane pwofesi nan Liv Mòmon an. Èldè Jeffrey R. Holland te ekri: “Aparisyon sa a ak deklarasyon sa a se pwen santral la, moman siprèm nan, nan tout istwa Liv Mòmon an. Sete manifestasyon ak dekrè ki te enfòme ak enspire chak nan pwofèt Nefit yo. … Yo chak te pale de li, selebre l avèk kantik, reve li, epi yo te priye pou l te vini—men kounyeya li te la reyèlman. Gran jou a te rive! Bondye ki transfòme chak nuit sonb fè l vin tounen maten briyan an te rive” (Christ et la Nouvelle Alliance [1997], 250–51).

Gade tou “Jezikri parèt nan ansyen Amerik yo” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

3 Nefi 8–11

Jezikri se Limyè Mond lan.

Ou gendwa remake ke tèm ki anrapò avèk tenèb ak limyè yo—ni fizik ni espirityèl—repete nan tout 3 Nefi 8–11la. Kisa w aprann nan chapit sa yo konsènan fènwa espirityèl ak limyè espirityèl? (gade, pa egzanp, 3 Nefi 8:19–23; 9:18; 10:9–13). Kisa k mennen tenèb nan lavi ou? Kisa ki pote limyè? Poukisa w panse Sovè a te chwazi pou l te prezante tèt li kòm “limyè ak lavi mond lan” 3 Nefi 9:18; 11:11).

Evenman yo dekri nan 3 Nefi 11:1–17 yo pami evenman ki pi sakre nan Liv Mòmon an. Li yo tou dousman, epi medite avèk anpil atansyon. Men kèk resous pou ede w. Konsidere anrejistre enpresyon ou resevwa yo.

  • Kijan m t ap santi m si m te pami moun sa yo?

  • Kisa ki enpresyone w konsènan Sovè a nan vèsè sa yo?

  • Kijan pou mwen konnen ke Jezikri se Sovè mwen?

  • Kijan Jezikri se yon limyè nan lavi mwen?

Gade tou Sharon Eubank, “Kris la: Limyè Ki Briye nan Fènwa a,” Lyawona, Me 2019, 73–76.

Ekri enpresyon w yo. Lè w ekri enpresyon espirityèl ou resevwa yo, ou gen plis chans pou w resevwa plis toujou.

3 Nefi 9–10

Jezikri tou pare pou padone.

Eldè Neal A. Andersen te remake, “Mwen temwaye ke Sovè a kapab e tou pare pou padone peche nou yo” (“Repanti … Pou Li Kapab Geri Ou,” Lyawona, Nov. 2009, 40). Chèche nan 3 Nefi 9–10 pou w jwenn evidans sou gwo dezi Kris pou padone. Kisa w jwenn nan 3 Nefi 9:13–22; ak 10:1–6 ki ede w santi lanmou ak mizèrikòd Li? Kilè w te santi ke Li te “rasanble” w ak “nouri” ou (gade 3 Nefi 10:4).

3 Nefi 9:19–22

Senyè a mande “yon kè brize ak yon lespri kontri.”

Anvan vini Sovè a, sakrifis bèt yo sete yon senbòl sakrifis Jezikri (gade Moyiz 5:5–8). Ki nouvo kòmandman Sovè a te bay nan 3 Nefi 9:20–22? Kijan sa dirije nou kote li ak sakrifis Li a?

Kisa sa vledi pou nou ofri kòm sakrifis yon kè brize ak yon lespri kontri? Poukisa ou santi Sovè a vle sakrifis sa a nan men ou?

3 Nefi 11:1–8

Imaj
seminary icon
Mwen ka aprann koute ak konprann vwa Bondye.

Kijan w ka konnen lè Sentespri a ap pale avèk ou? Petèt eksperyans moun yo nan 3 Nefi 11:1–8 ka ede w konprann kèk prensip sou tande ak konprann vwa Bondye. Ou gendwa note karakteristik vwa Bondye ke moun yo te tande a ak sa yo te fè pou yo te ka pi byen konprann li.

Li ta ka ede tou eksplore lòt vèsè ki dekri vwa Bondye oswa enfliyans Lespri Li. Men kèk nan yo. Petèt, apre w fin li sa yo, ou ka ekri kèk direksyon pou rekonèt revelasyon: 1 Wa 19:11–12; Galat 5:22–23; Alma 32:27–28, 35; Elaman 10:2–4; Etè 4:11–12; Doktrin ak Alyans 9:7–9; 11:11–14.

Ou kapab benefisye tou lè w tande pwofèt jodi a, apot yo, ak lòt dirijan Legliz yo ki gen eksperyans tande ak suiv vwa Bondye. Plizyè nan yo pataje eksperyans yo nan “Tande Li” koleksyon videyo nan Bibliyotèk Levanjil la. Konsidere gade youn oswa plis.

Kijan w ap aplike sa w te aprann yo pou tande e rekonèt vwa Bondye pi klè?

Gade tou Russell M. Nelson, “Tande Li,” Lyawona, Me 2020, 88–92; “This is My Beloved Sonnan,” Children’s Songbook, 76; Sijè Levanjil yo, “Revelasyon pèsonèl,” Bibliyotèk Levanjil la.

Imaj
Jezi k ap montre Nefit yo mak klou nan men Li yo.

Youn pa Youn, tablo Walter Rane

3 Nefi 11:8–17

Jezikri envite m pou m akeri yon temwayaj pèsonèl sou Li.

Anviwon 2,500 moun te rasanble nan tanp lan nan Bountiful lè Jezikri te parèt (gade 3 Nefi 17:25). Malgre tout kantite moun sa yo, Sovè a te envite yo chak “youn pa youn” pou touche mak klou yo nan men ak nan pye li yo (3 Nefi 11:14–15). Lè w ap li, imajine sou kijan sa li gendwa te ye pou moun ki te la yo. Nan ki fason Sovè a envite ou pou w “leve epi vin jwenn” Li? 3 Nefi 11:14).

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a pou revi Lyawona a ak Pou Fòs Jèn yo .

Ide pou Anseye Timoun yo

Paske Dimanch sa a se senkyèm Dimanch nan mwa a, nou ankouraje enstrikè Primè yo pou itilize aktivite aprantisaj yo nan “Apendis B: Prepare Timoun yo pou Tout yon Lavi sou Chemen Alyans Bondye a.”

3 Nefi 8–9

Lè m nan fènwa, Jezikri ka limyè mwen.

  • Pou ede timoun ou yo imajine eksperyans yo dekri nan 3 Nefi 8–9yo, ou ta ka rakonte oubyen koute yon anrejistreman sou kèk pati nan chapit sa yo nan yon sal ki sonb. Diskite sou kisa sa ta gendwa sanble pou w ta nan fènwa pandan twa jou. Apresa, ou ta ka pale konsènan rezon Jezikri rele tèt Li Llimyè Mond la (gade 3 Nefi 9:18). Kisa Jezi te envite moun yo, ak noumenm, pou n fè pou Li ka limyè nou? (gade nan 3 Nefi 9:20–22).

3 Nefi 10:4–6

Jezi pwoteje pèp Li a tankou yon manman poul pwoteje ti poul li yo.

  • Foto yon poul k ap rasanble tipoul li yo ka yon zouti pedagojik puisan pou ede timoun yo konprann karaktè ak misyon Sovè a. Ou ta ka li 3 Nefi 10:4–6 pandan fanmi ou ap gade foto yon poul avèk tipoul li yo. Poukisa yon poul bezwen rasanble tipoul li yo? Poukisa Sovè a vle rasanble nou tou pre Li? Kijan nou ka vin jwenn Li pou sekirite?

3 Nefi 11:1–15

Jezikri envite m pou m vin jwenn Li.

  • Kijan w ap ede pitit ou yo santi Lespri a pandan n ap li 3 Nefi 11:1–15 ansanm? Petèt ou ka mande yo pou yo di w lè yo jwenn yon bagay nan vèsè sa yo ki ede yo santi lanmou Bondye. Ou ta ka fè menm bagay la tou ak foto yo nan deklarasyon sa a oswa videyo a “Jezikri parèt nan tanp lan” (Bibliyotèk Levanjil). Pale timoun yo de sa w santi lè w ap li ak medite sou evenman sa yo. Kite yo pataje ide yo tou.

3 Nefi 11:1–8

Bondye pale avè m nan yon ti vwa dous.

  • Petèt ou ta ka li kèk nan vèsè sa yo ak yon “ti vwa” tou piti (3 Nefi 11:3). Oswa ou te kapab jwe yon anrejistreman yon chante tankou “This Is My Beloved Son” (Children’s Songbook, 76) dousman pou ke li difisil pou tande. Kisa moun yo te dwe fè pou yo te konprann vwa ki soti nan syèl la? (gade vèsè 5–7). Kisa nou aprann apati eksperyans yo a?

3 Nefi 11:21–26

Jezikri vle pou m batize.

  • Pandan w ap li 3 Nefi 11:21–26la, ou ta ka envite timoun yo pou yo kanpe chak fwa yo tande mo batize a. Kisa Jezi te anseye konsènan batèm? Si timoun yo te asiste yon batèm anvan sa, envite yo dekri sa yo te wè. Poukisa Bondye vle pou nou batize?

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a pou revi Zanmi an.

Imaj
Jezi ki parèt devan Nefit yo

Yon Bèje, tablo Howard Lyon.