Vini, Suiv Mwen 2024
26 Out–1 Septanm: “Wòch Redanmtè Nou an.” Elaman 1-6.


26 Out–1 Septanm: ‘Wòch Redanmtè Nou an.‘ Elaman 1–6, ” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon (2024) (2023)

26 Out–1 Septanm Elaman 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz 2024 (2023)

Imaj
vag ki ap frape sou wòch

26 Out–1 Septanm: “Wòch Redanmtè Nou an”

Elaman 1-6.

Liv Elaman an rakonte alafwa triyonf ak trajedi pami Nefit yo ak Lamanit yo. Li kòmanse avèk “yon difikilte grav nan mitan pèp Nefit yo” (Elaman 1:1), epi difikilte yo kontinye vini pandan tout resi a. Ladan, nou li apwopo entrig politik, bann brigan, rejè pwofèt yo, ak ògèy ak enkwayans nan tout peyi a. Men, nou jwenn tou egzanp tankou Nefi ak Leyi ak “pati ki pi enb nan pèp la,” ki te nonsèlman siviv men ki te pwospere espirityèlman (Elaman 3:34). Kijan yo te fè sa? Kijan yo te reyisi rete fèm pandan ke sivilizasyon yo a te kòmanse degrengole e tonbe an miyèt? Menm fason nenpòt nan nou rete fèm nan “gwo siklòn” dyab la voye vin “frape [nou]”—nan bati lavi nou “sou wòch Redanmtè nou an, ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a, … yon fondasyon ki pa kapab tonbe si lèzòm bati sou li” (Elaman 5:12).

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Elaman 1-6.

Lògèy separe m de Lespri a ak fòs Bondye.

Pandan w ap li Elaman 1–6, ou ka remake yon modèl nan konpòtman Nefit yo. Lè yo jis, Bondye beni yo, e yo pwospere. Apre yon tan, yo vin ògeye ak mechan, yo fè chwa ki mennen yo nan destriksyon ak soufrans. Apresa, yo imilye tèt yo epi yo repanti, epi Bondye beni yo yon fwa ankò. Menm chema a repete tèt li si souvan ke gen kèk moun ki rele l “sik lògèy.”

Imaj
sèk ògèy la

“Sèk ògèy” la.

Chèche jwenn egzanp sou sèk sa a pandan w ap li Elaman 1–6. Men kèk kesyon pou ede w konprann chema sa a:

Gade tou “Chapit 18: Fè atansyon a Ògèy,” Enseignements des Présidents de L’Eglise: Ezra Taft Benson (2014), 229–40; “Oh j ai Besoin de Toi,” Cantiques, no. 53.

Elaman 3:24–35

Lafwa nan Kris la ranpli nanm mwen ak lajwa.

Nan Elaman 3, Mòmon te dekri yon tan rejwisans lè Legliz la te tèlman beni ke menm dirijan yo te sezi. Dapre sa w li nan vèsè 24–32yo, kisa w panse ki te mennen nan eta rejwisans sa a? Sepandan, se pa tout manm ki te kontinye nan lajwa. Remake diferans ki genyen ant moun yo dekri nan vèsè 33–35yo. Kisa w ka aprann nan eksperyans yo?

Chèche aplikasyon pèsonèl. Pwofèt Mòmon te itilize fraz “konsa nou wè” pou mete aksan sou verite enpòtan yo pandan li t ap abreje Liv Mòmon an. Pa egzanp, kisa li te vle nou wè nan Elaman 3:27–30? Pandan w ap etidye ekriti yo, ou ta ka pran yon poz detanzantan pou w fini fraz “e konsa nou wè” konsènan sa w te li a.

Elaman 5:6-7.

Mwen kapab onore non Sovè a.

Lekti Elaman 5:6–7 ka enspire ou pou konsidere non yo te ba ou yo, tankou non fanmi ou yo. Kisa pwomès sa yo vledi pou ou? Kijan w ka onore yo? Menm pi enpòtan, konsidere sa sa vledi pou pote non Sovè a (gade Mowoni 4:3). Kijan w onore non sakre sa a?

Elaman 5:12–52

Si mwen fè Jezikri vin fondasyon mwen, mwen pa ka tonbe.

Kisa sa vledi pou ou “bati fondasyon w” sou “wòch Redanmtè nou an”? (Elaman 5:12). Kijan ou te jwenn sekirite anba loraj lavi yo nan Jezikri? Pandan w ap li Elaman 5:12–52, idantifye kijan Nefi ak Leyi te beni paske lafwa yo te bati sou wòch Redanmtè yo a.

Gen kèk moun ki twouve li itil pou vizyalize sa y ap etidye. Pou dekri Elaman 5:12, ou ta ka bati yon ti estrikti sou diferan kalite fondasyon. Apresa, ou ta ka kreye yon “gwo siklòn” kote w ap itilize yon vantilatè pou w kreye van pou w voye dlo sou li. Ki ide sa ba ou sou bati fondasyon ou sou Jezikri? Ki lòt bagay ou aprann nan videyo a “Yon Ankraj Asire”? Medyatèk (Libreri) Levanjil la

Vèsè 50 mansyone “grandè prèv yo” ke Lamanit yo te resevwa. Lekti Elaman 5:12–52 ta ka pote nan espri ou prèv ke Bondye ba ou yo. Pa egzanp, petèt “yon chichòtman” de Sentespri a te fòtifye lafwa ou nan Sovè a (Elaman 5:30; gade tou Doktrin ak Alyans 88:66). Oubyen petèt ou te nan fènwa epi ou te kriye bay Bondye pou pi gwo lafwa (gade Elaman 5:40–47). Ki lòt eksperyans ki te ede w bati fondasyon w sou Jezikri?

Gade tou Russell M. Nelson, “Tanp lan ak Fondasyon Espirityèl Ou,” Lyawona, Nov. 2021, 93–96; Sean Douglas, “Fè fas a Siklòn Espirityèl Nou yo nan Kwè nan Kris la,” Lyawona, Nov. 2021, 109–11; Sijè Levanjil yo, “Lafwa nan Jezikri,” Bibliyotèk Levanjil la.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan Lyawona ak revi Pou Fòs Jèn yo.

Ide pou Anseye Timoun yo

Elaman 3:24, 33–34; 4:11–15

Pè Selès la vle pou m rete enb.

  • Konsidere envite pitit ou yo trase pwòp vèsyon yo nan “sik fyète a,” ki baze sou dyagram ki anwo a. Apresa, pandan n ap li ansanm Elaman 3:24, 33–34 ak 4:11–15, yo te kapab lonje dwèt sou pati nan sik la vèsè sa yo dekri. Kijan nou ka chwazi vin enb—epi rete konsa?

Elaman 5:12

M ap bati fondasyon m sou Jezikri.

  • Konsidere itilize yon foto yon tanp pou kòmanse yon konvèsasyon konsènan rezon bilding yo bezwen fondasyon solid. Oubyen ou ta ka gade fondasyon lakay ou oswa bilding Legliz la. Pou mete aksan sou fòs yon fondasyon solod tankou wòch, pitit ou yo te kapab eseye deplase yon wòch nan soufle sou li. Pandan n ap li ansanm Elaman 5:12, mande timoun yo poukisa yo panse Jezikri se “yon fondasyon asire” pou lavi nou. Kijan nou ka bati lavi nou sou Li? (gade Elaman 3:27–29, 35 ak Atik Lafwa 1:4).

  • Envite pitit ou yo pou itilize blòk oswa lòt materyo pou bati yon gwo pilòn sou diferan kalite fondasyon (tankou voye boul koton oswa yon wòch plat). Kouman fondasyon solid la tankou Jezikri? Yo te kapab ajoute yon blòk nan estrikti a pou chak lide yo pataje sou sa yo ka fè pou swiv Li.

Elaman 5:21–52

Sentespri a chichote avèk yon ti vwa dous.

  • Vwa a yo dekri nan Elaman 5:29–30, 45–47 ede nou konprann yon fason Sentespri a pale avèk nou. Pou ede pitit ou konprann verite sa a, panse pou w li “Chapit 37: Nefi ak Leyi nan Prizon” (Istwa Liv Mòmon yo, 99–102). Lè w ap pale de vwa moun yo te tande a, pale avèk yon ti vwa dous. Repete istwa a plizyè fwa, epi envite timoun yo pou yo chichote avèk ou. Ede yo panse a lòt fason Sentespri ka pale avèk nou. Pou ranfòse prensip sa a, ou ka chante ansanm “The Still Small Voice” (Children’s Songbook, 106–7).

Elaman 5:20–52

Repantans ranplase tenèb espirityèl ak limyè.

  • Pou mete aksan sou sa Elaman 5:20–41 anseye konsènan fènwa ak limyè, eseye li oswa rezime vèsè sa yo nan fènwa a, lè l sèvi avèk jis yon flach pou limyè. Pitit ou yo te ka koute sa moun yo te bezwen fè pou yo t ap retire fènwa a. Apresa, limen limyè yo, epi li vèsè 42–48 ansanm. Kisa vèsè sa yo anseye nou konsènan repantans?

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a pou revi Zanmi an.

Imaj
Nefi ak Leyi nan prizon

Menm nan prizon, Nefi ak Leyi te jwenn pwoteksyon pa pouvwa Bondye.

© Liv Mòmon an pou Jèn Lèktè yo, Nefi ak Leyi Ansèkle pa yon Kolòn Dife, pa Briana Shawcroft; pa kapab kopye