Vini, Suiv Mwen 2024
16–22 Septanm: “Leve Tèt Ou epi Fè Kè W Kontan.” 3 Nefi 1–7


“16–22 Septanm: ‘Leve Tèt Ou e Fè Kè W Kontan.’ 3 Nefi 1–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Fwaye ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2023)

“16–22 Septanm. 3 Nefi 1–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Fwaye ak Legliz: 2024 (2023)

Imaj
Nefit yo temwen jounen san nuit lan

Yon Jou, Yon Nuit, epi Yon Jou, pa Jorge Cocco

16–22 Septanm: “Leve Tèt Ou e Fè Kè W Kontan”

3 Nefi 1–7

Nan yon sans, se te yon epòk trè eksitan pou yon moun ki te kwè nan Jezikri. Pwofesi t ap akonpli—gwo siy ak mirak pami pèp la te endike ke Sovè a t apral fèt avan lontan. Yon lòt bò, se te yon moman kè sote tou pou kwayan yo paske, malgre tout mirak yo, enkwayan yo te ensiste pou di ke “tan“ pou Sovè a te fèt la “te pase” (3 Nefi 1:5). Moun sa yo te lakoz “yon gwo soulèvman nan tout peyi a” (3 Nefi 1:7) e yo te menm fikse yon dat pou yo te touye tout kwayan yo si siy Samyèl, Lamanit la, te pwofetize a—yon nuit san fènwa—pa t rive.

Nan sikonstans difisil sa yo, pwofèt Nefi te “kriye fò nan pye Bondye l la pou pèp li a” (3 Nefi 1:11). Repons Senyè a ankourajan pou tout moun ki ap fè fas a pèsekisyon oswa dout e ki bezwen konnen ke limyè ap toujou venk fènwa: “Leve Tèt Ou epi Fè Kè w Kontan; … M ap akonpli tout sa m te fè bouch pwofèt sen mwen yo pale yo” (3 Nefi 1:13).

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

3 Nefi 1–7

Vin konvèti nan levanjil Jezikri a mande pasyans ak efò.

3 Nefi 1–7 dekri moun ki te konvèti nan Senyè a ak moun ki pa t konvèti. Kisa ki te fè diferans ant gwoup sa yo? Yon tablo tankou sa k pi ba la a ta ka ede w òganize panse w yo:

Bagay ki febli konvèsyon

Bagay ki ranfòse konvèsyon

3 Nefi 1:5–11

Pa kwè pawòl pwofèt la ak moke moun ki jis

Gen lafwa nan pawòl pwofèt la epi priye pou w ka jwenn èd

3 Nefi 1:29–30

3 Nefi 2:1–3

3 Nefi 3:12–16

3 Nefi 4:8–10, 30–33

3 Nefi 6:13–18

3 Nefi 7:15–22

Poze kesyon pèsonèl pandan w ap etidye a. Pa egzanp, pandan w ap ranpli tablo sa a, ou ta ka poze kesyon tankou “Ki leson pou m tire la a?” Sa ap pote enspirasyon ki soti nan Sentespri a.

3 Nefi 1:1–23

Akozde Jezikri, mwen ka “gen kè kontan.”

Papa nou ki nan Syèl la konnen lavi nou ap gen ladan moman ki difisil, menm efreyan. Men, Li vle tou pou nou fè ekperyans lajwa. Li 3 Nefi 1:1–23 pou aprann bagay konsènan rezon ki fè Nefit fidèl yo te oblije pè. Ki rezon Senyè a te ba yo pou yo “gen kè kontan”?

Sovè a te itilize ekspresyon “fè kè w kontan” an nan plizyè okazyon—pa egzanp, nan Matye 14:24–27; Jan 16:33; Doktrin ak Alyans 61:36; 78:17–19. Kisa ki enpresyone w nan envitasyon sa yo? Ou ta kapab li vèsè ki antoure yo pou konprann sikonstans Sovè a te di pawòl sa yo. Nan chak ka, ki rezon Li te bay pou ede moun yo fè afwonte laperèz yo? Kijan li te fè sa pou ou?

Anvizaje etidye diskou Prezidan Russell M. Nelson an “Lajwa ak Sivi Espirityèl” (Lyawona, Nov. 2016, 81–84). Kisa Prezidan Nelson anseye w sou jwenn lajwa nan nenpòt sitiyasyon? Remake konbyen fwa Prezidan Nelson itilize mo fokis la. Petèt ou ta ka konpare fokis yon kamera oswa lòt lantiy ak fokis sou Jezikri. Kijan ou pral fokis sou Li plis?

Gade tou “Chagren,” “Espwa,” “Sante Mantal,” oswa lòt sijè nan seksyon “Ed pou Lavi” nan bibliyotèk Levanjil la.

3 Nefi 1:4–21; 5:1–3

Senyè a ap akonpli tout pawòl Li yo nan tan pa L.

Li 3 Nefi 1:4–7 epi reflechi sou jan ou ta kapab santi w si w te youn nan kwayan yo. Kisa yo te fè pou yo kenbe lafwa yo solid? (gade nan 3 Nefi 1:4–21 ak 5:1–3). Kijan pawòl Samyèl te di yo te reyalize? (gade nan 3 Nefi 1:19–21). Kijan Senyè a akonpli pawòl Li yo nan lavi w?

3 Nefi 1:4–15; 5:12–26; 6:10–15; 7:15–26

Mwen se yon disip Jezikri.

Mòmon te deklare: “Gade, m se yon disip Jezikri” (3 Nefi 5:13). Kisa deklarasyon sa a vle di pou ou? Anvizaje chèche nan 3 Nefi 1:4–15; 5:12–26; 6:10–15; ak 7:15–26, pou jwenn kalite, kwayans ak aksyon disip Kris la.

Gade tou nan “Jésus-Christ est mon Modèle,” Chant pour les Enfants, 40.

3 Nefi 2:11–12; 3:1–26

Lè m egzèse lafwa nan Jezikri, m pa bezwen pè.

Eksperyans Nefit yo avèk bann vòlè yo ka gen leson ki ka ede w nan danje espirityèl w ap rankontre yo. Chèche leson sa yo nan 3 Nefi 2:11–12 ak 3:1–26 Pa egzanp, ou ta ka chèche pawòlGidyani yo nan 3 Nefi 3:2–10 epi konpare yo avèk fason Satan ka eseye twonpe w. Kisa w aprann nan egzanp Lakoniyis la?

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a pou magazin Lyawona ak Pou Fòs Jèn yo yo.

Ide pou Anseye Timoun yo

3 Nefi 1:4 -15, 19–21

Yon nouvo etwal te parèt lè Jezikri te fèt.

  • Paj aktivite semèn sa a ka ede timoun ou yo aprann konnen mirak Nefit yo te temwen lè Jezi te fèt. Nou ka itilize tou “Chapit 41: Siy Nesans Kris la” (Istwa Liv Mòmon an, 114–16) pou anseye yo istwa sa a—oswa pou ede yo rakonte w li.

3 Nephi 1:4–21

Pawòl pwofèt yo toujou akonpli.

  • Pandan oumenm ak timoun ou yo ap li 3 Nefi 1:4–10, envite yo pou yo pale sou fason lyo ta ka santi yo kòm youn nan kwayan k ap viv nan moman sa a. Apre sa, pandan y ap li rès istwa a nan vèsè 11–15, yo te kapab sigjere fason pou konplete fraz sa a: “Leson istwa sa a pou mwen se …”

  • Petèt timoun ou yo ka ede w reflechi sou lòt fwa lè Bondye te akonpli pwomès Li te bay atravè pwofèt Li a. Yo ta ka renmen jwenn foto pou istwa sa yo nan Liv Atistik Levanjil la (gade, pa egzanp, nos 7–8 ak 81). Kite yo pataje sa yo konnen sou istwa sa yo, ki enkli fason pwomès Bondye yo te akonpli. Li ansanm 3 Nefi 1:20, epi pataje pwòp temwayaj pa w sou verite sa yo.

3 Nefi 2:11–12; 3:13–14, 24–26

Nou pi djanm lè nou reyini ansanm.

  • Ede timoun ou yo dekouvri poukisa Nefit yo te rasanble ansanm ak benediksyon ki te vin jwenn yo nan 3 Nefi 2:11–12 ak 3:13–14, 24–26. Poukisa li enpòtan pou nou rasanble jodi a nan fanmi nou ak nan legliz la?

  • Eske w konnen yon leson opratik ki anseye konsènan fòs inite a? Petèt pitit ou yo ta ka eseye kase yon tibwa epi apre sa yon pake tibwa mare ansanm oubyen chire yon moso papye epi apre sa pou yo eseye chire yon lo fèy papye. Kijan nou tankou tibwa a oubyen papye yo?

3 Nefi 5:12–26; 6:14; 07:15–26

Mwen se yon disip Jezikri.

  • Apre nou li 3 Nefi 5:13ansanm, envite pitit ou yo pou yo repete fraz “Mwen se yon disip Jezikri.”. Pou aprann kisa sa vle di pou yon disip Jezikri, li ansanm kèk nan egzanp sa yo: Lamanit konvèti yo (gade 3 Nefi 6:14), Mòmon (gade 3 Nefi 5:12–26), ak Nefi (gade 3 Nefi 7:15–26). Ou ta ka jwenn lide tou nan yon chante tankou “Jesus-Christ est mon Modèle” (Chants pour les Enfants, 40).

  • Sou yon moso papye, timoun ou yo ou yo trase men yo epi koupe sa yo trase a. Ekri “Mwen se yon disip Jezikri” sou yon bò, epi envite yo pou yo desine yon bagay yo ka fè pou yo vin yon disip sou lòtbò a.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a pou revi Zanmi an.

Imaj
Nefit yo temwen jounen san nuit lan

Yon jou, yon Nuit, ak yon Jou, pa Walter Rane