Vini, Suiv Mwen 2024
30 Septanm–6 Oktòb: “Mwen Se Lalwa a, ak Limyè a.” 3 Nefi 12–16


“30 Septanm–6 Oktòb: ‘Mwen Se Lalwa a, ak Limyè a.’ 3 Nefi 12–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmona 2024 (2023)

“30 Septanm–6 Oktòb. 3 Nefi 12–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2023)

Imaj
Jezi ki ap montre Douz Apot yo

Twazyèm Nefi: Douz Sa yo Mwen Chwazi a, pa Gary L. Kapp

30 Septanm–6 Oktòb. 3 Nefi 12–16: “Mwen se Lalwa a, ak Limyè a”

3 Nefi 12–16

Menm jan avèk disip Jezi yo ki te rasanble pou tande Diskou a sou Mòn nan Galile a, moun ki te rasanble nan tanp peyi Abondans lan t ap viv dapre lwa Moyiz la. Yo te suiv li paske li te dirije nanm yo sou Kris la (gade Jakòb 4:5), epi kounyeya, Kris te kanpe devan yo, ap deklare yon lwa ki pi elve. Men, menm sila yo pami noumenm ki pa t janm viv lwa Moyiz la nou ka rekonèt ke prensip Jezi tabli pou disip Li yo se youn ki elve. Li te deklare: “M ta vle pou nou vin pafè,” (3 Nefi 12:48). Si sa fè w santi w pa alawotè, sonje ke Jezi te di tou: “Benediksyon pou moun ki pòv nan lespri ki vin jwenn mwen, paske wayòm syèl la se pou yo” (3 Nefi 12:3). Lwa ki pi elve sa a se yon envitasyon—yon lòt fason pou l di “Vin jwenn mwen pou nou ka sove” (3 Nefi 12:20). Menm jan avèk lwa Moyiz la, lwa sa a dirije nou sou Kris—sèl Moun ki ka sove ak pèfeksyone nou. Li te di: “Gade, m se lalwa a, ak limyè a. Leve tèt gade m, epi pèsevere jiska lafen, epi n ap viv” (3 Nefi 15:9).

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

3 Nefi 12–14

Imaj
senbòl seminè
Mwen ka yon vrè disip pou Jezikri.

Men yon fason pou w etidye ak aplike sa Sovè a anseye yo nan 3 Nefi 12–14: Chwazi yon gwoup vèsè epi gade si w ka rezime yo nan yon sèl fraz ki kòmanse avèk “Vrè disip Jezikri yo …” Pa egzanp, yon rezime sou 3 Nefi 14:1–5 ta kapab se “Vrè disip Jezikri yo pa chèche louwanj piblik pou bbyen yo fè.” Eseye l avèk pasaj sa yo:

Apre w fin li vèsè sa yo, kisa w santi w enspire pou w fè pou w ka suiv Jezikri?

Kòmandman an nan 3 Nefi 12:48 ka sanble akablan—menm enposib. Kisa ou aprann apati mesaj Èldè Jeffrey R. Holland nan “Se Pou Nou Pafè—Alafen” (Lyawona, Nov. 2017, 40–42) ki ede ou konprann pawòl Sovè a ki nan vèsè sa a? Dapre Mowoni 10:32–33, kisa ki rann li posib pou n pafè tankou Sovè a?

Gade tou Dallin H. Oaks, “The Challenge to Become,” Ensign, Nov. 2000, 32–34; Sijè Levanjil yo, “Vin Tankou Jezikri,” Bibliyotèk Levanjil la; “Seigneur, Je te Suivrai,” Cantiques, no. 141; “Jesus Christ Teaches How to Live the Higher Law” (videyo), Libreri Levanjil la.

Itilize leson objè. Sovè a te anseye verite pwofon kote l te fè referans a objè familye. Ou ta ka fè yon bagay menm jan an pandan w ap etidye oswa anseye sou 3 Nefi 12. Gade oswa kenbe yon ti sèl, yon balèn, oswa yon manto ka amelyore yon diskisyon sou verite etènèl Sovè a anseye yo.

3 Nefi 12:1–215:23–2416:1–6

Benediksyon pou moun ki kwè san yo pa wè.

Pa gen anpil nan pitit Bondye yo ki te wè Sovè a e ki tande vwa Li, jan moun peyi Abondans yo te fè sa. Pifò nan nou plis tankou moun yo dekri nan 3 Nefi 12:2; 15:23; ak 16:4–6. Ki pwomès yo te fè moun sa yo nan vèsè sa yo? Èske pwomès sa yo te akonpli nan lavi w?

Gade tou Jan 20:26–29; 2 Nefi 26:12–13; Alma 32:16–18.

3 Nefi 12:21–30; 13:1–8, 16–18; 14:21–23

Mwen kapab fè efò pou m pirifye dezi kè m.

Youn nan tèm nou ka remake nan chapit sa yo se envitasyon Sovè a pou nou viv yon lwa siperyè—pou nou dwat non sèlman nan aksyon nou yo men tou nan kè nou. Chèche tèm sa a lè Sovè a pale de chirepit (3 Nefi 12:21–26), imoralite (3 Nefi 12:27–30), lapriyè (3 Nefi 13:5–8), ak jèn nan (3 Nefi 13:16–18). Ki lòt egzanp ou ka jwenn? Kisa w ka fè pou w pirifye dezi nan kè w yo?

3 Nephi 14:7–11

Papa nou ki nan Syèl la ap ban m bon bagay lè m mande, chèche, ak frape.

Pandan w ap li envitasyon Senyè a nan 3 Nefi 14:7–11 pou mande, chèche, ak frape, medite sou ki “bon bagay” Li ta vle w mande. Ekriti adisyonèl sa yo ka ede w konprann kijan pou w mande, chèche, ak frape. Yo gendwa ede eksplike poukisa kèk priyè pa jwenn repons nan fason ou t ap atann nan tou: Ezayi 55:8–9; Elaman 10:5; Mowoni 7:26–27, 33, 37; ak Doktrin ak Alyans 9:7–9; 88:64. Ki efè pasaj sa yo ka gen sou fason w mande, chèche, ak frape?

Gade tou Milton Camargo, “Mande, Chèche, epi Frape,” Lyawona, Nov. 2020, 106–8.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a pou revi Lyawona ak Pou Fòs Jèn yo.

Ide pou Anseye Timoun yo

3 Nefi 12:14–16

Mwen ka yon bon egzanp nan suiv Jezi.

  • Pafwa timoun yo ta kapab pa reyalize konbyen egzanp yo ka beni lòt moun. Itilize 3 Nefi 12:14–16 pou ankouraje yo pou yo kite limyè yo briye. Pa egzanp, lè w ap li “ou” or “ou”nan vèsè sa yo, mande pitit ou yo pou l lonje dwèt sou tèt yo. Pale timoun yo konsènan limyè ou wè nan yo lè yo suiv Jezikri ak kijan sa enspire ou pou nou suiv Li tou. Chante yon chan ki ankouraje timoun yo pou yo briye kòm yon limyè, tankou “Vois l étoile au ciel” (Chants pour les enfants,, 84).

  • Pou ankouraje pitit ou yo pou yo pa kache limyè yo (gade 3 Nefi 12:15), kite yo youn apre lòt kache oswa kouvri yon lanp oswa lòt limyè. Yo ta kapab dekouvri limyè a chak fwa yo site non yon bagay yo ka fè pou yo vin yon bon egzanp pou lòt moun.

3 Nefi 13:19–21

“Ranmase trezò pou tèt nou trezò nan syèl la.”

  • Lekti vèsè sa yo ka ankouraje yon diskisyon konsènan bagay nou valorize yo. Petèt ou ka mennen pitit ou sou yon lachas trezò pou w jwenn bagay ki fè yo sonje trezò ki gen valè etènèl.

3 Nephi 14:7–11

Papa nou ki nan Syèl la reponn priyè m yo.

  • Pandan w ap li 3 Nefi 14:7, timoun yo ka fè kèk jès ki reprezante chak nan envitasyon Sovè a nan vèsè sa a. Pa egzanp, yo ta kapab leve men yo (mande), fè men yo tankou longvi (chèche), oubyen fè tankou y ap frape yon pòt (frape). Ede timoun yo panse a kèk bagay yo ka di ak mande nan priyè yo.

  • Timoun ou yo ta gendwa renmen yon jwèt kote yo mande yon bagay epi resevwa yon bagay antyèman diferan. Nan 3 Nefi 14:7–11, kisa Sovè a te vle nou konnen sou Papa nou ki nan Syèl la?

3 Nefi 14:21–27; 15:1

Sovè a vle m tande ak fè sa Li anseye.

  • Panse a fason ou ta kapab ede fanmi w vizyalize parabòl la nan vèsè sa yo. Petèt yo ta kapab desine imaj, fè aksyon, oubyen konstwi kèk bagay sou fondasyon solid ak sou fondasyon sab. Yo ta ka tou ranplase non yon pou “nonm saj la” lè yo li 3 Nefi 14:24–27 oswa chante “Le Sage et le Fou” (Chants pour les Enfants, 132). Oubyen yo te ka kanpe chak fwa yo tande mo “fè” a nan 3 Nefi 14:21–27 ak 15:1.

  • Men yon leson pratik ou ta ka eseye: mande pitit ou yo pou yo imajine ke youn nan janm yo reprezante tande pawòl Sovè a ak lòt la reprezante fè sa Sovè a te anseye. Envite timoun ou yo pou eseye pran ekilib sèl,man sou janm “tande” a. Kisa ki tap rive si yon van vyolan ta soufle nan sal la? Apresa, oumenm ak pitit [timoiun] ou yo te kapab chèche bagay espesifik Sovè a te anseye nou pou nou fè: gade 3 Nefi 12:3–12, 21–26; 13:5–8.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a pou revi Zanmi an.

Imaj
Jezi ap anseye Nefit yo

Vizit Sovè a kot Moun nan Amerik yo, tablo Glen S. Hopkinson