Vini, Suiv Mwen 2024
7–13 Oktòb: “Gade, Mwen Chaje ak Lajwa.” 3 Nefi 17–19


“7–13 Oktòb: ‘Gade, Mwen Chaje ak Lajwa.‘ 3 Nefi 17–19,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2023)

“7–13 Oktòb. 3 Nefi 17–19,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2023)

Imaj
Kris la parèt devan Nefit yo

Limyè Vizaj Li Te Briye sou Yo, pa Gary L. Kapp

7–13 Oktòb: “Gade, Mwen Chaje ak Lajwa.”

3 Nefi 17–19

Jezikri te fèk fin pase jounen an ap sèvi nan peyi Abondans lan, ap anseye levanjil Li a, ap bay pèp la yon chans pou yo wè ak touche mak klou yo nan kò resisite Li, epi ap temwaye ke Li sete Sovè yo te pwomèt yo a. Kounyea, li te lè pou l t ale. “Lè m prèske rive,” Li te di (3 Nefi 17:1). Li te gen pou l te retounen al jwenn Papa Li, epi Li te konnen ke moun yo te bezwen tan pou yo te medite sou sa Li te anseye yo. Konsa, avèk pwomès pou L te retounen nan demen, Li te voye di foul moun yo retounen lakay yo. Men pèsonn pa t ale. Yo pa t di sa yo te santi, men Jezi te ka santi li: yo te espere ke Li t ap “rete yon ti jan pi lontan avèk yo” (3 Nefi 17:5). Li te gen lòt bagay enpòtan pou L te fè, men Li te montre ke kè sansib pou pitit Bondye yo se toujou yon gwo priyorite pou Li. Konsa, Jezi te rete yon ti tan ankò. Sa k te suiv la sete petèt moman sèvis pi touchan ki anrejistre nan ekriti yo. Moun ki te la yo te ka sèlman di ke l te endeskriptib (gade 3 Nefi 17:16–17). Jezi limenm te rezime devèsman spirityèl sanzatann sa a nan pawòl sa yo: “Kounyeya, gade, lajwa mwen total (3 Nefi 17:20.

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

3 Nefi 17; 18:24–25, 30–32

Sovè a se egzanp pafè mwen sou sèvis.

Anviwon 2.500 moun te la lè Sovè a te parèt, men li te jwenn yon fason pou L te sèvi yo youn pa youn. Kisa ou remake sou fason Li te sèvi nan 3 Nefi 17; 18:24–25, 28–32? Ki bezwen Li te satisfè? Ki kalite ki te fè sèvis Li efikas? Ou ta ka panse sou fason Li sèvi w tou. Kijan w ka suiv egzanp Li? (Gade tou 3 Nefi 18:24–25 ak 28–32.)

Gade tou “Jezikri Gen Konpasyon epi Li Geri Pèp la” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

3 Nefi 17:13–22; 18:15–25; 19:6–9, 15–36

Sovè a te anseye m kijan pou m priye.

Imajine kisa sa t ap sanble pou w te tande Sovè a ap priye pou ou. Ki efè eksperyans sa a t ap gen sou fason w ap priye? Reflechi sou sa pandan w ap etidye 3 Nefi 17:13–22; 18:15–25; ak 19:6–9, 15–36. Ki sa w aprann nan egzanp Jezi Kris ak ansèyman sou lapriyè? Panse pou w chèche ide sou ki fason, ki lè, ki kote, pou ki moun, ak poukisa pou w priye. Ki lòt ide ou jwenn nan vèsè sa yo?

Gade tou Doktrin ak Alyans 6:5.

3 Nefi 18:1–12

Imaj
senbòl seminè
Mwen ka ranpli ak Lespri a lè ma p pran sentsèn.

Lè nou fè yon bagay souvan, li ka vin tounen woutin oswa ensousyan. Pafwa nou konn fè li san nou pa menm panse. Kijan w ka anpeche sa rive w avèk òdonans Sentsèn chak semèn nan? Pandan w ap li 3 Nefi 18:1–12, reflechi sou fason ou ka “ranpli” chak fwa ou pran sentsèn nan (gade tou 3 Nefi 20:1–9). Dapre vèsè 5—7, 11, ki kèk bagay ou ta dwe “toujou” fè? Ou kapab reflechi sou poukisa Jezi te ban nou òdonans sentsèn nan tou—ak si sentsèn nan ap akonpli objektif li nan lavi ou. Poukisa li sakre pou ou?

Nan mesaj li a “Toujou Sonje Li” a (Liahona, Fev. 2018, 4–6), Prezidan Henry B. Eyring te bay “twa sijesyon sou sa ou ta ka sonje chak semèn lè w ap pran anblèm sakre sentsèn yo.” Kisa ki atire atansyon w nan sijesyon l yo? Ki sa w ka fè pou w amelyore adorasyon w pandan Sentsèn nan ak pandan tout semèn nan?

Ki lòt bagay ou ka fè pou w adore L avèk plis siyifikasyon? Ou ta ka poze tèt ou kesyon tankou: “Kijan sakrifis Sovè a enfliyanse lavi chak jou mwen an?” “Kisa m ap fè byen antanke disip Li, e kisa m ka amelyore?”

Gade tou Matye 26:26–28; Jeffrey R. Holland, “Men Ti Mouton Bondye a,” Liahona, Me 2019, 44–46; “As Now We Take the Sacrament,” Hymns, no. 169; “Jezikri entwodui Sentsèn nan” (videyo), Biblyotèk Levanjil la; Sijè Levanjil yo, “Sentsèn,” Biblyotèk Levanjil la.

Pran tan pou medite. Pafwa, etidye ekriti yo vin tounen yon melanj lekti, priyè, ak meditasyon. Lè w pran tan trankil pou w panse epi pale avèk Bondye sou sa w ap aprann nan, ou ka ogmante pouvwa pawòl Li a nan lavi ou.

3 Nefi 18:22–25

Mwen ka “leve” limyè Jezikri a anlè.

Ann sipoze ke w te gen yon zanmi ki pa t konn anyen sou Jezikri eksepte ke w se youn nan disip Li yo. Ki konklizyon sa zanmi w lan t ap tire de Li, baze sou aksyon ou? Kisa sa vle di pou nou “leve limyè nou anlè pou l kapab klere mond lan? (3 Nefi 18:24). Ki lòt envitasyon Sovè a te bay nan 3 Nefi 18:22–25 ki ede w kenbe limyè sa a?

Gade tou Bonnie H. Cordon, “Pou Yo Ka Wè,” Liahona, Me 2020, 78–80.

3 Nefi 18:36–37; 19:6–22

Disip Jezikri yo chèche don Sentespri a.

Panse sou priyè pèsonèl ou te fè resamman. Kisa priyè w yo anseye w sou dezi ki pi pwofon w yo? Apre yo te fin pase yon jounen nan prezans Sovè a, miltitid la “te priye pou sa yo te dezire pi plis la”—don Sentespri a (3 Nefi 19:9). Poukisa don Sentespri a enpòtan konsa? Pandan w ap li pasaj sa yo, medite sou pwòp dezi pa w pou w gen konpayi Sentespri a. Kijan w ka sensèman chèche konpayi sa a?

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a pou Liahona ak Pou Fòs Jèn yo .

Ide pou Anseye Timoun yo

3 Nefi 17:7, 20–25

Sovè a renmen chak pitit Pè Selès la.

  • Ou ta ka itilize yon foto tankou sa ki nan plan leson sa a oswa videyo “Jezikri priye epi Zanj Sèvi Timoun yo” (Bibliyotèk Levanjil la) pou ede pitit ou yo vizyalize istwa a ki nan 3 Nefi 17la. Panse pou w li fraz oswa vèsè nan 3 Nefi 17 la ki mete aksan sou lanmou Sovè a pou pèp la (tankou vèsè 7 ak 20–25). Envite timoun yo pou yo desine yomenm ak Jezikri. Pandan y ap fè sa, ede yo panse a kèk fason Jezi montre lanmou Li pou yo.

Imaj
Jezi ki ap beni timoun yo

Gade Timoun Piti Nou yo, pa Gary L. Kapp

3 Nefi 18:1–12

Mwen ka panse a Jezi lè m ap pran sentsèn.

  • Mande timoun yo pou yo di w sa k ap pase pandan sentsèn nan. Apresa, ou ta ka li 3 Nefi 18:1–12 epi mande yo pou yo leve yon men anlè lè yo tande yon bagay ki sanble avèk sa nou fè jodia. Kisa Jezikri vle nou sonje oubyen panse sou li pandan sentsèn nan? (gade nan 3 Nefi 18:7, 11).

3 Nefi 18:15–24; 19:6–9, 15–36

Jezi anseye m kijan pou m priye.

  • Chante ansanm yon chan sou lapriyè, tankou “La prière d un enfant” (Chants pour les enfants, 12–13), se yon bon fason pou ede pitit ou yo panse sou rezon ki fè nou priye. Apresa, oumenm ak pitit ou yo te kapab li 3 Nefi 18:18–21 epi pale sou sa Jezi te anseye apwopo lapriyè. Envite pitit ou yo pou yo di w kijan yo santi ke lè yo priye sa ka ede yo pataje temwayaj yo konsènan lapriyè.

  • Li ka amizan pou timoun yo eseye chèche wè kèk nan benediksyon lapriyè yo pi renmen yo. Ou ta ka ekri referans ekriti sa yo sou moso papye epi kache yo: 3 Nefi 18:15; 3 Nefi 18:20; 3 Nefi 18:21; 3 Nefi 19:9; ak 3 Nefi 19:23. Apresa, pitit ou yo te kapab jwenn papye yo epi li vèsè yo, pandan y ap chèche bagay Jezikri oswa disip Li yo te anseye sou lapriyè.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a pou revi Zanmi an.

Imaj
zanj ki antoure Jezi ak timoun Nefit yo

Zanj yo Te Sèvi Yo, tablo Walter Rane