Vini, Suiv Mwen 2024
14–20 Oktòb :“Nou Se Pitit Alyans la” 3 Nefi 20–26


14–20 Oktòb :“Nou Se Pitit Alyans la” 3 Nefi 20–26,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2023)

“14–20 Oktòb. 3 Nefi 20–26,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2023)

Imaj
Kris la ki parèt devan Nefit yo

Illustration of Christ appearing to the Nephites (Ilistrasyon Kris la ki parèt devan Nefit yo) pa Andrew Bosley

14–20 Oktòb : “Nou Se Pitit Alyans la”

3 Nefi 20–26

Lè w tande moun ap itilize tèm tankou kay Izrayèlla, èske w santi se de oumenm y ap pale? Nefit ak Lamanit yo sete desandan literal Izrayèl, “yon branch nan pyebwa Izrayèl la,” epoutan yo te santi yo te “separe nan kò li” (Alma 26:36; gade tou 1 Nefi 15:12). Men Sovè a te vle yo konnen ke yo pa t pèdi pou Li. Li te di yo: “Nou konte pami kay Izrayèl la,” “epi nou konte nan alyans lan” (3 Nefi 20:25 Li gen dwa di w yon bagay menmjan an tou jodi a, paske nenpòt moun ki batize epi ki fè alyans avèk Li fè pati kay Izrayèl la tou,” “alyans lan.” Lòt fason nou ka di sa sè ke, lè Jezi ap pale de kay Izrayèl la, se de nou L ap pale. Enstriksyon pou beni “tout pèp sou tè a” se pou nou (3 Nefi 20:27). Envitasyon pou “reveye ankò, epi pran fòs” la se pou nou (3 Nefi 20:36). Epi pwomès presye L la ki di: “Jantiyès mwen p ap kite ou, mwen p ap retire alyans lapè m nan nonplis,” la se pou nou (3 Nefi 22:10).

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz

3 Nefi 20–22

Nan dènye jou yo, Bondye ap akonpli yon travay mèveye.

Nan 3 Nefi 20–22, Sovè a te pwofetize konsènan avni pèp alyans Li a (gade espesyalman 3 Nefi 20:30–32, 39–41; 21:9–11, 22–29). Pandan w ap li pwomès ak pwofesi sa yo, sonje sa Prezidan Russell M. Nelson te di a: “Nou pami pèp alyans Senyè a. Se privilèj pa nou pou nou patisipe pèsonèlman nan akonplisman pwomès sa yo. Ala yon bèl epòk pou moun viv!” (Rasanble Izrayèl Dispèse a,” Lyawona, Nov. 2006, 79). Kiyès nan pwofesi sa yo ki espesyalman enteresan pou ou? Kisa w ka fè pou w ede akonpli yo?

Chèche mo ak fraz enspire. Ou gen dwa jwenn kèk mo ak fraz nan ekriti yo ki enpresyone w, kòmsi se te pou ou espesyalman yo te ekri yo. Anvizaje pou w make yo nan ekriti w yo oubyen ekri yo nan yon jounal etid.

3 Nefi 2224

Bondye mizèrikòdye anvè moun ki retounen vin jwenn Li.

Nan 3 Nefi 22 ak 24, Sovè a site pawòl ki soti nan Ezayi ak Malachi ki plen imaj ak konparezon—chabon nan dife, ajan pirifye, maryaj, fenèt syèl yo (gade espesyalman 3 Nefi 22:7–8, 10–17; 24:10–12, 17–18). Kisa konparezon sa yo anseye ou sou relasyon Bondye avèk pèp li a —ak relasyon li avèk ou? Kijan pwomès nan chapit sa yo te akonpli nan lavi w oswa nan lavi fanmi w?

Gade tou “The Rafiner Fire (Dife Rafinè a)” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

3 Nefi 23:6–13

Ekri eksperyans espirityèl yo kapab beni fanmi mwen.

Kisa ki enpresyone w nan intèraksyon Sovè a avèk a Nefi nan 3 Nefi 23:6–13? Si Sovè a te gen pou l egzamine anal ou kenbe yo, ki kesyon li ta kapab poze ou? Ki evènman enpòtan oswa eksperyans espirityèl ou ta dwe ekri? Poukisa li enpòtan pou w fè sa? (gade 3 Nefi 26:2).

3 Nefi 23; 26:1–12

Sovè a vle pou nou sonde ekriti yo.

Pandan w ap li 3 Nefi 20:10–12; 23; 26:1–12, reflechi sou fason Sovè a santi l konsènan ekriti yo. Ki diferans ki genyen ant sonde ekriti yo ak senpleman li yo? (gade 3 Nefi 23:1).

3 Nefi 24:8–12

Imaj
senbòl seminè
Peye dim ouvri fenèt syèl yo.

Pèp Bondye a te toujou resevwa lòd pou l peye dim (gade Jenèz 14:17–20; Malachi 3:8–11). Pandan w ap etidye 3 Nefi 24:7–12a, reflechi sou rezon ki fè Bondye mande pèp li a pou peye dim. Kesyon sa yo ka gide etid ou a:

  • Kisa lwa dim nan ye? (Gade Gade Doktrin ak Alyans 119. “Enterè” nan revelasyon sa a vle di revni. Tout manm ki gen yon revni ta dwe peye dim.) Kijan dim diferan de lòt kalite don?

  • Pou ki bagay yo itilize dim? Ou ka jwenn yon lis pasyèl nan Sijè Levanjil yo, “”Dim/Ladim” (Bibliyotèk Levanjil la). Nan ki fason ou beni paske manm Legliz yo peye dim?

  • Ki benediksyon moun k ap viv lwa dim yo jwenn? Gade 3 Nefi 27:21–22). Ou ka jwenn kèk ki dekri nan mesaj Èldè David A. Bednar la “Fenèt Syèl yo.” (Liahona, 2013, 17–20). Chèche patikilyèmanbenediksyon ki pa nesesèman gen rapò avèk lajan yo. Kijan w wè menm benediksyon sa yo nan lavi ou?

Ou ka vle gade videyo “Jezi Ansenye sou Peni Vèv la” (Bibliyotèk Levanjil la), oswa li Mak 12:41–44. Kisa istwa sa a anseye ou?

3 Nefi 25:5–6

Senyè a te voye Eli pou vire kè m nan direksyon zansèt mwen yo.

Nan epòk pa nou an, kè nou “vire jwenn papa [nou] atravè tanp ak travay istwa familyal. Kijan sa te fèt pou ou? Pandan w ap li 3 Nefi 25:5–6 ak Doktrin ak Alyans 110:13–16la, reflechi sou rezon ki fè sa se yon pati enpòtan nan plan Bondye a.

Gade tou “Ensemble à tout jamais,” Chants pour les enfants, 98.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Liahona a ak Pou Fòs Jèn yo .

Ide pou Anseye Timoun yo

3 Nefi 23:1, 5

Mwen ka sonde ekriti yo avèk dilijans.

  • Enstriksyon Sovè a nan 3 Nefi 23 a montre kijan ekriti yo enpòtan pou Li. Pou ede pitit ou yo dekouvri sa, ou ka li 3 Nefi 23:1, 5 byen fò epi mande yo pou koute yon mo ki repete twa fwa. Nan ki sans sonde diferan de li sèlman?

  • Petèt ou menm ak pitit ou yo ka ekri vèsè yon ekriti prefere epi kache l. Apresa, youn apre lòt nou ka chache ekriti kache yo, li yo ansanm, epi pale sou rezon ki fè vèsè sa yo enpòtan.

3 Nefi 24:8–12

Peye dim ouvri fenèt syèl yo.

  • Ede pitit ou yo chèche 3 Nefi 24:8–12 pou jwenn fason pou fini fraz sa a: Si m peye dim, Senyè a ap …- Ou ka pataje yon eksperyans kote w te jwenn benediksyon paske w te peye dim ou. Si sa ka ede, panse ekri yon kantite lajan epi ede pitit ou yo kalkile konbyen dim (10 pousan) bay pou chak kantite lajan.

  • Paj aktivite semèn sa a ka ede pitit ou yo pale sou kèk nan fason Senyè a itilize dim pou beni manm Legliz li a. Petèt yo ka desine foto (oubyen chèche foto nan revi Legliz la) sou fason dim beni yo.

3 Nefi 25:5–6

Pè Selès la vle m aprann bagay ki konsène zansèt mwen yo.

  • Kijan w ap enspire pitit ou pou yo chèche epi aprann konnen zansèt yo? Ki jan w ka ankouraje pitit ou pou yo fè òdonans pou zansèt yo lè yo pi gran? Panse ede yo chèche nan 3 Nefi 25:5–6 pou yo ka jwenn yon bagay ki te gen pou rive nan dènye jou yo. Timoun ki pi piti yo ka mete men yo sou kè yo chak fwa yo tande mo “kè” a pandan w ap li vèsè sa yo. Ou kapab li tou sou fason pwofesi sa a te akonpli nan Doktrin ak Alyans 110:13–16 (gade tou Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 95). Di pitit ou yo nan ki fason kè w vire sou zansèt ou yo. Pa egzanp, ou ka pataje nenpòt eksperyans ou te aprann sou zansèt ou yo ak fè òdonans tanp pou yo.

  • Ede timoun ou yo ranpli yon ab jeneyalojik avèk non paran yo ak granparan yo. Ki istwa ou ta ka pataje sou youn nan zansèt ou yo? Montre yo foto si posib. Nou ka chante ansanm “Ensemble à tout jamais” (Chants pour les enfants, 188) epi pale avèk pitit ou yo sou rezon ki fè fanmi enpòtan nan plan Papa nou ki nan Syèl la.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Zanmi an.

Imaj
Jezi ki ap li anal Nefit yo avèk Nefi

Pote Rejis la, tablo Gary L. Kapp.