Vini, Suiv Mwen 2024
21–27 Oktòb: “Pa T Kapab Gen yon Pèp Ki Te Pi Kontan.” 3 Nefi 27–4 Nefi


“21–27 Oktòb: ‘Pa T Kapab Gen yon Pèp Ki Te Pi Kontan’ 3 Nefi 27–4 Nefi,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2023)

“21-27 Oktòb. 3 Nefi 27–4 Nefi,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2023)

Imaj
Jezi Resisite k ap anseye moun

21–27 Oktòb: “Pa T Kapab Gen yon Pèp Ki Te Pi Kontan”

3 Nefi 274 Nefi

Ansèyman Jezikri yo pi plis lontan pase yon bèl filozofi pou moun medite. Yo la pou enspire nou pou nou vin tankou Li. Liv 4 Nefi a montre egzakteman jis nan ki pwen levanjil Sovè a ka chanje moun. Apre brèf ministè Jezi a, plizyè syèk chirepit ant Nefit yo ak Lamanit yo te rive pran fen. De nasyon ki te repite pou dezakò ak ògèy yo te vin fè “youn, pitit Kris la” (4 Nefi 1:17), epi yo te kòmanse gen “tout bagay an komen nan mitan yo” (4 Nefi 1:3). “Lanmou Bondye … te abite nan kè pèp la,” epi “pa t kapab gen yon pèp ki pi kontan nan pami tout pèp Bondye te kreye avèk men li yo” (4 Nefi 1:15–16). Se konsa ansèyman Sovè a te chanje Nefit yo ak Lamanit yo. Kijan y ap chanje w?

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

3 Nefi 27:1–12

Legliz Jezikri a pote non L.

Lè disip Sovè a te kòmanse etabli Legliz Li a nan tout peyi a, te gen yon kesyon ki te soulve, ki, pou kèk moun, ta gen dwa sanble l san konsekans—kisa non Legliz la ta dwe ye? (gade nan 3 Nefi 27:1–3 Kisa w aprann konsènan enpòtans non sa a dapre repons Sovè a nan 3 Nefi 27:4–12?

Senyè a te revele non Legliz Li a jodi a nan Doktrin ak Alyans 115:4. Medite sou chak mo nan non sa a. Kijan mo sa yo ede nou konnen kiyès nou ye, kisa nou kwè, ak kijan nou ta dwe aji?

Gade tou Russell M. Nelson, “Non Kòrèk Legliz la,” Lyawona, Nov. 2018, 87–89; “Jezikri deklare non Legliz li a ak Doktrin li an” (videyo), Bibliyotèk Levanjil la.

3 Nefi 27:10–22

Legliz Jezikri a bati sou levanjil Li a.

Apre l te fin eksplike ke Legliz Li a dwe “bati sou levanjil [Li] a” (3 Nefi 27:1–12), Sovè a te dekri kisa levanjil Li a ye. Kijan w tap rezime sa l te di nan 3 Nefi 27:13–22? Dapre definisyon sa a, kisa sa vle di pou Legliz la — epi pou ou—pou l bati sou levanjil Li a?

Ekri sa w ap aprann yo. Remake kisa Sovè a te anseye disip Li yo nan 3 Nefi 27:23–26. Poukisa li enpòtan pou nou gen yon rejis sou eksperyans espirityèl yo? Kisa ou santi ou enspire pou w ekri pandan w t ap etidye ministè Sovè a nan 3 Nefi a?

3 Nefi 128:1–11

“Kisa w vle?”

Kisa w tap di si Sovè a te mande w, jan Li te mande disip Li yo: “Kisa w vle nan men mwen?” (3 Nefi 28:1). Reflechi sou sa a pandan w ap li 2 Nefi 28:1–11. Kisa w aprann konsènan dezi kè disip yo nan repons yo pou kesyon L lan? Kijan dezi w yo ap chanje pandan w ap viv levanjil Jezikri a?

Souvan kantik eksprime dezi sensè—“Ah, donne-moi Père” se yon bon egzanp (Cantiques, no. 70). Chèche jwenn yon kantik ki reflete dezi w yo.

2 Nefi 29–30

Liv Mòmon an se yon siy ki montre ke travay Bondye a nan dènye jou yo ap akonpli.

Reflechi sou siy ki fè w konnen yon bagay ap rive. Pa egzanp, ki jan w fè konnen lapli ap vini oswa sezon yo ap chanje? Dapre 3 Nefi 29:1–3, kijan w fè konnen travay Bondye pou rasanble pèp Li a “deja kòmanse akonpli”? (gade tou nan 3 Nefi 21:1–7). Ou ta kapab remake tou, nan 3 Nefi 29:4–9, bagay moun yo tap nye nan epòk pa nou an. Kijan Liv Mòmon an fòtifye lafwa w nan bagay sa yo?

4 Nefi 1:1–18

Imaj
Senbòl seminè
Suiv ansèyman Jezikri yo mennen nan inite ak kè kontan.

Èske w ka imajine kijan sa dwe te ye pou viv nan kèk ane ki te suiv vizit Sovè a? Pandan w ap etidye 4 Nefi 1:1–18, anvizaje fè lis benediksyon pèp la te resevwa yo. Ou ta kapab make tou oswa note chwa yo te fè ki te ede mennen nan lavi beni sa a. Kisa Jezi te anseye yo ki te kapab enspire bon chwa yo te fè yo? Men kèk egzanp, men ou ka jwenn lòt moun: 3 Nefi 11:28–30; 12:8–9, 21–24, 40–44; 13:19–21, 28–33; 14:12; 18:22–25.

Medite sou sa w ka fè pou ede fanmi w, pawas oswa, kominote w la viv nan pi gwo inite ak bonè. Kisa w ka fè pou w ede w venk divizyon epi vrèman vin “youn” avèk lòt pitit Bondye yo? Ki ansèyman Jezikri ki ede w akonpli objektif sa a?

Malerezman, sosyete Siyon yo dekri nan 4 Nefi a te finalman tonbe nan mechanste. Pandan wap li 4 Nefi 1:19–49, chèche atitid ak konpòtman ki te mete fen a bonè yo ak inite yo. Kisa w ka fè pou evite atitid oswa konpòtman sa yo?

Gade tou nan Moyiz 7:18; D. Todd Christofferson, “Sosyete Ki Dirab yo,” Lyawona, Nov. 2020, 32–35; Reyna I. Aburto, “Nan Yon sèl Akò,” Lyawona, Me 2018, 78–80; Sijè Levanjil yo, “Fè pati Legliz Jezikri a,” Bibliyotèk Levanjil la.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou Fòs Jèn yo.

Ide pou Anseye Timoun yo

3 Nefi 27:3–8

Mwen se manm Legliz Jezikri a.

  • Pou entwodui enpòtans non Legliz Jezi a, pale avèk pitit/timoun ou yo de pwòp non pa yo. Poukisa non nou enpòtan? Apre sa, nou ta kapab li 3 Nefi 27:3 ansanm, pou nou chèche kesyon disip Jezi yo te genyen an. Ede timoun ou yo jwenn repons lan nan 3 Nefi 27:5–8. Poukisa non Legliz la enpòtan jodi a?

  • Mande timoun yo pou yo panse a divès gwoup yo fè pati, tankou yon fanmi oubyen klas Primè a. Mande yo pou yo di w kisa yo renmen konsènan apatenans yo nan chak gwoup. Apre sa, nou ta kapab chante “L Eglise de Jésus-Christ” (Chants pour les Enfants, 48) ansanm epi pale de rezon ki fè nou rekonesan poutèt nou fè pati Legliz Sovè a.

3 Nefi 27::13–16

Legliz Jezikri a bati sou levanjil Li a.

3 Nefi 27:30–31

Papa nou ki nan Syèl la rejwi lè pitit Li yo retounen al jwenn Li.

  • Anvizaje jwe yon jwèt kote yon moun kache epi lòt moun eseye jwenn Li. Sa ta kapab mennen nan yon konvèsasyon konsènan lajwa nou santi lè nou jwenn yon moun ki te pèdi. Apre ou fin li 3 Nefi 27:30–31, ou ta kapab pale de jan pou youn ede lòt rete pwòch Papa nou ki nan Syèl la yon fason pou “okenn moun … pa pèdi.”

4 Nefi

Suiv levanjil Jezikri a pote lajwa pou mwen.

  • Pou w ede timoun ou yo jwenn enfòmasyon konsènan jwa pèp la ke yo dekri nan 4 Nefi, ou ta kapab montre yo foto moun ki gen kè kontan. Apre sa, pandan n ap li ansanm vèsè 2–3 ak 15–17 (oswa “Chapit 48: Lapè nan Amerik la,” Istwa Liv Mòmon yo, 136–37), yo te kapab lonje dwèt sou foto yo lè nou rive nan yon bagay nan istwa ki pote bonè.

  • Pou ede yo pratike ansèyman y ap resevwa yo nan 4 Nefi 1:15–16, ou ta ka prezante yo kèk sitiyasyon kote moun an kòlè youn kont lòt. Envite yo pou yo jwe wòl sa sitiyasyon an ta ka ye si nou gen “lanmou Bondye” nan kè nou.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Zanmi an.

Imaj
Jezi ki ap pale avèk twa disip Nefit

Kris la avèk Twa Disip Nefit, pa Gary L. Kapp