2010–2019
Yon Konfyans Konstan ak Inebranlab
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Yon Konfyans Konstan ak Inebranlab

Konfyans nan Senyè a vledi mete konfyans nan kalandriye pa Li epi sa mande yon pasyans ak andirans k ap reziste anba tanpèt lavi yo.

Pitit gason nou an, Danyèl te tonbe malad anpil padan misyon l an Afrik epi yo te mennen l nan yon etablisman medikal ki te gen resous limite. Pandan nou t ap li premye lèt li te voye ba nou apre maladi l la, nou te atann pou l te dekouraje, men, olyesa, li te ekri: “Menm lè m te kouche nan sal ijans lan, m te santi m anpè. M pa t janm te konn kontan nan yon fason si konstan ak si andiran konsa nan lavi m.”

Lè madanm mwen avèk mwen te li pawòl sa yo, nou te ranpli ak emosyon. Kontan nan fason konsistan ak andiran. Nou pa t janm te konn tande yo dekri bonè nan fason sa a, men pawèl li yo te sonnen vrè. Nou te konnen ke bonè li te dekri a se pa t yon senp plezi oubyen yon bòn imè men yon lapè ak yon lajwa ke nou jwenn lè nou soumèt tèt nou bay Bondye epi nou mete konfyans nou nan Li pou tout bagay.1 Nou menm tou, nou gen moman sa yo nan lavi nou kote Bondye te mete lapè nan nam nou epi Li te fè nou santi pou n te gen esperans nan Kris la menm lè lavi nou te difisil ak ensèten.2

Leyi anseye ke si Adan ak Èv pa t tonbe “yo tap rete nan yon kondisyon inosans, yo pa tap gen jwa, paske yo pat konnen mizè. …

“Men, gade, tout bagay te fèt nan sajès moun ki konnen tout bagay la.

“Adan te tonbe pou lèzòm te kapab fèt; e lèzòm te fèt pou yo kapab gen lajwa.”3

Nan yon fason paradoksal, afliksyon ak tristès prepare nou pou nou konn kisa ki lajwa, si nou mete konfyans nan Senyè ak nan plan Li gen pou nou an. Verite sa a grandman eksprime pa yon powèt 13zyèm syèk la: “Chagren prepare nou pou lajwa. Li bale tout bagay sòt deyò lakay nou, pou nouvo lajwa ka jwenn plas pou l antre. Li souke fèy jòn yo ki nan jaden kè nou yo, pou jèn fèy ki vèt vin grandi nan plas yo. Li derasinen rasin ki pouri yo, pou nouvo rasin ki kache anba yo ka gen plas pou yo grandi. Kèlkeswa bagay chagren rache nan kè nou, gen bagay ki pi bon k ap vin pran plas yo.”4

Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Lajwa Sovè a ofrin [nou] an … konstan, li asire nou ke ‘afliksyon nou yo se pral pou yon ti bout tan’ [Doktrin ak Alyans 121:7] epi yo se pral pou byen nou.”5 Eprèv ak afliksyon nou yo ka fè plas pou pi gwo lajwa.6

Bòn nouvèl levanjil la se pa yon pwomès yon lavi san tristès ak tribilasyon, men yon lavi ranpli sans ak siyifikasyon—yon lavi kote chagren ak afliksyon nou yo ka “anglouti nan lajwa Kris la.”7 Bondye Limenm te di: “Nou va gen tribilasyon nan mond lan: men, pran kouraj; mwen venk mond lan.”8 Levanjil Li a se yon mesaj lespwa. Tristès melanje avèk esperans nan Jezikri pote pwomès lajwa ki andiran.

Nou ka itilize istwa vwayaj Jaredit yo al nan tè pwomiz la kòm yon konparezon avèk vwayaj nou atravè mòtalite a. Senyè a te pwomèt frè Jarèd la ak pèp li a ke L ta “pral mache devan [yo] nan yon peyi ki pi bon pase tout peyi sou tè a.”9 Li te kòmande yo pou yo te konstwi bato, epi avèk obeyisans yo te konstwi bato yo selon enstriksyon Senyè a. Sepandan, pandan travay la t ap pwogrese, frè Jarèd la te kòmanse poze tèt li kesyon sou modèl Senyè a te bay pou bato yo. Li te di:

“O, Senyè, m fè travay ou te kòmande m nan, epi m te fè bato yo jan w te montre m nan.

“Epi, O, Senyè, pa gen limyè ladan yo.”10

“O, Senyè èske w ap kite nou travèse gwo dlo sa a nan fènwa?”11

Èske w janm konn devèse nanm ou bay Bondye nan fason sa a? Lè w ap fè efò pou w viv jan Senyè a kòmande a epi bagay jis ou espere yo pa reyalize, èske w janm konn mande tèt ou si w pral oblije travèse lavi sa a nan tenèb?12

Apresa, Frè Jarèd la te eksprime ke l te gen yon pi gwo sousi toujou sou kapasite yo pou yo te siviv nan bato yo. Li te di: “Epi, nap peri, paske nou pa kapab respire andedan yo, si pa gen lè andedan yo.”13 Èske difikilte lavi a konn jsitèlman anpeche w respire nan pwen ke w mande tèt ou kijan w pral fè kenbe pandan jounen an, ale wè pou w ta retounen nan fwaye selès ou a?

Apre Senyè a te fin travay avèk frè Jarèd la pou rezoud chak sousi l te genyen, Li te eksplike l: “Ou pa kapab travèse gwo pwofondè sa san m pa pare w yon fason] kont lam lanmè ak van ki t ap vante, ak delij k ap vini.”14

Senyè te klèman eksplike ke finalman Jaredit yo pa t ap kapab rive nan tè pwomiz la san Li. Kontwòl la p at nan men yo, epi sèl fason yo te ka travèse gwo lanmè pwofon an, sete nan mete konfyans yo nan Li. Eksperyans sa yo, ak ansèyman sa yo nan men Senyè a sanble yo te apwofondi lafwa frè Jarèd la epi yo te ranfòse konfyans li nan Senyè a.

Remake kijan priyè l yo te chanje soti nan kesyon ak enkyetid pou vin tounen ekspresyon lafwa ak konfyans:

“Epi, m konnen, O, Senyè, ou gen tout pouvwa, epi w kapab fè nenpòt sa w vle pou benefis lèzòm. …

“O, Senyè, ou kapab fè sa. Nou konnen ou kapab montre gwo pouvwa ki parèt piti pou konpreyansyon lèzòm.”15

Yo di nou ke apresa, Jaredit yo “te monte nan batiman oubyen … bato yo, yo te mete kò yo sou lanmè a, yo te lage tèt yo bay Senyè Bondye yo a.”16 Pou lage tèt yo bay sa vle di konfye oubyen soumèt yo nan men Li. Jaredit yo pa t monte nan bato yo paske yo te konnen egzakteman kijan bagay yo ta pral dewoule nan vwayaj yo a. Yo te monte paske yo te aprann mete konfyans yo nan pouvwa, ak bonte, ak mizèrikòd Senyè a, epi konsa, yo te dispoze livre tèt yo san okenn dout ni krent yo ta ka genyen bay Senyè a.

Dènyèman, pitit pitit mwen an, Abe, te pè pou l te monte sou bèt yo ki te sou kawousèl ki t ap monte desann nan. Li te prefere youn ki pa t ap bouje. Granmè l te finalman pèsyade ke li t ap oke, konsa, li te fè granmè l konfyans, epi l te monte sou kawousèl ki t ap vire a. Epi, avèk yon gwo souri, li te di: “Mwen pa santi m an sekirite, men mwen an sekirite.” Petèt se konsa Jaredit yo te santi yo. Konfyans nan Bondye pa fè nou toujou santi nou ansekirite toudabò, men lajwa suiv li.

Imaj
Abe sou kawousèl la

Vwayaj la pa t fasil pou Jaredit yo. “Yo te antere nan pwofondè lanmè a plizyè fwa, poutèt bit lam lanmè yo ki te monte sou yo.”17 Malgre sa yo di nou ke “van an pat janm sispann soufle [yo] nan direksyon tè pwomiz la.”18 Osi difisil sa yoe pou nou konprann, espesyalman nan moman nan lavi nou kote van yo fò epi lanmè a ajite, nou ka jwenn rekonfò si nou konnen ke Bondye, nan bonte enfini Li, ap toujou pouse nou ale nan direksyon lakay nou.

Resi a kontinye: “Konsa, van an te pouse yo; epi okenn mons nan lanmè a pa t kapab kraze yo, ni tou labalèn pa t kapab nwi yo; epi yo te gen limyè tout tan, menm si se te sou dlo a oubyen anba dlo a.”19 N ap viv nan yon mond kote gwo vag lanmò, maladi fizik ak mantal, ak tout kalite eprèv ak afliksyon ap tonbe sou nou. Men, atravè lafwa nan Jezikri ak chwazi pou nou fè L konfyans, nou ka gen limyè tout tan, menmsi nou sou dlo oubyen anba dlo. Nou ka gen asirans ke Bondye pa janm sispann soufle nou ale nan direksyon tè pwomiz la.

Pandan yo t ap sekwe pasi pala andedan bato yo, Jaredit yo “te chante louwanj pou Senyè a; wi, frè Jarèd la te chante louwanj pou Senyè a; … epi [yo] te remèsye Senyè a, epi yo te louwe l tout lajounen; epi lè l te nan nuit, yo pa t sispann louwe Senyè a.”20 Yo te santi lajwa ak rekonesans menm nan mitan afliksyon yo. Yo potko rive nan tè pwomiz la, men yo t ap rejwi nan benediksyon l te pwomèt yo poutèt konfyans konstan ak inebranlab yo nan Li.21

Bondye te pouse Jaredit yo sou dlo a pandan 344 jou.22 Èske nou ka imajine sa? Konfyans nan Senyè a vledi mete konfyans nan kalandriye pa Li epi sa mande pasyans ak andirans k ap reziste anba tanpèt lavi yo.23

Finalman, Jaredit yo “te rive sou plaj tè pwomiz la. Epi, lè yo te mete pye sou tè pwomiz la, yo te bese tèt yo atè sou tè a, yo te desann tèt devan Senyè a, yo te kriye nan lajwa devan Senyè a poutèt pakèt bon mizèrikòd li pou yo.”24

Si nou fidèl nan kenbe alyans nou yo, nou menm tou n ap rive lakay nou an sekirite, epi nou pral bese devan Senyè a, epi nou pral kriye ak lajwa poutèt pakèt mizèrikòd Li yo nan lavi nou, enkli chagren ki te fè plas pou plis lajwa.25

Mwen temwaye ke si nou chwazi mete konfyans nou nan Jezikri nan fason konstan ak inebranlab ak nan objektif divin ni nan lavi nou, L ap ba nou asirans, L ap mete lapè nan nanm nou, epi L ap fè nou “espere jwenn delivrans nan Li.”26

Mwen temwaye ke Jezi se Kris la. Li se sous tout lajwa.27 Gras Li sifi, epi Li puisan pou sove.28 Li se limyè, lavi, ak lespwa mond lan.29 Li pap kite nou peri.30 Nan non Jezikri, Amèn.