Konferans Jeneral
Nesesite pou Nou Gen Yon Legliz
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Nesesite pou Nou Gen Yon Legliz

Ekriti yo klèman anseye orijin ak nesesite pou yon nou gen yon Legliz ki dirije avèk e pa otorite Senyè nou an, Jezikri.

Sa gen plizyè ane, Elder Mark E. Petersen, yon manm Kolèj Douz Apot yo, te kòmanse yon diskou avèk egzanp sa a:

“Kenneth ak madanm ni, Lucille, se bon moun, ki onèt epi ki dwat. Sepandan, yo pa al legliz, epi yo santi yo ka bon ase san li. Yo anseye pitit yo onètete ak vèti epi yo di tèt yo ke se tout sa yon Legliz t ap fè pou yo.

“Epi, de tout fason, yo ensiste ke yo bezwen wikenn yo pou divètisman avèk fanmi an … [e] ale legliz t ap anpeche yo fè sa.”1

Jodia, mesaj mwen an konsène bon moun ki gen espri relijye konsa ki sispann ale oubyen patisipe nan legliz yo.2 Lè m di “legliz yo,” mwen enkli sinagòg, moske, oswa lòt òganizasyon relijye. Nou preyokipe dèske asistans nan tout kote sa yo bese anpil, nan tout peyi a.3 Si nou sispann bay legliz nou yo valè pou kèlkeswa rezon an, nou menase vi spirityèl pèsonèl nou, epi lè gwo kantite moun separe yo de Bondye, sa ap redui benediksyon Li sou nasyon nou yo.

Asistans nou ak patisipasyon nou nan yon legliz ede nou vin pi bon moun epi sa ede nou gen pi bon enfliyans nan lavi lòt moun. Nan legliz, yo anseye nou kijan pou nou aplike prensip relijye yo. Nou youn aprann nan men lòt. Yon egzanp konvenkan pi puisan pase yon diskou. Nou fòtifye pa asosyasyon nou avèk lòt moun ki gen menm espri a. Nan asistans ak patisipasyon nan legliz, kè nou, jan Bib la di a, “makonnen ansanm nan lanmou.”4

I.

Ekriti yo Bondye bay Kretyen yo nan Bib la ak nan revelasyon modèn nan klèman anseye nesesite pou nou gen yon legliz. Toulède montre ke Jezikri te òganize yon legliz epi L te asire L ke yon legliz t ap kontinye travay Li a apre Li. Li te aple Douz Apot epi L te ba yo otorite ak kle pou yo te dirije l. Bib la anseye ke Kris la se “tèt legliz la”5 epi ofisye l yo la “pou pèfeksyònman sen yo, pou travay sèvis yo, pou kò Kris la ka grandi nan konfyans.”6 Asireman Bib la klè sou orijin yon legliz ak nesesite pou nou gen yon legliz kounyea.

Gen moun ki di asiste nan reyinyon legliz yo pa ede yo. Genyen ki di “M pa t aprann anyen jodia” oubyen “Okenn moun pa t janti avèk mwen” oubyen “Mwen te ofanse.” Desepsyon pèsonèl pa ta dwe janm kenbe nou lwen doktrin Kris la, ki te anseye nou pou nou sèvi, non pa pou yo sèvi nou.7 Avèk sa nan lespri li, gen yon lòt manm ki te dekri pou ki rezon k fè l ale Legliz:

“Sa gen kèk ane, m te chanje atitid mwen sou ale legliz. Mwen pa al legliz pou mwenmenm ankò, men pou m panse ak lòt moun. M bay tèt mwen devwa pou m di tout moun ki chita poukont yo bonjou, pou m akeyi vizitè yo, … pou pòte m volontè pou yon tach. …

“Anbrèf, m ale legliz chak semèn avèk entansyon pou m aktif, non pa pasif, ak pou m fè yon diferans pozitif nan lavi lòt moun.”8

Imaj
Byenveni nan legliz

Prezidan Spencer W. Kimball te anseye ke “nou pa ale nan reyinyon Saba yo pou distraksyon ni menm senpleman pou nou enstwi. Nou ale pou nou adore Senyè a. Se yon responsablite endividyèl. … Si sèvis la se yon echèk pou ou, se ou ki echwe. Pèsonn pa ka adore pou ou; ou dwe adore Senyè a pèsonèlman.”9

Asiste Legliz ka ouvri kè nou e sanktifye nanm nou.

Imaj
reyinyon konsèy pawas

Nan yon legliz, nou pa jis sèvi poukont nou oubyen selon pwòp chwa oswa preferans nou. Dabitid nou sèvi nan yon ekip. Nan sèvis, nou jwenn opòtinite divin pou nou elve nou anlè endividyalis epòk nou an. Sèvis ki dirije pa Legliz ede nou simonte egoyis pèsonèl ki ka retade pwogresyon spirityèl nou.

Gen lòt avantaj enpòtan pou nou mansyone tou, menm brèfman. Nan legliz, nou asosye avèk bon moun ki ap fè efò pou yo sèvi Bondye. Sa raple nou ke nou pa poukont nou nan aktivite relijye nou yo. Nou tout bezwen asosyasyon avèk lòt moun, epi asosyasyon nan legliz yo se kèk nan pi bon eksperyans nou ka fè, pou noumenm ak konjwen nou ak pitit nou. San asosyasyon sa yo, espesyalman ant timoun ak paran fidèl yo, rechèch yo demontre ke paran yo plis anplis gen difikilte pou elve timoun yo nan lafwa yo.10

II.

Jiskaprezan, m t ap pale de legliz an jeneral. Kounyea, m pral pale de rezon espesyal pou apatenans, asistans, ak patisipasyon nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou retabli a.

Imaj
Tanp Salt Lake la

Natirèlman nou afime ke ekriti yo, ansyen ak modèn, klèman anseye orijin ak nesesite pou gen yon Legliz ki dirije avèk e pa otorite Senyè nou an, Jezikri. Nou temwaye tou ke Legliz retabli Jezikri a te etabli pou anseye plenitid doktrin ni an ak pou ofisye avèk otorite prètriz Li a pou akonpli òdonans ki nesesè pou nou antre nan wayòm Bondye a.11 Manm ki sispann ale Legliz epi ki konte sèlman sou espirityalite endividyèl yo separe tèt yo de prensip esansyèl levanjil sa yo: pouvwa ak benediksyon prètriz yo, plenitid doktrin retabli a, ak motivasyon ak opòtinite pou aplike doktrin sa a. Yo renonse a posiblite pou yo kalifye pou wè fanmi yo kontinye pou letènite a.

Yon lòt gwo avantaj nan Legliz retabli a sèke li ede nou pwogrese spirityèlman. Pwogresyon vle di chanjman. Nan tèm spirityèl, sa vledi repanti epi chèche rapwoche kot Senyè a. Nan Legliz retabli a, nou gen doktrin, pwosedi, ak asistan enspire ki ede nou pou nou repanti. Objektif yo, menm nan konsèy yo fè pou manm yo, se pa pinisyon, tankou desizyon yon tribinal kriminèl. Avèk amou, konsèy yo fè pou manm yo nan Legliz la chèche ede nou kalifye pou mizèrikòd padon an ki vin posib atravè Ekspyasyon Jezikri a.

Imaj
koup misyonè
Imaj
Mache al nan tanp

Spirityalite endividyèl raman pwodui motivasyon ak kad pou sèvis dezenterese Legliz retabli a ofri. Gwo egzanp sou sa se jènjan ak jènfi ak fi ak moun aje ki mete aktivite lekòl oubyen retrèt yo akote pou yo ka aksepte apèl misyon yo. Yo travay kòm misyonè pou etranje nan kote enkoni ke yo pa chwazi. Se menm bagay la tou pou manm fidèl ki patisipe nan sèvis dezenterese nou rele “travay tanp” lan. Okenn nan sèvis sa yo pa t ap posib san Legliz la ki sponsorize l, òganize l, ak dirije li.

Lafwa relijye manm nou yo ak sèvis nan Legliz la anseye yo kijan pou yo travay an kolaborasyon pou yo ka yon benediksyon pou kominote yo. Kalite eksperyans ak devlòpman sa a pa rive nan endividyalis ki si repann nan pratik sosyete aktyèl nou an. Nan òganizasyon jeyografik pawas nou yo, nou asosye epi nou travay avèk moun ke nou te gen dwa pa t ap chwazi otreman, moun ki anseye nou ak teste nou.

Anplis ede nou aprann kalite spirityèl tankou lanmou, konpasyon, padon, ak pasyans, sa ba nou opòtinite pou nou aprann kijan pou n travay avèk moun ki gen orijin ak preferans trè diferan ak pa nou tou. Avantaj sa a ede anpil nan manm nou yo, epi patisipasyon yo beni anpil òganizasyon. Sen Dènye Jou yo renome pou kapasite yo pou yo dirije ak ini nan efò koperatif. Tradisyon sa a soti nan pyonye plen kouraj yo ki te kolonize Montay Lwès yo epi ki te etabli tradisyon presye nou sou koperasyon dezenterese pou byen kolektivite a.

Imaj
Pwojè Men Sèvyab

Pifò nan efò imanitè ak charitab yo bezwen akonpli nan mete men ansanm epi jere resous endividyèl yo sou yon gran echèl. Legliz retabli a fè sa avèk gwo efò imanitè l nan tout mond lan. Sa enkli distribisyon materyèl edikatif ak medikal, nouri moun ki grangou, pran swen refijye, ede ranvèse efè adiksyon, ak yon pakèt lòt bagay. Manm Legliz nou yo renome pou pwojè Men Sèvyab yo a nan dezas natirèl. Apatenans nou nan Legliz la pèmèt nou fè patisipe nan efò ki gen gwo enfliyans sa yo. Manm yo peye ofrann jèn tou pou ede pòv ki nan pami yo.

Imaj
Pran Sentsèn.

Anplis santi lapè ak lajwa atravè konpayi Lespri a, manm nou yo ki vini Legliz la jwi fwi ki genyen nan viv levanjil la, tankou benediksyon nan viv Pawòl Sajès la ak pwosperite materyèl ak spirityèl yo pwomèt moun ki respekte lwa dim nan. Nou gen benediksyon resevwa konsèy nan men dirijan enspire tou.

Pou kouwone tout bagay sa yo, nou gen òdonans prètriz ki nesesè pou letènite yo, ki enkli sentsèn nou resevwa chak jou Saba a. Òdonans siprèm nan Legliz retabli a se alyans etènèl maryaj la, ki rann posib kontinyasyon relasyon familyal gloriye. Prezidan Russell M. Nelson te anseye prensip sa a nan yon fason memorab. Li te di: “Nou pa kapab swete jwenn wout nou pou nou retounen nan prezans Bondye. Nou dwe obeyi lwa kote [benediksyon sa a] chita yo”12

Youn nan lwa sa yo se adore nan legliz chak jou Saba.13 Adorasyon nou ak aplikasyon prensip etènèl yo rapwoche nou de Bondye epi yo mayifye ak ogmante kapasite nou pou nou renmen. Parley P. Pratt, youn nan premye Apot nan dispansasyon sa a, te dekri kijan l te santi l lè Pwofèt Joseph Smith te eksplike prensip sa yo: “M te santi Bondye sete Papa selès mwen tout bon vre; ke Jezi sete frè mwen, epi madanm mwen sete yon konpay imòtèl ak etènèl: yon zanj byenveyan, ke yo te ban m kòm yon rekonfò, ak yon kouwòn laglwa pou toujou e ajamè. Anbrèf, m te ka renmen kounyea a avèk lespri epi avèk konpreyansyon tou.”14

Pou fini, m ap raple nou tout ke nou pa kwè ke se atravè yon legliz sèlman byen kapab akonpli. Endepandaman de yon legliz, nou wè anpil milyon moun k ap sipòte ak akonpli anpil bon zèv inonbrab. Endividyèlman, Sen Dènye jou patisipe nan anpil nan yo. Nou wè zèv sa yo kòm yon manifestasyon verite etènèl ke “Lespri a bay chak moun ki vini nan mond lan limyè.”15

Malgre bon zèv ki ka akonpli san yon legliz yo, plenitid doktrin nan ak òdonans sali ak egzaltasyon l yo disponib sèlman nan Legliz retabli a. Anplis, asistans nan Legliz ba nou fòs ak ogmantasyon lafwa ki vini nan asosye avèk lòt kwayan ak adore ansanm avèk moun ki ap eseye rete sou chemen alyans lan e vin pi bon disip Kris la. Mwen priye pou nou tout rete fèm nan eksperyans sa yo nan Legliz la pandan n ap chèche lavi etènèl, pi gwo nan tout don Bondye yo, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Mark E. Petersen, “Eternal Togetherness,” Ensign, Nov. 1974, 48.

  2. Gade D. Todd Christofferson, “Rezondèt Yon Legliz,” Liahona, Nov. 2015, 108–11.

  3. Jeffrey M. Jones, “U.S. Church Membership Falls Below Majority for First Time,” Gallup, 29 Mas, 2021, news.gallup.com/poll/341963/church-membership-falls-below-majority-first-time.

  4. Kolosyen 2:2.

  5. Gade Efezyen 5:23–24.

  6. Efezyen 4:12.

  7. Gade Jak 1:27.

  8. Mark Skousen pou Dallin H. Oaks, 15 Fev. 2009.

  9. Enseignements des Présidents de l’église: Spencer W. Kimball (2006), 173–74.

  10. Gade Elizabeth Weiss Ozotak, “Social and Cognitive Influences on the Development of Religious Belief and Commitment in Adolescence,” Journal for the Scientific Study of Religion, vol. 28, no. 4 (Des. 1989), 448–63.

  11. Gade Jan 3:5.

  12. Russell M. Nelson,, “Kounyea se Moman pou Nou Prepare,” Liahona, Me 2005, 18.

  13. Gade Doktrin ak Alyans 59:9.

  14. Autobiography of Parley P. Pratt,, edisyon Parley P. Pratt Jr. (1938), 298.

  15. Doktrin ak Alyans 84:46; italik ajoute; gade tou Doktrin ak Alyans 58:27–28.