Konferans Jeneral
Lafwa pou Mande epi Apresa pou Aji
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Lafwa pou Mande epi Apresa pou Aji

Lafwa nan Jezikri se kle pou nou resevwa revelasyon sou laverite.

Chè frè ak sè byeneme m yo, mwen rekonesan pou opòtinite pou m pale avèk nou nan sesyon Samdi apremidi konferans jeneral sa a. Nan entwodiksyon li pou konferans sa a maten an, Prezidan Russell M. Nelson te di ke “revelasyon pure pou kesyon ki nan kè nou yo ap rann konferans sa a anrichisan ak inoubliyab.” Si nou pa t ko chèche ministè Sentespri a pou ede nou tande sa Senyè a ta renmen pou nou tande pandan de jou sa yo, mwen envite nou pou nou fè sa kounyea.”1 Mwen te chèche benediksyon sa a pandan m t ap prepare pou m te resevwa revelasyon pou rankont sa a avèk nou an. Priyè sensè mwen se pou nou ka resevwa revelasyon sa a nan men Bondye.

Fason pou resevwa revelasyon nan men Bondye pa chanje depi nan epòk Adan ak Èv la. Sete toujou menm bagay la pou tout sèvitSenyè a te aple yo depi nan kòmansman an rive jounen jodia. Se menm bagay la pou noumenm avèk mwen. Sa toujou fèt atravè egzèse lafwa.2

Jèn gason Joseph Smith te gen lafwa sifizan pou l te poze Bondye yon kesyon, avèk konfyans ke Bondye t ap reponn demann sensè l la. Repons lan te chanje mond lan. Li te vle konnen nan ki legliz pou l te rantre pou peche l te netwaye. Repons li te resevwa a te ankouraje l kontinye poze pi bon kesyon toujou epi aji sou flo revelasyon san rete ki te apèn kòmanse a.3

Nou gen posiblite pou nou fè menm kalite eksperyans la nan konferans sa a. Nou gen kesyon ke n ap chèche repons pou yo. Nou genyen omwen ase lafwa pou espere ke nou pral resevwa repons nan men Senyè a atravè sèvitè Li yo.4 Nou pa pral gen opòtinite pou nou poze oratè yo kesyon epi pou yo ba nou repons awotvwa, men nou ka mande Papa eman nou an nan lapriyè.

Mwen konnen apati eksperyans ke repons yo ap vini pou yo byen tonbe avèk bezwen nou ak preparasyon espirityèl nou. Si w bezwen yon repons ki enpòtan pou byennèt etènèl ou oswa pa yon lòt moun, repons lan gen anpil chans pou l vini. Toutfwa, menm lè sa a, ou gen dwa resevwa—tankou Joseph Smith—repons pou w pran pasyans.5

Si lafwa w nan Jezikri pèmèt kè w adousi atravè efè Ekspyasyon an, w ap gen plis kapasite pou w santi chichòtman Lespri a nan repons pou priyè w yo. Eksperyans pèsonèl mwen sèke ti vwa dous piti sa a—ki reyèl— li klè ak disènab nan panse m lè m santi yon lapè enteryè ak lè m soumèt mwen anba volonte Senyè a Santiman imilite sa a ka pi byen dekri konsa: “Se pa volonte pa m, men se volonte pa ou ki pou fèt.”6

Pwosesis revelasyon sa a se rezon k fè nou pral tande oratè nan konferans sa a ki pral anseye sa ki rele doktrin Kris la.7 Revelasyon vin jwenn nou an pwopòsyon avèk degre efò nou pou chèche antre doktrin Kris la nan kè nou epi enplemante li nan lavi nou.

Nou sonje nan Liv Mòmon an ke Nefi te anseye nou ke lafwa nan Jezikri se kle pou revelasyon verite a ak kle pou nou genyen konfyans ke na p suiv direksyon Sovè a. Nefi te ekri pawòl sa yo plizyè syèk avan nesans Jezikri nan mòtalite a:

“Zanj yo pale avèk pouvwa Sentespri a; se poutèt sa, yo pale pawòl Kris la yo. Se poutèt sa, m te di nou, fè yon festen ak pawòl Kris la yo; paske gade, pawòl Kris yo pral di nou tout bagay nou dwe fè.

“Se poutèt sa, kounyea lè m te fin pale pawòl sa yo, si nou pa kapab konprann yo, se paske nou pa mande, ni tou nou pa frape; se poutèt sa, nou pa vini nan limyè a, men, nou dwe peri nan fènwa.

“Paske gade, m di nou si nou antre nan chemen an, e nou resevwa Sentespri a, l ap montre nou tout bagay nou dwe fè yo.

“Gade, se doktrin Kris la sa, e nou p ap resevwa okenn lòt doktrin jistan li manifeste tèt li devan nou. Epi lè l manifeste tèt li devan nou nan lachè, nou pral asire nou ke nou fè bagay li pral di nou yo.”8

Senyè a pral di anpil bagay atravè sèvitè l yo jodia ak nan jou ka p vini yo. Li pral di nou kisa nou dwe fè.9 Sovè a pa pral rele nan tèt oumenm avèk mwen pou ba nou kòmandman. Jan L te anseye Eli:

“Epi li te di, Monte, epi kanpe sou mòn nan devan Senyè a. Epi, gade, Senyè a te pase, epi gwo van vyolan te frape mòn yo epi kraze wòch an miyèt devan Senyè a; men Senyè a pa te nan van an, epi apre van an yon tranbelmandtè; men Senyè a pa te nan tranblemandtè a:

“Epi apre tranblemandtè a yon dife; men Senyè a pat nan dife a: epi apre dife a yon ti vwa dous.”10

Koute vwa sa a ap soti nan lafwa nou nan Li. Avèk sifizaman lafwa, nou pral mande direksyon avèk entansyon pou nou ale epi fè nenpòt sa Li mande.11 Nou pral bezwen devlope lafwa pou konnen ke kèlkeswa sa Li mande a pral beni lòt moun, epi nou ka vin pirifye nan pwosesis la akoz lanmou li pou nou.

Menmjan lafwa nou nan Jezikri pral mennen nou mande Papa a repons yo, lafwa sa a pral gen posiblite tou pou l pote kontak adousisan Sovè a ki ap ase pou nou ka tande direksyon Li epi pou fè nou detèmine ak motive pou nou obeyi. Apresa, nou pral chante pawòl kantik sa a avèk jwa, menm lè travay la difisil: “Douce est la tache, O Dieu, mon Roi.”12

Pi plis nou gen doktrin Kris la grave nan lavi nou ak nan kè nou, se pi plis n ap santi lanmou ak senpati pou moun ki pa janm gen benediksyon lafwa nan Jezikri oubyen gen difikilte pou mentni l yo. Li difisil pou kenbe kòmandman Senyè a san lafwa ak konfyans nan Li. Lè kèk moun pèdi lafwa nan Sovè a, yo ka menm atake konsèy Li, nan rele byen mal epi mal byen.13 Pou evite erè trajik sa a, li trè enpòtan pou tout revelasyon pèsonèl nou resevwa yo annakò avèk ansèyman Senyè a ak pwofèt Li yo.

Chè frè m ak sè m yo, sa mande lafwa pou rete obeyi kòmandman Senyè a bay yo. Sa mande lafwa nan Jezikri pou sèvi lòt moun pou Li. Sa mande lafwa pou pou yon moun ale preche levanjil li a epi ofri l bay moun ki gendwa pa santi vwa Lespri a oubyen ki gendwa renye reyalite mesaj la. Men, si nou egzèse lafwa nou nan Kris la—epi nou suiv pwofèt vivan L la—lafwa ogmante nan tout mond lan. Gras ak teknoloji, petèt plis nan pitit Bondye yo pral tande epi rekonèt pawòl Bondye yo wikenn sa a pase pandan nenpòt lòt de jou nan listwa.

Avèk lafwa grandisan ke sa a se legliz Senyè a ak wayòm ni sou tè a, plis manm peye ladim epi bay don pou ede moun ki nan bezwen, menm lè manm sa yo ap fè fas ak pwòp eprèv pa yo. Avèk lafwa ke se Jezikri ki te aple yo, misyonè yo nan tout mond lan jwenn fason pou yo elve yo anlè difikilte epidemi an kreye yo, epi yo fè sa avèk kouraj ak kè kontan. Epi avèk ekstra efò yo fè a, lafwa yo grandi vin pi solid.

Depi lontan, lopozisyon ak eprèv se toujou yon grenye semans pou grandi lafwa. Sa te toujou vrè, espesyalman depi nan kòmansman Retablisman an ak fondasyon Legliz Senyè a.14

Sa Prezidan George Q. Cannon te di sa gen lontan an toujou vrè jodia epi l ap rete vrè jiskaske Sovè a vini pèsonèlman pou dirije Legliz Li a ak pèp Li a: “Obeyisans nan Levanjil la mennen [moun] nan relasyon rapwoche ak entim avèk Senyè a. Li etabli yon koneksyon sere ant lèzòm sou tè a ak Gran Kreyatè a nan syèl yo. Li pote nan lespri lòm yon santiman konfyans pafè nan Toupuisan an ak nan dispozisyon Li pou tande ak reponn siplikasyon moun ki kwè nan Li yo. Nan moman eprèv ak difikilte yo, konfyans sa a pa gen pri. Pwoblèm gendwa tonbe sou yon moun oubyen sou yon pèp, yon katastwòf gen dwa menase l epi gen dwa sanble pa gen okenn rezon pou l kontineye gen espwa, men, kote [moun yo] pwofite de privilèj ki genyen nan obeyisans nan Levanjil , yo gen yon pozisyon asire; pye yo chita sou woche a epi moun pa ka deplase yo.”15

Temwayaj mwen sèke wòch a kote nou kanpe a se temwayaj nou ke Jezi se Kris la, ke sa a se Legliz Li,ke L ap dirije pèsonèlman, epi Prezidan Russell M. Nelson se pwofèt vivan Li jodia.

Prezidan Nelson chèche epi l resevwa direksyon nan men Senyè a. Li se yon egzanp pou mwen sou chèche direksyon sa a avèk detèminasyon pou suiv li. Menm detèminasyon sa a pou nou obeyi direksyon Senyè a ba nou yoegziste nan kè tout moun ki deja pale oubyen ki pral pale, priye, oubyen chante nan konferans jeneral sa a nan Legliz Li a.

Mwen priye pou tout moun sou tout tè a k ap gade oubyen tande konferans sa a resevwa santiman lanmou Senyè a pou yo. Pè Selès la te reponn priyè mwen pou m ka santi omwen yon tikras nan lanmou Sovè a pou nou ak lanmou li pou Pè Selès la, ki se Papa nou ki nan Syèl la.

Mwen temwaye ke Jezikri vivan. Li se Sovè nou ak Redanmtè nou. Sa a se Legliz Li. Li kanpe alatèt li. Limenm, avèk Pè Selès Li a, te parèt an pèsòn devan Joseph Smith nan yon forè pyebwa nan New York. Levanjil Jezikri a ak prètriz li a te retabli atravè mesaje selès.16 Pa pouvwa Sentespri a, mwen konnen ke sa se vre.

Mwen priye pou nou ka genyen menm temwayaj sa a. Mwen priye pou nou al mande Pè Selès la pou L ba nou lafwa nan Jezikri nou bezwen pou nou fè ak kenbe alyans ki pral pèmèt Sentespri a rete yon konpayon konstan pou nou. Mwen kite lanmou m ak temwayaj mwen pou nou, nan non sakre Jezikri, amèn.