2010–2019
Bondye pral seche tout dlo nan je
Oktòb 2016


Bondye pral seche tout dlo nan je

Si nou egzèse lafwa nou nan Sovè a, l ap leve nou epi l ap ede nou travèse tout eprèv nou yo epi, alafen, l ap sove nou nan wayòm selès la.

Kòm yon pati nan plan Pè Selès nou an, Li pèmèt pou chagren fè pati eksperyans nou nan mòtalite a.1 Pandan ke sanble eprèv douloure tonbe sou nou pa nan menm fason an, nou ka gen asirans ke, nan yon degre kèlkonk, nou tout soufri e nou tout gen difikilte. Priyè mwen se pou Sentespri a gide nou fè nou vin gen yon pi gwo konpreyansyon sou rezon k fè se konsa sa ye a.

Lè nou gade eksperyans difisil lavi yo atravè loup lafwa nan Kris la, nou kapab wè ke gen yon objektif diven nan soufrans nou yo. Moun ki fidèl yo kapab konnen verite ki nan konsèy aparaman kontradiktwa Pyè te bay la. Li te ekri, “Si nou soufri pou koz lajistis, n ap gen lajwa.”2 Si nou aplike “kè nou pou konprann,”3 nou ka ogmante kapasite nou pou byen andire eprèv nou yo epi aprann nan yo— epi kite yo rafine nou. Yon konpreyansyon konsa ban nou repons pou kesyon etènèl sa a, “Poukisa move bagay rive bon moun?”

Chak moun kap koute jodia, nan yon sèten degre, konn sa yo rele solitid, dezespwa, chagren oubyen tristès. San je lafwa a, 4 ak yon konpreyansyon sou verite etènèl yo, nou souvan twouve ke mizè ak soufrans nou travèse nan mòtalite a kapab antenebre oubyen eklipse lajwa etènèl ki se konnen ke gran plan Papa nou ki nan syèl la se reyèlman plan bonè etènèl la. Pa gen okenn lòt fason pou nou resevwa yon plenitid lajwa.5

Bondye envite nou pou nou reyaji ak lafwa anba afliksyon nou yo pou nou kapab rekòlte benediksyon ak akeri konesans ke nou pa kapab aprann nan onkenn lòt fason. Yo anseye nou pou nou kenbe kòmandman yo nan tout kondisyon ak tout sikonstans, paske “yon moun ki fidèl nan tribilasyon, rekonpans moun sa a ap pigran nan wayòm syèl la.”6Epi jan nou li nan ekriti sa a, “Si ou nan tristès, rele non Senyè Bondye ou la avèk siplikasyon, pou nanm ou kapab gen lajwa.”7

Apot Pòl, ki limenm pat yon etranje devan afliksyon, te tire nan pwòp eksperyans pa li pou l anseye nou, avèk pwofondè ak bote, pèspektif etènèl ki vini lè nou andire byen epi avèk pasyans. Li te di, “Ti afliksyon lejè nou an, ki sèlman la pou yon ti moman, pral rekonpanse avèk yon glwa ki pi gran anpil epi ki gen yon vale etènèl”8  Otremandi, nou ka konnen, nan mitan afliksyon nou yo ke Bondye prepare yon rekonpans etènèl kòm konpansasyon.

Fason Pòl pale konsènan tribilasyon, pèsekisyon, ak tristès nan lavi l yo kòm “ti afliksyon lejè” a minimize severite soufrans li yo, ki pou limenm te anglouti anba pèspektif etènèl levanjil la. Lafwa Pòl nan Jezikri te rann tout bagay sipòtab. Yo te bat li senk fwa avèk rigwaz, defwa avèk baton, yon fwa yo te kalonnen l ak kout wòch; defwa, li te fè aksidan sou bato; souvan, yo te nwaye l pou mete l an danje pou l mouri, anba men vòlè, menm ak anba men frè ipokrit; li te soufri fatig ak doulè, grangou ak swaf, epi yo te anprizone l nan fredi toutouni.9

Anpil nan nou konn sipliye Bondye pou L retire kòz soufrans nou, epi lè delivrans nou tap chèche a pa vini, nou tante pou nou panse Li pa p koute. Mwen temwaye ke, menm nan moman sa yo, Li tande priyè nou, Li gen rezon pou L kite afliksyon nou yo kontinye,10 epi L ap ede nou sipòte yo.11

Nan yon pasaj entim ki revele panse li, Pòl pale nou konsènan yon sèten “pikan” nan kò li k l pa dekri, ki te lakoz soufri anpil doulè epi ki te fè l tonbe sou jenou l twa fwa pou sipliye Senyè a pou retire l pou li. Nan repons pou priyè Pòl yo, Senyè a pat retire pikan an, men Li te bay Pòl lapè epi L te ba l konpreyansyon nan kè l, li te di, “Gras mwen sifi pou ou: paske fòs mwen fè moun pafè nan feblès yo.” Avèk nouvo konpreyansyon sa a, Pòl te vin kapab aksepte pikan yo te ba li e epi li te vin rekonesan pou li. Li te di: “Se poutèt sa mwen glorifye mwen I … glorifye m pi plis de feblès mwen yo, pou puisans Kris la ka repoze sou mwen.”12

Si nou akeri pèspektif etènèl sa a nan lavi nou, kapasite nou pou pèsevere a ap grandi, n ap aprann kouman pou nou pote moun ki nan bezwen yo sekou,13 epi n ap vin apresye, menm eksprime remèsiman, pou eksperyans Bondye pèmèt nou fè yo kòm leson sou chemen lavi etènèl la.

Lè nou twouve n ap travèse tribilasyon, li ka difisil pou nou wè eprèv nou yo kòm poto endikatè sou chemen disip pèsonèl nou an. Men, keseswa nou twouve nou pafwa nan vale fènwa dezespwa a oubyen sou gran wout kè kontan an, sa nou aprann nan soufrans lòt moun ak santiman konpasyon nou santi pou soufrans lòt moun yo kapab yon benediksyon pou nou.

Pandan m te gen tach nan yon konferans pieu dènyèman nan Filipin, kè m te fè m mal lè m te aprann eksperyans trajik Frè Danyèl Apilado. Frè Apilado ak madanm ni te batize an 1974. Yo te anbrase levanjil retabli a epi yo te sele nan tanp. Apresa, yo te beni avèk senk bèl timoun. Jou 7 Jiyè 1997 la, pandan Frè Apilado tap sèvi kòm prezidan pieu, ti kay yo a te pran dife. Pi gran pitit gason Frè Apilado a, Michael, te sove papa l, li te trennen l sòti nan kay brile a, epi l te retounen nan kay la pou l t al sove lòt moun yo. Sete dènye fwa Frè Apilado te wè pitit gason l lan vivan. Dife a te pran madanm li, Dominga ak tout senk pitit li yo.

Lefèt ke Frè Apilado tap viv yon lavi ki te fè Bondye plezi lè trajedi a te frape l la pat anpeche trajedi a ni evite l chagren ki te suiv la. Men, fidelite li nan kenbe alyans li yo ak egzèse lafwa li nan Kris la te ba l asirans nan pwomès ke l ap gen pou l reyini avèk madanm li ak fanmi li ankò. Esperans sa a te vin tounen yon ankraj pou nanm ni.14

Pandan vizit mwen an, Frè Apilado, ki se patriyach pieu a kounyeya, te prezante m bay nouvo madanm ni, Simonette, ak de pitit gason yo, Raphael ak Daniel. Reyèlman, Jezikri kapab epi l ap “panse kè ki brize.”15

Nan pataje istwa Frè Apilado a, mwen krenn ke gwosè pèt li a pa lakoz anpil moun panse ke pwòp chagren ak soufrans pa yo piti an konparezon. Silvouplè, pa fè konparezon, men chèche aprann ak aplike prensip etènèl yo pandan n ap travèse dife pwòp afliksyon pa nou yo.

Si m ka pale avèk nou chak endividyèlman—“nou tout ki bouke epi k ap pote chay”16—kite m sijere ke difikilte pèsonèl ou yo, lapenn, doulè, tribilasyon, ak tout kalite enfimite ou yo, Papa nou ki nan syèl la ak pitit Gason L la konnen yo tout. Gen lafwa! Pran kouraj! Epi kwè nan pwomès Bondye yo!

Objektif ak misyon Jezikri a sete pou l te “pran doulè ak maladi pèp Li a sou tèt pa l,” “pou L pran enfimite yo sou tèt pa L,” epi pou L “pote pèp Li a sekou daprè enfimite yo.”17

Pou nou totalman resevwa don sa yo Sovè nou an ofri gratis yo, nou tout dwe aprann ke soufrans—an limenm e pa limenm—pa anseye ni bay anyen ki gen valè dirab amwenske nou delibereman angaje nou nan pwosesis pou tire leson nan afliksyon nou yo atravè egzèsis lafwa.

Elder Neal A. Maxwell te pataje yon bagay li te aprann konsènan soufrans entansyonèl nan pawòl sa yo:

“Gen kèk fòm soufrans ki, si nou byen andire yo, kapab rann nou pi bon. …

“… Yon pati nan andire byen se pou nou dou ase, nan mitan soufrans nou an, pou n aprann nan eksperyans sa a. Olye ke nou senpleman travèse bagay sa yo, se yo ki dwe travèse nou … nan fason ki sanktyifye nou.”18

Mwen obsève nan lavi ak egzanp lòt moun ke lè nou egzèse yon lafwa fèm e inebranlab nan Jezikri ak nan pwomès li yo, sa banou esperans asire sou pi bon bagay ki gen pou vini. Esperans fèm sa a kalme nou, li pote fòs ak pouvwa nou bezwen pou nou andire a.19 Lè nou ka konekte soufrans nou yo avèk yon asirans sou objektif nou nan mòtalite a e pi espesyalman avèk rekonpans kap tann nou nan lye selès yo, lafwa nou nan Kris la ogmante epi nou resevwa rekonfò nan nanm nou.

Lè sa a, nou ka wè limyè ki nan fen tinèl la. Èldè Jeffrey R. Holland te anseye: “Reyèlman, gen  limyè nan fen tinèl la. Se limyè mond lan, zetwal briyan maten an, ‘limyè ki san fen an, ki pap janm ka etenn nan’ [Mozya 16:9]. Se Pitit Gason Bondye a Limenm”20

Nou ka pran kouraj nan konnen ke tout eksperyans ki rèd yo nan lavi sa a tanporè; menm lannuit ki pi fènwa yo vin tounen douvanjou pou fidèl yo.

Lè tout bagay fini epi nou te andire tout bagay avèk lafwa nan Jezikri, nou gen pwomès ke “Bondye pral siye [tout] dlo nan je [nou].”21

Mwen temwaye ke Bondye Papa nou an ak Pitit Gason L la, Jezikri, vivan epi Yo se moun ki kenbe pwomès yo. Mwen temwaye ke Sovè a envite nou tout pou nou vin pataje Sakrifis Ekspyatwa L la. Si nou egzèse lafwa nan Li, l ap leve nou anlè epi l ap pote nou atravè tout tribilasyon nou yo, epi alafen, l ap sove nou nan wayòm selès la. Mwen envite nou pou nou vin jwenn Kris la, sipòte tout bagay ak lafwa, epi pèfeksyone nou nan Li. Nan non sakre Jezikri, amèn.