2010–2019
Se pou nou anbisye pou Kris la
Oktòb 2016


Se pou nou anbisye pou Kris la

Nou anbisye pou Kris la lè nou sèvi fidèlman, nou aksepte enbleman, nou andire nobleman, priye avèk fèvè, e pataje diyman.

Chè frè m ak sè m yo, jodia m ta renmen pale ak jèn yo nan Legliz la, enkli misyonè mèveye nou yo. Natirèlman, m envite frè ak sè yo ki santi yo jèn nan kè yo pou yo koute tou.

21 Out ki sot pase a, Prezidan Russell M. Nelson te konsakre bèl Tanp Sapporo a---twazyèm tanp nan Japon. Tanp Sapporo a bati nan nò Japon nan yon kote yo rele Hokkaido. Tankou Uta, Hokkaido te kolonize pa pyonye ki te konn travay e ki te travay di.

An 1876, yo te envite yon edikatè renome ki te rele William Clark1 pou l te vin Hokkaido pou l anseye. Li te viv nan Japon pandan uit mwa, men espri kretyen li kite yon enpresyon dirab sou jèn etidyan ki pa t kretyen yo. Anvan l t ale, li te bay etidyan l yo yon mesaj orevwa ki te vin imòtalize nan estati an bwonz sa a.2 Li te di: “Ti mesye, se pou nou anbisye!”—”Se pou nou gen anbisyon pou Kris la.”3 Egzòtasyon li pou yo “anbisye pou Kris la” kapab ede dirije desizyon chak jou yo pou Sen Dènye Jou yo.

Imaj
Dr. William Clark

Kisa savle di pou n “anbisye pou Kris la”? Anbisye pou Kris la vledi pou nou motive, konsantre, e devwe nou a travay li. Anbisye pou Kris la raman vledi ke yo mete nou sou yon pyedestal pou n resevwa onè piblik. Sa vledi ke n ap sèvi fidèlman e ak dilijans nan pawas ak branch nou yo san plenyen epi ak kè kontan.

Misyonè nou yo k ap sèvi nan tout mond lan se bèl egzanp sou moun ki vrèman anbise pou Kris la. Sa gen kèk ane, Sè Yamashita avèk mwen te sèvi nan Misyon Nagoya a nan Japon. Misyonè nou yo te anbisye pou Kris la. Youn nan misyonè sa yo sete yon jenòm yo te rele Èldè Cowan.

Imaj
Èldè Cowan avèk Prezidan Yamashita ak Sè Yamashita

Èldè Cowan pa t gen pye dwat akoz yon aksidan bisiklèt li te fè lè l te piti. Kèlke semèn apre l te fin antre nan misyon an, m te resevwa yon apèl telefòn nan men konpayon li. Pye an plastik Èldè Cowan an te kase pandan l t ap kondui bisiklèt li. Nou te mennen l nan yon bon kote yo fè reparasyon, epi la, nan yon sal prive, m te wè janm ni pou lapremyè fwa. M te reyalize ki kantie doulè li t ap soufri. Yo te repare pye an plastik li a, epi li te retounen al nan zòn ni.

Men, amezi semèn yo t ap pase, pye plastik la te kontinye ap kase e kase ankò. Konseye medikal zòn nan te rekòmande pou Èldè Cowan te retounen lakay li pou yo te wè reyafekte li nan yon lòt misyon si posib. M pa t twò vle konsèy sa a paske Èldè Cowan te yon gwo misyonè, epi li te gen gwo dezi pou l te rete nan Japon. Men, gradyèlman, Èldè Cowan te kòmanse ap gen limitasyon fizik. Malgre sa, li pa t janm mimire ni plenyen.

Ankò, yo te ban m konsèy pou pèmèt Èldè Cowan al sèvi nan yon kote ki pa t ap mande l pou l kondui bisiklèt. M te reflechi sou sitiyasyon an. M te panse ak Èldè Cowan ak fiti li, epi m te priye sou sa. M te santi enpresyon ke, wi, Èldè Cowan te dwe retounen lakay li pou l al tann pou yo reyafekte li. M te telefone li epi m te eksprime lanmou m ak enkyetid mwen pou li epi m te di l ki desizyon m te pran. Li pa t di anyen. M te ka sèlman tande l k ap kriye nan telefòn nan. M te di: “Èldè Cowan, ou pa oblije reponn mwen imedyatman. Ma rele w demen. Tanpri, reflechi sou rekòmandasyon m nan avèk priyè sensè.”

Lè m te rele l nan demen maten, li te di enbleman ke l t ap suiv konsèy mwen an.

Nan dènye entèvyou m te gen avèk li, m te poze l kesyon sa a: “Èldè Cowan, èske lè w t ap aplike pou misyon an out e mande pou yo te voye yon kote ou pa t ap gen pou w kondui bisiklèt?”

Li te reponn: “Wi, Prezidan, m te fè sa.”

M te reponn: “Èldè Cowan, yo te aple w nan Misyon Jagoya a nan Japon, kote ou t ap gen pou w kondui bisiklèt. Èske w te di prezidan pieu w la sa?”

Repons li te etone mwen. Li te di: “Non, m pa t di l sa. M te pran detèminasyon ke si sa a se kote Senyè a aple mwen, m ta pral fè egzèsis pou antrene kòm pou m te ka kondui yon bisiklèt.”

Nan fen entèvyou an, li te poze m kesyon sa a ak dlo nan je li: “Prezidan Yamashita, poukisa m te vin nan Japon? Poukisa m la a?”

Mwen te reponn san ezitasyon: “Èldè Cowan, m konn youn nan rezon k fè w te vini la a. Ou te vini poutèt mwen. M vin rive konprann ak ki kalite gwo jènjan m t ap sèvi la a. M beni dèske m konnen ou.

Mwen kontan rapòte ke Èldè Cowan te retounen lakay li epi yo te reyasiyen li pou l te sèvi nan yon misyon kote l te ka itilize yon machin pou l te deplase. Mwen fyè non sèlman pou Èldè Cowan men pou tout misyonè atravè mond lan k ap sèvi volontèman san pleyen ni mimire yo. Mèsi, èldè yo ak sè yo, pou lafwa nou, pou fokis nou, ak anbisyon solid nou pou Kris la.

Liv Mòmon an gen anpil resi sou moun ki te anbisye pou Kris la. Alma, pitit la, lè l te jèn gason, te pèsekite Legliz la ak manm li yo. Nan apre, li te sibi yon gwo chanjman nan kè l epi l te vin sèvi kòm yon misyonè puisan. Li te chèche direksyon nan men Senyè a, epi li te beni konpayon l yo pandan l t ap sèvi avèk yo.

Alma sa a te bay pitit gason li, Elaman, konsèy sa a:

“Nenpòt moun ki mete konfyans nan Bondye, y ap jwenn sipò nan traka yo, ak pwoblèm yo, ak afliksyon yo, epi yo pral monte anlè nan dènye jou a. …

“…  Respekte kòmandman Bondye yo. …

“Mande Senyè a konsèy nan tout sa w ap fè, epi l ap dirije w nan sa ki bon.”4

Dezyèm pitit gason m nan te pase pifò nan jenès li andeyò Legliz la. Lè l te vin gen 20 tan, li te fè yon eksperyans ki te fè l vin anvi chanje lavi li. Avèk lanmou, priyè, ak èd fanmi li ak manm Legliz yo, epi finalman, atravè konpasyon ak gras Senyè a, li te retounen Legliz la.

Nan apre, li te resevwa apèl pou l te sèvi nan Misyon Seattle la nan Washington. Li te toudabò travèse gwo dekourajman. Chak swa, pandan twa mwa, li te konn al nan saldeben an pou l te kriye. Tankou Èldè Cowan, li t ap chèche konprann: “Poukisa m la a?”

Apre l te fin sèvi pandan ennan, nou te resevwa yon email ki sete repons pou priyè nou yo. Li te ekri: “Kounyeya, m ka reyèlman santi amou Bondye ak Jezi. M ap travay di pou m ka vin menmjan ak ansyen pwofèt yo. Malgre mwen menm tou m ap travèse anpil difikilte, mwen vrèman kontan. Sèvi Jezi se reyèlman pi bon bagay ki egziste. Pa gen anyen ki osi mèveye ke bagay sa a. M kontan anpil.”

Li te santi l tankou Alma te santi l la: “O, gade yon lajwa, ak yon limyè mèveye m te wè; wi, nanm mwen te chaje avèk anpil lajwa, ki te konparab avèk kantite lapenn m te genyen yo!”5

Nan lavi nou, n ap gen pou n travèse eprèv, men, si nou anbisye pou Kris la, nou ka fokis sou Li e santi lajwa menm nan mitan yo. Redanmtè nou an se egzanp final la. Li te konprann misyon sakre l la epi li te obeyi volonte Bondye Papa a. Ala yon bèl benediksyon sa ye pou nou sonje bèl egzanp li chak semèn lè n ap pran Sentsèn.

Chè frè ak sè m yo, nou anbisye pou Kris la lè nou sèvi fidèlman, lè nou aksepte enbleman, lè nou andire nobleman, nou priye avèk fèvè, epi nou pran Sentsèn nan diyman.

Se pou nou anbisye pou Kris la pandan n ap aksepte difikilte ak eprèv yo avèk pasyans ak lafwa epi jwenn lafwa sou chemen alyans nou.

Mwen temwaye ke Senyè a konnen nou. Li konn lit nou ak sousi nou. Li konnen dezi nou pou sèvi l avèk devouman yo, epi wi, avèk anbisyon. Se pou Li gide nou e beni nou pandan n ap fè sa a. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. William Smith Clark (1826–86) te yon pwofesè chimi, botanic, ak zooloji epi, antanke kolonèl pandan Lagè Sivil Ameriken an. Li sete yon lidè nan ansèyman agrikòl epi prezidan Kolèj Agrikilti Massachusetts la. (Gade “William S. Clark,” wikipedia.com.)

  2. Estati ki sou kolin Obsèvatwa Hitsujigaoka a nan Sapporo.

  3. William S. Clark, nan Ann B. Irish, Hokkaido: A History of Ethnic Transition and Development on Japan’s Northern Island (2009), 156.

  4. Alma 36:3; 37:35, 37.

  5. Alma 36:20.