2010–2019
Gratitid nan Jou Saba a
Oktòb 2016


Gratitid nan jou Saba a

Pou Sen Dènye Jou yo, Saba a se yon jou gratitid ak lanmou.

Chè frè m ak sè m yo ki toupatou nan mond lan nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, mwen rekonesan dèske Prezidan Thomas S. Monson mande m pou m pale nan konferans lan nan jou Saba sa a. Mwen priye pou Sentespri a pote pawòl mwen yo nan kè nou.

Jodia m vle pale nou de sa m santi nan kè m. M pral konsantre jodia sou gratitid---patikilyèman nan jou Saba a.

Nou santi rekonesans pou anpil bagay: yon jantiyès nan men yon etranje, yon repa lè nou grangou, yon bon tèt kay sou tèt nou lè tanpèt leve, yon zo kase ki geri, ak bèl kri yon nouvo tibebe ki fè k fèt. Anpil nan nou sonje santiman gratitid nou nan moman sa yo.

Pou Sen Dènye Jou yo, Saba a se yon jou gratitid ak lanmou konsa. Senyè a te avèti Sen nan Jackson County, Misouri yo, an 1831, ke lapriyè yo ak remèsiman yo dwe dirije vè syèl la. Premye Sen yo te resevwa revelasyon sou fason pou yo te rekspekte jou Saba a ak sou fason pou yo te jene ak priye.1

Senyè a te di yo menm, avèk nou, kijan pou n adore ak bay remèsiman nan jou Saba a. Jan nou ka di, sa k pi enpòtan an se fason nou santi nou osijè moun ki bay don yo. Men sa Senyè a te di sou fason pou n bay remèsiman ak fason pou n renmen nan jou Saba a:

“Se poutèt sa, m ba yo yon kòmandman, m di: Nou dwe renmen Senyè Bondye nou an avèk tout kè nou, avèk tout pouvwa nou, tout panse nou, epi tout fòs nou; epi nou dwe sèvi l nan non Jezikri. …

“Nou dwe remèsye Senyè Bondye nou an nan tout bagay.

“Nou dwe ofri yon sakrifis bay Senyè Bondye nan lajistis, sa vle di sakrifis yon kè brize ak yon lespri kontri.”2

Epi apresa, Senyè a te kontinye pou avèti kont danje ki genyen si nou renmen ak apresye Pè Selès la ak Jezikri kòm moun ki bay don yo: “Epi lòm pa ofanse Bondye nan anyen, oubyen kòlè Bondye pa limen kont okenn moun, eksepte moun ki pa konfese men l nan tout bagay, epi ki pa obeyi kòmandman l yo.”3

Anpil nan nou k ap koute jodia jwi Saba a kòm yon jou pou nou sonje Bondye ak ba l remèsiman pou benediksyon L yo. Nou gen lontan n ap chante kantik familye sa a:

Lorsque les ennuis, les peines, le chagrin,

Troubleront ta vie au long de ton chemin,

Compte les bienfaits accordés chaque jour,

Dénombre les en pensant à son amour.

Compte les bienfaits de chaque jour;

Ils sont si nombreux.

Compte chaque jour

Tous les bienfaits de Dieu. …

Si ta croix te semble trop lourde à porter?

Et si ton fardeau te pèse à t’écraser?

Compte les bienfaits, le doute s’en ira,

Et le jour qui meure dans les chants finira.4

Mwen resevwa lèt ak vizit Sen Dènye Jou fidèl ki kraze anba anpil fado. Genyen ki prèske santi ke, omwen pou yo, tout bagay pèdi. M espere e m priye ke sa m ap di yo ap ede w chase dout ou yo epi pou w kòmanse chante nan kè ou, espesyalman nan chak reyinyon sentsèn ou asiste.

Youn nan benediksyon ou dwe gen rekonesans pou li sèke ou prezan nan reyinyon sentsèn nan. Gen moun ki lakay yo ki pa kapab leve sou kabann yo. Gen kèk ki ta renmen nan plas ou la a men olyesa y ap sèvi nan lopital oubyen y ap bay sèvis sekirite piblik oubyen y ap defann ou nan riske pwòp lavi pa yo nan yon dezè oubyen nan yon jeng. Jis lefèt ke w kapab reyini avèk menm yon grenn Sen pou pran Setsèn nan se tout sa w bezwen pou w santi rekonesans ak lanmou pou bonte Bondye.

Gras ak Pwofèt Joseph Smith ak levanjil retabli a, yon lòt benediksyon nou ka konte se dèske nou gen opòtinite pou n pran sentsèn chak semèn nan---prepare, beni, epi distribye pa sèvitè otorize Bondye. Ou ka rekonesan lè Sentespri a konfime w ke pawòl priyè Sentsèn yo, enb detantè prètriz sa yo ap ofri yo, Pè Selès la onore yo.

Pami tout benediksyon nou ka konte yo, pi gran an se santiman padon ki vini lè nou pran sentsèn nan. N aps anti plis lanmou ak apresyasyon pou Sovè a, ke sakrifis enfini l la rann posib pou nou pwòpte anba peche nou yo. Lè nou pran pen an ak dlo a, nou sonje ke l te soufri pou nou. Epi lè nou santi gratitid pou sa l te fè pou nou an, n aps anti amou li pou nou ak amou nou pou li.

Nou ka santi yon pi gwo lanmou pou Limenm ak pou Sovè a paske Ekspyasyon L lan rann posib benediksyon nou resevwa lè nou renouvle alyans nou pou “toujou sonje l”5la. Nou gen dwa menm santi lanmou ak rekonesans pou Sentespri a Pè Selès la pwomèt k ap toujou avèk nou si nou rete fidèl nan pwomès nou fè yo. Nou kapab konte benediksyon sa yo chak Dimanch epi santi nou rekonesan pou yo.

Saba a se yon moman pafè tou pou n sonje alyans nou te fè nan dlo batèm pou renmen ak sèvi pitit Pè Selès yo. Respekte pwomès sa a kapab mande pou n patisipe nan yon klas oswa yon kowòm avèk tout kè nou pou n ka bati lafwa ak lanmou pami frè n ak sè nou yo. Sa ka enkli jwayezman ranpli nenpòt apèl nou resevwa.

Mwen rekonesan pou pil jou Dimanch m te konn anseye yon kowòm dyak yo nan Bountiful, nan Uta, osibyen yon klas Lekòldidimanch nan Idaho. M sonje lè m t ap sèvi kòm asistan madanm mwen nan gadri, kote tach prensipal mwen sete distribye ak ranmase jwèt.

Sa te pran dèzane anvan m te rekonèt, pa mwayen Lespri a, ke senp sèvis mwen an te konte nan lavi pitit Pè Selès la yo. M te etone wè ke, atravè ane yo, kèk ladan yo te sonje tantativ enpafè mwen pou m te sèvi yo pou Mèt la nan jou Saba sa yo.

Menmjan nou souvan pa ka wè rezilta pwòp sèvis n ap bay nan jou Saba yo, nou gen dwa pa ka wè efè akimile lòt sèvitè Senyè yo tou. Men Senyè a ap bati wayòm ni an diskrètman atravè sèvitè enb ak fidèl li yo, san bri, pou mennen l nan fiti milenè gloriye l la. Se Sentespri a ki ka fè n wè grandisman san rete sa a.

Lè m t ap grandi, m te konn al nan reyinyon Sentsèn nan yon branch nan New Jersey avèk kèk grenn manm ak yon sèl fanmi, fanmi pa m. Swasannkenzan desa, m te batize nan sèl grenn chapèl Legliz la te bati nan Pennsilvani ak nan New Jersey a. Men, kote k te gen yon ti branch lan nan Princeton nan lè sa a, gen de gwo pawas kounyeya. Epi sa gen apèn kèlke jou, dè milye jèn te prezante yon selebrasyon anvan konsekrasyon Tanp Filadèlfi a nan Pennsilvani.

Lè m te yon jènjan, yo te aple m kòm yon misyonè distri nan sèl chapèl ki te genyen nan Albuquerque, nan Nouvo Meksik la. Jodia, gen yon tanp ak plizyè pye kote sa a.

M te kite Albuquerque pou m t al etidye nan Cambridge, Massachusetts. Te gen yon chapèl ak yon distri ki te kouvri pifò Massachusetts ak Rhode Island. M te konn kondui travèse kolin bèl peyi sa a pou m te ka al nan reyinyon Sentsèn nan ti branch tou piti, pifò ladan yo sete kay yo te lwe oubyen ti kay yo te remodle. Kounyeya, gen yon tanp sakre Bondye nan Belmont, Massachusetts, ak pieu ki simaye nan tout kanpay yo nan peyi a.

Sa m pa t ka wè klèman lè sa a sèke Senyè a t ap devèse Lespri li sou moun yo nan enb reyinyon sentsèn sa yo. M te ka santi sa, men m pa t ka wè etandi li ak kilè Senyè a te gen entansyon pou bati ak glorifye wayòm ni an. Yon pwofèt, pa revelasyon, te wè e l te ekri sa nou ka wè pou tèt pa nou kounyeya. Nefi te di kantite manm nou yo pa t ap janm anpil, men limyè yo pote a t ap yon bagay enpresyonan:

“Epi, se te konsa, m te wè legliz Ti Mouton Bondye a; li pa gen anpil moun. …

“Epi, se te konsa, mwen menm Nefi, m te wè pouvwa Ti Mouton Bondye a te desann sou sen legliz Ti Mouton an yo, ak sou pèp alyans Senyè a, ki te dispèse sou tout sifas tè a; epi yo te ame avèk lajistis, e avèk pouvwa Bondye nan anpil glwa.”6

Nan dispansasyon sa a, gen yon deskripsyon pwofesik menmjan an tou sou kondisyon nou ak posiblite ki devan nou yo ki nan Doktrin ak Alyans yo:

“Nou pa t ko konprann ki kalite gwo benediksyon Papa a gen nan men pa l epi li te prepare pou nou;

“Epi nou pa kapab sipòte tout bagay kounyeya; sepandan, fè kè nou kontan, paske m ap dirije nou. Wayòm nan pou nou epi benediksyon ki ladan l yo pou nou, epi richès letènite yo pou nou.

“Epi yon moun ki resevwa tout bagay avèk remèsiman, l ap glorifye; epi bagay ki sou tè sa a ap ajoute sou sa li genyen, menm yon santèn fwa, wi, menm plis.”7

Mwen te santi transfòmasyon sa a ki akonpaye yon rekonesan k ap grandi pou benediksyon yo ak yon lanmou Bondye k ap ogmante atravè Legliz la. Se kòmsi l akselere pami manm Legliz yo nan moman ak lye kote gen eprèv lafwa yo, kote yo oblije sipliye Bondye pou ede yo menm kontinye viv.

Epòk nou pral travèse yo ap gen gwo eprèv ladan yo, jan sa te ye pou pèp Alma a anba men kriyèl Amilon, ki te mete fado sou do yo ki te twò lou pou yo te pote:

“Epi, se te konsa, vwa Senyè a te fè yo tande l nan afliksyon yo, li te di: Leve tèt nou, e konsole nou paske m konnen ki alyans nou te fè avèk mwen; m ap fè alyans avèk pèp mwen an, e m ap delivre l anba esklavaj.

“Epi, m ap fè chay ki sou zèpòl nou yo vin lejè pou nou pa menm kapab santi yo sou do nou, menm lè nou nan esklavaj; e m ap fè sa, pou nou kapab sèvi m temwen apre sa, e pou nou kapab konnen toutbon, mwen menm, Senyè Bondye a, m vizite pèp mwen nan afliksyon yo.

“Epi kounyeya, se te konsa, chay ki te sou Alma ak frè l yo te vin lejè; wi, Senyè a te fòtifye yo pou yo kapab pote chay yo alèz, e yo te aksepte avèk kè kontan ak pasyans, tout sa Senyè a te vle.”8

Noumenm avèk mwen temwen ke chak fwa nou te kenbe alyans nou fè avèk Senyè a, espesyalman lè sa te difisil, li te tande priyè remèsiman nou pou sa L deja fè pou nou yo epi l reponn priyè nou pou fòs pou n andire fidèlman yo. Epi, plis pase yon fwa, Li konn fè nou santi lajwa ansanm ak fòs.

Petèt w ap mande tèt ou kisa w ka fè pou w viv ak adore nan jou Saba sa a pou w ka montre rekonesans ou ak pou fòtifye oumenm ak lòt moun pou eprèv k ap tann nou pi devan yo.

Ou ka kòmanse avèk yon priyè remèsiman pèsonèl ak familyal pou tout sa Bondye fè pou ou. Ou ka priye pou w konnen sa Senyè a ta vle w fè pou w sèvi Limenm ak lòt moun. Patikilyèman, ou ka priye pou Sentespri a pale w de yon moun ki santi l solitè oubyen ki nan bezwen, ke Senyè a ta vle w al ede.

M ka pwomèt nou priyè nou yo ap jwenn repons, epi si nou aji selon repons nou resevwa yo, n ap jwenn lajwa nan Saba a epi kè nou va debòde ak remèsiman.

Mwen temwaye ke Bondye Papa a konnen ou e li renmen ou. Sovè a, Senyè Jezikri, te ekspye pou peche w yo pa amou pou ou. Yomenm, Papa a ak Pitit la, konn non ou menmjan yo te konn non Pwofèt Joseph Smith la lè yo te parèt devan l lan. Mwen te mwaye ke sa a se Legliz Jezikri epi L ap onore alyans ou fè e renouvle avèk Bondye yo. Nati oumenm ap chanje pou w ka vin tankou Sovè a. W ap fòtifye kont tantasyon e kont santiman dout osijè verite a. W ap jwenn lajwa nan Saba a. Mwen pwomèt ou sa nan non Senyè Jezikri, amèn.