2010–2019
Dekouvri Liv la, Dekouvri Senyè a
Oktòb 2016


Dekouvri Liv la, Dekouvri Senyè a

Èske ou ka wè Liv Mòmon an kòm fondman relijyon ou, sant fòs espirityèl ou?

Mary Elizabeth Rollins

Nan lespri m, m imajine nou menm nan jenerasyon k ap grandi a k ap gade oubyen koute sesyon konferans sa a yon kote nan mond lan. M ta renmen pataje yon vrè istwa avèk nou, yon istwa ki ka yon egzanp ak yon leson. Li ka montre n kijan pou n apwoche pi pre Senyè a ak kijan pou nou rive gen plis pouvwa pou reziste anba tantasyon.

Se istwa yon jèn tifi, ki t ap viv nan Nouyòk, ki, anvan laj twazan te pèdi papa l lè bato li te koule nan yon gwo lak. Limenm, manman l, gran frè l la, ak ti sè l la te demenaje al nan yon nouvo vil nan yon lòt eta pou yo t al viv lakay matant li ak tonton li. Yon ti tan apre fanmi an te rive kote sa a, misyonè ak manm yon relijyon ki te fèk òganize te rive nan vil yo a avèk nouvèl gloriye Retablisman levanjil la. Yo te rakonte yon istwa remakab konsènan yon zanj ki te delivre yon ansyen anal bay yon jenòm ki te rele Joseph Smith, yon anal li te tradui pa pouvwa Bondye. De nan vizitè yo, Oliver Cowdery ak John Whitmer, te aktyèlman wè paj an metal grave ansyen anal sa a ak pwòp je pa yo, epi Whitmer temwaye ke l te kenbe plak lò yo nan men li. Anal sa a te fèk pibliye, epi Frè Whitmer te mache avèk liv la. Natirèlman, non liv la sete Liv Mòmon.

Lè Mary, ki te gen 12 zan, te tande misyonè yo ap pale de liv la, li te gen yon santiman espesyal nan kè l. Malgre Liv Mòmon an te epè ak anpil paj, Mary te anvi li l. Lè Frè Whitmer ta prale, li te lonje youn nan liv presye sa a bay Frè Isaac Morley, ki sete yon zanmi tonton Mary a e ki te yon dirijan nouvo legliz la nan zòn nan.

Mary te ekri nan apre: “M t al kay [Frè Morley] … epi m te mande l pou m te wè Liv la; [li] te mete l nan men m, [epi] lè m te gade l, m te santi yon si gwo dezi pou m te li l, ke m pa t ka anpeche m mande l pou l te prete m ni pou m t al lakay pou m li l … Li te di … li pa t tèlman gen tan pou l te li yon chapit limenm, epi gen kèk nan frè yo ki pa t menm ko wè li, men m te sitèlman sipliye l, ke l te finalman di ‘pitit, si w ap pote liv sa a retounen anvan dejene demen maten, ou mèt prete li.’”

Imaj
Mary Elizabeth Rollins k ap li

Mari te kouri al lakay li epi liv la te sitèlman kapte li ke l te pase prèske tout nuit la ap li l. Nan demen maten, lè l t al remèt liv la, Frè Morley te di: “M panse ou pa t li anpil ladan” epi “M pa kwè w ka di yon mo apwopo liv sa a.” Mary te kanpe dwat epi l te repete premye vèsè Liv Mòmon an pa kè. Apresa li te rakonte l istwa pwofèt Nefi a. Nan apre Mary te ekri: “Li te gade m ak etonman, epi l te di, ‘pitit, pran liv sa a pot lakay pou w al fin li l, m ka tann.’”

Yon ti tan apre, Mary te fin li liv la epi l sete premye moun nan vil la ki te li liv la annantye. Li te konnen l te vre epi l te soti nan Pè Selès la. Pandan l t ap chèche liv la, li t ap chèche Senyè a.

Yon mwa apresa, yon vizitè espesyal te vin lakay li. Men sa Mary te ekri sou rankont memorab jou sa a: “Lè [Joseph Smith] te wè mwen, li te gade m atantivman. … Apre yon minit ou de li. … te ban m yon gwo benediksyon. … epi li te fè m kado liv la, epi l te di li t ap bay Frè Morley yon lòt [kopi]. … Nou tout te santi l sete yon moun Bondye, paske li te pale ak puisans, epi kòm yon moun ki gen otorite.”

Jèn tifi sa a, Mary Elizabeth Rollins, te wè anpil lòt mirak nan lavi li epi l te toujou kenbe temwayaj li konsènan Liv Mòmon an.1 Istwa sa a gen yon siyifikasyon espesyal pou mwen paske li se katriyèm gran tant mwen. Atravè egzanp Mary, ansanm ak lòt eksperyens nan lavi m, m te aprann ke yon moun pa janm twò jèn pou l chèche ak resevwa yon temwayaj pèsonèl konsènan Liv Mòmon an.

Fondman temwayaj nou

Gen yon leson pèsonèl pou nou nan istwa Mary a. Chak nan noumenm, jènjan, jènfi, ak timoun kapab gen menm santiman li te genyen yo. Lè nou li Liv Mòmon an epi nou priye ak yon dezi pou n konnen si l se verite, nou menm tou nou ka resevwa menm enpresyon Mary te resevwa a nan kè nou. Ou gen dwa vin wè ke lè w kanpe pou w rann temwayaj sou Liv Mòmon an, w ap santi menm espri konfimasyon an tou. Sentespri a ap pale nan kè ou. Ou ka santi menm espri konfimasyon sa a lè w tanke lòt moun pataje temwayaj yo konsènan Liv Mòmon an. Chak nan temwayaj espirityèl sa yo ka fè Liv Mòmon an vin tounen fondman temwayaj ou.

Kite m eksplike. Pwofèt Joseph Smith, ki te tradui Liv Mòmon an pa mwayen “don ak pouvwa Bondye,” dekri Liv Mòmon an kòm “liv ki pi kòrèk pase tout lòt liv sou tè a, e li se fondman relijyon nou an.”2

Depi premye fwa sa a Liv Mòmon an te enprime an 1830 la, gen plis pase 174 milyon kopi ki pibliye nan 110 lang diferan, sa k demontre ke Liv Mòmon an se toujou fondman relijyon nou an. Men kisa savledi pou nou chak?

Imaj
Fondman an se sant lan l ye

Nan tèm achitekti, yon fondman se yon eleman prensipal nan yon pòt an vout. Se wòch ki taye an fòm kwen an ki nan sant ak nan pwen ki pi elve a nan yon vout. Se wòch ki pi enpòtan nan wòch yo paske li kenbe toulède kote vout yo anplas, sa k anpeche l tonbe. Epi li se eleman nan estrikti a ki asire ke moun ka pase nan pòt la, oubyen nan pasaj anba a.

Imaj
Fondman nan yon lach

Nan tèm levanjil la, se yon don ak benediksyon nou jwenn nan men Senyè a dèske fondman relijyon nou an se yon bagay ki osi reyèl ak osi fizik ke Liv Mòmon an epi nou ka kenbe li epi li l. Èske w ka wè Liv Mòmon an kòm fondman ou, sant fòs espirityèl ou?

Prezidan Ezra Taft Benson te eksplike ansèyman sa yo Joseph Smith te bay yo. Li te di: “Gen twa fason Liv Mòmon an se fondman relijyon nou. Li se fondman temwayaj nou konsènan Kris la. Li se fondman doktrin nou an. Li se fondman temwayaj nou.”

Prezidan Benson te anseye pi lwen: “Liv Mòmon an anseye nou laverite [epi] li ran temwayaj konsènan Kris la. … Men gen yon lòt bagay ankò. Gen yon pouvwa nan liv la ki ap kòmanse vide nan lavi nou nan moman nou kòmanse fè yon etid serye sou liv la. N ap jwenn pi gwo pouvwa pou n reziste anba tantasyon. … N ap jwenn pouvwa pou n rete sou chemen dwat epi kwense a.”3

Temwayaj pèsonèl mwen

Nan ka pa m nan, Liv Mòmon an te vin fondman temwayaj mwen nan yon peryòd plizyè ane epi atravè yon kantite eksperyans. Youn nan eksperyans puisan nan fòme temwayaj mwen te rive pandan m te yon jèn misyonè ki t ap sèvi nan premye zòn mwen: Kumamoto, Japon. Konpayon m avèk mwen t ap mache de kay an kay pou n preche. M te rankontre yon ganmè ki te jantiman envite nou pou n te antre lakay li, ki te rele yon genkan nan lang Japonè. Li te ofri nou yon bwason glase nan yon jou ki te fè cho. M pa t gen lontan depi m te nan Japon, epi m te fèk fin li Liv Mòmon an, epi m t ap priye pou m te konnen avèk sètitid si l te verite.

Paske m te nouvo nan Japon, m pa t pale Japonè trè byen. Anfèt, m pa panse madanm sa a te konprann anpil nan sa m t ap di yo. M te kòmanse anseye l sou Liv Mòmon an, m te dekri kijan Joseph Smith te resevwa yon ansyen anal ki te grave sou plak nan men yon zanj ak kijan li te tradui yo pa pouvwa Bondye.

Pandan m t ap rann temwayaj ke Liv Mòmon an se pawòl Bondye ak yon lòt temwayaj konsènan Jezikri a, m te resevwa yon gwo enpresyon, ki te akonpaye pa yon santiman rekonfò ak serenite andedan mwen, ke ekriti yo dekri kòm “pwatrin ou [cho] andedan ou.”4 Santiman sa a te reyafime m nan yon fason puisan ke Liv Mòmon an se vrèman pawòl Bondye. Nan moman sa a, santiman m te sitèlman fò ke dlo te koule nan je m pandan m t ap pale avèk granmè Japonèz sa a. M pap janm bliye santiman espesyal sa a jou sa a.

Temwayaj pèsonèl ou

Nou chak kapab resevwa yon temwayaj pèsonèl konsènan liv sa a! Èske ou reyalize ke Liv Mòmon an te ekri pou ou---ak pou epòk pa nou an? Liv sa a se youn nan benediksyon ki genyen nan viv nan sa nou rele dispansasyon plenitid tan yo. Malgre Liv Mòmon an te ekri pa ansyen otè enspire---anpil ladan yo sete pwofèt---yo menm ak moun nan epòk pa yo a pa t gen benefis pou yo te posede tout liv la annantye. Kounyeya, nou fasilman gen alapòte nou anal sakre ke pwofèt, prèt, ak wa te apresye, anbrase, ak prezève sa yo! Ou gen benediksyon pou w kenbe Liv Mòmon an konplè nan men w. Sa k enteresan, youn nan pwofèt Liv Mòmon yo, Mowoni, te wè epòk nou an---epòk pa w la. L te menm wè ou, nan vizyon, sa gen dè santèn ane! Mowoni te ekri:

“Gade, Senyè a montre m gran bagay mèveye konsènan … jou sa a kote bagay sa yo,” ki vledi Liv Mòmon an, “gen pou fèt nan pami nou.

“Gade, m ap pale avèk nou kòmsi nou te prezan, men nou pa la. Men gade, Jezikri fè m wè nou, epi m konnen zèv nou.”5

Pou ede Liv Mòmon an vin fondman temwayaj nou, m ap ba w yon defi. M fèk sot aprann ke anpil nan jèn yo pase yon mwayèn 10zèdtan pa jou ap gade yon ekran televizyon, konpitè ak telefòn selilè.6 Avèk sa nan lespri ou, èske w ap fè yon ti chanjman? Èske w ap ranplase kèk nan tan w ap pase devan ekran chak jou a, patikilyèman sa w pase nan medya sosyal, entènèt, jwèt, oswa televizyon yo—pou w li Liv Mòmon an? Si etid m ap pale la yo se verite, ou ka fasilman jwenn tan pou etid Liv Mòmon an chak jou, menmsi se pou dis minit pa jou sèlman. Epi ou ka etidye l nan yon fason ki ap pèmèt ou jwi li ak konprann ni---oubyen sou aparèy elektwonik ou oubyen nan liv. Prezidan Russell M. Nelson avèti nou: “Nou pa dwe janm konsidere ke lekti Liv Mòmon an se yon tach penib pou nou akonpli, tankou rapidman vale yon medikaman anmè, epi tcheke l kòm yon bagay ke nou akonpli.”7

Imaj
Jèn k ap li Liv Mòmon an
Imaj
Timoun k ap li Liv Mòmon an

Pou kèk nan noumenm jèn timoun yo, nou gen dwa li l avèk yon paran, granparan oubyen yon manm fanmi. Si yon chapit, yon vèsè, oswa yon pati ladan vin difikil ase pou dekouraje w li, travèse al nan pwochen an epi pwochen an. M imajine w k ap suiv egzanp Mary a. M imajine w ki jwayezman jwenn tan ak yon lye trankil pou w li Liv Mòmon an. Mwen wè w k ap dekouvri repons, santiman direksyon, ak akeri pwòp temwayaj pa w konsènan Liv Mòmon an ak yon temwayaj sou Jezikri. Pandan w ap dekouvri liv la, w ap dekouvri Senyè a.

Imaj
Dekouvri liv la

Ou pral absòbe nan lekti pasaj yo nan liv presye sa a epi w pral rankontre Sovè byeneme w la, Senyè a, Jezikri, nan prèske chak paj. Yo estime ke yon fòm kèlkonk nan non li itilize an mwayèn chak 1.7 vèsè.8 Menm Kris la limenm te temwaye konsènan verasite li nan dènye jou sa yo, kote l te di: “Menmjan Senyè Bondye nou an vivan an, bagay sa a se verite.”9

Mwen rekonesan pou envitasyon ak pwomès Senyè a ofri pou nou chak atravè pwofèt Mowoni an---pou chak moun ki li Liv Mòmon an. M ap fini avèk envitasyon ak pwomès sa a epi m ap ajoute temwayaj pa m: “Epi lè nou resevwa bagay sa yo [Liv Mòmon an], m vle egzòte nou pou nou mande Bondye, Papa Etènèl la, nan non [Jezi] Kris la, si bagay sa yo se pa verite; e si nou mande avèk yon kè sensè, avèk yon entansyon reyèl, si nou gen lafwa nan Kris la, l ap montre nou se verite, pa pouvwa Sentespri a.”10

Mwen rann temwayaj konsènan Retablisman levanjil la nan dènye jou sa yo ak konsènan Liv Mòmon an kòm prèv reyèl Retablisman an. Menmjan pawòl ki nan liv sa a te enspire yon tifi 12 zan pou l te anbrase Legliz retabli Jezikri a sa gen prèske de syèk la, verite n ap jwenn ladann yo ap edifye nou ak enspire nou nan menm fason an. Y ap fòtifye lafwa nou, ranpli nanm nou ak limyè, e prepare nou pou yon demen nou apèn gen posiblite pou n konprann.

Andedan paj liv sa a, n ap dekouvri amou enfini ak gras enkonpreyansib Bondye. Si nou eseye suiv ansèyman nou jwenn ladann yo, lajwa nou ap vin pi plis, konpreyansyon nou ap ogmante, epi repons n ap chèche pou pil pwoblèm ki nan mòtalite sa yo ap revele pou nou. Lè nou tounen vè liv la, nou tounen vè Senyè a. Liv Mòmon an se pawòl revele Bondye. Konsènan sa mwen temwaye, ak tout kè m ak tout nanm mwen, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade “Mary Elizabeth Rollins Lightner,” Utah Genealogical and Historical Magazine, Jiyè 1926, 193–95.

  2. Entwodiksyon Liv Mòmon an.

  3. Ezra Taft Benson, “The Book of Mormon—Keystone of Our Religion,” Ensign, Nov. 1986, 5, 7.

  4. Doktrin ak Alyans 9:8.

  5. Mòmon 8:34–35.

  6. Gade American Academy of Pediatrics, “Media and Children,” aap.org.

  7. Russell M. Nelson, “Strengthen the Shepherds” (diskou ki te fèt nan reyinyon konferans jeneral pou dirijan yo, Sept. 28, 2016).

  8. Gade Susan Easton Black, Finding Christ through the Book of Mormon (1987), 16–18.

  9. Doktrin ak Alyans 17:6.

  10. Mowoni 10:4; gade tou vèsè 3, 5.