2010–2019
Pou Devlopman Spirityèl ak Aprantisaj Nou
Oktòb 2016


Pou Devlopman Spirityèl ak Aprantisaj Nou

Mistè Bondye yo revele bannou selon volonte’L pa pouvwa Sentespri a.

Lè m te piti, paran’m te resevwa yon kado ki te vin kaptivan pou ti frè’m David ak mwen menm. Kado a se te yon ti replika plak lò yo Pwofèt Joseph Smith te resevwa nan men anj Mowoni yo. Si m sonje byen, replika plak yo te gen apeprè 10 paj an metal avèk mo ekri sou yo. Men, se pa t paj sa yo ki te kapte atansyon nou.

Nou te elve ap tande istwa Retablisman an. Nou te konnen epi nou te chante nan Primè konsènan plak lò ki te kache fon nan yon mòn ke anj Mowoni te delivre bay Joseph Smith. 1 Pandan sa te soulve kiryozite lespri timoun nou an, te gen yon bagay nou te reyèlman vle wè: kisa k te ekri sou ti seksyon replika plak yo ki te sele avèk 2 ti bann metal yo?

Plak yo te depoze nan pwent yon tab depi plizyè jou avan kiryozite te pran nou an. Malgre nou te klèman konprann ke sa yo se pa’t vrèman plak Moroni te bay yo, nou te vle wè pòsyon sele a. Konsa, nan plizyè okazyon, frè’m nan avèk mwen te eseye itilize kouto, vye kiyè, ak tout lòt bagay nou te ka imajine pou n te eseye separe pòsyon sele yo jis ase pou n te ka wè kisa yo gen ladan yo—men pa ase pou kase ti bann yo. Nou te omwen ase entèlijan pou n pa t kite tras kiryozite anfanten nou an. Pou desepsyon nou ak fristrasyon nou, esè sa yo pou nou te “espyone plak yo” pa’t janm reyisi.

Jiskaprezan m pa konn kisa —si gen yon bagay—ki te kache anba pòsyon sele sa a. Men pati anbarasan nan istwa nou an sèke rive jis jodia, m pa gen okenn ide de sa k te ekri sou pati moun te ka li a nan plak metal yo. Mwen ka sèlman imajine ke paj sa yo te gen istwa Retablisman an ak temwanyaj Joseph Smith ak temwayaj Twa ak Yuit Temwen yo, ki te wè vrè plak te Mowoni te delivre yo.

Depi Kreyasyon tè sa a, Papa eman nou an ki nan syèl la te bay direksyon, lidèchip, ak enstriksyon pou pitit li yo atravè Pwofèt. Pawòl li yo te transmèt atravè pwofèt sa yo epi yo anrejistre kòm ekriti pou devlopman nou ak aprantisaj nou. Nefi te dekri l fason sa a:

“Paske nanm mwen pran plèzi nan ekriti yo, e kè m medite sou yo, e m ekri yo pou konesans ak pwofi pitit mwen yo.

“Gade, nanm mwen pran plèzi nan bagay Senyè a yo; e kè m medite tout tan sou bagay m te tande ak wè yo. ” 2

Epitou, pandan dispansasyon pase yo ak nan dènye dispansasyon plenitid tan sa a, manm diy Legliz Senyè a te beni avèk konpayi konstan Sentespri a, ki ede nan devlopman spirityèl nou ak aprantisaj nou.

Konesan nati dilijan ti frè’m nan, mwen imajine ke gen anpil chans ke l te li tout pawòl ki te ekri sou replika plak yo lakay paran nou yo. Men, mwenmenm, m te inyore verite klè ak presye sa yo epi olyesa m te deplwaye efò ap chèche bagay ki pa’t la pou revele.

Malerezman, devlopman nou ak aprantisaj nou kapab ralanti dèfwa e menm kanpe pa yon move dezi pou nou “wè plak yo.” Aksyon sa yo kapab mennen nou al chache bagay ki pa nesesèman la pou nou konprann kounye a, e pandan tan sa a, nou inyore bèl verite ki la pou nou ak pou sikonstans nou yo—verite Nefi dekri kòm bagay ki la pou aprantisaj nou ak pwofi nou yo.

Frè Nefi a Jakòb te ansenye, “Gade, zèv Senyè a yo gran, ak mèvèy. Ala pwofondè mistè li yo entouchab; e li enposib pou lòm ta konprann tout fason li yo.” 3

Pawòl Jakòb yo ansenye nou ke nou pa kapab reyisi nan “fòse wè plak yo” oubyen fòse mistè Bondye yo revele pou nou. Men, mistè Bondye yo revele pou nou sèlman selon volonte li e pa pouvwa Sentespri a. 4

Jakòb kontinye:

“Epi pa gen moun ki konnen wout li yo, si li pa gen revelasyon; se poutèt sa, frè m yo, pa meprize revelasyon Bondye yo.

“Paske gade, avèk pouvwa pawòl li, lèzòm te vini sou sifas tè a. ... Kouman l ta fè pa kapab kòmande tè a, oubyen travay li te fè avèk men l sou sifas tè a, dapre volonte ak bon plezi l?

“Se poutèt sa, frè m yo, pa chèche bay Senyè a konsèy, men, chèche pran konsèy nan men l.” 5

Pou nou ka konprann mistè Bondye yo, oubyen bagay sa yo nou ka konprann sèlman atravè revelasyon yo, nou dwe suiv egzanp Nefi, ki te di, “M te jèn anpil, men m te gen gwo kò, epi tou m te gen gran dezi pou m konnen mistè Bondye yo, se poutèt sa, m te kriye nan pye Senyè a; e li te vizite m, e li te touche kè m pou m te kapab kwè tout pawòl papa m te pale yo” 6 Senyè a Li menm te eksplike pi lwen ke Nefi te egzèse lafwa, li te chèche ak dilijans ak imilite, epi l te respekte kòmandman L’yo. 7

Egzanp Nefi pou’l chache konesans la te gen ladan’l (1) yon dezi sensè, (2) imilite,(3) lapriyè, (4) konfyans nan pwofèt la, ak yon egzèsis (5) lafwa, (6) dilijans, ak (7) obeyisans. Gen gwo diferans ant metòd rechèch sa a ak metòd mwen an pou “fòse wè plak yo” oubyen fòse konpreyansyon bagay ki dwe revele selon orè Senyè a e atravè pouvwa Sentespri a.

Nan epòk modèn sa a, nou vin atann ke nou kapab e nou dwe jwenn konesans imedyatman; lè enfòmasyon pa disponib oubyen aksesib fasilman, nou gen tandans rejte’l oubyen pa fye’l. Akoz abondans enfòmasyon an, gen kèk moun ki plis fye sous ki disponib ki gen orijin enkoni yo olye yo apiye sou modèl Senyè a te etabli pou resevwa revelasyon pèsonèl la. Se petèt epòk nou an Jakòb t ap dekri lè l te di: “ Men gade, [yo] te yon pèp kou rèd; e yo te meprize pawòl ki klè ... e yo te chèche bagay yo pa kapab konprann. Se poutèt sa, poutèt yo avèg, yo te avèg poutèt yo gade pi lwen liy nan, yo dwe tonbe; paske Bondye te wete klète li a nan pami yo, e li te ba yo anpil bagay yo pa kapab konprann, paske yo te vle l.” 8

Kontrèman a sa, nou gen konsèy Prezidan Dieter F. Uchtdorf la. Li t’ap pale de misyonè, men pawòl li yo aplikab a tout moun k’ap chèche verite spirityèl. Li te di: “Lè ... misyonè yo gen lafwa nan Jezikri, y’ap fè Senyè a konfyans ase pou yo suiv kòmandman L’ yo—menm lè yo pa konprann tout rezon pou yo. Lafwa yo ap manifeste atravè dilijans ak atravè zèv.” 9

Nan dènye konferans Avril la, Elder Dallin H. Oaks te eksplike:”Legliz la ap fè gwo efò pou klè ak rekò nou genyen yo, men akote tout sa nou ka pibliye, manm nou yo pafwa ap rete avèk kesyon debaz ki pa kapab rezoud pa letid....Gen kèk bagay se sèlman atravè lafwa nou ka aprann yo.” 10

Ansyen pwofèt te ansenye menm prensip sa a, sa ki demontre ke avèk letan, nati imen an pa chanje epi modèl aprantisaj Senyè a etènèl. Konsidere pwovèb Ansyen Testaman sa a: “ Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen.” 11

Ezayi te eksplike, “Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa lide pa m’ byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m’ byen lwen chemen pa nou.” 12

Nefi te ajoute yon lòt temwanyaj lè l te pwoklame, “O Senyè, m te konfye m nan ou, epi m ap konfye m nan ou pou tout tan.” 13

Lafwa ak konfyans nan Senyè a mande pou nou admèt ke sajès Li siperyè ak pa nou. Nou dwe admèt tou ke plan Li a bannou pi gwo chans pou devlopman spirityèl ak pou aprantisaj.

Li pa atann ke n ap “gen yon [konpreyansyon] pafè de bagay yo” pandan egzistans mòtèl sa a. Men, li atann pou nou “espere bagay ke nou pa wè, men ki vrè.” 14

Menm Nefi ak gran lafwa l la, te admèt konpreyansyon limite li lè l te reponn zanj la ki te mande’l, “Èske w konprann konpasyon Bondye?” Nefi te reponn, “Mwen konnen Li renmen pitit li yo; men , mwen m pa konnen siyifikasyon tout bagay,.15

Menm jan an, Alma te eksprime bay pitit gason li an Elaman, “M pa fin konnen tout mistè sa yo nèt, se poutèt sa m p ap pale.” 16

Mwen rann temwayaj mwen ke Papa a Ki Nan Syèl la renmen pitit Li yo, e, menm jan ak Nefi ak Alma, nou pa konn siyifikasyon tout bagay. Epi tou mwen pa bezwen konnen tout bagay; mwen menmtou m’pa’p pale e m ap tann Senyè avèk pasyans, konesan ke “Men, m gen tout bagay pou temwaye, bagay sa yo se verite; epi tou, ou gen tout bagay pou temwaye, yo se verite;  …

“…  Ekriti yo louvri devan w; wi, tout bagay demontre egzistans yon Bondye; wi, menm tè a ak tout sa ki sou sifas li; wi, ak mouvman li, wi, epi tou ak tout planèt k ap fè mouvman regilye nan jan pa yo, yo temwaye gen yon Kreyatè ki Siprèm.” 17

Lè nou admèt ke nou se fabrikasyon yon Papa saj e devwe ki nan Syèl la, “O, enbyen,” poukisa nou pa kite’l gide devlopman ak aprantisaj spirityèl nou “selon volonte’l ak plezi’l” olye de pa nou? 18

Li vivan Jezikri se sèl Pitit Gason Li ak Redanmtè limanite. Gras ak Ekspyasyon enfini Kris la, Li gen sajès ak prevwayans pou gide nou nan dènye jou sa yo. Joseph Smith se pwofèt Li, ke l te chwazi pou retabli wayom ni an sou tè a nan plenitid li. Thomas S. Monson se pwofèt vivan Li e pòtpawòl li jodi a. Konsènan sa mwen rann temwanyaj sensè mwen nan non Jezikri, amen.