2010–2019
Senyè Jezikri anseye nou pou nou priye
Oktòb 2016


Senyè Jezikri anseye nou pou nou priye

Lè n ap priye, èske nou vrèman priye oubyen nou jis fè yon priyè?

An 1977 m t ap sèvi kòm yon misyonè aplentan nan Cuzco nan Pewou. Konpayon m avèk mwen te resevwa otorizasyon pou nou te mennen tout misyonè nan zòn Cuzco yo al vizite bèl win Machu Picchu mayifik yo.

Prèske nan fen vizit nou an, kèk misyonè te anvi al sou Pon Inca a, ki sitiye nan yon pati nan yon montay. Imedyatman, m te santi nan kè m ke Lespri a te konseye m pou nou pa t ale kote sa a. Santye a te sou bò tèt mòn nan ki te pase sou yon ravin 2.000 pye (610 m). Nan plizyè kote nan santye a, li te sèlman laj pou te kite yon sèl moun pase. Konpayon m avèk mwen te di yo nou pa ta dwe ale nan Pon Inca a.

Men, misyonè yo te ensiste pou nou t ale. Siplikasyon yo te vin pi plis, epi, malgre sa Lespri a te di m non an, m te sede anba presyon yo a epi m te di yo nou ta pral vizite pon an men sèlman si nou te pran prekosyon.

Nou te antre sou pis ki mennen nan Pon Inca a avèk mwenmen dèyè nan gwoup la, epi toudabò, tout moun te mache lantman, jan nou te dakò a. Epi, misyonè yo te kòmanse mache byen vit e menm kouri. Yo pa t koute apèl mwen pou yo te pran prekosyon an. M te santi m oglije ratrape yo, pou m te di yo fòk nou ta fè demi tou. M te lwen dèyè yo, e m te oblije kouri vit pou m te ka ratrape yo.

Pandan m te rive nan yon viraj, yon pasaj ki te wò etwa pou de moun mache ladann, m te jwenn youn nan misyonè yo kanpe avèk do l apiye sou wòch yo. M te mande l poukisa l te kanpe la a. Li te di m li te santi yon enpresyon pou l te ret kanpe nan kote sa a pou yon ti moman epi li te di m te mèt ale.

M te santi ijans pou m te ratrape sa ki te devan yo, konsa li te ede m travèse li, epi m te kapab ale yon ti jan pi lwen sou santye a. M te remake atè a te plen zèb vèt. M te depoze pye dwat mwen atè, epi m te reyalize, pandan m t ap tonbe, ke pa t gen okenn sòl anba zèb vèt yo. M te dezespereman grabe kèk branch ki te anba santye a. Pandan yon ti moman, m te ka wè anba, apeprè 2.000 pye anba mwen, Rivyè Urubamba a ki travèse Vale Sakre Incas yo. M te santi fòs mwen abandone m, epi sete sèlman yon zafè minit anvan m pa ka gen anyen pou m te kenbe ankò. Nan moman sa a, m te priye avèk fèvè. Sete yon priyè trè brèf. M te louvri bouch mwen epi m te di: “Papa, ede m!”

Branch yo pa t ase solid pou yo te sipòte pwa kò mwen. M te konnen lafen te rive pou mwen. Nan moman egzat kote m ta pral tonbe a, m te santi yon men fèm pran m nan bra epi l te rale m monte. Avèk èd sa a, m te kapab kontinye lite epi m te retounen sou wout la. Misyonè ki te rete dèyè a sete limenm ki te sove mwen.

Men, anreyalite, se Pè Selès la ki te sove m. Li te koute vwa m. M te tande vwa Lespri a twa fwa anvan sa, ki te di m pa ale sou Pon Inca a, men m pa t obeyi vwa sa a. M te sou chòk, m te pal, e m pa t konn kisa pou m di. Epi m te sonje ke lòt misyonè yo te devan nou, epi konsa, nou te pati al chèche yo jiskaske nou te jwenn yo epi nou te di yo sa k te rive m nan.

Nou te retounen Machu Picchu, avèk anpil prekosyon, epi an silans. Lè nou t ap retounen lakay, m te rete an silans, epi ide a te vin nan lespri m ke Bondye te pote atansyon a vwa m men mwenmenm, m pa t pote atansyon ak pa l. Te gen yon doulè pwofon nan kè m paske m te dezobeyi vwa li e an menm tan yon pwofon santiman rekonesans pou mizèrikòd li. Li pa t egzèse lajistis sou mwen, men nan gran mizèrikòd li, li te sove lavi m (Gade Alma 26:20).

Nan fen jounen an, lè moman priyè pèsonèl mwen te rive, m te priye “Papa mizèrikòd la, e Bondye tout konsolasyon an” (2 Korentyen 1:3) avèk tout kè m. M te priye “avèk yon kè sensè, ak entansyon reyèl, avèk lafwa nan Kris la” (Mowoni 10:4).

Bonè nan maten menm jou sa a, m te priye avèk bouch mwen, epi, lè m ta pral peri a, m te priye avèk kè mwen. M te medite sou lavi m nan pwen sa a. M te wè ke, nan plizyè okazyon, Papa nou ki nan Syèl la te gen anpil mizèrikòd pou mwen. Li te anseye m anpil leson jou sa a nan Machu Picchu ak nan Cusco a nan Perou. Youn nan pi gwo leson yo sete ke m dwe toujou priye avèk yon kè sensè, avèk entansyon reyèl, pandan m ap [egzèse] lafwa nan Kris la.

Nan yon okazyon, Senyè a, Jezikri “t ap priye nan yon sèten kote,” epi “lè l te fini, youn nan disip yo te mande li, Senyè, aprann nou priye” (Lik 11:1). Epi li te anseye disip li yo pou yo priye. Epi jodia oumenm avèk mwen priye tankou nou wè li nan tèt nou k ap priye nan Jetsemani an ap di: “Se pa volonte pa m, men volonte pa w ki pou fèt” (Lik 22:42). Lè n ap priye, èske nou reyèlman, vrèman vle pou “se volonte pa w, ki pou fèt”?

Pòl dekri kijan Jezi te priye “pandan l t ap viv sou latè,” espesyalman nan Jetsemani: “Li te ofri priyè ak siplikasyon avèk gran kri ak dlo nan je li bay moun ki te kapab sove l anba lanmò a, epi li te egzose akoz priyè li” (Ebre 5:7). Lè n ap priye, èske nou vrèman priye oubyen èske nou jis fè yon priyè? Èske nou sipèfisyèl nan priyè nou yo?

Jezi te priye avèk fèvè epi li te pale ak Papa l. “Epi sete konsa, pandan Jezi t ap batize, li te priye, epi syèl la te louvri” (Lik 3:21). Lè w priye, èske w santi syèl la ouvè? Ki dènye fwa ou te santi koneksyon sa a avèk syèl la?

Jezi te prepare tèt li pou l te pran desizyon enpòtan nan priye Papa li.

“Epi, Jezi te monte sou yon ti mòn pou l lapriyè, epi li te pase tout lannuit la ap priye Bondye.

“Epi lè l te fè jou, li te rele disip li yo: epi li te chwazi douz nan pami yo” (Luke 6:12–13).

Èske w prepare tèt ou lè w ap pran desizyon enpòtan, kote ou priye Papa nou ki nan Syèl la? Èske w prepare tèt ou pou yon moman priyè?

Lè Jezi te vini nan kontinan Ameriken an, Li te anseye pèp la pou yo priye. “Epi Jezi te di yo: Kontinye priye; e yo pa t sispann priye” (3 Nefi 19:26).

Jezi envite nou pou nou “toujou priye” (D&A 10:5). Li konnen Papa nou ki nan syèl la koute priyè nou epi li banou sa k pi bon pou nou. Poukisa pafwa nou pa vle resevwa? Poukisa?

Nan moman menm nou di “Papa nou ki nan Syèl la,” Li banou atansyon li epi li sousye pou noumenm ak bezwen nou. Epi konsa, je li ak zòrèy li konekte avèk nou kounyeya. Li li panse nou, epi li santi kè nou. Nou pa ka kache l anyen. Kounyeya, bagay ki mèveye a sèke l ap wè nou avèk je lanmou ak mizèrikòd---lanmou ak mizèrikòd nou pa ka totalman konprann. Men lanmou ak mizèrikòd kanpe bò kote li, nan moman menm kote nou di “Papa nou ki nan Syèl la”

Konsa, yon moman priyè se yon moman ki ekstrèmeman sakre. Bondye pa yon moun k ap di: “Non, m pap koute w kounyeya paske se sèlman lè w nan pwoblèm ou vin jwenn mwen.” Se sèlman lòm ki fè sa. Li se pa yon moun k ap di: “O, ou pa ka imajine kijan m okipe kounyeya.” Se sèlman lòm ki di sa.

Espwa mwen ak priyè mwen, se pou nou tout kapab priye jan Jezi te anseye nou pou nou priye a, nan non Senyè a, Jezikri, amèn.