2010–2019
Pa gen pi gwo lajwa panse konnen ke yo konnen
Oktòb 2016


Pa gen pi gwo lajwa panse konnen ke yo konnen

M pa konn si gen yon bagay nan mond sa a ki ka pote plis bonè ak lajwa pase konesans ke pitit nou yo konn Sovè a.

Frè m ak sè m yo, dènyèman m t ap reflechi sou kesyon sa a: “Si sa tout pitit nou yo te konnen nan levanjil la se nan men nou l te soti—kòm sèl sous yo— kisa yo t ap konnen? Kesyon sa a aplike pou nou tout ki renmen, gide, ak enfliyanse timoun.

Èske gen yon pi gwo kado nou ka kite pou pitit nou pase yon souvni ki pwofondeman ankre nan fon kè yo pou raple yo ke nou konnen Redanmtè nou an vivan? Èske yo konnen nou konn sa? E, pi enpòtan, èske yo vin konnen pou tèt pa yo ke Li vivan?

Lè m te yon tigason, mwen sete jèn timoun ki te pi difisil manman m t ap elve. M te gen yon eksè enèji. Manman m di m ke pi gwo krent li sèke l te sipoze m pa t viv rive laj adilt. M te senpleman twò aktif.

M sonje m, kòm yon jèn tigason, ki te chita nan yon reyinyon sentsèn patikilye avèk fanmi mwen. Manman m te fèk resevwa yon nouvo liv ekriti. Nouvo liv sa a te gen tout liv kanonik yo konbine nan yon sèl edisyon, epi nan mitan l te gen papye avèk liy pou l te ka pran nòt.

Pandan reyinyon an, m te mande manman m si m te ka kenbe liv ekriti a. Avèk espwa ke sa t ap ede m gen plis reverans, li te lonje l ban mwen sou ban an. Pandan m t ap vire paj ekriti yo, m te remake li te ekri yon bi pèsonèl nan seksyon nòt la. Pou m banou kontèks bi l la, m dwe di nou m se dezyèm nan sis pitit epi m rele Brett. Manman m t ekri yon bi sèlman, an wouj: “Pasyans avèk Brett!”

Pou plis prèv pou ede nou konprann difikilte paran m te rankontre nan elve nou nan fanmi an, kite m pale nou de lekti ekriti familyal nou. Chak maten, manman m te konn li Liv Mòmon an pou fanmi an pandan dejene. Pandan tan sa a, pi gran frè m nan, Dave, avèk mwen, nou te konn chita trankil men san reverans. Pou m konplètman onèt, nou pa t ap koute. Nou te konn ap li sa k te ekri sou bwat sereyal yo.

Finalman, yon jou maten, m te deside konfwonte manman m. M te di: “Manman, poukisa w ap fè nou sa a? Poukisa w ap li Liv Mòmon an chak maten?” Epi m te fè yon deklarasyon ke m wont pou m admèt m te fè. An reyalite, m pa menm ka rive kwè ke m te aktyèlman di sa. M te di l: “Manman, mwen pa p koute!”

Repons plen lanmou l la sete yon moman detèminan nan lavi m. Li te di: “Pitit gason m, m te nan yon reyinyon kote Prezidan Marion G. Romney te anseye sou benediksyon ki genyen nan li ekriti yo. Pandan reyinyon sa a, m te resevwa pwomès ke si m li Liv Mòmon an pou pitit mwen yo chak jou, m pap pèdi yo.” Apresa li te gade m dwat nan je epi, avèk yon detèminasyon fèm, li te di: , “E m pa p pèdi ou!”

Pawòl li yo te pèse kè m. Malgre enpèfeksyon m yo, m te diy pou sove! Li te anseye m verite etènèl ke m se yon pitit yon Papa eman ki nan syèl la. M te aprann ke kèlkeswa sikonstans la, m te diy pou li. Sa sete yon moman pafè pou yon tigason enpafè ke m te ye.

Mwen etènèlman rekonesan pou manman m ki te yon zanj ak pou tout lòt zanj ki renmen pitit yo pafètman, malgre enpèfeksyon yo. Mwen kwè fèm ke tout sè yo—m ap rele yo “zanj” —se manman nan Siyon, keseswa yo marye oubyen yo pa marye oubyen yo pa gen pitit nan mòtalite sa a.

Kèk ane desa, Premye Prezidans lan te pwoklame: “Matènite tou pre divinite. Se sèvis ki pi elve, ki pi sakre limanite akonpli. Li mete manman ki onore apèl ak sèvis sakre sa yo tou pre zanj yo.”1

Mwen rekonesan pou zanj toupatou nan Legliz la ki bravman epi avèk amoun ap pwoklame verite etènèl yo pou pitit Pè Selès yo.

Mwen rekonesan pou kado Liv Mòmon an. M konnen l se verite! Li gen plenitid levanjil la Jezikri a ladann. M pa konn okenn moun ki li Liv Mòmon an avèk dilijans chak jou, avèk yon entansyon reyèl epi ak lafwa nan Kris la, ki pèdi temwayaj yo ni ki tonbe. Pwomès pwofesik Mowoni an pote avèk li kle pou konnen verite tout bagay—enkli kapasite pou disène ak evite twonpri advèsè a (Gade Mowoni 10:4–5.)

Mwen rekonesan pou yon Papa eman ki nan syèl la ak pou Pitit Gason l lan, Jezikri. Sovè a ba nou egzanp pafè sou fason pou nou viv nan yon mond ki enpafè ak enjis. “Nou renmen li, paske li te renmen nou anpremye” (1 Jan 4:19). Amou li pou nou enfini. Li se pi bon zanmi nou. Li te swe “gwo gout san” pou oumenm avèk mwen tou (Lik 22:44). Li te padone sa ki aparaman enpadonab. Li te renmen tout moun. Li te fè sa okenn moun mòtèl pa t kapab fè: Li te ofri yon Ekspyasyon pou simonte transgresyon, doulè, ak maladi tout limanite.

Gras avèk Ekspyasyon Jezikri a, nou ka viv avèk pwomès ke kèlkeswa sa difikilte nou ka ye, nou ka toujou gen espwa nan Li, “ki puisan pou sove” a (2 Nefi 31:19). Gras avèk Ekspyasyon L la, nou ka gen lajwa, lapè, bonè, ak lavi etènèl.

Prezidan Boyd K. Packer te deklare: “Aleksepsyon kèk grenn moun ki chwazi pou yo tonbe nan pèdisyon, pa gen okenn abitid, okenn adiksyon, okenn rebelyon, okenn transgresyon, okenn apostazi, ni okenn krim ki ka anpeche yon moun jwenn pwomès padon total la. Sa se pwomès Ekspyasyon Kris la.”2

Youn nan evenman ki pi enkwayab nan istwa limanite se vizit Sovè a te fè ansyen abitan Amerik yo. Eseye vizyalize nan lespri nou kisa sa t ap ye pou nou nou ta la. Pandan m t ap medite sou swen janti ak eman li te bay gwoup Sen sa a ki te rasanble bò tanp lan, m t ap panse ak pitit pa m yo ke m renmen plis pase lavi limenm. M te eseye imajine kijan m t ap santi m pou m ta gade pitit mwen yo, pou m ta pèsonèlman wè Sovè a k ap envite chak timoun pou vin jwenn ni, pou m ta wè Sovè a k ap lonje lamen, pou m ta kanpe la pandan chak timoun, youn pa youn, t ap jantiman touche mak klou yo nan men l ak nan pye l, epi apresa pou m ta wè chak timoun kanpe pou rann temwayaj ke Li vivan! (Gade 3 Nefi 11:14–17; gade tou 17:21; 18:25.)Pou nou ta wè pitit nou yo vire pou di nou: “Manman, Papa, se Limenm!”

Imaj
Sovè a ak timoun yo

Mwen pa konn si gen anyen nan mond sa a ki kapab pote plis bonè ak lajwa pase konnen ke pitit nou yo konn Sovè a, konnen ke yo konn “nan ki sous pou yo chèche padon pou peche yo.” Se poutèt sa, antanke manm legliz la, “Nou preche konsènan Kris la,” epi nou temwaye konsènan Kris la (2 Nephi 25:26).

  • Se rezon sa a k fè nou priye avèk pitit nou yo chak jou.

  • Se rezon sa a k fè nou li ekriti yo avèk yo chak jou.

  • Se poutèt sa nou anseye yo pou yo sèvi lòt moun, pou yo ka resevwa benediksyon pou jwenn tèt yo pandan y ap lage tèt yo nan sèvi lòt moun. (gade Mak 8:35; Mozya 2:17).

Si nou konsakre tèt nou nan senp prensip ki fè se nou disip sa yo, n ap ame pitit nou yo avèk lanmou Sovè a epi avèk direksyon ak pwoteksyon divin lè y ap fè fas ak van vyolan advèsè a.

Levanjil la se vrèman osijè grenn moun nan. Se osijè yon brebi egare (gade Lik 15:3–7); se osijè yon fi Samaritèn bò pi a (gade Jan 4:5–30); se osijè yon pitit pwodig (gade Lik 15:11–32).

Epi se osijè yon tigason ki gen dwa di li pa p koute.

Se osijè nou chak—osi enpafè nou ka ye—k ap vin fè yonn avèk Sovè a jan Li fè yonn avèk Papa l la (gade Jan 17:21).

Mwen temwaye ke nou gen yon Papa eman ki nan syèl la, ki konnen nou pa non nou! Mwen temwaye ke Jezikri se Pitit Gason vivan Bondye vivan an. Li se Sèl Pitit Literal la epi li se Avoka nou bò kot Papa a. Epitou, mwen temwaye ke sali vini nan non Li e atravè non li—e nan okenn lòt fason.

Priyè m se pou nou tout ka dedye kè nou ak men nou pou ede tout pitit Pè Selès yo pou fè yo konnen ak santi amou li. Si nou fè sa, Li pwomèt nou lajwa ak bonè etènèl nan mond sa a ak nan mond k ap vini an. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. “Mesaj Premye Prezidans lan,” nan Conference Report, Okt. 1942, 12–13; lekti fèt pa Prezidan J. Reuben Clark Jr.

  2. Boyd K. Packer, “The Brilliant Morning of Forgiveness,” Ensign, Nov. 1995, 20.