2010–2019
“Si w te konnen mwen”
Oktòb 2016


Si w te konnen mwen”

Èske nou sèlman konnen Sovè a, oubyen èske n ap aprann konnen li? Kijan nou ka vin konnen Senyè a?

Lè Sovè a t ap fini Diskou sou Mòn nan, Li te mete aksan sou verite etènèl sa a “Se sèlman lè nou fè volonte Papa a ke n ap kapab jwenn gras Pitit la ki kapab sove nou an.”1

Li te deklare:

“Se pa tout moun k’ap plede di m’: Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m’ ki nan syèl la.

“Lè jou sa a va rive, anpil moun va di m’: Mèt, Mèt, se sou non ou nou t’ap bay mesaj ki soti nan Bondye a. Se sou non ou nou te chase move lespri yo. Se sou non ou nou te fè anpil mirak.

“Lè sa a, m’a di yo: Mwen pa t’ janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k’ap fè sa ki mal.2

Konpreyansyon nou sou epizòd sa a vin elaji lè nou reflechi sou yon revizyon enspire tèks la. Siyifikativman, fraz Senyè a yo repòte nan vèsyon Bib Wa Jak la, “Mwen pa t janm konnen ou” la te chanje nan Tradiksyon Joseph Smith la pou l te vin “Nou pa t janm konnen mwen.”3

Konsidere parabòl dis vyèj yo tou. Nou raple ke 5 vyèj fòl ki pa t prepare yo te al chache gaz pou lanp yo apre yo te fin tande kri pou yo al rankontre misye marye a.

“Antan tèt chaje yo al achte gaz la, misye marye a vin rive. Senk jennfi ki te pare yo antre ansanm avè l’ nan kay nòs la. Yo fèmen pòt la dèyè yo.

“Pita, lòt jennfi yo vin rive, yo di konsa: Mèt, Mèt, louvri pou nou.

“Men misye marye a reponn yo: An verite, m’ap di nou, m’ pa konnen nou.”4

Enplikasyon parabòl sa a pou nou chak te elaji pa yon lòt revizyon enspire. Sa k pi enpòtan, fraz “Mwen pa konnen nou an” jan vèsyon Bib Wa Jak la repòte li te klarifye nan tradiksyon Joseph Smith la pou l vin “Nou pa konnen mwen.”5

Fraz “Nou pa t janm konnen m” nan ak “Nou pa konnen m” nan ta dwe lakoz bonjan refleksyon espitiryèl pèsonèl pou nou chak. Eske nou sèlman tande pale de Sovè a, oubyen eske pezape n ap rive konnen Li? Kijan n ap rive konnen Senyè a? Kesyon nanm sa yo se objektif mesaj mwen an. Mwen sensèman envite asistans Sentespri a pandan n ap reflechi ansanm sou sijè enpòtan sa a.

Rive konnen

Jezi te di:

“Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase pa mwen.

“Si nou konnen m’, n’a konn Papa m’ tou.”6

N ap rive konnen Papa pandan n ap chache konnen Pitit Gason Byenneme Li a.

Gran objektif lavi mòtèl sa a se pa senpleman pou nou aprann osijè Sèl Pitit Gason Byenneme Papa a menm se pou nou eseye konnen Li tou. Gen kat etap esansyèl ki kapab ede nou vin konnen Senyè a, ki se egzèse lafwa nan Li, suiv Li, sèvi Li, epi kwè nan Li.

Egzèse Lafwa nan Li

Egzèse lafwa nan Jezikri se konte sou merit, mizerikòd ak gras Li,7 N ap rive konnen Sovè a pandan n ap ogmante kapasite espirityèl nou yo epi fè eksperyans ansèyman Li yo, menm jiskaske nou kapab bay yon pòsyon nan pawòl li yo yon plas nan nanm nou.8 Pandan lafwa nou ap grandi nan Senyè a, n ap kwè nan Li epi n ap gen konfyans nan pouvwa Li pou rachte, geri, ak ranfòse nou.

Vrè lafwa konsantre nan Senyè a ak sou Senyè a epi li toujou mennen nan aksyon ki jis. “Lafwa [nan Kris la se] premye prensip nan relijyon revele a, … fondasyon tout sa ki jis … epi prensip aksyon nan tout èt ki entelijan.”9 Paske aji dapre prensip kòrèk Redanmtè a te pwoklame yo enpòtan pou nou resevwa ak egzèse vrè lafwa, “lafwa pa vo anyen si l’ pa mache ak zèv.”10 Nou dwe “fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase.”11

Tande pawòl Bondye a ak resevwa don espirityèl lafwa nan Sovè a preske konekte, paske “lafwa soti nan sa nou tande, epi sa nou tande soti nan pawòl Bondye a.”12 N ap vin konnen Limenm ak vwa Li lè nou etidye epi fè yon festen ak pawòl Li yo nan ekriti yo.13 lè nou priye Papa a nan non Li avèk entensyon reyèl,14 ak lè nou chache konpayi Sentespri a toutan.15 Aprann ak aplike doktrin Kris la nan lavi nou se yon rekòmandasyon pou nou kapab resevwa don lafwa nan Li.16

Egzèse lafwa nan Senyè a se yon preparasyon nesesè pou swiv Li.

Swiv Li

Antan Jezi t’ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t’ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye.

“Jezi di yo konsa: vin jwenn mwen, m’a fè nou tounen pechè moun pito.

“Lamenm, yo kite privye yo, y’ ale avèk li.”17

Pyè ak Andre se bonjan egzanp sou tande ak suiv Mèt la

Se menmjan Sovè a enstwi oumenm avèk mwen tou: “Si yon moun vle mache dèyè m’, se pou li bliye tèt li. Se pou l’ chaje kwa l’ sou zepòl li, epi swiv mwen.”18 Pote kwa li a se renye tout move bagay ak tout richès mond la epi kenbe komandman Senyè a.19

Sovè a te kòmande nou pou nou vin menmjan avèk Li.20 Konsa, swiv Senyè a mande pou nou imite li. N ap kontinye vin konn Senyè a pandan n ap chache pou nou vini tankou Limenm atravè pouvwa sakrifis ekspyatwa l la.

Nan ministè mòtèl Li, Jezi te make wout la, dirije chemen an, epi montre egzanp pafè a. “Yon ide kòrèk sou karaktè, pèfeksyon ak kalite li”21 ap banou objektif dirab ak direksyon klè pandan n ap swiv Li sou chemen devwe disip la.

Swiv Sovè apèmèt nou resevwa yon konesans aktyèl ke kous lavi n ap pouswiv la li annakò avèk volonte Bondye.22 Yon konesans konsa se pa yon mistè enkoni e li pa fikse premyèman sou rechèch tanporèl oubyen sousi mòtèl òdinè. Okontrè, yon pwogrè estab epi konstan ansanm sou chemen alyans lan se kous lavi ki fè l plezi.

Rèv Leyi nan Liv Mòmon an endike chemen pou nou swiv, pwoblèm n ap rankontre, ak resous espirityèl ki disponib pou ede nou nan swiv ak vin jwenn Sovè a. Kontinye avanse sou chemen dwat ak kwense a se sa l vle nou fè. Goute fwi pyebwa a epi vin pwofondeman “konvèti nan Senyè a”23 se benediksyon li anvi nou resevwa. Sepoutèt sa Li mande nou pou nou, “Vini, swiv mwen.”24

Egzèse lafwa ak suiv Jezikri se preparasyon nesesè pou sèvi li.

Sèvi Li.

Paske, kouman yon nonm ap fè rekonèt yon mèt li pa sèvi, e ki se yon etranje pou li, e ki pa nan panse l ak desizyon kè l?”25

Nou vin pi totalman konn Senyè a pandan n ap sèvi Li ak travay nan wayom ni an. Pandan n ap fè sa, l ap beni nou jenerezman avèk èd selès, don espirityèl ak kapasite ogmante. Nou pap janm poukont nou pandan n ap travay nan jaden l la.

Li te deklare: “Paske m prale devan nou. M ap sou kote dwat nou ak sou kote goch nou, epi Lespri m ap nan kè nou, epi zanj mwen yo ap alantou nou pou pote nou anlè.”26

Nou vin konn Sovè a lè nou fè tout sa nou kapab pou ale kote Li vle nou ale, lè n ap eseye di sa l vle nou di, epi lè nou vin tounen sa l vle nou tounen an.27 Lè nou engleman rekonèt ke nou depann totalman de li, Li elaji kapasite nou pou sèvi pi efikasman. Pazapa, dezi nou yo ap aliyen pi konplètman avèk dezi pa Li, epi objektif Li vin objektif pa nou, sitèlman ke nou “pap mande sa ki kontrè ak volonte li.”28

Sèvi Li mande tout kè nou, tout pouvwa nou, tout panse nou, ak tout fòs nou.29 Sepoutèt sa, lè nou sèvi lòt moun jenerezman sa kontrekare tandans ògèy ak egoyis lòm natirèl yo. N ap vin renmen moun n ap sèvi yo. Epi, paske sèvi lòt moun se sèvi Bondye, n ap vin renmen Limenm ak frè ak sè nou yo pi plis. Yon lanmou konsa se yon manifestasyon don espirityèl charite a, ki se lanmou pi Kris la.30

“Priye Papa a avèk tout enèji kè nou, pou nou kapab chaje avèk lanmou l, li te devèse sou tout moun ki se vrè disip Pitit Gason li a, Jezikri; pou nou kapab vin tounen pitit Bondye; pou lè l parèt, pou nou kapab tankou l, paske n ap wè l jan li ye a; pou nou kapab gen espe- rans sa a; pou nou pirifye menm jan li pi a.”31

Nap vin konn Senyè a lè nou ranpli avèk lanmou Li.

Kwè nan Li

Eske l posib pou egzèse lafwa nan Li, swiv Li, sèvi Li, men pa kwè nan Li?

Mwen konn rankontre manm Legliz ki aksepte doktrin ak prensip ki nan ekriti yo ak sa ki pwoklame sou chè sa a kòm verite. Men, malgre sa yo gen anpil pwoblèm pou yo kwè ke verite levanjil sa yo aplike espesifikman nan lavi yo ak nan sikonstans pa yo. Yo sanble yo gen lafwa nan Sovè a, men yo pa kwè ke benediksyon L pwomèt yo disponib pou yo ni yo kapab opere nan lavi yo. Mwen konn rankontre frè ak sè k ap sèvi avèk devouman tou men, pou yomenm, levanjil retabli a poko vin yon reyalite vivan e transfòman nan lavi yo. Nou vin konn Senyè a lè nou non sèlman kwè nan Li men nou kwè Limenm ak garanti L ba nou yo tou.

Nan Nouvo Testaman, yon papa te mande Sovè a pou geri pitit li. Jezi te reponn:

“Tout bagay posib pou moun ki met konfyans yo nan Bondye.

“Menm lè a, papa tibway la di byen fò, ak dlo nan je: Mwen gen konfyans nan Bondye! Men, vin ede m’ pou m’ sa gen plis konfyans toujou.”32

Mwen reflechi anpil fwa sou demann papa sa a: “Ede enkwayans mwen.” M ap mande m si entansyon demann mesye a se pa t premyeman pou ede l kwè nan Jezi antanke Redanmtè nou ak nan pouvwa gerizon Li. Li te petèt déjà rekonèt Kris la kòm Pitit Bondye. Men petèt li te bezwen èd pou kwè pouvwa gerizon Mèt la te ka si endividyèl ak si pèsonèl pou l ta beni pitit gason byenneme l la. Li te petèt kwè nan Kris la an jeneral men li pat kwè Kris la spesifikman ak pèsonèlman.

Nou souvan temwanye de sa nou konnen ki vre, men petèt kesyon ki pi enpotan pou nou chak la se si nou kwè sa nou konnen an.

Odonans sakre ki fet pa bon otorite pretriz la esansyèl pou nou kwè Sovè a, pou nou vin jwenn Li, ak, finalman kwè sa nou konnen an.

“Epi prètriz [Mèlkisedèk la] administre levanjil la epi l kenbe kle mistè wayòm nan yo kle konesans Bondye a menm.

“Se poutèt sa pouvwa Bondye a manifeste nan odonans pretriz la yo.”33

Nou kwè e nou vin konnen Senyè a lè kle konesans Bondye yo administre atravè Prètriz Mèlkisedèk la delòk pòt la e rann posib pou nou chak resevwa pouvwa diven an nan lavi nou. Nou kwè e nou vin konn Sovè a lè nou suiv li kote nou resevwa òdonans sakre yo epi nou fidèlman onore yo epi nou vin gen imaj li sou figi nou.34 Nou kwè epi nou vin konnen Kris la lè nou pèsonèllman fè eksperyans pouvwa transfòman, gerisè, fòtifyan ak sanktifyan Ekspyasyon an. Nou kwè e nou vin konnen Met la lè “ pouvwa pawol li yo [pran rasin] andedan nou,”35 epi lè yo ekri nan lespri nou ak nan kè nou,36 ak lè nou “abandone tout peche [nou] yo pou nou kapab konnen [Li].”37

Kwè nan Li se kwè ke benediksyon sanfen L yo disponib e aplikab nan lavi nou chak ak nan lavi fanmi nou. Kwè nan Li ak tout nanm nou38 vini lè n ap avanse sou chemen alyans la, lè nou soumèt nou anba volonte Li, epi nou soumèt nou anba priyorite Li ak kalandriye li pou nou. Kwè nan Li—pandan nou aksepte pouvwa li ak pwomès Li yo kòmm verite—envite pèspektiv ak lajwa nan lavi nou.

Pwomès ak Temwanyaj

Gen yon jou k ap vini kote tout jenou pral flechi epi tout lang pral konfese39 ke Jezi se Kris la. Nan jou beni sa a, n ap konnen Li konnen nou chak pa non nou. Epi, mwen temwanye e m pwomèt ke nou kapab non sèlman tande apwopo Senyè a men nou ka rive konnen li si nou egzèse lafwa nan Li, suiv Li, sèvi Li epi kwè nan Li. Mwen temwanye konsa nan non sakre Jezikri, amèn.