2010–2019
Pinga nou bliye
Oktòb 2016


Pinga ou bliye

Mwen ankouraje nou tout, espesyalman nan moman pwoblèm, pou nou sonje moman nou te santi Lespri a epi temwayaj nou te solid; sonje fondasyon espirityèl nou bati a.

Bonswa, frè m ak sè m yo. Ala beni nou te beni pandan konferans sa a. Premye ane mwen antanke manm Kolèj Douz Apot yo te yon gwo leson imilite pou mwen. Sete yon ane mizaleprèv, pwogresyon, ak siplikasyon sensè e konstan devan Papa m ki nan Syèl la. M te santi soutyen priyè fanmi, zanmi, ak manm legliz toupatou sou glòb la. Mèsi pou panse nou ak priyè nou yo.

Mwen te gen privilèj pou m te rankontre bon zanmi, kèk se zanmi m te genyen deja epi anpil se zanmi m fè k rankontre. Sete apre yon reyinyon avèk yon bon zanmi m te konnen e m te renmen depi plizyè ane ke m te santi m pouse pou prepare diskou m nan jodia.

Lè nou te rankonte, zanmi m nan te di m ke l t ap lite espirityèlman. Li te santi li t ap travèse, pou m itilize pwòp pawòl li, yon “kriz lafwa” epi li te mande m konsèy. M te santi m rekonesan dèske li te pataje santiman li ak preyokipasyon li avèk mwen.

Li te di m li te anvi santi sa l te santi espirityèlman yon fwa a, ak sa li te panse l t ap pèdi kounyeya. Pandan l t ap pale a, m t ap koute avèk atansyon e m te priye sensèman pou m te konnen kisa Senyè te vle m di.

Zanmi m nan, tankou petèt anpil nan nou, te poze kesyon yo poze nan yon fason si touchan nan kantik Primè ki rele “Heavenly Father, are you really there?”1 la. Pou sa nan pami nou ki petèt ap poze menm kesyon sa a, m ta renmen pataje avèk nou konsèy m te ofri zanmi m nan avèk espwa ke nou chak kapab fòtifye lafwa nou avèk yon detèminasyon renouvle pou n vin yon disip Jezikri ki pi angaje.

M ap kòmanse pa raple ou ke w se yon piti gason oswa yon pitit fi yon Papa eman ki nan syèl la epi amou li rete konstan. M konnen ke santiman lanmou rasiran sa yo difisil pou nou raple n lè nou nan mitan difikilte oswa eprèv pèsonèl, desepsyon, oswa rèv brize.

Jezikri konnen sa k rele difikilte ak eprèv entans. Li te bay lavi li pou nou. Dènye moman l yo te kriyèl, odela tout sa nou ka janm konprann, men sakrifis li pou nou chak la sete ekspresyon siprèm amou pur li.

Okenn fot, ni peche, ni chwa pap chanje amou Bondye pou nou. Sa pa vledi li aksepte konpòtman peche, ni sa pa vledi li retire obligasyon pou nou repanti lè nou komèt peche a. Men pa bliye, Pè Selès la konnen nou chak e li renmen nou chak, epi Li toujou pare pou ede.

Pandan m t ap reflechi sou sitiyasyon zanmi m nan, lespri m te vire sou gwo sajès nou jwenn nan Liv Mòmon an: “Epi kounyeya, pitit gason m yo, sonje, sonje se sou wòch Redanmtè nou an, ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a, nou dwe bati fondasyon nou; konsa, lè dyab la voye gwo van li yo, wi, pik li yo nan toubiyon an, wi, lè tout lagrèl li yo ak gwo siklòn li yo vin bat nou, li p ap gen pouvwa sou nou pou l trennen nou desann nan gouf mizè ak malè etènèl la, poutèt sou wòch nou bati a, ki se yon bon fondasyon, lèzòm pa kapab tonbe si yo bati sou fondasyon sa a.”2

Mwen temwaye ke “gouf mizè ak male etènèl” sa a se yon kote okenn moun pa ta renmen ye. Epi, zanmi m nan te santi k l te sou rebò a.

Lè m diskite avèk dè moun, tankou zanmi m nan, mwen egzamine desizyon yo te pran atravè ane yo ki vin fè yo bliye eksperyans sakre yo, pou fè yo vin febli, e menm doute. Mwen ankouraje yo, jan m ap ankouraje w kounyeya, pou w raple w, espesyalman nan tan pwoblèm yo, lè w te santi Lespri a ak lè temwayaj ou te solid; sonje fondasyon espirityèl ou te bati a. Mwen pwomèt ou ke si w fè sa, pandan w ap evite bagay ki pap bati ni fòtifye temwayaj ou oubyen ki moke kwayans ou, moman presye sa yo kote temwayaj ou te pwospere a ap retounen ankò nan memwa ou atravè enb priyè ak jèn. Mwen asire w ke yon fwa ankò, w ap santi sekirite ak chalè levanjil Jezikri a.

Nou chak dwe fòtifye tèt nou spirityèlman toudabò epi apre fòtifye moun bò kote nou. Medite sou ekriti yo regilyèman, epi sonje panse ak santiman ou te genyen pandan w t ap li yo. Chèche lòt sous verite tou, men koute avètisman sa a ki nan ekriti yo: “Men, li bon pou moun save, si yo koute konsèy Bondye.”3 Ale nan reyinyon Legliz yo, spesyalman reyinyon sentsèn nan, epi pran sentsèn e renouvle alyans ou, enkli pwomès pou w toujou sonje Sovè a pou Lespri li k a toujou avèk ou a.

Kèlkeswa erè nou te komèt oswa kèlkeswa jan nou santi nou enpafè, nou ka toujou fè byen pou lòt moun ak edifye yo. Lonje lamen ba yo nan sèvis kretyen kapab ede nou santi lanmou Bondye pi pwofon andedan kè nou.

Li enpòtan pou nou sonje konsèy puisan ki nan Detewonòm nan: “Veye sou nanm ou ak dilijans, pou w pa bliye bagay je w te wè yo, epi pou w yo pa soti nan kè ou pandan tout lavi ou: men anseye yo bay pitit ou, ak pitit pitit ou yo.”4

Dè jenerasyon ap afekte pa chwa nou fè. Pataje temwayaj ou avèk fanmi ou; ankouraje yo pou yo sonje kijan yo te santi yo lè yo te rekonèt Lespri a nan lavi yo epi ekri santiman sa yo nan jounal yo ak nan istwa pèsonèl yo pou ke pwòp mo pa yo kapab, lè yo bezwen, fè yo sonje konbyen Senyè a te bon pou yo.

Na raple nou ke Nefi ak frè l yo te retounen Jerizalèm pou yo t al chèche plak eren yo ki te gen istwa ekri pèp yo a, an pati, pou yo pa t janm bliye pase yo.

Epitou, nan Liv Mòmon an, Elaman te rele pitit gason l yo dapre ‘premye papa” yo pou yo pa t janm bliye bonte Senyè a:

“Gade, pitit gason m yo, m vle pou nou ta sonje pou nou respekte kòmandman Bondye yo; e m ta vle pou nou deklare pèp la pawòl sa yo. M te ba nou non premye paran nou yo ki te sòti nan peyi Jerizalèm; m te fè sa pou nou kapab sonje non yo, lè nou sonje non pa nou; lè nou sonje yo, n ap sonje zèv yo, e lè nou sonje zèv yo, nou kapab konnen poukisa moun di, epi poukisa moun ekri, yo te bon moun.

“Se poutèt sa, pitit gason m yo, m ta vle pou nou fè sa ki bon, pou yo kapab di, e pou yo kapab ekri pou nou, menm jan yo te di ak ekri sou yo a. .”5

Anpil moun jodia kenbe menm tradisyon pou bay pitit yo non ewo nan ekriti yo oubyen non zansèt fidèl yo kòm yon fason pou ankouraje yo pou yo pa bliye eritaj yo.

Lè m te fèt, yo te ban m non Ronald A. Rasband. Siyati m nan onore liy zansèt papa mwen. Yo te ban m non nan mitan an A pou raple m pou m onore liy Anderson nan ki se liy zansèt Danwa manman m.

Aryè granpè mwen, Jens Anderson, te soti Dànmak. Epi an 1861 Senyè a te dirije de misyonè al lakay Jens ak Ane Cathrine Anderson, kote misyonè yo te prezante yo menm ak pitit gason 16 zan yo a, Andrew, levanjil retabli a. E se konsa yon eritaj lafwa te kòmanse epi fanmi m avèk mwen benefisye li. Andersons yo te li Liv Mòmon an epi yo te batize yon ti bout tan apre. Nan ane apre a, fanmi Anderson te koute apèl yon pwofèt pou yo te travèse Atlantik la pou yo te vin reyini avèk Sen yo nan Nò Amerik la.

Malerezman, Jens te mouri nan vwayaj sou lanmè a, men, madanm ni ak pitit gason l lan te kontinye jis yo te rive nan Vale Salt Lake la, yo te rive 3 Septanm 1862. Malgre eprèv yo ak chagren yo, lafwa yo pa t janm febli, ni lafwa pil nan desandan yo tou.

Imaj
Tablo nan biwo Èldè Rasband nan

M gen yon tablo6 sou mi biwo m nan ki se yon mayifik rapèl senbolik sou premye rankont sa a ant zansèt mwen yo ak misyonè devwe sa yo. Mwen detèmine pou m pa bliye eritaj mwen, epi, gras ak non mwen, m ap toujou sonje eritaj fidelite ak sakrifis yo.

Pa janm bliye, ni kesyone, ni inyore eksperyans espirityèl pèsonèl ak sakre nou yo. Bi advèsè a se pou detounen nou de temwayaj spirityèl nou alòske ke objektif Senyè a se pou eklere nou e angaje nou nan travay li.

Kite m pataje yon egzanp pèsonèl sou verite sa a. Mwen distenkteman raple m yon lè kote m te resevwa yon enspirasyon kòm repons pou yon priyè fèvan. Repons la te klè e puisan. Sepandan, m pa t reyaji imedyatman sou enspirasyon an, epi, apre yon peryòd tan, m te kòmanse mande tèt mwen si sa m te santi a te reyèl. Gen kèk nan nou ki konn pran nan mansonj advèsè sa a tou.

Kèlke jou apre, m te reveye avèk vèsè ekriti puisan sa yo nan tèt mwen:

“An verite, an verite, m di ou, si ou vle yon lòt temwayaj, raple ou nwit lè ou te kriye nan pye m nan kè ou la, pou ou te kapab konnen si bagay sa yo se verite. …

“Èske m pa t pote lapè nan panse ou konsènan bagay sa? Ki pi gwo temwayaj ou kapab resevwa nan men Bondye?”7

Sete kòmsi Senyè a t ap di m: “Men, Ronald, m te deja di w sa w te bezwen fè. Kounyeya, fè li!” Ala m te rekonesan pou koreksyon ak direksyon eman sa a! M te imedyatman rekonfòte pa enspirasyon an e m te kapab avanse, konesan nan kè m ke priyè m nan te jwenn repons.

Mwen pataje eksperyans sa a, chè frè m ak sè m yo, pou montre nou a ki vitès lespri nou ka bliye ak kijan eksperyans spirityèl yo gide nou. Mwen aprann cheri moman sa yo, “pou m pa bliye.”

Pou zanmi m nan, ak pou nou tout ki ta renmen ranfòse lafwa nou, m ap bay pwomès sa a: si nou viv levanjil Jezikri a fidèlman epi nou suiv ansèyman l yo, temwayaj nou ap pwoteje, epi l ap grandi. Kenbe alyans nou te fè yo, kèlkeswa aksyon moun bò kote nou ap fè. Se pou nou rete paran, frè ak sè, granparan, tonton, matant, ak zanmi dilijan, ki ap fòtifye moun bò kote nou avèk temwayaj pèsonèl nou e ki ap pataje eksperyans espirityèl nou. Rete fidèl e inebranlab, menmsi aksyon lòt moun lakoz tanpèt dout anvayi lavi nou. Chèche sa ki ap edifye nou ak fòtifye nou espirityèlman. Evite fo ofrann swadizan “verite” ki si repann yo jodia, epi sonje note santiman nou sou “lanmou, lajwa, lapè, jantiyès, bonte, lafwa, dousè [ak] tanperans.”8

Nan mitan pi gwo tanpèt lavi yo, pa bliye eritaj divin nou kòm pitit gason oswa pitit fi Bondye oubyen destine etènèl nou ki di yon jou n ap retounen al viv avèk li a, sa ki sipase tout sa mond lan gen pou ofri. Sonje pawòl plen tandrès Alma yo: “Epi, gade kounyeya m ap di nou, frè m yo, si nou te santi yon chanjman nan kè nou, e si nou te anvi chante nan lanmou redanmtè a, m vle mande, èske nou kapab santi sa kounyeya?”9

Pou nou tout ki santi bezwen pou lafwa nou fòtifye, m ap priye nou: , Pa bliye! Tanpri, pa bliye.

Mwen rann temwayaj ke Joseph Smith sete yon pwofèt Bondye. Mwen konnen li te wè e l te pale avèk Bondye Papa a ak Pitit Gason l lan, Jezikri, jan li rapòte nan pwòp pawòl li. Ala m rekonesan dèske li pa t bliye ekri eksperyans sa a, pou nou tout kapab konnen temwayaj li.

Mwen rann temwayaj solanèl mwen konsènan Senyè Jezikri. Li vivan; M konnen l vivan e li kanpe alatèt Legliz sa a. Bagay sa yo m konnen yo pou tèt pa m, endepandan de tout lòt vwa oubyen temwayaj, e mwen priye pou noumenm avèk mwen pa janm bliye verite etènèl sakre—dabò e anvan tout bagay ke nou se pitit gason ak pitit fi Paran Selès eman ki vivan, ki sèlman vle bonè etènèl nou. Konsènan verite sa yo mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.