Konferans Jeneral
Emosyon ki Kache Andedan Nou
Konferans jeneral avril 2024


Emosyon ki Kache Andedan Nou

Bondye tande chak priyè nou ofri epi Li reponn chak nan yo selon chemen Li trase pou pèfeksyon nou an.

Frè m ak sè yo, mwen aprann yon leson douloure depi dènye fwa m te sou pipit sa a an Oktòb 2022 a. Leson sa a se: Si w pa bay yon diskou ki akseptab, yo ka bani w pou plizyè konferans k ap vini. Nou ka wè ke yo asiyen m bonè nan premye sesyon konferans sa a. Sa nou pa ka wè sèke mwen kanpe sou yon ti kaj nan yon pozisyon ki trè delika. Si diskou sa a pa pase byen, mwen pa p ka wè nou pou kèlke Iòt konferans ankò.

Nan espri bèl kantik sa ki chante pa bèl koral sa a, mwen te aprann kèk leson resaman ke, avèk èd Senyè a, mwen ta renmen pataje avèk nou jodia. Se pral yon diskou trè pèsonèl.

Pati ki pi pèsonèl ak douloure nan tout eksperyans resan sa yo sete lanmò madanm cherie mwen, Pat. Li sete fi ki te pi ekstraòdinè m te janm rankontre—yon madanm ak manman pafè, san m pa mansyone purte, don ekspresyon, ak spirityalite li. Yon fwa li te fè yon diskou ki rele “Akonpli Mezi Kreyasyon Nou.” Pou mwen, sanble li te akonpli mezi kreyasyon li avèk plis siksè pase nenpòt moun ta ka imajine l posib. Li sete yon pitit fi total Bondye, yon fi modèl nan Kris la. Mwen sete gason ki te pi beni pou m te pase 60 ane lavi m avèk li. Si m montre ke m diy, sèlman nou an vledi ke mwen ka pase letènite avèk li.

Yon lòt eksperyans aprantisaj te kòmanse 48 èdtan apre antèman madanm mwen. Nan moman sa a, yo te kouri mennen m lopital avè yon pwoblèm sante grav. Apresa m te pase kat premye semèn yo nan yon peryòd sis-semèn entène antre soti nan inite swen entansif epi tanzantan ap pèdi konesans.

Pratikman tout eksperyans mwen nan lopital la pandan peryòd sa a, m pa sonje yo. Sa mwen pa bliye se souvni m de yon vwayaj andeyò lopital la, yon kote ki te sanble toupre letènite. Mwen pa ka pale totalman sou eksperyans sa a la a, men mwen ka di ke yon pati nan sa m te resevwa yo sete yon egzòtasyon pou m te retounen nan sèvis mwen avèk plis ijans, plis konsekrasyon, plis fokis sou Sovè a, ak plis lafwa nan pawòl Li.

Mwen te gen enpresyon ke m t ap resevwa pwòp vèsyon pèsonèl pa mwen sou yon revelasyon ke Douz yo te resevwa sa gen prèske 200 ane:

“Se pou ou rann temwayaj konsènan non mwen … [epi] voye pawòl mwen yo nan tout kwen tè a. …

“… Maten rive yon lòt; epi jou apre jou kite vwa avètisman ou ale; epi lè aswè rive pa kite abitan yo ki sou tè a dòmi, akoz predikasyon ou. …

“Leve[,] … pran kwa nou, [epi] suiv mwen.”1

Frè ak sè byenneme m yo, depi eksperyans sa a, m ap eseye avèk plis senserite pou m pran kwa mwen sensèman avèk plis rezolisyon pou jwenn kote m ka leve vwa konpasyon ak avètisman apostolik mwen soti maten, pandan jounen an, rive jis lannuit.

Sa mennen m nan yon twazyèm verite ki te vini pandan mwa dèy, maladi, ak detrès sa yo. Sete yon temwayaj renouvle ak yon rekonesans enfini pou priyè detèmine nan Legliz sa a—priyè nou yo—ke mwen te benefisye. M ap rete rekonesan etènèlman pou siplikasyon dè milye moun ki, tankou vèv annuiyan an,2 te regilyèman solisite entèvansyon syèl la an favè m yo. Mwen te resevwa benediksyon prètriz epi m te wè kondisip klas lekòl segondè m yo jene pou mwen, tou kòm anpil pawas te spontaneman fè nan tout Legliz la. Epi non mwen te pratikman sou lis priyè nan chak tanp nan Legliz la.

Nan rekonesans pwofon mwen pou tout bagay sa yo, mwen reprann pawòl G. K. Chesterton yo, ki te di yon fwa “ke remèsiman se fòm panse ki pi elve a, epi … rekonesans se lajwa double ak admirasyon.”3 Avèk pwòp “lajwa double ak admirasyon” pa mwen, mwen remèsye nou tout e m remèsye Papa m ki nan Syèl la, ki te tande priyè nou yo epi ki te beni lavi mwen.

Frè m ak sè m yo, mwen temwaye ke Bondye tande chak priyè nou ofri epi Li reponn chak nan yo selon chemen Li trase pou pèfeksyon nou an. Mwen rekonèt ke apeprè nan menm moman kote anpil moun t ap priye pou sante m te retabli a, menm kantite moun nan—enkli mwenmenm—t ap priye pou sante madanm mwen te retabli tou. Mwen temwaye ke tout priyè sa yo te monte epi jwenn repons yon Pè Selès divinman konpatisan, menmsi priyè pou Pat yo pa t jwenn repons mwen te mande a. Se pou rezon ke sèl Bondye konnen ki fè repons priyè yo vini diferan de sa nou espere—men mwen pwomèt nou ke yo rive nan zòrèy Li, epi yo jwenn repons selon lanmou enfayib Li ak ajanda kosmik Li.

Si nou “pa mal mande,”4 pa gen okenn limit sou kilè, ki kote, oswa sou kisa nou ta dwe priye. Dapre revelasyon yo, nou dwe “toujou priye.”5 Nou dwe priye, jan Amilèk te di, pou “moun ki antoure nou yo,”6 avèk asirans ke “priyè fèvant yon [moun] jis gen anpil valè.”7 Priyè nou yo dwe awotvwa lè nou gen ase entimite pou nou ofri yo.8 Si sa pa ka fèt, yo ta dwe egzekite tankou ekspresyon silansye nan kè nou.9 Nou chante ke priyè nou yo se “elan yon dife ki kache andedan nou,”10 ke nou dwe toujou ofri, selon Sovè a Limenm, bay Bondye Papa Etènèl la nan non Sèl Pitit Gason Literal li a.11

Zanmi byenneme m yo, priyè nou yo se pi bèl moman nou,12 “dezi pi sensè nou,”13 fòm adorasyon ki pi senp, pi pur nou.14 Nou ta dwe priye endividyèlman, nan fanmi nou, ak nan kongregasyon tout dimansyon.15 Nou dwe itilize priyè kòm yon boukliye kont tantasyon,16 epi si gen nenpòt lè kote nou pa santi pou nou ta priye, nou ka konnen asireman ke ezitasyon sa a pa vini de Bondye, ki ap tann pou L kominike avèk pitit Li yo tout tan. Anfèt, kèk efò pou anpeche nou priye yo soti dirèkteman nan advèsè a.17 Lè nou pa konnen kijan oswa egzakteman pou kisa pou n priye, nou ta dwe kòmanse, epi kontinye, jiskaske Sentespri a gide nou nan priyè ke nou ta dwe ofri a.18 Petèt se apwòch sa a nou ta dwe itilize lè n ap priye pou enmi nou yo ak moun ki maltrete nou.19

Alafen, nou ka gade egzanp Sovè a, ki te priye trè trè souvan. Men sa toujou entrige mwen ke Jezi te santi bezwen pou L te priye. Èske Li pa t pafè? Apwopo kisa Li te bezwen priye? Wèl, mwen te vin reyalize ke Limenm tou, menmjan avèk nou, te vle “chèche fas [Papa a], kwè nan pawòl li, epi konfye nan gras li.”20 An plizyè fwa, Li te ekate l de sosyete a pou L te rete poukont Li avan L te pèse syèl la avèk priyè Li yo.21 Nan lòt okazyon, Li te priye an prezans kèk lòt konpayon. Apresa Li te sipliye syèl la anfavè foul ki te kouvri tèt yon mòn. Pafwa priyè yo te fè abiman Li parèt glorifye.22 Pafwa priyè yo te glorifye vizaj Li.23 Pafwa Li te kanpe pou L priye, pafwa Li te ajenou, epi omwen yon fwa Li te tonbe fas anba nan lapriyè.24

Lik dekri desant Jezi nan ekspyasyon L lan kòm yon bagay ki te mande L pou L te priye “avèk plis entansite.”25 Men kijan yon moun ki te pafè te ka priye ak plis entansite? Nou asime ke tout priyè L yo te sensè, men nan akonpli sakrifis ekspyatwa L la epi atravè doulè ki te rive nan yon dimansyon inivèsèl, Li te santi pou L te priye avèk plis siplikasyon, pandan ke pwa ofrann Li a te finalman fè L senyen nan chak two nan kò Li.

Nan kontèks viktwa Kris la sou lanmò a ak kado resan Li ban mwen pou m pase kèk semèn oubyen kèk mwa anplis nan mòtalite a, mwen rann temwayaj solanèl mwen sou reyalite lavi etènèl la ak nesesite pou nou serye nan jan n ap planifye pou li.

Mwen rann temwayaj ke lè Kris la vini, L ap bezwen rekonèt nou—pa kòm manm ak non sou yon rejis batèm abime men kòm disip angaje, ki kwè fidèlman, k ap kenbe alyans yo. Sa se yon bagay ki ijan pou nou tout, si nou pa ta janm vle tande avèk pwofon regrè: “M pa t janm konnen ou,”26 oswa, jan Joseph Smith te tradui fraz sa a, “[Ou] pa t janm konnen mwen.”27

Erezman, nou gen èd pou tach sa a—anpil èd. Nou bezwen kwè nan zanj ak nan mirak ak nan pwomès yo nan prètriz sakre a. Nou bezwen kwè nan don Sentespri a, enfliyans bon fanmi ak zanmi, ak pouvwa lanmou pur Kris la. Nou bezwen kwè nan revelasyon ak pwofèt, vwayan, ak revelatè ak nan Prezidan Russell M. Nelson. Nou bezwen kwè ke avèk priyè ak siplikasyon ak ladwati pèsonèl, nou vrèman ka monte sou “Mòn Siyon, … site Bondye vivan an, andwa selès la, pi sakre nan tout la.”28

Frè m ak sè m yo, lè nou repanti pou peche nou epi nou apwoche bravman devan “twon lagras”29 la, pandan n ap depoze devan Li ofrann nou ak siplikasyon sensè nou yo, n ap jwenn mizèrikòd ak padon nan men byenveyan Papa etènèl nou an ak Pitit Gason obeyisan L la, ki pafètman pur la. Lèsa a, avèk Job ak moun fidèl epwouve yo, nou pral kontanple yon mond ki “twò mèvèye”30 pou nou konprann. Nan non Jezikri, amèn.