Konferans Jeneral
Konfyans nan Alyans atravè Jezikri
Konferans jeneral avril 2024


Konfyans nan Alyans atravè Jezikri

Lè nou antre nan kay Senyè a, nou anbake nan yon vwayaj sakre pou aprann vin disip Kris ki pi nòb ak pi sen.

Frè ak sè byenneme m yo, mwen priye pou nou ka renouvle spirityèlman pa mesaj enspire yo nou pral tande an men i dirijan nou yo wikenn sa a epi rejwi nan sa mwen renmen rele “konfyans nan alyans atravè Jezikri.” Konfyans sa a se asirans trankil men sèten ke n ap resevwa benediksyon Bondye pwomèt pou moun ki kenbe alyans yo epi ki si nesesè nan mitan sikonstans difisil epòk nou yo.

Konstriksyon nouvo kay Senyè a atravè mond lan, anba lidèchip enspire Prezidan Russell M. Nelson, pwovoke gwo rejwisans nan mitan manm Legliz yo epi sèvi kòm yon senbòl enpòtan sou ekspansyon wayòm Senyè a.

Nan reflechi sou eksperyans mèveye m te fè nan konsekrasyon Tanp Feather River a nan California nan Oktòb pase a, m ap mande m si pafwa nou pa pèdi nan eksitasyon pou nou gen nouvo tanp nan vil ak kominote nou yo epi neglije objektif ki pi sakre alyans nou fè nan tanp yo.

Nan antre chak tanp gen yon deklarasyon solanèl ki ekri: “Sentete pou Senyè a.”1 Pawòl enspire sa yo se yon envitasyon klè ke lè nou antre nan kay Senyè a, nou anbake nan yon vwayaj sakre pou nou aprann vin disip Kris ki pi nòb ak pi sen. Pandan n ap fè alyans nan sentete devan Bondye epi angaje nou pou nou suiv Sovè a, nou resevwa pouvwa pou chanje kè nou, renouvle lespri nou, ak apwofondi relasyon nou avèk Li. Kalite efò sa a pote satisfaksyon pou nanm nou epi fòme yon koneksyon sakre avèk Bondye ak Jezikri, ki pwomèt ke nou ka eritye kado lavi etènèl la.2 Rezilta vwayaj sakre sa a sèke nou akeri yon konfyans ki pi sakre ak pi elve pou lavi nou jou-aprè-jou nan alyans nou te fè atravè Jezikri yo.

Kalite konfyans sa a se apoje koneksyon divin nou avèk Bondye epi li ka ede nou ogmante devosyon nou ak rekonesans nou pou Jezikri ak sakrifis ekspyatwa Li a. Li fòtifye kapasite nou pou renmen ak sèvi lòt moun, epi Ii rafèmi nanm nou pou nou viv nan yon mond pwofàn ki ap vin pi plis anplis sonb ak dekourajan. Li ba nou pouvwa pou nou simonte semans dout ak dezespwa, krent ak fristrasyon, chagren ak detrès ke enmi an eseye plante fon nan kè nou yo, espesyalman lè lavi a difisil, eprèv yo long, oswa sitiyasyon yo difisil. Yon vèsè biblik ofri konsèy avize pou nou chak lè nou balote anba gwo van difikilte mond la jodia: “Se poutèt sa pa pèdi asirans ou genyen an.”3

Chè frè m ak sè m yo, moun ki akeri konfyans sensè nan alyans yo te fè nan kay Senyè a atravè Jezikri yo posede youn nan fòs ki pi puisan ke nou aksede nan lavi sa a.

Pandan n ap etidye Liv Mòmon an nan Vini, Suiv Mwen ane sa a, nou temwen kijan Nefi mayifikman montre egzanp sou pouvwa kalite konfyans nan alyans sa a atravè fidelite li lè li te fè fas ak echèk ak difikilte pou l te jwenn plak yo jan Senyè a te kòmande a. Nefi, malgre li te ekstrèman tris akoz laperèz ak mank lafwa Laman ak Lemyèl, te rete konfyan ke Senyè a t ap delivre plak yo ba yo. Li te di frè l yo, “Menm jan Senyè a vivan, e menm jan nou vivan, nou p ap desann kote papa nou nan dezè a jistan nou akonpli bagay Senyè a te kòmande nou an.”4 Gras ak konfyans Nefi nan pwomès Senyè a, li te gen posiblite akonpli sa li te jwenn kòmandman pou l te fè a.5 Nan apre, nan vizyon l la, Nefi te wè enfliyans kalite konfyans sa a, epi l te ekri, “Mwen menm, Nefi, m te wè pouvwa Timouton Bondye a, ki te desann sou sen yo nan legliz Timouton an, epi sou pèp alyans Senyè a, … epi yo te ame avèk lajistis epi avèk pouvwa Bondye nan gwo laglwa.”6

Mwen pèsonèlman wè pwomès ak pouvwa eman Senyè a koule antre nan lavi pitit Bondye yo, pou fòtifye yo pou yo fès fas ak sikonstans lavi yo. Lotrejou madanm mwen te rantre lakay apre l te fin adore nan tanp lan epi l te di m kijan eksperyans li te fè nan tanp lan te touche l anpil. Pandan li t ap antre nan kay Senyè a, li te wè yon mesye sou yon chèz woulant k ap deplase trè dousman ak yon fi ki t ap mache avèk anpil difikilte avèk yon baton, toude te kourajezman vini pou adore ak rankontre Senyè a nan kay Li a. Lè madanm mwen te antre nan sal inisyasyon an, li te wè yon sè jantiy, ki te manke yon bra——epi ki te sèlman genyen yon pati nan lòt bra a—ki t ap akonpli avèk yon bote selès tout tach yo te ba li yo.

Pandan madanm mwen avèk mwen t ap pale de eksperyans sa a, nou te rive nan konklizyon ke se sèlman yon konfyans pur ak sensè nan pwomès etènèl Bondye bay atravè alyans sakre ki fèt avèk Li nan kay li a ki ta ka pouse disip Kris ekstraòdinè sa yo pou yo kite lakay yo nan jou gwo fredi sa a, malgre sikonstans lavi pèsonèl yo.

Chè zanmi m yo, si gen yon bagay nou ka posede—ak yon bagay nou ka transmèt bay pitit nou ak pititpitit nou yo ki ap ede chak nan tès ak eprèv k ap vini yo—se t ap konfyans nan alyans ki fèt atravè Jezikri yo. Resevwa kalite posesyon divin sa a pral ede yo viv jan Senyè a te pwomèt disip fidèl Li yo: “Disip mwen yo pral kanpe nan kote ki sen, epi moun p ap ka deplase yo.”7

Kijan nou ka akeri kalite konfyans sa a atravè Jezikri? Li vini atravè imilite, pandan n ap santre lavi nou sou Sovè a, viv selon prensip levanjil Jezikri yo, resevwa òdonans sali ak egzaltasyon yo, epi onore alyans nou fè avèk Bondye nan kay sakre Li a.

Nan dènye diskou l nan konferans jeneral Oktòb 2019 la, pwofèt byenneme nou an te raple nou yon etap enpòtan pou nou atenn konfyans nan alyans sa a, lè l te di: “Diyite endividyèl pou antre nan kay Senyè a mande anpil preparasyon spirityèl endividyèl. Diyitie pèsonèl mande yon konvèsyon total nan lespri ak nan kè yon moun pou l ka plis tankou Senyè a, pou l ka yon sitwayen onèt, yon pi bon egzanp, ak yon moun ki pi sen.”8 Se poutèt sa, si nou chanje preparasyon nou pou antre nan tanp lan, nou pral chanje eksperyans nou nan tanp lan, sa ki pral transfòme lavi nou andeyò tanp lan. “Lè sa a, konfyans ou pral grandi anpil nan prezans Bondye; epi doktrin prètriz la ap koule nan nanm nou tankou lawouze ki soti nan syèl la.”9

Yon evèk mwen konnen fè referans ak klas timoun ki pi aje nan Primè yo pa kòm yon klas “Primè” men kòm klas “preparasyon tanp.” An Janvye evèk la te fè manm klas yo ak enstriktè yo vini nan biwo li, kote yo t ap pale konsènan fason yo pral konsakre tout ane a nan prepare pou antre nan tanp. Evèk la pran tan pou li ale nan kesyon entèvyou pou rekòmandasyon tanp ki aplikab yo, ki apresa te enkli nan leson Primè yo. Li envite timoun yo pou yo prepare pou ke lè yo vini nan biwo evèk la nan yon ane, yo pral genyen konfyans, konfyans alyans, pare pou yo resevwa yon rekòmandasyon tanp epi antre nan kay Senyè a. Ane sa a evèk la te genyen kat jènfi ki te sitèlman antouzyas, prepare, ak konfyan pou yo ale nan tanp ke yo te vle pou evèk la enprime rekòmandasyon nan Premye Jou Ane a menm, a minui.

Preparasyon se pa jis pou moun ki ale nan tanp lan pou premye fwa. Nou tout ta dwe toujou prepare pou antre nan kay Senyè a. Yon pieu mwen konnen te adopte deviz “Santre sou lakay, sipòte pa Legliz la, epi atache a tanp.” Mo atache10 a se yon mo enteresan paske li vledi fokis sou yon direksyon, men li toujou vledi atache, ak oswa sekirize pa, rezoli ak detèmine, asire. Donk rete detèmine pou tanp mete nou an sekirite devan Sovè a, ba nou direksyon ak stabilite apwopriye a pandan n ap asire nou ke nou gen konfyans nan alyans lan atravè Jezikri. Se poutèt sa, nou tout ta dwe entansyèlman amelyore kalite lyen sa a nan planifye pwochen randevou avèk Senyè a nan kay sakre Li a, kit tanp lan pre nou oswa byen lwen.11

Pwofèt byenneme nou an, Prezidan Russell M. Nelson, raple nou prensip vital sa yo lè l te di: “Tanp lan chita nan sant ranfòsman lafwa nou ak kouraj espirityèl nou paske Sovè a ak doktrin Li a egzakteman nan kè tanp lan menm. Tout sa yo anseye nan tanp lan, atravè enstriksyon e atravè Lespri a, ogmante konpreyansyon nou sou Jezikri. Òdonans esansyèl Li yo liye nou avèk Li atravè alyans prètriz sakre yo. Apresa, pandan n ap kenbe alyans nou yo, L ap dote nou avèk pouvwa gerizon ak fòtifyan Li a. Epi, o, nou pral bezwen pouvwa Li anpil nan jou k ap vini yo.”12

Sovè a dezire ke nou vin tou prepare pou konprann, avèk gran klète egzakteman fason pou n aji pandan n ap fè alyans yo avèk Papa nou ki nan Syèl la nan non Li. Li vle nou prepare pou fè eksperyans privilèj, pwomès, ak responsablite nou yo; pou n prepare pou jwenn enpresyon spirityèl ak revèy ke nou bezwen nan lavi sa a. Mwen konnen ke lè Senyè a wè menm yon etensèl dezi oswa yon tikras efò nan dispozisyon nou pou santre lavi nou sou Li, ak sou òdonans ak alyans nou fè nan kay Li a, L ap beni nou, nan fason pafè Li a, avèk mirak ak tand mizerikòd nou bezwen yo.

Kay Senyè a se kote nou ka transfòme nan fason ki pi elve ak pi sakre. Donk, lè nou soti nan yon tanp, transfòme pa espwa nou nan pwomès alyans yo, ame avèk pouvwa ki soti anwo, nou mennen tanp lan avèk nou andedan fwaye nou ak nan lavi nou. Mwen asire nou ke genyen Lespri kay Senyè a nan nou chanje nou, konplètman.

Nou konnen tou gras a tanp lan ke si nou vle Lespri Senyè a sanrestriksyon nan lavi nou, nou senpleman pa kapab epi pa dwe genyen okenn santiman ki pa bon anvè pèsonn. Kite plas nan kè nou oswa nan panse nou pou santiman oubyen panse ki pa bon ap pwodui pawòl ak aksyon ki pa bon, keseswa nan medya sosyal oubyen nan fwaye nou, sa ki lakoz Lespri Senyè a ekate soti nan kè nou. Se poutèt sa, tanpri pa abandone asirans nou, men okontrè, kite asirans nou grandi vin pi solid.

Konstriksyon sanrete ak akselere tanp yo pral kontinye pou motive, enspire, ak beni nou. Men sa ki pi enpòtan, lè nou chanje preparasyon nou pou antre nan tanp lan, nou pral chanje eksperyans nou nan tanp lan, sa ki pral transfòme lavi nou andeyò tanp lan. Se pou transfòmasyon sa a ranpli nou avèk konfyans nan alyans sakre nou fè avèk Bondye atravè Jezikri yo. Bondye vivan, Jezikri se Sovè nou, epi sa a se Legliz retabli Li sou tè a. Mwen deklare verite sa yo avèk reverans nan non sakre Sovè nou an, Jezikri, amèn.