Konferans Jeneral
Fidèl jiskalafen
Konferans jeneral avril 2024


Fidèl jiskalafen

Avèk men Li, nou pral kapab konbat tout Golyat ki parèt nan lavi nou.

Jèn zanmi m yo, jodiya mwen ta renmen pale dirèkteman avèk noumenm—jèn yo nan Legliz la.

Sa fè ennan depi yo te aple nou nan Prezidans Jeneral Jènfi a. Anpil bagay te rive nan ane ki sot pase a!

Nou te rankontre anpil nan nou epi nou te etidye ansèyman Kris yo ansanm. Nou te chante, fè nouvo zanmi, epi sèvi avèk nou nan kominote nou yo. Nou te fòtifye lè nou te tande temwayaj nou nan konferans jèn yo ak nan aktivite mondyal yo. Epi nou te adore ansanm nan kay Senyè a.

Chak fwa, nou te pataje yon mesaj Senyè nou an, Jezikri, te genyen pou nou. Aswè a pa p diferan; jèn yo nan Legliz Jezikri a, mwen gen yon mesaj pou nou.

Gwo kesyon yo

Èske w janm mande tèt ou kijan ou ka rete fidèl a Bondye nan yon mond peche? Ki kote w jwenn fòs pou w avanse epi kontinye fè sa ki bon? Kijan ou jwenn bon lajwa a?

Mwen panse eksperyans David ak Golyat la kapab ede nou.

David ak Golyat

Nan Ansyen Testaman an, lame moun Filisti yo t ap goumen ak Izrayelit yo, epi chak maten ak chak swa, yon gwo sòlda Filisti ki te rele Golyat te bay nenpòt Izrayelit defi pou yo te vin kare avèk li.

Imaj
David ak Golyat.

Pami pèp Izrayèl la, te genyen David, yon jèn gadò mouton ki te pi piti lontan pase Golyat men ki te gen yon jeyan lafwa jeyan nan Jezikri! David te prezante l kòm volontè pou l te goumen. Menm wa a te eseye chanje lide l, men David te chwazi pou l te fè Jezikri konfyans.

Anvan sa, David te goumen avèk yon lyon ak yon lous tou. Apati eksperyans sa yo, li te konnen Bondye te pwoteje li epi Li te ba l viktwa. Pou David, koz Bondye a te pi enpòtan pase tout lòt koz. Konsa, plen ak lafwa nan yon Bondye ki pa t janm abandone li, David te ranmase 5 wòch won, li te pran fistibal li, epi li te mache al jwenn Golyat.

Imaj
5 wòch David yo.

Ekriti yo di nou premye wòch David te voye a te frape Golyat nan mitan fwon l, epi Golyat te mouri.

Chache jwenn repons

Malgre David te itilize yon sèl wòch pou l tiye Golyat, li te vini avèk senk wòch. Avèk senk! Sa fè m panse a kijan mwen kapab prepare m pou m fè fas a mond lan.

E si chak youn nan wòch David yo te reprezante yon fòs nou bezwen pou n triyonfan nan lavi nou? Kisa senk wòch sa yo te ka ye? Mwen te panse a posiblite sa yo:

  1. Wòch lanmou m pou Bondye.

  2. Wòch lafwa m nan Sovè nou an, Jezikri.

  3. Wòch konesans mwen sou vrè idantite m.

  4. Wòch repantans kotidyen mwen.

  5. Wòch aksè mwen a pouvwa Bondye.

An pale sou kijan nou beni atravè fòs sa yo.

Premyeman, se wòch lanmou m pou Bondye. Renmen Bondye se premye gran kòmandman an. Gid Fòs Jèn yo anseye nou: “Bondye renmen nou. Li se Papa ou. Lanmou pafè Li ka ankouraje w pou w renmen Li. Lè lanmou w pou Pè Selès la se enfliyans ki pi enpòtan nan lavi ou, anpil desizyon ap vin pi fasil.”

Lanmou nou pou Bondye ak relasyon pwòch nou genyen avèk Li bannou fòs nou bezwen pou n transfòme kè nou epi pou n pi fasilman simonte pwoblèm nou yo.

Dezyèmman, se wòch lafwa m nan Sovè nou an, Jezikri. Lè Jezikri te vin sou tè a, Li te soufri pou peche nou yo, epi li te pran sou tèt pa L tout doulè nou, lapenn nou, feblès nou, ak maladi fizik ak mantal nou yo. Se pousa Li konn kijan pou L ede nou. Lafwa nan Jezikri vle di pou nou mete tout konfyans nou nan sajès Li, tan Li, lanmou Li, ak pouvwa Li pou L ekspye peche nou yo. Wòch lafwa nan Jezikri ap venk nenpòt “jeyan” nan lavi nou. Nou kapab simonte mond dechi sa a paske Jezi te simonte li anvan.

Nimewo twa, se wòch konesans mwen sou vre idantite m. Pwofèt byeneme nou an, Prezidan Russell M. Nelson, te anseye nou ke idantite ki pi enpòtan pou nou se ke nou se pitit Bondye, nou se pitit alyans lan nou se disip Jezikri.

Tout bagay chanje lè m konnen kilès mwen ye vreman. Lè m doute konpetans mwen, m souvan repete nan panse m oswa awotvwa, “M se pitit fi Bondye, m se pitit fi Bondye,” tout kantite fwa m bezwen jiskaske m santi m gen konfyans pou m kontinye.

An katriyèm, se wòch repantans kotidyen mwen. Nan gid Fòs Jèn yo, nou li: “Repantans se pa pinisyon pou peche; se fason Sovè a itilize pou libere nou anba peche. Repanti vledi chanje—vire do bay peche epi vire gade Bondye. Li vledi amelyore ak resevwa padon. Kalite chanjman sa a se pa yon evenman ki rive yon grenn fwa; se yon pwosesis ki kontinyèl.”

Pa gen anyen ki bay plis libète pase lè n santi padon Bondye ak konesans ke nou pwòp epi nou rekonsilye avèk Li. Jwenn padon posib pou tout moun.

Senkyèm wòch la se wòch aksè mwen a pouvwa Bondye. Alyans nou fè avèk Bondye, tankou sa nou fè nan òdonans batèm lan, bannou aksè a pouvwa divinite a. Pouvwa Bondye se yon pouvwa reyèl ki ede nou fè fas a defi yo, ede nou pran bon desizyon, ak ogmante kapasite nou pou n andire sitiyasyon ki difisil. Se yon pouvwa ki ka ede nou grandi nan kapasite espesifik nou bezwen yo.

Gid Fòs Jèn yo eksplike: “Alyans yo konekte ou avèk Pè Selès la ak Sovè a. Yo ogmante pouvwa Bondye nan lavi ou.”

Ann pale de koneksyon sa a. Ou sonje lè Kris la te anseye diferans ki genyen ant yon kay ki bati sou wòch ak youn ki bati sou sab? Èldè Dieter F. Uchtdorf te eksplike: “Se pa paske yon kay solid ki fè l rete kanpe pandan yon tanpèt. Ni se pa paske woche a solid tou ki fè l rete kanpe. Kay la rete kanpe anba tanpèt la paske li byen atache a woche ki solid sa a. Se fòs koneksyon ki genyen avèk woche a ki konte.”

Imaj
Kay ki bati sou wòch.

Koneksyon pèsonèl nou ak Jezikri ap bannou kouraj ak konfyans pou nou avanse nan mitan moun ki pa respekte kwayans nou yo oubyen ki entimide nou. Kris la envite nou pou n kenbe Li nan panse nou tout tan; Li di nou, “Gade sou mwen nan chak panse.” Mete panse nou sou Sovè a bay lespri nou klète pou n pran desizyon, pou n aji san n pè, epi pou n di non a sa ki kont ansèyman Bondye yo. Lè jounen mwen difisil epi m santi mwen pa ka pran plis ankò, medite sou Kris la ban m lapè ak lespwa.

Kijan mwen kapab jwenn nan pouvwa Jezikri? Se pwen kle pou n obeyi alyans nou yo ak ogmante lafwa nou nan Jezikri.

Aktyèlman m ta renmen pou David ta genyen yon lòt wòch ankò; li te ka wòch temwayaj mwen. Temwayaj nou bati atravè eksperyans espirityèl pèsonèl kote nou rekonèt enfliyans divin nan lavi nou. Pa gen moun ki ka pran konesans sa a nan men nou. konesans nou genyen atravè eksperyans espirityèl nou te viv yo inestimab. Lè nou rete fidèl a konesans sa a, li bannou libète. Li bannou lajwa! Si nou renmen laverite, n ap chache jwenn li, epi lè nou jwenn li, n ap defann li.

Yon envitasyon

Menm jan mwen te chwazi sizyèm wòch la, m envite w rankontre ak klas ou, kolèj ou, oubyen fanmi ou epi panse sou ki lòt fòs nou bezwen atenn pou nou ka mantni lafwa nou nan Bondye epi, konsa, simonte mond lan.

Yon pwomès

Chè zanmi m, Kris la vle akonpaye nou nan vwayaj nou nan lavi. Mwen pwomèt nou, lè nou kenbe ba fè a byen fèm, n ap mache men nan lamen avèk Jezikri. Li ap gide w, epi Li ap anseye w Avèk men Li, ou pral kapab konbat tout Golyat ki parèt nan lavi ou.

Temwayaj

Mwen temwaye ke gen lajwa nan priyè kotidyen nou, nan lekti Liv Mòmon an chak jou, nan pran sentsèn chak Dimanch, nan ale nan seminè—menm nan maten bonè! Gen lajwa nan fè sa ki bon.

Gen lajwa nan rete fidèl a Bondye linivè a, Sovè mondlan, Chèf tout chèf yo. Gen lajwa pou disip Jezikri yo.

Bondye se Papa nou. Li konnen dezi kè nou ak posiblite nou yo, epi Li gen konfyans nan nou.

Chè jèn yo, Jezikri ap ede nou rete fidèl jiskalafen. Konsènan verite sa yo mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.