Konferans Jeneral
Relye De Gran Kòmandman yo
Konferans jeneral avril 2024


Relye De Gran Kòmandman yo

Kapasite nou pou nou suiv Jezikri depann sou fòs ak pouvwa nou pou nou viv premye ak dezyèm kòmandman yo avèk balans ak devosyon egal pou toulède.

Entwodiksyon

Pandan madanm mwen Lesa avè m ap vwayaje pou tach nou atravè mond la, nou kontan privilèj pou nou rankontre avèk nou nan kongregasyon nou yo, gwo kou piti yo. Devosyon nou pou travay Senyè a ankouraje nou epi li kanpe kòm yon temwayaj sou levanjil Jezikri a. Nou retounen lakay nou apre chak vwayaj ap mande tèt nou si nou te bay otan ke nou te resevwa nan men nou.

Imaj
Pon Rainbow a.
Imaj
Pon Tsing Ma a.
Imaj
Pon Tower a

Lè n ap vwayaje, nou pa gen anpil tan pou n fè vizit touris. Sepandan, lè sa posib, mwen pase kèk moman nan yon pasyon m genyen an patikilye. Mwen enterese nan achitekti ak desen epi m gen yon pasyon espesyal pou pon. Pon sispandi yo emèveye mwen. Kit se Pon Rainbow a nan Tokyo, Pon Tsing Ma a nan Hong Kong, Tower Bridge nan London, oswa lòt mwen te wè, mwen pa ka anpeche m emèveye devan teknik travay jeni ki bati andedan estrikti konplike sa yo. Pon yo mennen nou kote nou pa t ap kapab ale san yo. (Anvan m kontinye, m ap note ke depi mesaj sa a te prepare a, yon aksidan pon trajik te rive nan Baltimore) Nou kriye pou moun ki pèdi lavi yo epi nou ofri kondoleyans pou fanmi ki aflije yo.)

Yon Mayifik Pon Sispandi

Resamman, yon tach konferans te mennen m nan Kalifòni, kote m te yon fwa m te travèse Pon Golden Gate Bridge la, ke yo konsidere kòm yon mèvèy bagay enjenyè nan mond lan. Estrikti monimantal sa a gen yon melanj bèl fòm, li ranpli objektif li, ak yon teknik ekselan. Se yon pon sispandi klasik ak tour byen wo nan chak pwent li, ki sipòte ak plizyè poto masif Gwo tour enpresyonan pwa lou jimèl sa yo ki domine lanmè a se te premye eleman yo te konstwi. Ansanm yo sipòte chaj kab sispansyon prensipal yo ak kab sispansyon vètikal yo, ki kenbe platfòm pon an anba. Kapasite ekstraòdinè estabilizasyon an, puisans tour a se maji dèyè teknik pon an.

Imaj
Pon Golden Gate la ap konstwi.

Distri Pon Golden Gate

Premye imaj pon an temwanye de prensip teknik sa a; Chak eleman nan pon an jwenn sipò pou pote chaj gras ak tour simetrik yo, ki konekte ansanm youn ak lòt

Imaj
Pon Golden Gate la ap konstwi

Getty Images/Underwood Archives

Lè pon an te fini, avèk tou yo anplas byen fèm, ak poto yo byen ankre nan yon fondasyon wòch, se yon imaj fòs ak bote.

Imaj
Pon Golden Gate.

Jodia mwen envite ou pou w gade pon majestye sa a—avèk de tou jimèl li yo ki bati sou yon fondasyon solid la—atravè pwendvi levanjil la.

Nan fen ministè Jezikri a, pandan sa nou rele kounye a Semèn Sent la, yon Farizyen ki te yon avoka1 te poze Sovè a yon kesyon li te konnen ki t ap prèske enposib pou L te reponn:2 “Mèt, ki pi gran kòmandman nan lalwa a?” Avoka a, ki t ap “tante l” epi ki t ap chèche yon repons legal, avèk entansyon ki te parèt malonèt, te resevwa yon repons onèt, sakre, epi diven.

“Jezi te reponn li, Se pou ou renmen Senyè a, Bondye ou, avèk tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tou lide ou.

“Se kòmandman sa a ki pi gwo ak pi gran. Lè n ap tande analoji pon nou an, premye tou a!

“Epi men dezyèm nan ki gen menm enpòtans ak premye a, Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou renmen pwòp tèt pa w.” Sa se dezyèm tou a!

“De kòmandman sa yo se fondasyon tout sa ki nan lalwa a ak sa pwofèt yo di”3. Rès eleman pon yo!

Annou egzamine chak nan de gran kòmandman yo, ki revele epi resite nan repons Jezikri a. Pandan n ap fè sa a, kite imaj bèl pon sispandi a, sonnen nan je lespri ou.

Renmen Senyè a

Premye a, pou renmen Senyè a ak tout kè ou, nanm ou, ak lespri ou.

Nan repons sa a, Jezikri mete aksan sou enpòtans lalwa ki entegre nan ansèyman sakre Ansyen Testaman yo. Renmen Senyè s santre premyèman sou kè ou—pwòp nati ou. Senyè a mande pou ou renmen avèk tout nanm ou— tout èt konsakre ou4—epi alafen, pou renmen ak tout lespri ou — entelijans ou ak konpreyansyon ou. Renmen pou Bondye pa gen limit oswa fini. Li enfini epi etènèl.

Pou mwen, aplike premye gran kòmandman an kapab sanble pafwa yon teyori, ki menm difisil pou akonpli. Erezman, lè mwen konsidere lòt pawòl Jezi yo, kòmandman sa a vin pi konpreyansib: “Si nou renmen m, respekte kòmandman m yo.”5 Mwen ka fè sa a. Mwen ka renmen Pè Selès la ak Jezikri, apresa ki mennen nan priyè, etidye ekriti, ak travay nan tanp. Nou renmen Papa a ak Pitit Gason an atravè peman dim, kenbe jou Saba a sen, viv yon vi ki chas ak vètye, epi obeyisan.

Renmen Senyè a pi souvan mezire nan ti aksyon chak jou yo, mak pye sou chemen alyans lan: pou jèn moun, k ap itilize medya sosyal yo bati olye ke kraze; k ap kite yon fèt, fim, oswa aktivite kote nòm yo pa respekte; k ap montre reverans pou bagay sakre yo.

Konsidere egzanp sa a. Sete yon Dimanch jèn lè Vance6 avèk mwen te frape nan pòt yon ti kay byen enb. Noumenm ak lòt dyak nan kowòm yo te vini epi nou te espere tande mo “Tanpri, antre” yo ki t ap akeyi nou avèk chalè ak yon aksan Alman byen fò ase pou nou te tande l nan pòt la. Sè Muellar sete youn nan plizyè vèv imigran nan pawas la. Li pa t ka vin ouvri pòt la fasilman, paske li te avèg. Lè nou te antre nan kay la ki pa t gen anpil limyè, li te akeyi nou ak kesyon janti: Ki jan ou rele? Ki sa n ap fè? Èske nou renmen Senyè a? Nou te reponn epi nou te di l ke nou te vini pou n te resevwa ofrann jèn li. Menm nan jèn laj nou an, sikonstans povrete li te aparan anpil, epi repon plen lafwa l la te pwofondeman touchan: “Mwen te mete di m nan sou kontwa a bonè maten an. Mwen rekonesan pou m bay ofrann jèn mwen. èske nou ka janti ase pou nou mete l nan yon anvlòp epi ranpli resi ofrann jèn mwen an pou mwen?” Lanmou li pou Senyè a te elve lafwa nou chak fwa nou te kite kay li.

Wa Benjamen te pwomèt bonja rezilta pou moun ki suiv premye gran kòmandman an. “Epi ankò, m ta vle nou konsidere benediksyon ak bonè moun sa yo ki respekte kòmandman Bondye yo. … Yo beni nan tout bagay, … e si yo rete fidèl jiskalafen, y ap jwenn akèy nan syèl la … nan yon bonè ki p ap fini.”7

Renmen Senyè a mennen nan bonè etènèl!

Renmen Pwochen ou.

Apre sa Jezi te di, “Epi dezyèm nan menmjan avèk li, Se pou ou renmen pwochen ou menmjan ou renmen tèt ou.”8 Se dezyèm tou nan pon an.

La a, Jezi relye rega selès nou anwo, pou nou renmen Senyè a, avèk rega terès eksteryè nou, pou nou renmen pwochen nou. Youn depann sou lòt Renmen Senyè a pa konplè si nou neglije pwochen nou. Renmen eksteryè sa a enkli tout pitit Bondye yo san konsidere sèks, klas sosyal, ras, seksyalite, revni, laj oswa gwoup sosyal. N ap chèche moun ki blese ak brize, moun yo mete aleka, paske “tout moun se menm devan Bondye.”9 Nou “pote moun ki fèb yo sekou, leve men ki pandye yo, epi ranfòse jenou ki fèb yo.”10

Panse sou egzanp sa a: Frè Evans11 te sezi lè l te pouse pou l kanpe machin li epi frape nan yon pòt enkoni yon fanmi enkoni. Lè yon manman vèv 10 pitit te reponn pòt la, sitiyasyon difisil ak gwo bezwen yo te genyen te parèt byen klè devan l. Premye a te senp, ki se pentire kay yo a, apresa anpil ane sèvis tanporèl ak espirityèl pou fanmi sa a te suiv.

Pita, manman rekonesan sa a te ekri konsènan zanmi Bondye te voye pou li a konsa: “Ou pase tout vi w ap lonje men bay sa ki pi piti pami nou. Ala jan mwen ta renmen tande bagay Senyè a ap di ou lè l ap eksprime apresyasyon Li pou byen finansyè ak espirityèl ou te fè, pou moun sèlman oumenm ak Limenm ap janm konnen. Mèsi poutèt ou te beni nou nan tèlman anpil fason, … pou misyonè yo ou te voye pou. … Souvan m ap mande tèt mwen si se Senyè a ki te chwazi ou pèsonèlman, oswa si sete jis oumenm ki te tande.”

Pou renmen pwochen w mande aksyon jantiyès ak sèvis tankou Kris la. Eske w ap abandone, rankin, padone enmi yo, ankadre epi sèvi pwochen w, epi asiste granmoun yo? Nou chak ap enspire pandan n ap konstwi tou lanmou nou pou pwochen nou.

Prezidan Russell M. Nelson te ansenye: “Bay lòt moun èd—fè yon efò konsyan pou nou sousye pou lòt moun otan oubyen piplis nou sousye pou tèt nou—se lajwa nou. Espesyalman … lè sa deranje nou ak lè l fè nou soti nan zòn konfò nou. Viv dezyèm gran kòmandman sa a se kle pou nou vin yon vrè disip Jezikri.”12

Youn depann sou lòt (Depandans)

Pi lwen Jezi te ansenye, “De kòmandman sa yo se fondasyon tout sa ki nan lalwa a ak sa pwofèt yo di.”13 Sa a trè instriktif Gen yon asosyasyon enpòtan ant renmen Senyè a ak youn renmen lòt. Pou pon Golden Gate la ranpli fonksyon li te genyen an, tou de tou yo solid menmjan epi yo sipòte pwa kab sispansyon yo, wout la ak trafik k ap travèse pon an menmjan. San aranjman simetrik sa a, pon an te ka gen pwoblèm, epi menm tonbe. Pou tout pon sispandi fè sa li te bati pou fè a, tou yo dwe fonksyone ansanm nan amoni konplè. Menmjan tou, kapasite nou pou nou suiv Jezikri depann sou fòs ak pouvwa nou pou nou viv premye ak dezyèm kòmandman yo avèk balans ak devosyon egal pou toulede.

Imaj
Pon Golden Gate.

Toutfwa, kontansyon k ap ogmante nan mond lan sigjere pafwa nou pa wè sa oswa nou pa sonje sa. Gen kèk moun ki tèlman konsantre yo sou respekte kòmandman yo ke yo montre tikras tolerans pou moun yo konsidere kòm mwens jis yo. Gen kèk moun ki twouve li difisil pou yo renmen moun ki chwazi viv lavi yo andeyò alyans lan oswa menm ki pa patisipe nan ankenn aktivite relijye.

Yon lòt kote, gen moun ki mete aksan sou enpòtans renmen lòt moun san yo pa rekonèt nou tout responsab devan Bondye. Gen kèk moun ki refize totalman nosyon ke gen yon bagay tankou verite total, oswa byen ak mal, epi kwè ke sèl bagay yo mande nou se tolerans konplè ak aksepte chwa lòt moun yo. Nenpòt nan dezekilib sa yo ka lakòz pon espirityèl ou panche oswa menm tonbe.

Prezidan Dallin H. Oaks te dekri sa lè l te di: “Nou kòmande nou pou nou renmen tout moun, paske parabòl Bon Samariten an anseye ke tout moun se pwochen nou. Men, devouman nou pou n respekte dezyèm kòmandman an pa dwe lakoz nou bliye premye a, ki se renmen Bondye ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lide nou.”14

Konklizyon

Konsa, kesyon ki poze pou nou chak la se, kijan pou n bati pwòp pon lafwa ak devosyon nou - nan drese tou ki wo pou pon renmen Bondye ak renmen pwochen nou yo? Ebyen, nou fèk kòmanse. Premye efò nou ta ka sanble ak yon plan sou do yon napkin oswa kòmansman plan pon nou espere konstwi a. Li ka gen kèk objektif ki reyalis tankou chèche konprann levanjil Senyè a plis oswa fè ve pou jije lòt moun mwens. Pèsonn pa two jèn oswa two aje pou kòmanse.

Imaj
Chema achitekti pon.

Apre yon sèten tan, avèk lapriyè epi bonjan planifikasyon,, lide graj yo vin rafine. Nouvo aksyon tounen abitid. Premye brase lide yo tounen plan poli. Nou bati pon espirityèl pèsonèl nou avèk kè ak lespri devwe ak Papa nou ki nan Syèl la ak Sèl Pitit Gason Literal Li a ansanm ak frè ak sè nou yo ke n ap travay, jwe, ak viv.

Nan jou kap vini yo, lè ou pase sou yon pon sispandi mayifik oswa menm lè ou wè yon imaj, avèk tou yo ki bay vètij, mwen envite ou sonje de gran kòmandman yo, Jezikri dekri nan Nouvo Testaman an. Se pou enstriksyon Senyè a enspire nou. Se pou kè nou ak lespri nou elve anwo, pou nou renmen Senyè a, epi vire aleksteryè, pou nou renmen pwochen nou.

Se pou sa ranfòse lafwa nou nan Jezikri ak Sakrifis Ekspyatwa Li a, mwen twmwanye de sa nan non Jezikri, amen.

Nòt

  1. “Nan Nouvo Testaman an, [tèm Avoka [te] ekivalan a skrib, yon moun pa pwofesyon ki te yon elèv ak pwofesè lalwa a, ki gen ladan lalwa ekri Pentateuch la, epi tou ‘tradisyon ansyen yo’ (Matt. 22:35; Mak 12:28; Lik 10:25)” (Diksyonè Bib la, “Lawyer”).

  2. Nan tan lontan, gen kèk save juif ki te kontwole 613 kòmandman nan Tora a e yo te debat toutan sou enpòtans relatif youn kont lòt. Petèt avoka a te gen entansyon itilize repons Jezi a kont li. Si li te di yon kòmandman te pi enpòtan, li ta ka pèmèt yon ouvèti pou akize Jezi poutèt li inyore yon lòt aspè nan lalwa a. Men repons Sovè a te fèmen bouch moun ki te vin pyeje l yo ak yon deklarasyon fondamantal ki se fondasyon tout sa nou fè nan Legliz la jodi a.

  3. Matye 22:36–40

  4. Gade Doktrin ak Alyans 88:15

  5. Jan 14:15

  6. Toude non yo chanje nan istwa a pou pwoteje konfidansyalite.

  7. Mozya 2:41.

  8. Matye 22:39

  9. 2 Nefi 26:33

  10. Doktrin ak Alyans 81:5

  11. Non an chanje pou pwoteje vi prive.

  12. Russell M. Nelson, “Dezyèm Gran Kòmandman an,” Liahona, Nov. 2019, 97.

  13. Matye 22:40

  14. Dallin H. Oaks, “De Gran Kòmandman,” Lyawona, Nov. 2019, 73–76