Konferans Jeneral
Opozisyon nan Tout Bagay
Konferans jeneral avril 2024


Opozisyon nan Tout Bagay

Pou nou ka egzèse libabit nou, nou bezwen gen opsyon opoze pou nou konsidere.

Dènyèman, pandan nou t ap kondui nan yon vil nou pa t twò konnen, mwen te pran yon move direksyon aksidandèlman, sa ki te mennen madanm mwen avèk mwen sou yon otowout eksprès sou dèkilomèt san fen, san nou pat ka fè demitou. Yon zanmi te envite nou chalerezman pou nou te vin vizite l lakay li epi nou te pè pou nou pa t rive avèk anpil reta.

Pandan nou te sou otowout la ap dezespereman chèche yon fason pou nou te soti ladan l, mwen te blame tèt mwen paske m pa t pote pi bon atansyon a sistèm navigasyon an. Eksperyans sa a te lakoz mwen te panse a kijan nan lavi nou, nou kèkfwa pran move desizyon ak kijan nou dwe viv avèk konsekans yo avèk imilite ak pasyans jiskaske nou ka chanje direksyon nou ankò.

Lavi a se apwopo fè chwa. Papa nou ki nan syèl la te ban nou don diven ki rele libabit la presizeman pou nou ka aprann apati chwa nou fè— bon chwa ak move chwa yo. Nou korije move chwa nou yo lè nou repanti. Se konsa nou pwogrese. Plan Pè Selès la pou nou tout se konsènan aprann, devlope, ak pwogrese ale nan lavi etènèl.

Depi lè misyonè yo te anseye madanm mwen avèk mwen epi nou te vin manm Legliz la sa gen plizyè ane, m te toujou enpresyone pa ansèyman pwofon Leyi te bay Jakòb, piti gason l la, nan Liv Mòmon an. Li te anseye l ke “Senyè Bondye a te pèmèt lèzòm chwazi pou tèt pa yo”1 epi li “nesesè, pou gen yon opozisyon nan tout bagay.”2 Pou nou ka egzèse libabit nou, nou bezwen gen opsyon opoze pou nou konsidere. Nan fè bagay sa a, Liv Mòmon an raple nou ke nou te “enstwi sifizamman”3 epi “Lespri Kris la”4 nou chak te resevwa l pou nou “konnen byen ak mal.”5

Nan lavi, nou konfwonte anpil chwa enpòtan konstamman. Pa egzanp:

  • Chwazi si n ap suiv kòmandman Bondye yo.

  • Chwazi gen lafwa epi rekonèt lè mirak fèt oubyen rete tann kòm septik pou yon bagay fèt anvan nou chwazi pou nou kwè.

  • Chwazi pou devlope konfyans nan Bondye oubyen pè pou yon lòt difikilte pa rive nan jou k ap vini an.

Menmjan m te vire mal al tonbe sou otorout sa a, soufri anba konsekans move desizyon pa nou ka souvan yon pwosesis douloure paske se noumenm sèlman nou ka blame pou sa. Sepandan, nou tout ka chwazi pou nou resevwa rekonfò atravè pwosesis repantans diven an, pou fè bagay ki mal yo vin byen ankò, epi konsa, aprann kèk leson ki-chanje lavi.

Kèkfwa, nou ka rankontre opozisyon ak eprèv nan bagay ki pa sou kontwòl nou tou, tankou:

  • Moman sante ak peryòd maladi.

  • Epòk lapè ak epòk lagè.

  • Moman plen limyè ak moman sonb, peryòd ete ak peryòt ivè.

  • Tan travay ki suiv pa tan repo.

Malgre nou pa ka chwazi abityèlman ant kalte sitiyasyon sa yo paske yo jis rive, nou toujou lib pou nou chwazi fason pou nou reyaji devan yo. Nou ka fè sa avèk yon atitid pozitif oubyen pesimis. Nou ka chèche aprann apati eksperyans la epi mande èd ak sipò Senyè nou an, oubyen nou ka panse ke nou poukont nou nan eprèv sa a epi nou dwe soufri l poukont nou. Nou ka “ajiste vwal nou yo” al nan nouvo realite a, oubyen nou ka deside pou nou pa chanje anyen. Nan fènwa lannuit la, nou ka limen limyè nou. Nan livè frèt la, nou ta dwe chwazi mete rad ki cho. Nan sezon maladi, nou ka chwazi èd medikal ak espirityèl. Se noumenm ki chwazi kijan pou nou reaji devan sikonstans sa yo.

Ajiste, aprann, chèche, chwazi yo tout se vèb aksyon. Sonje ke nou se ajan, nou pa objè. An nou pa janm bliye ke Jezi te pwomèt pou “pran doulè ak maladi pèp Li a sou tèt pa L … pou L ka … sekouri,” oubyen ede nou lè nou tounen al jwenn Li.6 Nou ka chwazi bati fondasyon nou sou wòch ki se Jezikri a, pou lè toubiyon an vini “li pap gen pouvwa sou [nou].”7 Li pwomèt “nenpòt moun vin jwenn [Li], [L] ap resevwa yo; epi L ap beni moun ki vin jwenn [Li].”8

Kounyea, gen yon prensip adisyonèl ki espesyalman enpòtan. Leyi te di konsa “dwe gen … yon opozisyon nan tout bagay.”9 Sa vle di opoze pa egziste separe yonn avèk lòt. Yo ka menm konplemante yonn lòt. Nou pa t ap ka idantifye lajwa san nou pa eksperimante tristès nan yon nivo tou. Lè nou santi nou grangou kèkfwa sa ede nou espesyalman gen gratitid lè nou gen ase pou nou manje ankò. Nou pa t ap ka idantifye laverite san nou pa wè manti tou pasi pala.

Opoze sa yo tout tankou debò yon pyès lajan. Toude bò yo toujou prezan. Charles Dickens te bay yon egzanp sou ide sa a lè l te ekri “Sete pi bèl epòk la, sete pi move epòk la.”10

Kite m bay yon egzanp nan pwòp lavi pa m. Marye, fonde yon fwaye, ak fè pitit te pote pigran moman lajwa nou te ka janm eksperimante nan lavi nou, men tou, moman doulè ki pi pwofon, ak lapenn ak tristès, lè yon bagay rive nenpòt nan nou. Lajwa ak kontantman enfini avèk timoun nou yo te kèkfwa vin anvan peryòd maladi ki te repete, entène lopital ak nuit san somèy ki te chaje avèk detrès, osi byen ke jwenn sekou nan priyè ak benediksyon prètriz. Eksperyans opoze sa yo te anseye nou ke nou pa janm poukout nou nan moman soufrans yo, epi yo montre nou tou, ki kantite nou ka sipote avèk sekou ak èd Senyè a. Eksperyans sa yo te ede pou fòme nou nan fason ki mèveye, epi sa te totalman vo lapenn. Èske se pa pou sa nou te vini isit la?

Nan ekriti yo nou jwenn kèk egzanp enteresan tou:

  • Leyi te anseye pitit gason li a, Jakòb ke afliksyon li te soufri yo nan dezè a te ede l konnen grandè Bondye epi “[Bondye] pral konsakre afliksyon [li] yo pou benefis [li].”11

  • Pandan anprizònman kriyèl Joseph Smith la nan Prizon Liberty a, Senyè a te di l “tout bagay sa yo pral ba [li] eksperyans, epi se pral pou byen [li].”12

  • Finalman, sakrifis enfini Kris la te sètènman pigran egzanp doulè ak soufrans moun pa t janm wè, men tou, li te reyalize benediksyon mèveye Ekspyasyon Li a pou tout pitit Bondye yo.

Kote gen solèy, lonbraj dwe la tou. Inondasyon ka detwi, men, abityèlman, yo pote lavi tou. Kriye detrès souvan vin tounen kriye soulajman ak kè kontan. Santiman tristès lè yon moun nou renmen desede vin souvan ranplase avèk lajwa lè nou rankontre yo ankò. Nan peryòd lagè ak destriksyon, plizyè ti zak jantiyès ak amou ap fèt tou pou moun ki gen “je pou wè, ak zòrèy pou tande.”13

Mond nou an jodia, se souvan krent ak anksyete ki karakterize l—krent pou sa lavni ka pote pou nou. Men, Jezi anseye nou pou fè L konfyans epi “gide [Li] nan tout panse; pa doute, pa pè.”14

An nou konstamman fè yon efò konsyan pou nou wè debò chak pyès lajan nou resevwa nan lavi nou. Malgre toude bò yo ka pafwa pa imedyatman vizib pou nou, nou ka konnen ak kwè ke yo toujou la.

Nou ka rete asire ke difikilte nou yo, tristès ak afliksyon, ak doulè nou yo pa defini nou; olyesa, se fason nou abòde yo ki pral ede nou pwogrese ak rapwoche pipre Bondye. Se atitid nou ak chwa nou ki defini nou pibyen pase difikilte nou yo.

Lè nou an sante, rejwi epi gen rekonesans pou chak moman. Lè nou nan maladi, chèche pou nou aprann avèk pasyans de sa epi nou dwe konnen sa ka chanje ankò dapre volonte Bondye. Lè nou nan tristès, kwè ke bonè a toupre nou nan kafou a; nou souvan pa ko ka wè l. Avèk konsyans, dirije konsantrasyon ou epi elve panse w sou aspè pozitif difikilte yo, paske yo toujou la tou, san dout! Pa janm bliye pou w rekonesan. انتخاب کنید که اعتقاد داشته باشیدChwazi pou w kwè. Chwazi pou w gen lafwa nan Jezikri. Chwazi pou w toujou gen konfyans fye nan Bondye. Chwazi pou w “panse selè,” jan Prezidan Russell M. Nelson te anseye nou dènyèman an!15

An nou toujou sonje plan mèveye Papa nou ki nan syèl la pou nou an. Li renmen nou epi L te voye Pitit Gason Li a pou ede nou nan tribilasyon ak pou ouvri pòt la pou nou retounen al jwenn Li. Jezikri vivan epi L kanpe la nan chak moman, ap tann nou pou nou chwazi rele Li pou L ban nou sekou, fòs, ak sali. Konsènan bagay sa yo mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.