Konferans Jeneral
Priye, Li La
Konferans jeneral avril 2024


Priye, Li La

Mwen envite nou pou nou priye pou nou konnen Papa nou ki nan Syèl la la, priye pou nou pwogrese pou nou ka vin menmjan avèk Li, epi priye pou nou montre lòt moun lanmou Li.

Frè m ak sè m yo, mwen santi m kontan lè m reponn a enpresyon pou m pale ak timoun yo!

Nou menm ti fi ak ti gason yo, kèlkeswa kote nou ye nan mond lan, mwen vle pataje yon bagay avèk nou.

Papa nou Ki nan Syèl La renmen nou! Nou se pitit Li. Li konnen nou. Li vle beni nou. Mwen priye avèk tout kè m pou nou santi amou Li.

Èske nou renmen resevwa kado? Mwen vle pale avèk nou sou yon kado trè espesyal ke Pè Selès la ba nou pou ede nou. Kado a se lapriyè. Ala yon benediksyon sa ye! M ka pale avèk Pè Selès la tout tan, tout kote.

Imaj
Jezi avèk yon gwoup timoun

Lè Jezi te sou tè a, Li te anseye nou pou nou priye. Li te di, “Mande, epi wa jwenn,”1

Pou ki don nou ka priye? Gen anpil, men jodia mwen vle pataje twa:

  1. Priye pou nou konnen.

  2. Priye pou nou pwogrese.

  3. Priye pou nou montre.

Annou pale de chak nan yo.

Premyèman, Priye pou nou Konnen

Kisa nou bezwen konnen?

Gen yon kantik sou lapriyè ke timoun Primè yo chante nan tout mond lan. Li kòmanse avèk yon kesyon. Èske n konnen ki kantik li ye? Si m te bonjan brav, m ta chante l pou nou!

“ Pè Selès, èske w vrèman la? Èske w tande ak reponn priyè chak timoun?”2

Kijan nou ka konnen ke Pè Selès la reyèlman la, menm lè nou pa ka wè Li?

Prezidan Russell M. Nelson envite nou pou nou “devèse kè nou bay Papa nou ki nan Syèl la. … Epi apresa koute!”3 Koute sa w santi nan kè w ak panse ki vini nan lespri ou.4

Papa nou ki nan Syèl la gen yon kò chè ak zo glorifye epi Li se Papa lespri nou. Pakse Pè Selès la gen tout pouvwa epi Li konn tout bagay, Li kapab wè tout pitit Li yo5 epi Li kapab tande ak reponn tout priyè. Ou ka vin konnen pou tèt pa w ke Li la epi Li renmen ou.

Lè w konnen ke Pè Selès la reyèl epi Li renmen ou, ou ka viv avèk kouraj ak lespwa! “Priye, li la. Pale, l ap koute.”6

Èske w janm konn santi w poukont ou? Yon jou lè pitit pitit fi nou an, Ashley, te gen sizan, li sete sèl timoun ki pa t gen zanmi pou te jwe avèk li nan lakou lekòl la. Pandan l te kanpe la, ap santi ke l te san enpòtans ak envizib, yon panse spesifik te vini nan lespri li: “Tann! M pa poukont mwen! M gen Kris la!” Ashley te mete l ajenou nan mitan lakou a, li te kwaze bra li, epi li te priye Papa nou ki nan Syèl la. Nan moman li te ouvri je l, yon tifi menm laj avèk li te kanpe kote l pou l te mande l si l te anvi al jwe. Ashley te ekri, “Mwen te aprann ke nou enpòtan pou Senyè a, epi nou pa janm vrèman poukont nou.”

Pafwa nou gen dwa anvi konnen poukisa yon bagay difisil ap rive nan lavi nou oubyen poukisa nou pa t resevwa yon benediksyon nou te priye pou li. Souvan pi bon kesyon pou nou mande Pè Selès la se pa poukisa men se kisa.

Èske nou sonje lè Nefi ak fanmi l te grangou pandan yo t ap vwayaje nan dezè a? Lè Nefi ak frè l yo t al lachas pou manje, Nefi te kase fistibal li a. Nefi pa t mande poukisa.

Imaj
Nefi mande Leyi ki kote pou l al chèche manje.

Nefi te fè yon nouvo fistibal epi l te mande papa l, Leyi, ki kote pou l te ale pou l ta jwenn manje.6 Leyi te priye, epi Senyè a te montre yo ki kote Nefi te ka ale.7 Papa nou ki nan syèl la ap gide w lè w mande L kisa w ka fè ak kisa w ka aprann.

Dezyèmman, Priye pou w Pwogrese

Papa nou ki nan Syèl la vle ede w pwogrese! Li renmen nou sitèlman ke L te voye Pitit Gason L lan, Jezikri, pou montre nou fason pou nou viv.7 Jezi te soufri, mouri, epi resisite pou nou ka jwenn padon pou peche nou yo ak pwogrese pou nou ka vin plis menmjan avèk Li.

Èske w vle pwogrese nan pasyans oswa nan onètete? Èske w vle pwogrese nan yon konpetans? Petèt ou timid epi w vle pwogrese nan kouraj. “Prie, il est là”9 Atravè Lespri Li, kè nou kapab chanje epi nou ka resevwa fòs.

Nouvo zanmi m nan, Jonah, te ekri, “Mwen souvan santi m enkyè lè m sou wout lekòl. Mwen pè pou m pa anreta, pou m pa bliye yon bagay, ak lè m gen egzamen. Lè m te gen 10 zan, m te kòmanse priye pandan manman m ap kondui mennen m lekòl. Mwen mande èd mwen bezwen an, epi m priye pou fanmi m tou. Konsa tou, mwen panse a bagay mwen rekonesan pou yo. [Priye Papa nou ki nan Syèl la] te ede m. Pafwa mwen pa santi soulajman an tousuit mwen soti nan machin nan, men letan pou m rive nan klas mwen, mwen santi m anpè.”10

Lafwa Jonah grandi pandan l ap priye chak jou epi apresa avanse devan.

Twazyèmman, Priye pou nou Montre

Ou ka priye pou èd pou w montre lòt moun lanmou Pè Selès la.11 Atravè Lespri Li, Papa nou ki nan Syèl la ap ede w remake moun ki tris pou w ka al rekonfòte yo. Li ka ede w montre lanmou Li atravè padone yon moun. Li ka ba w kouraj pou w sèvi yon moun epi pataje avèk li ke l se yon pitit Bondye. Efò w ka ede lòt moun vin konnen ak renmen Jezi ak Papa nou ki nan Syèl la pandan w ap fè sa.12

Pandan tout lavi m, mwen te priye pou papa m te vin yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Menm antanke yon jèn tifi, mwen te konnen konbyen benediksyon li te ka resevwa. Fanmi nou te ka resevwa benediksyon pou nou sele pou letènite. Mwen menm, fanmi m, ak zanmi nou yo te priye souvan pou li, men li pa t antre nan Legliz la. Papa nou ki nan Syèl la pa fòse okenn moun fè chwa.13 Li ka voye repons pou priyè nou yo ba nou nan lòt fason.

Imaj
Prezidan Porter avèk paran l ak frè l ak sè l yo.

Lè m te gran ase, mwen te resevwa benediksyon patriyakal mwen. Nan benediksyon an, patriyach la te di m ke pi bon bagay m te ka fè pou ede fanmi m rete ansanm nan syèl la sete pou m ta yon egzanp nan levanjil Jezikri a. Se sa m ta ka fè!

Papa m te gen 86 zan lè l te mouri. Senk jou apre lanmò li, m te resevwa yon santiman lajwa sakre. Papa nou ki nan Syèl la te fè m konnen atravè Lespri Li ke papa m te vle resevwa benediksyon levanjil Jezikri yo! Mwen p ap janm bliye jou sa a kote m te ajenou sou lotèl nan tanp lan avèk sè m ak frè m yo pou nou te sele avèk paran m yo. Mwen te kòmanse priye pou benediksyon sa a lè m te nan Primè, epi m te resevwa l lè m te yon granmè.

Petèt w ap priye pou benediksyon pou fanmi w ak pou lòt moun ou renmen. Pa lage! Papa nou ki nan Syèl la ap montre w sa w ka fè.

Pataje avèk Li sa ki nan kè ou.14 Pandan w ap chèche èd Li sensèman, w ap resevwa Lespri Li pou gide ou.15 Priye chak jou ap ede ranpli w ak lanmou pou Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Sa ap ede w anvi suiv Yo pandan tout lavi ou!

Imajine sa k t ap rive si tout timoun nan Lafrik, Amerik diSid, Azi, Lewòp, Amerik diNò, ak Ostrale te priye chak jou? Tout mond lan annantye t ap beni avèk plis lanmou Bondye!

Imaj
Timoun toupatou nan mond lan k ap priye.

Mwen envite nou pou nou priye pou nou konnen Papa nou ki nan Syèl la la, priye pou nou pwogrese pou nou ka vin menmjan avèk Li, epi priye pou nou montre lòt moun amou Li. Mwen konnen Li vivan epi Li renmen nou. “Priye, Li la.” Nan non sakre Jezikri, amèn.