2009
Legliz la nan Ongri
April 2009


Legliz la nan Ongri

An 1887 Ongwa Mischa Markow te konvèti tou pre Konstantinòp (Istanboul), Turquie. An 1899 li te sèvi kòm misyonè nan peyi natal li, men yo te arete l epi depòte l kite Ongri poutèt sa l t ap preche yo. Li te eseye pataje levanjil la nan peyi vwazen yo, men apre l te gen pwoblèm kote sa yo tou, Eldè Markow ak konpayon li te preche nan Temesvár, Ongri, jiskaske gouvènman an te fòse yo pati. Jou anvan yo te pati a, yo te batize ak konfime 12 moun epi yo te chwazi dirijan pou yon kongregasyon 31 manm.

Anvan Premyè Gè Mondyal la, yon valè 106 moun te vin manm legliz la nan Ongri. Restriksyon politik lèsa a te limite travay misyonè a rive jis nan ane 1980 yo.

An Jen 1988 Ongri te legalman aksepte legliz la. Yon ane apre prezidan Thomas S. Monson te dedikase premye chapèl peyi a. Misyon Bidapès Ongri a te kreye an Jen 1990.

Men kèk enfòmasyon konsènan legliz la nan Ongri jodia.

Kantite manm

4,253

Misyon

1

Pawas ak Branch

19

Sant Istwa Familyal

5