2009
Pwomès yon pwofèt
April 2009


Zanmi pou Zanmi

Pwomès yon pwofèt

“Sonde kòmandman sa yo, paske yo vrè epi yo fidèl, epi pwofesi ak pwomès ki ladan yo pral akonpli nèt” D&A 1:37.)

Imaj
Elder Octaviano Tenorio

Pandan tout lavi mwen m te aprann ke lè nou suiv ansèyman pwofèt nou yo, nou resevwa benediksyon yo pwomèt yo. Nan konferans jeneral Avril 1986 la, Prezidan Ezra Taft Benson (1899–1994) te pwomèt ke si fanmi yo li ekriti yo regilyèman, Lespri a ap ranpli fwaye yo.1

Madanm mwen avèk mwen te deside suiv konsèy sa a. Nou te fikse bi pou n te li yon chapit chak jou nan Liv Mòmon an avèk twa pitit nou yo—Jorge, 10; Susi, 9; ak Luis, 3. Nou te li chak jou, nou chak te konn li yon vèsè youn apre lòt. Malgre Luis pa t ko ka li, li te vle patisipe. Li te chita sou janm mwen, fè m fas, avèk liv Mòmon an nan mitan nou. Lè sete tou pa m pou li, nou toulède te konn suiv dwèt mwen k pwente sou chak mo, epi Luis te repete chak mo byen fò pandan l t ap gade mo yo tèt anba.

Jis anvan li te vin gen senkan, Luis te mande, “Kilè se pral tou pa m pou m li?”

Nou te eksplike ke lè l pi gran, li t ap ale lekòl epi aprann li.

Li te reponn, “M deja konnen kijan pou m li!”

Etone, m te lonje Liv Mòmon an ba li. Li te ouvri l tèt anba, l te gade anlè, epi l te kòmanse li pafètman. Li te aprann li nan suiv nan Liv Mòmon an!

Lè l te gen sizan, Luis te konn pafwa ale avèk mwen pou vizite manm legliz yo. M te konn mande l pou l pataje temwayaj li ansanm avèk yon ti mesaj nan ekriti yo ke m te anseye li. Chak fwa l te konn li nan Liv Mòmon an, li te kenbe l tèt anba epi gade anlè li.

Mwen temwaye nou ke si nou kòmanse li ekriti yo depi lè nou timoun , n ap vin pi byen konprann pwomès Senyè a epi n ap konnen sa l ap atann de nou. Yon jou nou pral vin paran epi n pral gen timoun piti pa nou. Anseye timoun yo pou yo li ekriti yo, epi n ap wè akonplisman pwomès ki nan Pwovèb 22:6 la:“Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p ap janm bliye l.”

Kounyeya Luis ap fini etid inivèsitè li epi l ap travay aplentan. Kèlkeswa lè l rive lakay soti travay, lekòl, oswa fè yon travay legliz la, li toujou li yon chapit nan Liv Mòmon an anvan l monte kabann ni. Pwomès pwofèt la vrèman akonpli: kòm rezilta lekti nou nan liv sakre sa a, fanmi nou beni abondaman epi nou vin pi soude.

Mwen envite pou nou li ekriti yo chak jou. Si sa posib, li yo avèk fanmi ou. Mwen ankouraje nou menm, tigason yo, pou n prepare pou sèvi misyon. Mwen envite nou tout pou n fikse bi pou nou sele nan tanp pou tout letènite. Epi finalman mwen vle nou sonje konsèy enspire Prezidan Gordon B. Hinckley (1910–2008) a, ki te di nou, “Nou bezwen tout fòmasyon nou ka jwenn. …Kit se repare frijidè, oswa travay kòm yon chirijyen eksperimante, nou dwe fòme tèt nou.”2

Chè timoun mwen yo, koute enstriktè nou yo, rete obeyisan nan klas, fè tout sa nou kapab, epi aprann tout sa nou kapab. Senyè a gen anpil benediksyon pou nou ak fanmi nou. Devwa nou se “suiv pwofèt la; li konn wout la.”3

Nòt

  1. Gade Ezra Taft Benson, “The Power of the Word,” Ensign, Me 1986, 81.

  2. Gordon B. Hinckley, “A Prophet’s Counsel and Prayer for Youth,” Liahona, Avril 2001, 34, 35; Ensign, Jan. 2001, 4, 7.

  3. “Follow the Prophet,” Children’s Songbook 110–11.

Nan apeprè laj 16 zan, pa lontan apre batèm.

Pitit gason li Luis nan laj katran.

Foto koutwazi Eldè Octaviano Tenorio; ilistrasyon pa Robert A. McKay