2009
Ide pou sware familyal
April 2009


Ide pou sware familyal

Sigjesyon pou ansèyman sa yo ka sèvi nan klas osibyen nan fwaye a tou. Ou gen dwa adapte ide sa yo pou fanmi ou oubyen klas ou.

“Kisa Ekspyasyon an vledi pou ou?” p. 14: Envite manm fanmi an pataje tout bagay yo konnen konsènan Nefi. Mande poukisa yo panse li te kontan malgre li t ap fè eksperyans eprèv difisil (gade 2 Nefi 5:27). Fè rezime seksyon “Bonè atravè Ekspyasyon an.” Diskite kijan Nefi te jere pwoblèm li yo ak kijan apwòch li a ka aplike nan fanmi ou. Fini avèk lekti de dènye paragraf yo nan atik la.

“Sen dènye jou yo ak Aprann,” p. 26:Li atik la alavans epi seleksyone paragraf ki ap gen pi gwo siyifikasyon yo pou fanmi ou. Mande manm fanmi an li paragraf ou chwazi yo epi pale sou sa yo li a. Fini avèk lekti de dènye paragraf yo nan atik la.

“Pwomès yon Pwofèt,” p. Z6: Apre w fin li atik la, fè manm fanmi yo ouvri ekriti yo nan nenpòt paj epi eseye li yon vèsè tèt anba. Di kijan li ekriti yo regilyèman kapab beni chak manm nan fanmi an. Reli pwomès Prezidan Ezra Taft Benson te bay la (gade kòmansman atik la), epi fikse bi pou kontinye li ekriti yo ansanm regilyèman.

“Eksite pou aprann,” p. Z12: Envite timoun yo youn apre lòt mime jès yon pwofesyon san yo pa pale, epi fè lòt yo devine sa l ye. Diskite sou sa manm fanmi an ka bezwen aprann pou yo kapab travay nan pwofesyon sa a. Li istwa a. Idantifye bagay Russell te bezwen konnen anvan l te ka aprann sou dinozò yo. Fini avèk lekti Doktrin ak Alyans 88:118.