2009
Mwen vle batize
April 2009


Mizik

Mwen vle batize

Sensèman

1. Mwen vle batize nan rad pwòp ak blan,

Pou suiv Senyè a, pou fè sa ki bon.

M ap fè alyans avèk li pou toujou rete sensè,

Paske se sa l vle pou mwen fè.

2. Mwne vle batize lè gen laj yuitan,

Pou antre nan wayòm Kris nan pòt batèm lan.

Mwen pral kontan pran non L, vin yon pitit li

E fòse rete diy, pi Kretyen ak janti.

3. M vle batize pa pouvwa prètriz Bondye,

Resevwa Lespri Li, pirifye ak dife.

Lespri a pral gide m si mwen obeyi

Epi ede m tounen jwenn Papa m yon jou.

sensèman

ap diminye

© 2003 pa Kathleen Holyoak ak Gary Croxall. Tout dwa rezève. Chan sa a ka kopye pou itilizasyon nonkomèsyal legliz la oswa lakay. Nòt sa dwe enkli nan chak kopi k fèt.

Ilistrasyon foto pa Christina Smith; fon an © Dynamic Graphics Inc.