2009
Chante ak rakonte istwa
April 2009


Chante ak rakonte istwa

Lè madanm mwen, Sandra, avèk mwen te jwenn apèl pou sèvi nan Misyon Durban an, nan Afrik diSid, nou te kòmanse chèche yon pwojè sèvis kominotè. M te yon manm Kè Tabènak Mòmon an pandan plis pase 20 tan, epi madanm mwen, yon asistan bibliyotekè, te responsab pou rakonte istwa nan yon lekòl primè. Lè prezidan misyon nou te deside ouvri travay misyonè nan yon ti kominote riral tou pre a, nou te konnen sete opòtinite pa nou an.

Nou te vizite ti kominote riral la epi nou te dekouvri ke pa t gen bibliyotèk nan lekòl yo, sèlman yon ti bibliyotèk kominotè nan lokalite a. Jèn èldè yo te entwodui nou bay direktè bibliyotèk la. Nou te eksplike li ke nou ta renmen prezante yon pwogram sou istwa chak semèn pou timoun. Li te gen dout, men apre l te reflechi li te dakò pou fè pawòl la simaye epi nou te eseye.

Premye jou a senk timoun te asiste. Ti kal pa ti kal plis te vini. Apre plizyè mwa nou te angaje yon jèn dam, nouvo konvèti, ki te pale Anglè ak Zoulou byen pou ede nou. Asistans nan pwogram sou istwa a te ogmante, epi direktè a ak paran yo te trè kontan pou sa k t ap pase a.

Pèp Zoulou yo renmen chante, konsa nou te ajoute chante senp ak melodi senp nan pwogram istwa nou an. Rive nan fen misyon nou, nou te konn gen de oswa twa sesyon chan ak pwogram sou istwa pa semèn pou reponn ak demann plis pase 100 timoun ki te konn asiste. Ala yon benediksyon sa te ye pou nou lè nou te konn rankontre timoun yo lòt kote epi yo kòmanse chante chan nou yo epi resite melodi nou yo pou nou.

Yon lòt benediksyon te soti nan sèvis nou nan zòn sa a. Lè kantite manm legliz la te grandi nan lokalite a epi nou te bezwen yon espas pou n te kòmanse fè reyinyon Dimanch yo, direktè bibliyotèk la te ensiste pou nou te itilize bibliyotèk la san peye.

Nou rekonesan anpil paske Senyè a te ede nou jwenn yon fason pou n itilize talan nou yo, sèvi kominote a, epi ede ouvri yon zòn nan misyon an.