2009
Vwa Bon Bèje a
April 2009


Vwa Bon Bèje a

Antanke fèmye nan Montana pandan plis pase 70 ane m yo, mwen renmen parabòl bon bèje a, nou jwenn nan Jan 10:1–18 la, paske mwen viv li. Eksperyans m pral bay la yo te patikilyèman puisan nan demontre parabòl sa a.

Nn epòk biblik yo chak bèje te konn rele twoupo pa li awotvwa soti nan plizyè twoupo pou te rasanble yo ansanm vin nan yon bèjri pou lannuit (gade vv. 3–4). Menmjan tou, kèlkeswa lè m te konn deplase mouton m yo, mwen senpleman rele yo, epi yo suiv mwen.

Sa gen kèk ane vwazen mwen, Alice, ki te gen 96 zan epi trè aktiv pou laj li, ki te konn elve mouton tou, te vin malad pandan sezon akouchman mouton an, konsa mwen te ofri li pou m te fè akouchman lannuit yo pou li. Lè m te antre nan chanm akouchman mouton yo premye jou swa m te “an fonksyon” an, prèske 100 femèl Alice yo te trankilman kouche pou nuit la. Men lè m te parèt, yo te imedyatman santi te gen yon etranje nan mitan yo. Terifye, yo te tout suit chèche sekirite kote yo tout te kouri gwoupe yo ansanm nan yon kwen byen lwen. (gade v. 5).

Sa te kontinye pandan plizyè nuit. Menmsi m te antre dousman anpil, brebi yo te panike epi yo te kouri. M te pale dousman avèk timouton ak brebi k te fè k fè yo pandan m t ap pran swen yo. Rive senkyèm nuit la yo pa t kouri ankò lè m te vin nan mitan yo. Yo te vin rekonèt vwa mwen epi fè m konfyans.

Yon fwa nan apre m te di Alice ke m t apral nouri douz brebi oubyen sa k te òfelen yo avèk bibwon. (Yon brebi òfelen se yon brebi oubyen manman l mouri oubyen li pa ka pwodui ase lèt.) Pandan m t ap imite Alice, mwen te rele mouton l yo: “Vini, BaBa! Vini, BaBa!” Mwen te atann ke mouton yo t ap kouri vin jwenn mwen byen grangou jan yo te fè pou li a. Men youn nan mouton yo pa t leve je gade m. Epi lè sa a Alice te parèt nan pòt kuizin nan epi li te rele yo. Lè yo te tande li rele yo, yo te kouri vin jwenn ni, vin pran lèt yo.

Entrige, Alice avèk mwen nou te tante yon eksperyans. Alice t ale nan chan mouton pa m nan, epi li te imite fason mwen te rele yo a: “Vini, mouton, mouton! Vini, mouton, mouton! Vini, mouton, mouton!” e li pa t resevwa okenn repons. Men lè m te rele yo avèk menm mo egzat yo, brebi m yo te kouri vit vin antoure mwen. Malgre ke mo nou te itilize pou rele mouton yo sete menm, yo pa t reponn a vwa nou ki pa t familye pou yo. Mouton yo te lwayalman tande sèlman vrè bèje yo a (gade v. 4).

Jan 10 fè distenksyon ant yon bèje ak yon gadyen mouton. Yon bèje, ke mouton yo se pa li, sousye pou sekirite yo avèk amou. Men, okontrè, yon gadyen mouton ap senpleman “fè yon djòb” epi “li pa sousye” (v. 13). Parabòl la anseye tou pandan ke moun k ap fè djòb la kouri epi li sove kite mouton l yo (gade v. 12), bon bèje a li menm dispoze pou l bay lavi li pou mouton l yo (gade v. 11). Sa sètènman vrè pou Bon Bèje nou an—Sovè nou an, Jezikri—ki te bay lavi li avèk amou pou nou (gade vv. 15, 17–18).

Pou mwen menm eksperyans sa yo konfime youn nan mesaj enpòtan parabòl la: eseye konnen Bon Bèje nou an pèsonèlman epi fasilman rekonèt vwa li ap anpeche nou fè erè suiv moun k ap fè djòb la. Lè nou fidèlman koute vwa Bon Bèje a —epi okenn lòt—l ap gide nou nan sekirite etènèl.

Senyè a se Bon Bèje mwen, pa Simon Dewey, koutwazi Altus Fine Art, American Fork, Uta