2009
Anseye vrè doktrin nan
April 2009


Mesaj Premye Prezidans

Anseye vrè doktrin nan

Imaj
President Henry B. Eyring

Te gen yon lagè ant limyè ak tenèb, ant byen ak mal, depi anvan mond lan te kreye. Batay la toujou ap fè raj, e pèt yo sanble y ap ogmante. Nou tout gen manm fanmi nou renmen k ap pran kou nan men fòs destriktè a, ki vle rann tout pitit Bondye yo mizerab la. Pou anpil nan nou, konn gen nuit san somèy. Nou eseye ajoute tout fòs pou byen nou kapab sou pouvwa ki antoure moun ki ekspoze yo. Nou renmen yo. Nou tabli pi bon egzanp nou kapab. Nou plede pou yo nan lapriyè. Sa gen lontan gen yon pwofèt saj ki te ba nou konsèy sou yon lòt fòs ke pafwa nou ka souzestime epi poutèt sa nou pa itilize l ase.

Alma sete dirijan yon pèp ki t ap fè fas ak destriksyon enmi fewòs. Anfas danje sa a, li pa t kapab fè tout bagay, konsa li te oblije chwazi. Li te kapab oubyen bati fòtifikasyon oubyen antrene lame oubyen kreye zam. Men sèl espwa pou viktwa li te genyen sete jwenn èd Bondye, e pou l te ka jwenn ni li te konnen fòk pèp la te repanti. Epi se konsa l te chwazi pou l te eseye yon bagay espirityèl toudabò: “Epi kounyeya, kòm predikasyon pawòl la te gen tandans mennen pèp la fè sa ki jis---wi, li te gen pi gwo pouvwa sou panse pèp la pase epe, oubyen pase nenpòt lòt bagay ki te pase yo—se poutèt sa, Alma te panse li te nesesè pou yo te eseye aplike pawòl Bondye a (Alma 31:5).

Louvri lespri nou ak kè nou

Pawòl Bondye a se doktrin ki te anseye pa Jezikri epi pa pwofèt li yo. Alma te konnen ke pawòl doktrin yo gen gwo pouvwa. Yo te kapab louvri lespri pèp la pou yo te ka wè bagay espirityèl ki pa vizib nan je natirèl yo. Epi yo te kapab louvri kè yo pou yo te santi lanmou Bondye ak yon lanmou pou laverite. Sovè a te eksplike toulède sous pouvwa sa yo, louvri je nou ak louvri kè nou an, nan seksyon 18 Doktrin ak Alyans yo lè l te anseye doktrin ni bay moun li te vle sèvi l kòm misyonè yo. Pandan w ap koute sa, panse ak jènjan sa a nan fanmi w la kounyeya k ap ezite nan prepare tèt li pou fè yon misyon an. Men kijan Mèt la te anseye de nan sèvitè l yo epi men kijan ou kapab anseye jènjan sa a ou renmen an doktrin ni:

“Epi kounyeya, Oliver Cowdery, m pale avèk ou, epi tou avèk David Whitmer, pa mwayen kòmandman; paske, gade, m kòmande tout moun tout kote pou yo repanti, epi m pale avèk ou, menmjan m te pale avèk Pòl, apot mwen an, paske ou te resevwa menm apèl li te resevwa a.

“Sonje, nanm yo genyen yon gwo valè nan je Bondye” (D&A 18:9–10).

Li kòmanse pa di yo kijan li fè yo konfyans. Epi apresa li rale kè yo vin jwenn ni lè l di yo kijan Papa l avèk li renmen tout nanm. Epi apresa li ale nan fondasyon doktrin ni an. Li dekri konbyen nou gen rezon pou renmen li:

“Paske, gade, Senyè Redanmtè w la te soufri lanmò nan kò fizik la; se poutèt sa li te soufri doulè pou tout moun, pou rezon sa a tout moun dwe repanti epi vin jwenn ni.

“Epi li te leve pami mò yo, pou l kapab mennen tout moun vin jwenn ni, sou kondisyon pou yo repanti.

“Epi ala li anpil plezi nan nanm ki repanti a!” (D&A 18:11–13).

Lè l fin ba yo doktrin misyon li pou louvri kè yo a, li ba yo kòmandman li: “Se poutèt sa ou resevwa apèl pou ou kriye repantans nan mitan pèp sa a” (D&A 18:14).

Finalman, li louvri je yo pou yo kapab wè odela vwal la. Li pran yo menm avèk nou mennen nan yon egzistans fiti, ki dekri nan gran plan Sali a, kote nou kapab ye. Li pale nou de bèl asosyasyon , ki vo lapèn ke nou bay tout nou menm pou n kapab jwi yo:

“Epi si ou travay pandan tout vi ou pou ou kriye repantans nan mitan pèp sa a, epi ou sèlman mennen yon sèl nanm ban mwen, ala lajwa w ap anpil avèk li nan wayòm Papa m nan!

“Epi kounyeya, si lajwa w ap anpil avèk yon sèl nanm ou pote ban mwen nan wayòm Papa m nan, ala lajwa w ap anpil si ou ta mennen plis nanm ban mwen!” (D&A 18:16).

Nan pasaj sa yo, li anseye doktrin pou louvri kè nou bay lanmou li a. Epi li anseye doktrin pou louvri je nou pou n wè reyalite espirityèl, ki envizib pou tout moun ki pa ilimine pa Lespri Verite a.

Kijan nou dwe anseye

Bezwen pou louvri je yo ak kè yo di nou kijan nou dwe anseye doktrin nan. Doktrin akeri puisans li lè Sentespri a konfime ke se verite. Nou prepare moun n ap anseye yo, osi byen ke nou kapab, pou yo resevwa enspirasyon ti vwa dous piti a. Sa mande omwen enpe lafwa nan Jezikri. Sa mande omwen yon ti imilite, yon dispozisyon pou soumèt anba sa Sovè a vle pou nou. Moun w ap ede a gen dwa gen yon ti kras nan yo chak, men ou kapab reveye dezi li pou kwè. Plis pase sa, ou kapab pran konfyans nan yon lòt nan puisans doktrin yo. Verite a kapab prepare pwòp chemen pa li. Senpleman koute pawòl doktrin yo kapab plante semans lafwa a nan kè a. E menm yon ti kal semans lafwa tou piti nan Jezikri kapab envite Lespri a.

Nou gen plis kontwòl sou pwòp preparasyon pa nou. Nou fè fèt ak pawòl Bondye a nan ekriti yo epi nou etidye pawòl pwofèt vivan yo. Nou jene epi nou priye pou nou kapab envite Lespri a pou nou menm ak pou moun n ap anseye a.

Paske nou bezwen Sentespri a, nou dwe fè atansyon epi pran prekosyon pou n pa anseye anyen plis pase vrè doktrin nan. Sentespri a se Lespri Verite. Nou envite konfimasyon li lè nou evite sipozisyon oswa entèpretasyon pèsonèl nou. Sa kapab difisil pou nou fè. Nou renmen moun n ap eseye enfliyanse a. Li gen dwa te inyore doktrin li te tande anvan an. Nou gen dwa tante pou n eseye yon bagay nouvo oswa sansasyonèl. Men nou envite Sentespri a kòm konpayon nou lè nou pran prekosyon pou nou anseye sèlman vrè doktrin nan.

Youn nan mwayen ki pi asire pou n evite menm rive tou pre fos doktrin se chwazi pou nou senp nan ansèyman nou. N ap jwenn sekirite nan senplisite sa a, e nou pa p pèdi anpil. Nou konnen sa paske Sovè a te di nou pou nou anseye timoun piti yo doktrin ki pi enpòtan an. Koute sa l di: “Epi ankò, toutotan paran yo gen pitit nan Siyon, oubyen nan nenpòt lòt pye ki òganize nan Siyon, ki pa anseye yo pou yo konprann doktrin repantans lan, lafwa nan Kris la, Pitit Gason Bondye vivan an, ak batèm, ak don Sentespri a pa enpozisyon men lè yo gen uitan, san sa, peche a ap sou tèt paran yo.” (D&A 68:25).

Nou kapab anseye menm yon timoun pou l konprann doktrin Jezikri a. Se poutèt sa li posib, avèk èd Bondye, pou n anseye doktrin Sali a senpleman.

Kòmanse bonè

Nou gen pi gwo opòtinite a avèk jèn yo. Pi bon moman pou anseye a se bonè, pandan timoun yo ankò pwoteje kont tantasyon enmi mòtèl yo a epi lontan anvan pawòl verite yo kapab vin pi difisil pou yo tande nan mitan bri difikilte pèsonèl yo.

Yon paran ki saj pa p janm rate yon chans pou reyini pitit li yo ansanm pou yo aprann doktrin Jezikri a. Kalite moman sa yo ra anpil an konparezon avèk efò enmi an. Pou chak èdtan nou entwodui pouvwa doktrin nan nan lavi yon timoun, ka gen dè santèn èdtan mesaj ak imaj k ap renye oubyen inyore verite Sali yo.

Kesyon an pa dwe èske nou twò fatige pou n prepare pou anseye doktrin nan ni èske l pa t ap pi bon pou rapwoche de timoun nan nan senpleman amize ansanm ni èske timoun nan pa kòmanse panse ke nou preche twòp. Kesyon an ta dwe: “Pandan n pa vrèman gen anpil tan ni opòtinite, ki pawòl doktrin pou m di ki pral fòtifye yo kont atak sou lafwa yo k ap vini kanmèm yo?” Pawòl nou pale yo jodi a kapab se sa y ap sonje. E jodi a ap pase byen vit.

Ane yo pase, nou anseye doktrin nan pi byen nou kapab, men, genyen ki toujou pa reponn. Sa fè lapenn. Men gen espwa nan rejis ekriti fanmi yo. Panse avèk Alma, pitit la ak Enòs. Nan moman kritik yo, yo te sonje pawòl papa yo, pawòl doktrin Jezikri a (gade Enòs 1:1–4; Alma 36:16–19). Sa te sove yo. Y ap sonje ansèyman ou sou doktrin sakre sa a.

Efè etènèl ansèyman yo

De dout gen dwa leve nan lespri ou. Ou gen dwa ap poze tèt ou kesyon si w konn doktrin nan byen ase pou anseye li. Epi si w deja eseye anseye li, ou gen dwa panse poukisa ou pa ka wè bon efè li.

Nan pwòp fanmi pa mwen gen yon istwa sou yon jènfi ki te gen kouraj pou l te kòmanse anseye doktrin nan lè l te sèlman yon nouvo konvèti ki pa t ko konn anpil. Lefèt ke efè ansèyman l yo pa t fini ban m pasyans pou m tann fwi pwòp travay pa m yo.

Mary Bommeli sete gran grann mwen. Mwen pa t janm rankontre li. Pitit pitit fi li te tande l ap rakontre istwa a epi li te ekri li.

Mary te fèt an 1830. Misyonè yo te anseye fanmi li nan peyi LaSuis lè l te gen 24 an. Li t ap viv lakay manman l lè sa a, ap tise epi vann twal pou l te kapab ede fanmi li nan ti fèm yo a. Lè fanmi l te tande doktrin levanjil retabli Jezikri a, yo te konnen ke l te verite. Yo te batize. Frè Mari yo te aple pou al nan misyon, yo te ale san lajan san anyen. Rès fanmi an te vann tout sa yo te genyen pou yo te ale an Amerik pou yo te ka reyini avèk Sen yo.

Pa t gen ase lajan pou yo tout te ale. Mary te pòte l volontè pou l te rete paske li te santi ke li te ka vin fè ase lajan nan tisaj li yo pou l te ka pran swen tèt li epi ekonomize pou vwayaj la. Li te debwouye li pou l t al Bèlen epi li t al travay kay yon madanm ki te angaje li pou l te tise twal pou rad fanmi an. Li te viv nan yon chanm pou sèvant epi li te mete machin ni nan salon kay la.

Nan epòk sa a, lalwa te entèdi pou yo anseye doktrin Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo nan Bèlen. Men Mary pa t ka kenbe bòn nouvèl sa a pou li menm sèlman. Metrès kay la ak zanmi li te konn rasanble bò machin nan pou yo te tande tifi Suis sa a anseye. Li te pale sou aparisyon Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri devan Joseph Smith, sou vizit zanj yo, ak sou Liv Mòmon an. Lè l te rive nan resi Alma yo, li te anseye doktrin Rezirèksyon an.

Sa te lakoz kèk pwoblèm avèk tisaj li a. Nan epòk sa yo anpil timoun te konn mouri trè jèn. Medam yo bò machin nan te pèdi pitit ki te mouri, genyen ki te pèdi plizyè timoun. Lè Mary te anseye verite ke timoun piti yo te eritye wayòm selès la epi fi sa yo kapab reyini avèk yo ankò epi avèk Sovè a ak Papa nou ki nan Syèl la, dlo te koule nan je medam yo. Mari te kriye tou. Tout kriye sa yo te tonbe yo te mouye twal Mari t ap tise a.

Ansèyman Mari yo te kreye yon pwoblèm ki te pi grav. Malgre Mari te sipliye medam yo pou yo pa t pale sou sa l te di yo, yo te pale. Yo te pataje bèl doktrin nan avèk zanmi yo. Se konsa yon jou swa yo te frape nan pòt la. Sete lapolis. Yo te mete Mari nan prizon. Pandan sou wout la li te mande polisye a non jij ke l ta pral parèt devan l lan nan demen maten an. Li te mande l si l te gen fanmi. Li te mande l si l te yon bon papa ak yon bon mari. Polisye a te souri pandan l t ap dekri jij la kòm yon mesye monden.

Nan prizon an, Mari te mande yon kreyon ak papye. Li te ekri jij la yon lèt. Li te ekri sou Rezirèksyon Jezikri a jan li dekri nan Liv Mòmon an, sou mond lespri a, ak sou konbyen tan jij la t ap pran pou l panse epi konsidere lavi li anvan l fè fas ak jijman final la. Li te ekri jij la ke l te konnen li te gen anpil bagay pou l repanti pou yo, bagay ki t ap ka brize kè fanmi li epi pote anpil tristès pou li. Li te ekri sa pandan tout lannuit la. Nan maten li te mande polisye a pou l te pote lèt la bay jij la. Polisye a te fè sa.

Nan apre jij la te voye rele polisye a vin nan biwo li. Lèt Mari te ekri a sete prèv san fot ke li t ap anseye levanjil la epi konsa, li t ap kraze lwa a. Men, sa pa t pran tan pou polisye a te retounen nan selil Mari a. Li te di l ke yo te anile tout chaj yo te gen kont li e li te lib pou l t al lakay li. Ansèyman li sou doktrin levanjil retabli Jezikri a te louvri je ak kè ase pou te fè yo mete l nan prizon. Epi deklarasyon li sou doktrin repantans lan bay jij la te mete l deyò soti nan prizon.1

Fòme desandan nou yo

Ansèyman Mari Bommeli a te touche plis pase medam sa yo ki te bò machin ni an ak jij la. Papa mwen, pitit pitit gason li, te pale avèk mwen pandan nuit li ta pral mouri yo. Li te pale sou bèl reyinyon ki ta pral fèt nan mond lespri a. M te ka prèske wè bèl limyè solèy la ak souri yo nan kote sa a nan paradi a pandan l t ap pale sou sa avèk anpil asirans.

Nan yon pwen m te mande li si l te gen kèk repantans pou l te fè. Li te souri. Li te fè yon ti ri epi l te di: “Non, Hal, m te konn repanti pandan m te sou chemen an.” Doktrin paradi a ke Mari Bommeli te anseye medam sa yo te reyèl pou pitit gason l lan. E menm doktrin Mari te anseye jij la te fòme lavi papa m definitivman. Se pa t fen ansèyman Mari Bommeli yo. Rejis pawòl li yo apral voye vrè doktrin bay anpil jenerasyon fanmi li ki poko fèt. Paske li te kwè ke menm yon nouvo konvèti te konnen ase doktrin pou anseye li, lespri ak kè desandan l pral louvri, epi yo pral fòtifye nan batay la.

Desandan w yo pral anseye doktrin nan youn bay lòt paske ou te anseye li. Doktrin kapab fè plis pase louvri lespri yo pou bagay espirityèl yo ak kè yo pou amou Bondye. Lè doktrin sa a pote lajwa ak lapè, li gen pouvwa pou louvri bouch tou. Menmjan ak medam sa yo nan Bèlen an, desandan w yo pa p kapab kenbe bòn nouvèl sa yo pou yo sèlman.

Mwen rekonesan dèske m ap viv nan yon tan kote nou menm ak fanmi nou gen plenitid levanjil retabli a. Mwen rekonesan pou misyon lanmou Sovè a pou nou ak pou pawòl lavi li ba nou yo. Mwen priye pou nou kapab pataje pawòl sa yo avèk moun nou renmen yo. Mwen temwaye ke Bondye Papa nou an vivan epi li renmen tout pitit li yo. Jezikri se Sèl Pitit Gason Literal li nan lachè epi li se Sovè nou. Mwen konnen ke Li resisite, epi mwen konnen ke nou kapab lave vin pwòp atravè obeyi lwa ak òdonans yo nan levanjil Jezikri a.

Nòt

  1. Gade Theresa Snow Hill, Life and Times of Henry Eyring and Mary Bommeli (1997), 15–22.

Ilistrasyon pa Michael T. Malm

Foto pa Christina Smith